2010–2019
Ki kote kle ak Otorite prètriz yo ye?
avril 2016


Ki kote kle ak Otorite prètriz yo ye?

Otorite prètriz la ak kle prètriz yo fè motè a derape, louvri pòt syèl yo, fasilite pouvwa diven an, e louvri chemen alyans k ap mennen nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la.

Pandan solèy aprèmidi ivè a t ap desann dèyè gwo mòn kouvri anba nèj yo te itilize pou skiye a, lè frèt montay la t ap frape sou figi nou ak nen nou, sa ki te ba nou pouse pou n al chèche kamyon nou ak vwati nou yo nan kote yo estasyone nan otèl ski a. La, nan machin konfòtab nou yo, chofaj la ta pral byen vit rechofe dwèt ak zòtèy glase yo. Bri nèj glase a ki t ap kraze anba pye nou nan chak pa nou te fè yo te konfime ke te gen anpil fredi.

Fanmi m te sot pase yon bèl jounen amizan sou pis eski yo, ki kounyeya te vin tounen yon fen jounen glase. Lè nou te rive bò machin nan, m te foure men m nan yon premye pòch manto pou m te pran kle yo, epi nan yon lòt epi nan yon lòt ankò. Kote kle yo? Tout moun t ap tann kle yo avèk enpasyans! Batri a te chaje, e tout sistèm yo—enkli chofaj la—te pare pou derape, men san kle yo, nou pa t ap ka antre nan pòt fèmen yo; san kle yo motè a pa t ap ka fè machin nan mache.

Nan moman an, premye preyokipasyon nou sete sou kijan nou ta pral antre nan machin nan pou nou jwenn yon ti chalè, men, sa pa t enpeche m panse ke—menm nan moman sa a—te ka gen yon leson la a. San kle, bèl mekanik mèveye sa a se t ap sèlman plastik ak metal. Malgre machin nan te gen gwo potansyèl, san kle yo, li pa t ka ranpli fonksyon yo te prepare l pou l te ranpli a.

Plis m te reflechi sou eksperyans sa a, se plis analoji sa a te vin pi pwofon pou mwen. M te emèveye pou amou Pè Selès la genyen pou pitit Li yo. M te pwofondeman enpresyone pa manifestasyon selès ak gwo vizyon sou letènite yo Bondye te vide sou Joseph Smith yo. E, patikilyèman, kè m te ranpli ak rekonesans pou retablisman otorite prètriz la ak kle prètriz yo. San retablisman sa a, nou t ap bloke deyò machin ki pou transpòte nou nan vwayaj pou n retounen al jwenn paran selès eman nou yo. Akonplisman chak òdonans sali ki sou chemen alyans nou pou retounen nan prezans Papa nou ki nan syèl la mande administrasyon apwopriye atravè kle prètriz yo.

An Me 1829, Jan Batis te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery, pou te konfere yo Prètriz Aawon an e ba yo kle ki akonpanye prètriz sa a. Byen vit apre, Pyè, Jak ak Jan te konfere yo Prètriz Mèlkisedèk la ak kle ki akonpaye l yo.1

Prèske setan apre, yon jou Dimanch nan Tanp Kirtland nan, jis yon semèn apre konsekrasyon li, “Senyè a Jewova parèt nan laglwa” devan Joseph ak Oliver, apre aparisyon Moyis, Elyas, ak Eli, ki te remèt yo “kle ak dispansasyon y a.”​2 Otorite prètriz retabli sa a ak kle sa yo te pèdi pandan dè syèk. Nan menm fason fanmi m te bloke deyò machin nan paske kle machin yo te pèdi a, se konsa tou, tout pitit Pè Selès yo te bloke e yo pa t ka resevwa òdonans sali levanjil Jezikri yo—jiskaske yon retablisman divin te fèt pa mesaje selès sa yo. Nou pap jamè, jamè gen pou n poze kesyon “Kote kle yo?” ankò.

Imaj
Lye Retablisman Prètriz la
Imaj
Rivyè Susquehanna a

Nan yon bèl jounen lotòn ane pase, m t al vizite forè pezib ki sitiye nan nòdès Pennsilvani an, ke nou rekonèt nan ekriti yo kòm Harmony, kote Jan Batis te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery pou retabli Prètriz Aawon an. Mwen menm tou m te kanpe sou bò Rivyè Susquehanna a kote Joseph ak Oliver, dote avèk otorite ak kle yo, te batize a. Tou pre menm rivyè sa a, Pyè Jak, ak Jan te parèt e yo te retabli Prètriz Mèlkisedèk la ak kle ki akonpaye l yo.3

Imaj
Kay Joseph ak Emma Smith
Imaj
Andedan sant vizitè ki sou sit retablisman prètriz la
Imaj
Deyò sant vizitè ki sou sit retablisman prètriz la

Sit sa yo, ansanm ak premye kay Joseph ak Emma a yo rekonstwi a, kote pifò pati nan Liv Mòmon an te tradui; kay paran Emma yo tou pre a; ak yon sant vizitè yo bati ki gen yon nouvo chapèl la, fè pati nouvo Sit Retablisman Prètriz la Prezidan Russell M. Nelson te konsakre an Septanm ane pase. La a, m te santi pouvwa ak reyalite evenman divin yo ki te pase nan kote sakre sa a. Eksperyans sa a te fè m medite, etidye, e priye osijè otorite prètriz la ak kle prètriz yo, sa ki te ban m yon dezi pou pataje avèk jènjan yo ak jènfi yo nan Legliz la fason otorite prètriz la ak kle retabli yo ka yon benediksyon pou yo.

Toudabò, li ta bon pou n ta konprann tèm sa yo. Prètriz la oswa otorite prètriz la defini kòm “pouvwa ak otorite Bondye”4 e “pi gwo pouvwa ki sou tè sa a.”5 Yo defini kle prètriz yo pou konpreyansyon nou tou: “Kle prètriz yo se otorite Bondye bay dirijan prètriz yo pou dirije, kontwole, ak gouvène itilizasyon prètriz Li a sou tè a.”6 Kle prètriz yo kontwole egzèsis otorite prètriz la. Òdonans yo anrejistre nan rejis Legliz yo mande kle e yo pa ka fèt san otorizasyon. Èldè Dallin H. Oaks te anseye ke: “finalman, se Senyè a, Jezikri, ki detni tout kle prètriz yo, se prètris pa L li ye. Li se sèl moun ki detèmine ki kle pou delege bay moun nan mòtalite a ak fason yo dwe itilize kle sa yo.”7

Kounyeya, pou nou menm, jènjan ak jènfi yo, m konsidere twa fason nou ka “jwenn kle yo” oubyen itilize kle ak otorite prètriz yo pou beni lavi pa nou ak lavi lòt moun.

Premye a se prepare pou n al fè misyon

Jèn frè m ak sè m yo, nou gen dwa pa reyalize sa, men kle rasanbleman Izrayèl yo Moyiz te retabli a, pèmèt nou fè travay misyonè nan dispansasyon nou an. Reflechi sou lame misyonè aplentan ki gen anviwon 75.000 misyonè k ap travay nan chan misyon an sou direksyon kle sa yo. Avèk sa nan lespri nou, sonje ke l pa janm twò bonè pou nou prepare pou misyon. Nan bwochi Pou fòs jèn yo, nou li: “Jènjan nan Prètriz Aawon yo, … dwe travay ak dilijans pou prepare tèt yo pou reprezante Senyè a kòm misyonè.”8 Jènfi yo ka prepare yo tou, men “yo pa gen menm obligasyon pou sèvi a.”9 Sepandan, tout preparasyon nou, keseswa pou sèvi kòm misyonè aplentan ou pa, ap pote benefis pou nou antanke yon manm misyonè.

Dezyèm fason pou “Jwenn kle yo” se ale nan tanp

Kle sèlman yo, ke pwofèt Elyas Ansyen Testaman an te retabli yo, pèmèt òdonans yo akonpli nan tanp sakre yo. Òdonans ki akonpli nan tanp sa yo pèmèt endividi ak fanmi yo retounen nan prezans paran selès nou yo.

Nou ankouraje jènjan ak jènfi yo pou fè rechèch epi jwenn non zansèt yo epi al fè batèm pa pwokirasyon pou yo nan tanp. Nou remake sa ap fèt an gwo kantite san presedan atravè mond la! Sal batèm yo nan plizyè tanp ranpli avèk jènjan ak jènfi depi byen bonè nan maten rive jis aswè. Kle yo anplas pou pèmèt fanmi yo liye ansanm pa mwayen òdonans sakre yo ki akonpli nan tanp yo.

Èske nou pa wè relasyon ki egziste ant retablisman kle prètriz yo ak benediksyon yo? Si nou angaje nan travay sa a, m panse n ap vin wè Senyè a nan tout detay li. Gen yon eksperyans ki demontre sa. Dènyèman m te tande pale de yon manman ki regilyèman akonpaye pitit li nan tanp pou fè batèm pou mò. Nan jou patikilye sa a, pandan fanmi sa a te fin fè batèm yo epi yo t aprale kite tanp la, yon mesye te antre nan sal batèm nan avèk yon gwo pil non fanmi li. Lè l te reyalize pa t gen okenn moun ki te rete nan sal batèm nan pou ede fè òdonans pou moun yo nan fanmi sa a, yon travayè tanp te kouri al kot fanmi an ki ta prale a pou te mande timoun yo si yo te vle retounen e vin chanje yo yon fwa ankò pou ede fè batèm sa yo. Yo tout te dakò epi yo te retounen. Pandan timoun yo t ap fè batèm yo, manman an, ki t ap koute, te kòmanse rekonèt non yo epi, pou etonman tout moun, li te reyalize ke pil non sa yo mesye a te pote yo sete zansèt fanmi pa l tou. Sete yon bèl ti mizèrikòd pou yo.

Sa gen de semèn, yo te konsakre Tanp City Center nan Provo a kòm 150 tyèm tanp Legliz la ki an fonksyon nan mond lan. N ap note ke lè Prezidan Monson te soutni kòm Apot an 1963, te gen 12 t ap ki te an fonksyon nan Legliz la. Tanp yo ap vin plis an plis pwòch pou nou. Men, pou moun k ap viv kote distans oswa sikonstans pa pèmèt nou ale nan tanp regilyèman yo, nou dwe toujou kenbe tèt nou diy pou nou ale. Nou ka fè travay enpòtan andeyò tanp la ki se fè chèche non zansèt nou yo epi voye yo nan tanp.

Finalman, Nimewo twa: Avanse ak lafwa

Abraham, pwofèt Ansyen Testaman an, te resevwa yon gwo benediksyon nan men Senyè a nan dispansasyon pa l la, ke nou rele pafwa alyans Abraamik. Dè milye ane apre, benediksyon dispansasyon levanjil yo te bay Abraham nan te retabli. Sa te fèt lè pwofèt Elyans te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan Tanp Kirtland nan.

Atravè retablisman sa a, nou chak gen aksè nan pi gwo benediksyon yo te pwomèt Abraham yo. Benediksyon sa yo kapab pou nou si nou rete fidèl epi nou viv diy. Nan bwochi Pou fòs jèn yo, Premye Prezidans lan ba nou kèk nan enstriksyon trè pratik sou fason pou nou “avanse ak lafwa.” M ap rezime kèk nan konsèy sa a: “Pou ede nou vin tout sa Papa a vle nou devni, mete nou ajenou chak maten e chak swa pou n priye Papa nou ki nan syèl la. … Etidye ekriti yo chak jou epi aplike sa nou li yo nan lavi nou. … Eseye chak jou pou n obeyisan. … Nan tout sikonstans, suiv ansèyman pwofèt yo. … Rete enb e dispoze pou koute Sentespri a.”

Konsèy sa a suiv pa yon pwomès ki mennen nan pwomès ki vini atravè benediksyon Abraham yo: “Si ou fè bagay sa yo, Senyè a ap reyalize plis bagay nan lavi ou paseo u ka fè pou tèt ou. L ap ogmante opòtinite w yo, l ap elaji vizyon ou, e fòtifye ou. L ap ba ou èd w ap bezwen pou afwonte eprèv ak difikilte w yo. W ap vin gen yon temwayaj pi solid e w ap jwenn vrè lajwa pandan w ap vin konnen Pè Selès la ak Pitit Gason L la, Jezikri, e santi amou Yo pou ou.”10

Pou rezime: prepare pou travay misyonè, ale nan tanp, epi avanse ak lafwa.

Konklizyon

Kounyeya, annou fini kote nou te kòmanse a, bloke nan pakinn frèt la, ap mande: “Kote kle yo?” Fò m di nou, byenta nan jou swa sa a, m te mirakilezman jwenn kle yo ki te soti nan pòch mwen tonbe sou mòn nan. Senyè a montre nou ke L pap kite nou kanpe nan gwo fredi a san kle oswa otorite pou mennen nou an sekirite lakay nou al jwenn ni an.

Si ou menmjan avèk mwen, petèt ou gen dwa twouvè w ap mande “Kote kle” machin ou, biwo ou, kay ou oswa apatman ou. Lè sa rive m, m pa ka anpeche m souri andedan, paske pandan m ap chèche kle yo, m twouve m ap reflechi sou kle retabli prètriz yo ak sou Prezidan Thomas S. Monson, nou soutni “kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè”11 e ki “se sèl moun sou tè ki posede tout kle prètriz yo e ki otorize pou egzèse yo.” Wi, kle sa yo an sekirite nan men pwofèt, vwayan, ak revelatè yo. Yo konfere yo, delege yo, e konfye yo bay lòt moun, selon volonte Senyè a, sou direksyon Prezidan Legliz la.

Mwen temwaye ke otorite prètriz la ak kle prètriz yo fè motè derape, louvri pòt syèl yo, fasilite pouvwa divin, e yo louvri chemen alyans ki mennen nou retounen al jwenn Pè Selès eman nou an.

Mwen priye pou nou menm, jenerasyon jènjan ak jènfi k ap grandi a, pou nou “avanse avèk fèmte nan Kris la,”12 pou nou ka konprann ke se yon privilèj sakre pou nou pou n aji sou direksyon moun ki detni kle prètriz ki pral louvri pòt benediksyon, don, ak pouvwa syèl yo pou nou yo.

Mwen temwaye konsènan Bondye Papa a, Sovè nou ak Redanmtè nou, Jezikri, Sentespri a, ak sou Retablisman levanjil la nan dènye jou sa yo, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Joseph Smith—Istwa 1:68–72.

  2. Doktrin ak Alyans 110, seksyon rezime.

  3. Gade Doktrin ak Alyans 128:20.

  4. Manyèl Enstriksyon 2: Administrasyon Legliz la (2010), paj 8.

  5. Boyd K. Packer, “Le pouvoir de la prêtrise au foyer” (reyinyon mondyal pou fòmasyon dirijan, Fev. 2012), lds.org/broadcasts; see also James E. Faust, “Le pouvoir de la prêtrise,” L’Étoile, Me 1997, 41–43.

  6. Manyèl Enstriksyon 2, 2.1.1.

  7. Dallin H. Oaks, “The Keys and Authority of the Priesthood,” Liahona, Me 2014, 50.

  8. Pou Fòs Jèn yo (bwochi, 2011), 43.

  9. Thomas S. Monson, “Welcome to Conference,” Liahona, Nov. 2012, 5.

  10. Pou Fòs Jèn yo, 42–43.

  11. Gade fòm pou Soutyen Ofisye yo ke yo li nan konferans anyèl pawas ak pieu yo.

  12. 2 Nefi 31:20.