2010–2019
Kisa pou nou fè?
avril 2016


Kisa pou nou fè?

Nou bati wayom nan lè nou nouri lòt moun. Nou bati wayom nan avèk pawòl temwayaj nou ak konviksyon nou tou.

Sa touche m dèske byen vit aprè Rezirèksyon an ak Asansyon Jezi a, Apot Pyè a te anseye, “Se pou nou tout … konnen byen, Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Senyè, se li menm Bondye fè Kris la.” Moun ki t’ap tande yo te santi kè yo boulvèse epi yo te mande Pyè ak lòt yo, “Frè nou yo, kisa pou nou fè?”1 Epi apresa yo te obeyi ansèyman Pyè yo ak kè kontan.

Demen se Dimanch Pak, e m espere kè nou ap touche menm jan tou pou nou rekonèt Sovè a, repanti nou, epi obeyi ak kè kontan.

Nan konferans jeneral sa a, nou pral tande dirijan Legliz yo, gason ak fi, ki pral bay direksyon enspire. Paske m konnen pawòl yo pral touche kè nou, m ap mande nou aswè a, “Medam, sè m yo, kisa nou pral fè?”

Jan prezidant jeneral Sosyete Sekou a, Eliza R. Snow, te deklare bay sè yo sa gen prèske 150 ane: “Senyè a mete yon gwo responsabilite sou nou.”2 M temwaye ke deklarasyon l la toujou vrè jodia.

Legliz Senyè a ak wayòm ni an bezwen fi ki dirije pa Lespri k ap itilize don san parèy yo pou nouri, pou pou pale, ak pou defann verite levanjil la. Enspirasyon nou ak santiman nou yo se eleman esansyèl pou bati wayòm Bondye a, sa k vrèman vle di nou dwe fè pati pa nou an pou pote sali pou pitit Bondye yo.

Bati wayòm nan atravè nourisman

Sè m yo, nou bati wayòm nan lè nou nouri lòt moun. Men, premye pitit Bondye nou bezwen fòtifye nan levanjil retabli a se tèt pa nou. Emma Smith te di: “M vle Lespri Bondye konnen mwen ak konprann mwen, pou m kapab simonte nenpòt tradisyon oswa nati ki pap mennen m nan egzaltasyon.”3 Nou dwe devlope yon fondasyon lafwa nan levanjil Sovè a epi, ak puisans alyans tanp yo, avanse al nan egzaltasyon.

E si kèk nan tradisyon nou yo pa gen plas yo nan levanjil retabli Jezikri a? Pou nou abandone yo, sa gen dwa mande sipò emosyonèl ak afeksyon yon lòt moun, jan sa te fèt pou mwen an.

Lè m te fèt, paran m te plante yon pye magnolia pou te ka gen magnolia nan seremoni maryaj mwen, ki te gen pou fèt nan legliz Pwotestan zansèt mwen yo. Men, jou maryaj mwen, pa t gen paran bò kote m ni pa t gen magnolia, paske, antanke nouvo konvèti ki te gen ennan nan Legliz la, m te vwayaje al Salt Lake City, Utah, pou m te resevwa dotasyon tanp mwen e sele avèk David, fiyanse m.

Lè m te kite Louisiane e m te preske rive Utah, yon santiman abandon te vide sou mwen. Anvan maryaj la, m te gen pou m rete avèk granmè David (bò kote manman l), ke yo te rele Tant Carol.

Men mwen, yon etranje nan Utah, ki ta pral rete lakay yon etranje anvan m te sele—pou letènite—avèk yon fanmi m te apèn konnen. (Erezman m te renmen fiti mari m nan ak Senyè a epi m te fè yo konfyans!)

Pandan m te kanpe devan pòt kay Tant Carol la, m te anvi al kache. Pòt la te louvri---m te kanpe la tankou yon lapen ki te pè---epi Tant Carol, san yon mo, te lonje lamen e l te pran m nan bra li. Limenm, ki pa t gen pitit poukont pa li, te konnen---kè nourisan li te konnen---m te bezwen santi m aksepte. O, rekonfò ak dousè moman sa a! Krent mwen te efase, e m te vin santi ke m te ankre nan yon lye sekirite espirityèl.

Lanmou vledi fè plas nan lavi ou pou yon lòt moun, jan Tant Carol te fè pou mwen an.

Manman yo literalman fè plas nan kò yo pou nouri yon tibebe ki poko fèt—e yo espere yon plas nan kè yo lè yo elve yo—men wòl manman sa a pa limite nan pòte timoun sèlman. Yo te rele Èv yon “manman” anvan ke l te menm fè pitit.4 Epi, m kwè ke “wòl manman” vledi “bay lavi.” Panse sou pil fason nou bay lavi yo. Se ka vledi lavi emosyonèl pou yon moun sanzespwa oubyen lavi espirityèl pou yon moun ki gen dout. Avèk èd Sentespri a, nou ka kreye yon lye gerizon emosyonèl pou moun k ap soufri anba diskriminasyon, moun yo rejte, ki santi yo etranje. Nan fason dous men puisan sa yo, nou bati wayòm Bondye a. Sè m yo, nou tout te vin sou tè a avèk don pou bay lavi, don pou nouri, ak don matènèl sa yo paske sa fè pati plan Bondye a.

Pou n suiv plan L lan epi vin yon moun k ap bati wayòm nan, sa mande sakrifis dezenterese. Orson F. Whitney te ekri: “Tout sa nou soufri e tout sa nou andire, espesyalman lè nou andire l ak pasyans, …. ap pirifye kè nou---epi fè nou vin pi bon ak pi charitab,… e se atravè … soufrans ak tribilasyon, nou akeri edikasyon … ki ap fè nou vin plis tankou Papa nou ak Manman nou ki nan syèl la.”5 Eprèv pirifyan sa yo mennen nou jwenn Kris la, ki ka geri nou e fè nou vin itil nan travay sali a.

Bati wayom nan atravè pawòl ak temwayaj

Nou bati wayom nan lè nou pale ak temwaye konsènan verite a. Nou suiv modèl Senyè a. Li pale e l anseye avèk pouvwa ak otorite Bondye. Sè m yo, nou kapab tou. Jeneralman, fi renmen pale e yo renmen reyini! Pandan n ap travay sou otorite otorite prètriz delege yo ba nou an, pale yo ak reyinyon yo ap grandi vin tounen ansèyman levanjil ak dirije.

Sè Julie B. Beck, ansyèn prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te anseye: “Kapasite pou kalifye pou, resevwa, epi aji sou revelasyon pèsonèl la se sèl talan ki pi enpòtan nou ka akeri nan lavi sa a … Sa mande yon efò konsyan.”6

Revelasyon pèsonèl nan men Sentespri a ap pouse nou pou nou aprann, pale, ak aji sou verite etènèl la---verite Sovè a. Plis nou suiv Kris la, se plis n ap santi amou Lap gide nou e ba nou direksyon; plis nou santi amou Li ak direksyon Li, se plis n ap anvi anseye verite a jan L te fè a, menm anfas lopozisyon.

Sa gen kèk ane, m t ap priye pou m te jwenn pawòl pou m te defann matènite lè m te resevwa yon apèl telefòn anonim.

Moun ki te rele a te mande: “Èske w se Neill Marriott, ki se manman yon gwo fanmi?”

M te reponn jwayezman: “Wi!” ak espwa ke m t ap tande moun nan di yon bagay tankou, “OK, sa anfòm!”

Men non! M p’ap janm bliye repons li pandan vwa l te krake nan telefòn nan: “M ofanse anpil dèske w ap mennen timoun vini souplanèt sitèlman ankonbre sa a!”

M te bafouye: “O, m konprann sa w santi.”

Li te replike tou sèk: “Non---ou pa konprann!”

M te di dousman: “Oke, petèt m pa konprann.”

Li te kòmanse pale sou chwa ensanse m fè pou m vin manman an. Pandan l t’ap pale a, m te priye pou m te ka jwenn èd epi yon panse apezan te vin nan lespri mwen: “Kisa Senyè a t ap di li?” Epi lè sa a, m te santi ke m te kanpe sou teren solid epi panse sou Jezikri a te ban m kouraj.

M te tande m reponn ni: “M kontan dèske m se yon manman, e m pwomèt ou m pral fè tout sa ki nan pouvwa m pou m elve pitit mwen yo nan yon fason pou yo rann fè mond la vin yon pi bon kote.”

Li te reponn: “Bon, m espere w ap fè sa!” epi li te rakwoche.

Se pat yon gwo bagay---apretou, m te kanpe byen an sekirite nan kuizin mwen! Men, nan ti fason pa m, m te kapab pale pou pran defans fanmi, manman yo, ak moun k ap nouri yo paske m te konprann de bagay: (1) M te konprann doktrin Bondye a sou fanmi an e m te kwè nan sa, epi (2) M te priye pawòl mwen yo te ka transmèt verite sa a.

Lefèt ke nou distenk e diferan avèk lòt fi yo nan mond lan, sa ap fè yo kritike nou, men nou dwe ankre nou nan prensip etènèl yo epi temwaye de yo, kèlkeswa reyaksyon mond la.

Lè nou mande tèt nou, “Kisa pou nou fè?” a, annou medite sou kesyon sa a: “Kisa Sovè a toujou ap fè?” Li nouri. Li kreye. Li ankouraje pwogresyon ak bonte. Fi yo, sè mwen, nou ka fè bagay sa yo tou! Nou menm fiyèt yo nan Primè a, èske gen yon moun nan fanmi nou ki bezwen lanmou ak jantiyès? Nou ka bati wayòm nan nan nouri lòt moun tou.

Kreyasyon tè a, Sovè a fè sou direksyon Papa L la, sete yon zak nourisman puisan. Li te prepare yon kote pou nou ka pwogrese e devlope lafwa nan sakrifis ekspyatwa l la. Lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan se pi gwo plas gerizon ak espwa, kwasans ak detèminasyon siprèm nan. Nou tout bezwen gen santiman espirityèl ak fizik ki di nou jwenn plas nou an. Nou menm, sè nan tout laj, nou ka kreye plas sa a; e se menm yon plas sakre. 

Pi gwo responsabilite nou se vin tounen fi k ap suiv Sovè a, k ap nouri avèk enspirasyon, epi k ap viv laverite san krent. Si nou mande Papa nou ki nan Syèl la pou l fè nou vin batisè nan wayòm ni an, pouvwa li ap vide sou nou e n ap konnen kijan pou nou nouri, pou n finalman vin tankou paran selès nou yo. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Travay 2:36–37.

  2. Eliza R. Snow, nan Filles dans mon royaume: L’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2011), 48.

  3. Emma Smith, nan Filles dans mon royaume, 12.

  4. Gade Jenèz 3:20.

  5. Orson F. Whitney, nan Spencer W. Kimball, Faith Precedes the Miracle (1972), 98.

  6. Julie B. Beck, “And upon the Handmaids in Those Days Will I Pour Out My Spirit,”Liahona, Me 2010, 11.