2010–2019
Demen Senyè a pral fè mèvèy nan mitan Nou
avril 2016


Demen Senyè a pral fè mèvèy nan mitan Nou

Kontinye renmen. Kontinye fè efò. Kontinye rete konfyan. Kontinye kwè. Kontinye pwogrese. Syèl la ap aplodi w jodia, demen, e pou tout tan.

Frè m ak sè m yo, èske nou gen yon ide—èske nou rive konprann menm yon ti kras—jis nan ki nivo nou renmen ou? Pandan dizèdtan w ap gade, je ou fikse avèk atansyon sou vizaj moun k ap pase youn apre lòt yo sou chè sa a, men pandan menm dizèdtan sa yo tou, nou menm ki chita dèyè chè a, je nou fikse sou ou avèk atansyon tou. Ou pote pil lajwa pou nou jis nan pwofondè nanm nou, keseswa ou pami 21.000 moun yo ki isit la nan Sant Konferans lan, oubyen pami foul moun ki rasanble nan legliz ak chapèl yo, oubyen pami dè milyon moun k ap tande lakay yo toupatou nan mond lan, petèt ki rasanble devan ekran òdinatè fanmi an. Nou tout, nou la, pandan anpil èdtan, abiye ak rad legliz nou, ap konpòte nou pi byen posib. Nou chante epi nou priye. Nou koute epi nou kwè. Nou se mirak Legliz sa a. Epi nou renmen nou.

Ala yon lòt konferans remakab nou te genyen. Nou te espesyalman gen benediksyon prezans ak mesaj pwofetik Prezidan Thomas S. Monson. Prezidan, nou renmen w, nou priye pou ou, nou remèsye w, e plis pase tout, nou soutni ou. Nou rekonesan dèske nou te resevwa ansèyman nan men ou, nan men konseye mèveye w yo, ak nan men si anpil nan lòt gwo dirijan gason ak fi nou yo. Nou te tande mizik enkonparab. Yo te priye pou nou anpil e egzòte nou anpil. Vrèman, Lespri Senyè a te la ann abondans. Ala yon wikenn enspirasyon sa te ye nan tout kalite sans.

Kounyeya, m wè de ou twa pwoblèm. Youn sèke m se sèl moun ki kanpe ant nou menm ak krèm alaglas ki toujou pare ap tann nou apre konferans jeneral la. Lòt pwoblèm m wè a demontre nan foto sa a m te wè lotrejou sou Entènèt.

Imaj
Dinozò ap kouri dèyè timoun

M mande tout timoun ki kache anba kanape yo kounyeya eskiz, men verite a sèke nou youn pa ta renmen pou demen, oubyen apre demen, ta vin detwi bèl santiman sa yo nou te genyen pandan wikenn sa a. Nou vle kenbe enpresyon espirityèl nou te santi yo ak ansèyman enspire nou te tande yo fèm. Men, sa inevitab pou, apre moman selès sa yo nan lavi nou yo, nou oblije retounen sou tè a, nan yon sans, kote sikonstans ki pafwa pa twò ideyal ap tann nou ankò.

Otè liv Ebre a te avèti nou sou sa lè l te ekri : “Sonje premye jou yo, kote apre w te fin resevwa limyè a, ou te travèse yon gwo konba nan mitan afliksyon.”1 Konba afliksyon ki vin apre nou fin resevwa limyè sa a ka vini sou plizyè fason, epi li ka vini pou nou tout. Asireman chak misyonè ki te sèvi te vin byen vit reyalize ke lavi nan chan misyon an pa t apral sanble egzakteman avèk anbyans ideyal sant fòmasyon misyonè a. Se konsa sa ye pou nou tou lè nou soti nan yon bèl sesyon nan tanp oubyen nan fen yon reyinyon sentsèn patikilyèman espirityèl.

Sonje ke lè Moyiz te desann soti nan eksperyans ekstrawòdinè l la sou Mòn Sinayi a, li te jwenn pèp li a “te deraye” epi yo te “ekate sou wout la rapidman.”2 Men yo, nan pye mòn nan, okipe ap fè yon estati bèf an lò pou yo te adore, nan moman menm Jewova, sou tèt mòn nan, t ap di Moyiz, “Pinga nou gen lòt bondye devan fas mwen” epi “Pinga nou janm fè okenn estati imaj taye.” 3 Moyiz pa t kontan avèk twoupo Izrayelit egare l la jou sa a!

Pandan ministè terès li a, Jezi te pran Pyè, Jak, ak Jan mennen yo sou Mòn Transfigirasyon an, kote ekriti yo di, “figi l te vin klere tankou solèy la, epi rad li te vin blan tankou limyè a.” 4 Syèl yo te louvri, ansyen pwofèt yo te vini, epi Bondye Papa a te pale.

Apre yon kalite eksperyans selès konsa, kisa Jezi te wè lè L te desann mòn nan? Premyèman, Li te jwenn yon diskisyon ant disip Li yo ak advèsè yo sou yon benediksyon ki pa t mache sou yon jèn tigason. Lè sa a, Li te eseye konvenk Douz yo—aparaman san siksè—ke yo ta pral livre Li talè konsa nan men dirijan lokal yo ki ta pral touye Li. Apresa yon moun te raple L ke te gen yon taks pou L te peye, epi Li te peye imedyatman. Apresa Li te oblije reprimande kèk nan frè yo paske yo t ap diskite sou kiyès ki t ap pi gran nan wayòm Li a. Tout bagay sa yo te fè l rive nan yon pwen pou l te di : “O jenerasyon enkredil … pou konbyen tan m ap ka sipòte nou?”5 Li te gen okazyon pou l te poze kesyon sa a plis pase yon sèl fwa pandan ministè L la. Sa pa etonan ke L te toujou anvi al sou tèt mòn kote l te ka jwenn yon solitid pou l te lapriyè!

Paske m reyalize ke nou tout oblije redesann soti nan eksperyans ekstraòdinè ki te leve nou anlè yo pou nou vin fè fas avèk eprèv nòmal lavi yo, kite m ba nou ankourajman sa a pandan konferans jeneral la ap fini an.

Toudabò, si nan jou k ap vini yo nou ta wè non sèlman limitasyon nan moun ki bò kote nou men tou nou ta jwenn eleman nan pwòp lavi nou ki pa an amoni avèk mesaj nou te tande yo wikenn sa a, tanpri, pa dekouraje epi pa lage sa. Levanjil la, Legliz la, ak rasanbleman mèveye sa a chak si mwa a la pou ban nou espwa ak enspirasyon. Yo pa la pou fè nou dekouraje. Se sèl advèsè a, enmi nou tout la, k ap eseye konvenk nou ke ideyal yo souliyen yo nan konferans jeneral la se bagay ki depriman epi ki pa reyalizab, ke moun pa vrèman amelyore, ke okenn moun pa vrèman pwogrese. E poukisa Lisifè fè diskou sa a? Paske li konnen limenm li pa ka amelyore, li pa ka pwogrese, pou tout letènite li p ap janm gen yon bèl demen. Li se yon moun mizerab ki liye anba limitasyon etènèl, epi li vle pou nou mizerab tou. Antouka, pa tonbe nan pyèj sa a. Gras ak kado Ekspyasyon Jezikri a ak fòs syèl la pou ede nou, nou kapab amelyore, epi pi bon bagay osijè levanjil la sèke nou gen kredi lè nou eseye, menm si nou pa toujou reyisi.

Lè te gen yon diskisyon nan premye jou Legliz la konsènan kiyès ki te merite benediksyon syèl yo ak kiyès ki pa t merite yo, Senyè a te deklare Pwofèt Joseph Smith, “Paske m di nou an verite, nou resevwa [don Bondye yo] pou benefis moun ki renmen m epi ki respekte … kòmandman m yo, ak [pou moun] k ap chèche fè sa.”6Waw! èske nou tout pa rekonesan pou fraz sa a li ajoute a “epi … k ap chèche fè sa” a! Sa se yon bagay rekonfòtan paske pafwa chèche se tout sa nou ka fè! Nou santi n rekonfòte lè nou rann nou kont ke si Bondye ta pral rekonpanse sèl moun ki pafètman fidèl yo, pa t ap gen anpil moun sou lis distribisyon L la.

Tanpri sonje demen, ak nan tout lòt jou apre yo, ke Senyè a beni moun ki anvi amelyore, ki aksepte ke yo bezwen kòmandman yo epi k ap eseye respekte yo, ki apresye vèti kretyen yo epi k ap chèche ak tout fòs pou yo akeri vèti sa yo. Si pafwa w echwe nan tantatif sa a, sa rive tout moun; Sovè a la pou L ede w kontinye avanse. Si w tonbe, envoke fòs Li. Rele tankou Alma, “O Jezi, … gen mizerikòd pou mwen.”7 L ap ede w leve kanpe ankò. L ap ede w repanti, fè reparasyon, fikse kèlkeswa sa w dwe fikse, epi kontinye avanse. Byenvit ou pral gen siksè w ap chèche a.

Senyè a te deklare: “Menm jan w vle l nan men m nan, se konsa w ap resevwa l.”

“… Mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen an—wi, pou yo fè sa ki jis, pou yo mache avèk imilite, pou yo jije avèk lajistis. …

“… [Epi apresa] tout bagay ou vle nan men m, [ki gen rapò ak] lajistis, … w ap resevwa l.8

M renmen doktrin sa a! Li deklare ankò epi ankò ke nou pral jwenn benediksyon pou dezi nou pou nou fè sa ki byen, lè n ap reyèlman eseye fè sa. Epi li raple nou ke, pou nou kalifye pou benediksyon sa yo, nou bezwen asire n ke nou pa anpeche lòt moun resevwa yo: nou dwe aji avèk jistis, jamè ak enjistis oubyen abi; nou dwe mache nan imilite, jamè nan awogans ni nan lògèy; nou dwe jije avèk lajistis, jamè ak yon atitid siperyorite ni ak enjistis.

Frè m ak sè m yo, premye gran kòmannman nan tout letènite a se renmen Bondye avèk tout kè nou, ak tout panse nou, ak tout lespri nou, epi ak tout fòs nou—sa a se premye gran kòmannman an. Men premye gran verite nan tout letènite a sèke Bondye renmen nou ak tout kè Li, ak tout panse Li, ak tout lespri li, epi ak tout fòs Li. Lanmou sa a se wòch fondasyon letènite, e li ta dwe wòch fondasyon lavi kòtidyen nou. Anfèt, se sèlman avèk asirans sa a k ap boule nan nanm nou ke nou ka jwenn konfyans pou nou kontinye eseye amelyore, pou n kontinye chèche padon pou peche nou, ak pou n kontinye bay pwochen nou menm gras sa a.

Prezidan George Q. Cannon te anseye yon fwa : “Kèlkeswa jan eprèv la move, kèlkeswa jan detrès la anpil, jan afliksyon an gwo, [Bondye] p ap janm abandone nou. Li pa janm fè sa, e Li p ap janm fè l. Li pa ka fè sa. Sa pa nan karaktè Li [pou L fè sa] … L ap [toujou] kanpe bò kote nou. Nou gen dwa pase atravè bouch dife; nou gen dwa travèse dlo pwofon; men nou p ap janm boule ni depase. N ap ka sòti anba tout eprèv ak difikilte sa yo pi bon e pi pi gras avèk yo.”9

Kounyeya, avèk devosyon majestye sa a k ap sonnen sòti nan syèl la kòm gwo bagay konstan nan lavi nou, ki manifeste nan fason ki si pi e si pafè nan lavi, lanmò, ak Ekspyasyon Senyè a, Jezikri, nou ka chape anba konsekans peche ak sotiz—pa nou ak pa lòt moun—sou kèlkeswa fòm yo ka vin jwenn nou nan kous lavi chak jou a. Si nou renmèt kè nou bay Bondye, si nou renmen Senyè a, Jezikri, si nou fè tout sa nou kapab pou n viv levanjil la, enben demen—epi tout lòt jou yo—ap finalman mayifik, menmsi nou pa toujou wè yo konsa. Poukisa? Paske Papa nou ki nan Syèl la vle l konsa! Li vle beni nou. Yon lavi rekonpansan, abondan, ak etènèl se objektif egzat plan mizèrikòd Li a pou pitit Li yo! Se yon plan ki baze sou verite “tout bagay ap travay pou byen tout moun ki renmen Bondye.”10 Konsa, kontinye renmen. Kontinye eseye. Kontinye gen konfyans. Kontinye kwè. Kontinye pwogrese. Syèl la ap aplodi w jodya, demen, ak pou tout tan.

Ezayi te mande: “Èske nou pa konnen? Èske nou pa tande?”

“[Bondye] bay moun ki pèdi souf yo fòs ; lè yon moun febli li ba l kouraj ankò. …

“…Li bay moun ki mete konfyans yo nan [Li] fòs ankò ; tankou malfini, y ap pran zèl yo pou yo vole ale. …

“Paske … Senyè a … Bondye yo ap pran men dwat [yo], L ap di [yo], Nou pa bezwen pè ; M ap ede nou.”11

Frè m ak sè m yo, se pou Papa eman nou an ki nan Syèl la beni nou demen pou nou ka sonje kijan nou te santi nou jodia. Se pou L beni nou pou nou ka fè efò avèk pasyans ak pèseverans pou n atenn ideyal nou te tande yo pwoklame yo nan wikenn konferans sa a, ak konesans ke lanmou divin ni ak èd san fay li ap avèk nou menm lè n ap lite—non, l ap avèk nou espesyalman lè n ap lite.

Si prensip levanjil yo sanble yo twò wo epi amelyorasyon pèsonèl ou bezwen nan jou k ap vini yo sanble l pa alapòte w, sonje ankourajman Jozye te bay pèp li a lè yo t ap fè fas ak yon fiti enkyetan pou yo a. Li te di yo : “Sanktifye tèt nou, paske demen Senyè a pral fè mèvèy nan mitan nou.”12 Mwen deklare menm pwomès sa a. Se pwomès konferans sa a. Se pwomès Legliz sa a. Se pwomès Li menm ki akonpli mèvèy sa yo, ki Li menm se “Mèveye, Konseye, Bondye puisan an, … Prens Lapè a.”13 Konsènan Li menm mwen rann temwayaj. Mwen se yon temwen Li. Epi pou Li menm konferans sa a kanpe kòm yon temwayaj travay Li k ap fèt nan gran dènyè jou sa a. Nan non Jezikri, amèn.