2010–2019
Mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou fè byen an
avril 2016


Mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou fè byen an

Nou rapwoche bò Sovè a lè, paske nou gen amou, nou sèvi lòt moun pou Li.

Mwen rekonesan pou m avèk nou nan sware adorasyon, refleksyon, ak konsekrasyon sa a. Nou te priye ansanm. Pè Selès eman nou an tande nou. Nou te sonje Sovè nou an, Senyè Jezikri, pandan ke kantik lwanj pou Li yo te touche nou. Nou te jwenn enspirasyon pou n fè plis pou ede Mèt nou an nan travay Li pou soulaje ak sekouri pitit Pè Selès nou yo.

Dezi nou pou sèvi lòt la anplifye pa rekonesans nou pou sa Sovè a fè pou nou. Se poutèt sa kè nou touche lè nou tande yo chante pawòl sa yo: “Paske yo ban m anpil, mwen menm tou m dwe bay.”1 Nan gwo diskou l la nan Liv Mòmon an, Wa Benjamen pwomèt nou santiman rekonesans sa a (gade Mozya 2:17–19).

Lè lafwa nou nan Jezikri mennen nou kalifye pou lajwa padon Li, nou santi yon dezi pou sèvi lòt moun pou Li. Wa Benjamen te anseye ke padon sa a pa ka akonpli nan yon grenn moman.

Li te di l nan fason sa a: “E kounyeya, akoz bagay m te pale nou yo—ki vle di pou nou kapab toujou gen padon pou peche nou yo jou apre jou, pou nou kapab mache san repwòch devan Bondye—m ta renmen pou nou pataje byen nou ak pòv, chak mound we bay dapre sa li genyen, tankou bay moun ki grangou manje, abiye moun ki toutouni, vizite moun ki malad yo e ba yon soulajman espirityèl ak tanporèl, dapre bezwen yo” (Mozya 4:26).

Konpayon Alma a, Amilèk, te anseye verite ke nou dwe kontinye rann sèvis pou Li pou nou ka jwenn padon: “Epi, kounyeya, frè byenneme m yo, pa panse se tout la sa; paske lè nou fin fè tout bagay sa yo, si nou repouse moun ki nan bezwen, moun ki toutouni, epi si nou pa vizite moun ki malad ak moun ki aflije, si nou pa pataje byen nou, lè nou genyen, avèk moun ki nan bezwen---m di nou konsa si nou pa fè bagay sa yo, reyèlman, lapriyè n ap anven, epi li p ap itil anyen, epi moun ki niye lafwa a, yo se ipokrit” (Alma 34:28).

Aswè a, m te panse avèk tout fi nan lavi m yo. Gen 31 fi ak tifi nan fanmi mwen, kòmanse avèk madanm mwen e kontinye pou enkli twa nouvo pitit pitit fi nou yo. Gen ladan yo ki la avèk nou aswè a. Gen senk ki pi piti pase 12 zan. Se gen dwa premye reyinyon yo nan Sant Konferans lan avèk sè yo nan Legliz Sovè a. Yo chak pral gen pwòp koleksyon souvni pa yo e yo chak pral pran pwòp angajman pa yo apati eksperyans sa a.

Gen twa souvni ak twa angajman m espere k ap rete avèk yo pandan tout lavi yo e menm odela. Souvni konsènan sa yo santi. E angajman konsènan sa pou yo fè.

Santiman ki gen pi gwo enpòtans lan se lanmou. Nou te santi amou gwo dirijant sa yo ki te pale yo. Epi nou te santi pa Lespri a ke yo renmen nou san yo pa menm konnen nou paske yo santi amou Pè Selès la ak Sovè a pou nou. Se poutèt sa yo si anvi sèvi nou konsa epi yo vle nou resevwa benediksyon Bondye vle pou nou yo.

Nou te santi lanmou pou lòt moun aswè a---pou zanmi, kanmarad lekòl, vwazen, e menm yon moun nou fèk rankontre, yon enkoni. Amou sa a se yon don Bondye. Ekriti yo rele l “charite” e “amou pi Kris la” (Mowoni 7:47). Nou te santi amou sa a aswè a, epi nou ka resevwa l souvan si nou chèche li.

Dezyèm sa nou te santi aswè a sete enfliyans Sentespri a. Sè yo pwomèt nou aswè a ke Sentespri a ap gide nou pou nou jwenn sèvis Senyè a ta renmen nou rann lòt moun pou Li yo. Pa pouvwa Lespri a nou santi pwomès sa a soti nan Senyè a epi li vrè.

Senyè a di: “Epi kounyeya, anverite, anverite, m di ou, mete konfyans ou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen an—wi, pou yo fè sa ki jis, pou yo mache avèk imilite, pou yo jije avèk lajistis; epi se Lespri pa m nan” (D&A 11:12).

Petèt ou gen dwa te resevwa benediksyon sa a aswè a. Pa egzanp, non oubyen vizaj yon moun ki nan bezwen te petèt vin nan lespri ou. Se gen dwa te jis yon brèf panse, men akoz sa w tande aswè a, ou pral priye sou sa, ak konfyans ke Bondye pral dirije ou pou fè byen Li vle fè pou moun sa a. Pandan kalite priyè sa yo ap vin tounen yon modèl nan lavi ou, oumenm ak lòt moun ap chanje pou vin pi bon.

Twazyèm sa w te santi aswè a se dezi pou vin pi pwòch Sovè a. Menm tifi ki pi piti la a ap santi reyalite envitasyon nan kantik sa a: “Viens et suis-moi, a dit le Sauveur. Suivons ses pas menant au bonheur.”2

Konsa, avèk santiman sa yo, premye sa ou dwe pran angajman pou w fè se ale epi rann sèvis, konesan ke ou pa prale poukont ou. Lè n ale pou rekonfòte ak sèvi yon moun pou Sovè a, Li prepare chemen an devan nou. Jan ansyen misyonè ki la yo aswè a ka di nou, sa pa vledi chak moun ki dèyè chak pòt pare pou akeyi nou ni chak moun n ap eseye rann sèvis yo pral remèsye nou. Men Senyè a prale devan nou pou prepare chemen an.

Plizyè fwa, Prezidan Thomas S. Monson konn di nou li konnen reyalite ki gen nan pwomès Senyè a, ki di: “Epi, nenpòt moun ki resevwa nou, m ap la tou, paske m prale devan nou. M ap sou kote dwat nou ak sou kote goch nou, epi Lespri m ap nan kè nou, epi zanj mwen yo ap alantou nou pou pote nou anlè” (D&A 84:88).

Youn nan fason Li ale devan nou se nan prepare kè yon moun Li mande nou pou nou sèvi. L ap prepare kè nou tou.

Ou pral wè tou ke Senyè a mete moun pou ede bò kote ou, adwat ou, agoch ou, e alantou ou. Ou pap poukont ou nan sèvi lòt moun pou Li.

Li te fè sa pou mwen aswè a. Senyè a te prepare “yon kantite temwen” (Ebre 12:1), ni nan pawòl ni nan mizik, pou konbine ak miltipliye puisans sa L te vle m di yo. M te jis bezwen asire m ke m jwe pati pa m nan nan konpozisyon sa a. Mwen espere ke n ap santi rekonesans ak lajwa lè Senyè a rasanble nou pou nou sèvi lòt moun pou Li e m priye pou sa.

Si w konn fè eksperyans sa a souvan, e ou pral fè l, ou pral kontinye souri avèk rekonesans, jan m fè a, chak fwa nou chante, “Douce est la tâche.”3

Wa pral souri tou lè w sonje vèsè sa a: “Wa a va reponn yo, sa m ap di nou la a, se vre wi; chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè m yo, se pou mwen nou te fè li” (Matye 25:40).

Dezyèm sa nou dwe fè se sonje Senyè a lè nou pral rann sèvis pou Li a. Senyè a non sèlman ale devan nou epi voye zanj pou sèvi nou, men, Li santi rekonfò nou pote bay lòt yo tou kòmsi se Limenm nou pote l bay.

Chak pitit fi Bondye ki tande e ki kwè mesaj yo nan reyinyon sa a pral mande tèt yo: “Kisa Senyè a vle m fè pou ede L pote sekou bay moun ki nan bezwen yo?” Sitiyasyon chak sè diferan. Sa vre pou ti gwoup pitit fi, bèlfi, pitit pitit fi, ak pitit pitit pitit fi m yo. Pou yo menm, ak pou tout pitit fi Pè Selès la, m ap repete konsèy saj Sè Linda K. Burton nan.

Li mande nou pou nou priye ak lafwa pou n konnen sa Senyè a ta renmen nou fè nan sitiyasyon pa nou. Epi apresa li ba nou pwomès rekonfò Senyè a Limenm te bay fi a yo t ap kritike paske l te vin wen tèt Li avèk luil chè a olye l te vann ni pou ede pòv yo.

“Epi Jezi di yo: Kite l an repo; pouki n ap fè l tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen.

“Paske pòv yo n ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou pap genyen m tout tan avèk nou.

“Li fè sa l te kapab: depi davans li tou benyen kò m pou antèman mwen.

“Anverite m ap di nou, toupatou sou latè, kote ya anonse bòn nouvèl la, ya rakonte sa fi sa a fè la a pou yo pa janm bliye li.” (Mak 14:6–9).

Ti bout ekriti sa a se yon konsèy saj e janti pou sè fidèl yo nan wayòm Senyè a nan epòk boulvèse nou an. Ou pral priye pou w konnen kimoun Bondye ta renmen w sèvi pa amou pou Li ak pou Sovè nou an. Epi ou pa pral tann ni espere yon remèsiman piblik, men wa suiv egzanp fi sa a nan ekriti a, ke tout moun sonje bon aksyon te fè a men pa non li.

Espwa m se pou sè ki nan fanmi nou yo al fè tout sa yo kapab pa amou pou Bondye, pou sèvi moun ki nan bezwen. Epi, twazyèm sa m espere yo pral fè se rete modès apwopo bon zèv yo. Sepandan, m priye pou yo aksepte konsèy Senyè a—ke m konnen nou tout bezwen tande a, lè l te di:

“Fè atansyon lè n ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l konsa, Papa nou ki nan syèl la pap ba nou okenn rekonpans.

Epi apresa Li te di:

“Men, lè w ap ede moun, fè l yon jan pou men goch la pa konn sa men dwat la fè:

“Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè; epi Papa ou ki wè sa w fè an sekrè a va Limenm ba ou rekonpans ou” (Matye 6:1, 3–4).

Priyè m pou sè yo nan wayòm nan, kèlkeswa kote yo ye ou kèlkeswa sitiyasyon yo, se pou lafwa yo nan Sovè a ak nan Ekspyasyon L lan dirije yo pou yo fè tout sa yo kapab pou moun Senyè a mande yo pou yo sèvi yo. Pandan y ap fè sa, mwen pwomèt ke y apral pwogrese sou chemen pou vin fi ki pi sen an, ke Sovè a ak Pè Selès nou an pral akeyi avèk chalè ak rekonpans ouvètman yo.

Mwen temwaye ke sa a se Legliz Jezikri resisite a. Li vivan. Li te peye pri pou tout peche nou yo. Mwen konnen ke gras avèk Li nou va resisite epi nou ka gen lavi etènèl. Prezidan Thomas S. Monson se pwofèt vivan Li. Pè Selès la tande nou e Li reponn priyè nou yo. Mwen temwaye ke n ap pwoche pi pre Sovè a si, pa amou, nou sèvi lòt moun pou Li. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Seigneur, j’ai tant reçu,” Cantiques, no. 139.

  2. “Viens et suis-moi,” Cantiques, no. 61.

  3. “Douce est la tâche, ô Dieu mon roi,” Cantiques, no. 84.