2010–2019
Lye sakre Retablisman an
avril 2016


Lye sakre Retablisman an

Palmyra sete sèn Retablisman an, kote Papa a te fè tande vwa li apre prèske de milenè.

Yon bon zanmi m ki sete yon manm Legliz la te eseye, pandan dèzane, pou l te anseye m levanjil fanmi etènèl la. Men sete jis apre m te fin ale nan pòtouvèt Tanp Sao Paulo a nan Brezil, an Oktòb 1978, epi m te antre nan yon sal sèlman, ke doktrin fanmi etènèl la te antre nan kè mwen, epi pandan plizyè jou m te priye pou m te konnen si sete vrè Legliz la.

Mwen pa t yon kwayan, men m te elve pa paran ki te relijye epi m te konn wè sa k te bon nan lòt relijyon. Nan pwen sa a nan lavi m nan, m te panse ke tout relijyon yo te akseptab devan Bondye.

Apre m te vin vizite pòtouvèt tanp lan, m te chèche yon repons atravè lapriyè, avèk lafwa ak yon konfyans sèten ke Bondye t ap reponn mwen, pou fè m konnen kiyès ki te Legliz li a sou tè a.

Apre yon gwo lit spirityèl, m te finalman resevwa yon repons klè. Yo te envite m pou m te batize. M te finalman vin batize 31 Oktòb 1978, nan anvan konsekrasyon Tanp Sao Paulo a.

M te reyalize ke Senyè a te konnen m e l te sitèlman sousye pou mwen ke l te reponn priyè m yo.

Nan demen maten, madanm mwen avèk mwen t al São Paulo pou n t al asiste youn nan sesyon konsekrasyon tanp la.

Nou te prezan, men m potko vrèman konn kijan pou m te apresye opòtinite ekstraòdinè sa a. Nan jou apre a nou t al nan yon konferans zòn.

Konsa, nou te kòmanse vwayaj nou nan Legliz la epi nou te jwenn bon zanmi ki te akeyi nou pandan tranzisyon sa a nan lavi nou an.

Klas pou nouvo manm yo nou te patisipe nan reyinyon Dimanch nou yo chak semèn te ekselan. Yo te ranpli nou ak konesans e yo te fè nou anvi pou semèn nan pase vit pou nou te ka al pran plis nourisman espirityèl toujou nan Dimanch pwochen an.

Madanm mwen avèk mwen pa t ka tann pou nou te antre nan tanp pou fanmi nou te ka sele pou letènite. Sa te rive ennan e sèt jou apre batèm mwen, e sete yon moman ekstraòdinè. M te santi kòmsi etènite yo te divize sou otèl la ant sa ki te fèt anvan ak apre sèlman an.

Paske m te legalman viv nan Kot Lès Etazini an pandan kèk ane kòm imigran, m te yon ti jan abitye avèk kèk nan vil yo,e pifò ladan yo te piti.

Lè m te konn li oubyen tande pale de evenman ki te mennen nan Premye Vizyon an, yo te konn mansyone yon foul moun, e sa pa t fè okenn sans pou mwen.

Kesyon te kòmanse soulve nan lespri m. Poukisa Legliz la te retabli nan Etazini e non pa an Brezil oubyen an Itali, peyi zansèt mwen yo?

Kote foul moun sa yo yo te mansyone a, moun ki te enplike nan renouvo yo ak nan konfizyon relijyon yo—e kijan tout bagay sa yo te fè rive nan yon kote pezib e kalm konsa?

M te poze yon pakèt moun kesyon sou sa men m pa jwenn okenn repons. M te li tout sa m te ka jwenn an Pòtigè epi apresa an Anglè men m pa t jwenn anyen ki te ka kalme kè mwen. Men, m te kontinye chèche.

An Oktòb 1984, m t al nan yon konferans jeneral pandan m te konseye nan yon prezidans pieu. Apre konferans la, m t al Palmyra, prese pou m te jwenn repons la.

Lè m te rive, m te eseye konprann: Poukisa Retablisman an te oblije fèt la a, e poukisa kalite twoub espirityèl sa a? Ki kote tout moun sa yo m te tande yo mansyone a te soti? Poukisa se isit la?

Nan moman sa a, repons ki te parèt pi rezonab pou mwen an sete paske Konstitisyon Etazini an garanti libète.

Jou maten sa a m t al vizite Bilding Grandin an, kote premye yo te enprime premye edisyon Liv Mòmon an. Apresa m t al nan Boskè Sakre a, kote m te priye anpil.

Pa t prèske gen moun nan lari yo nan ti vil Palmyra sa a. Ki kote foul moun Joseph te mansyone yo te ye?

Jou aprèmidi sa a, m te deside ale nan fèm Peter Whitmer la, epi lè m te rive la, m te jwenn yon mesye nan fenèt yon kabin. Je l te klere anpil. M te salye li epi apre m te kòmanse poze l menm kesyon m te genyen yo.

Epi li te mande m: “Èske w gen tan?” M te di wi.

Li te eksplike m ke Lak Erie ak Ontario yo, epi pi ba, Rivè Hudson nan te sitiye nan zòn sa a.

Nan kòmansman ane 1800 yo, moun yo te deside bati yon kanal pou navigasyon, ki t ap gen pou travèse zòn sa a, pou l te rive nan plis pase 480 kilomèt pou atenn Rivyè Hudson nan. Sete yon gwo antrepriz pou epòk sa a, e yo te ka sèlman konte sou travay moun ak fòs bèt yo.

Palmyra sete sant yon pati nan konstriksyon sa a. Enjenyè yo te bezwen moun ki te gen talan, teknisyen, fanmi yo, ak zanmi yo. Anpil moun te kòmanse rive anfoul soti nan tout vil nan vwazinaj yo ak nan kote ki pi lwen, tankou Irlande, pou yo te vin travay nan kanal la.

Sete yon moman trè sakre ak espirityèl pou mwen paske m te finalman jwenn foul moun yo. Yo te vini avèk koutim yo ak kwayans yo. Lè mesye sa a te mansyone kwayans yo a, lespri m te eklere epi Bondye te louvri zye espirityèl mwen.

Nan moman sa a, m te konprann kijan men Bondye, Papa nou an, nan sajès enfini li, te prepare nan plan L la yon kote pou l te mennen jèn Joseph Smith, pou te mete l nan mitan konfizyon relijye sa a, paske sete la a, nan Kolin Cumorah a, plak presye Liv Mòmon yo te kache.

Sa sete sèn Retablisman an, kote Papa a t ap fè tande vwa l nan yon bèl vizyon apre prèske de milenè, pou l te pale avèk jèn tigason Joseph Smith, lè l te ale nan Boskè Sakre a pou l t al priye e pi l te tande: “Sa se Pitit Byeneme m nan. Koute Li!”1

Nan kote sa a, li te wè de Pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon. Wi, Bondye te revele l bay lòm ankò. Fènwa ki te kouvri tè a te kòmanse disparèt.

Pwofesi konsènan Retablisman yo te kòmanse akonpli. “Epi m te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan syèl la, ki te gen levanjil etènèl la pou preche moun ki te sou latè yo, ak pou tout nasyon, tout ras, tout lang, ak tout pèp.”2

Nan lespas kèlke ane, Joseph jwenn direksyon pou l te jwenn anal ki te gen pwofesi, alyans, ak òdonans ansyen pwofèt yo te kite yo, Liv Mòmon presye nou an.

Legliz Jezikri a pa t ka retabli san levanjil etènèl la, ki revele nan Liv Mòmon an kòm yon lòt temwayaj konsènan Jezikri, Pitit Gason Bondye a, Mouton Bondye a, ki te ekspye pou peche mond la.

Kris la te di pèp Li a nan Jerizalèm nan:

“Mwen gen lòt brebi ankò, ki pa fè pati twoupo sa a.”3

“M se bon bèje a, e m konnen brebi m yo, e brebi m yo konnen mwen.”4

Lè m te kite fèm Whitmer la, m pa sonje si m te di orevwa. Mwen jis sonje dlo ki t ap koule libreman sou figi mwen. Solèy la t apral kouche nan yon bèl syèl.

Men nan kè m, te gen yon lajwa imans epi lapè te kalme nanm mwen. M te ranpli ak rekonesans.

Kounyeya m te klèman konprann poukisa. Yon fwa ankò, Senyè a te ban m konesans ak limyè.

Pandan vwayaj mwen retounen lakay la, ekriti yo te kontinye vide nan lespri mwen: pwomès yo te fè Pè Abraham yo ke nan desandan li tout fanmi sou tè a t ap beni.5

Epi poutèt sa, tanp ta pral bati pou pouvwa divin nan te ka konfere sou lòm yon fwa ankò sou tè a pou fanmi yo te ka ini ansanm, non pa jiskaske lanmò separe yo men pou tout letènite.

“Epi tan an gen pou l rive nan dènye jou yo, kote kay Senyè a pral etabli anlè montay yo, epi l pral egzalte anwo kolin yo; epi tout nasyon va kouri vin ladan.”6

Si ou menm k ap tande la a, ou ta gen nenpòt kesyon nan kè ou, pa lage sa!

M envite w pou w suiv egzanp Pwofèt Joseph Smith la lè l te li nan Jak 1:5 la: “Si nenpòt nan pami nou manke sajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch, epi l ap ba li l.”

Sa k te rive nan Cumora sete yon pati enpòtan nan Retablisman, paske Joseph Smith te resevwa plak yo ki te gen Liv Mòmon an. Liv sa a ede nou vin pi pre Kris la plis pase nenpòt lòt liv sou tè a.7

Mwen rann temwayaj ke Senyè a aple pwofèt, vwayan, ak revelatè pou dirije wayòm ni an nan dènye jou sa yo epi nan plan etènèl Li a fanmi yo dwe ansanm pou tout tan. Li sousye pou pitit Li. Li reponn priyè nou.

Akoz gran amou Li pou nou, Jezikri ekspye pou peche nou yo. Li se Sovè mond la. Konsènan sa mwen temwaye nan non sakre Jezikri, amèn.