2010–2019
Kote de oubyen ou twa rasanble
avril 2016


Kote de oubyen ou twa rasanble

Si nou koute Lespri a, kè nou ap vin adousi, lafwa nou ap fòtifye, epi kapasite nou pou renmen Senyè a ogmante.

Frè ak sè byeneme m yo, mwen swete nou byenveni nan 186zyèm Konferans Jeneral Anyèl Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen kontan pou m avèk nou, e m swete nou byenveni avèk anpil chalè.

Mwen rekonesan dèske nou vini nan konferans la pou n santi enspirasyon soti nan syèl la ak pou n santi nou pi pre Pè Selès la ak Senyè a.

Nan reyinyon sa a, ki retransmèt nan tout mond lan, gen dè milyon disip Jezikri ki fè alyans pou yo toujou sonje L ak sèvi Li. Gras ak mirak teknoloji modèn nan, separasyon tan ak gwo distans yo efase. Nou reyini kòmsi nou tout te ansanm nan yon sèl gwo sal.

Men, sa ki menm pi enpòtan pase rasanbleman nou an se nan non moun nou fè sa a. Senyè a pwomèt menmsi disip Li yo an gran kantite sou tè a jodia, Li ap tou pre nou chak. Li te di ti gwoup disip li yo an 1829: “An verite, an verite, m di nou konsa, … kote de oubyen twa moun reyini nan non mwen, … gade, m ap nan mitan yo---menm jan m nan mitan nou la a” (D&C 6:32).

Kounyeya, se pa sèlman youn oubyen de, men yon miltitid disip Li ki rasanble ansanm nan konferans sa a epi, jan l pwomèt la, Senyè a la nan mitan nou. Paske Li se yon èt resisite e gloriye, Li pa fizikman prezan nan chak lye kote Sen yo reyini yo. Men, pa pouvwa Lespri a, nou ka santi L la avèk nou jodia.

Lye ak moman kote nou santi prezans Sovè a depann de nou chak. Li te bay enstriksyon sa a:

“Epi ankò, an verite m di nou, zanmi m yo, m kite pawòl sa yo avèk nou pou nou medite nan kè nou, avèk kòmandman sa m ba nou, pou nou rele non mwen pandan m pre a---

“Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou; chèche m avèk dilijans, epi n ap jwenn mwen; mande epi n ap resevwa; frape epi y ap louvri pou nou” (D&A 88:62–63).

Mwen konn omwen de moun k ap koute jodia ki anvi jwenn benediksyon sa a ak tout kè yo. Y ap sensèman eseye pou yo pwoche kote Senyè a pandan konferans sa a. Yo chak te ekri m---lèt yo te rive nan biwo m nan menm semèn nan---pou enplore menm kalite èd la.

Toulède se konvèti nan Legliz la epi yo te resevwa temwayaj klè sou lanmou Bondye Papa a ak Pitit Gason L la, Jezikri, Sovè mond la. Yo te konnen Pwofèt Joseph Smith te òganize Legliz la atravè revelasyon dirèk nan men Bondye epi kle sent prètriz yo te retabli. Yo chak te santi yon temwayaj ke kle yo anplas nan Legliz la jodia. Yo te rann mwen temwayaj solanèl sa a alekri.

Sepandan, yo toulède regrèt dèske santiman amou yo pou Senyè a ak lanmou Li pou yo t ap diminye. Yo toulède te vle, ak tout kè yo, pou m ede yo rejwenn lajwa ak santiman amou yo te santi lè yo te antre nan wayòm Bondye a. Yo toulède di, si yo pa ka rejwenn santiman lanmou sa yo pou Sovè a ak pou Legliz la totalman, yo pè pou eprèv ak tès y ap travèse yo pa finalman sispann lafwa yo.

Se pa yomenm sèlman ki gen enkyetid sa a, ni eprèv yo a pa nouvo. Pandan ministè li nan mòtalite a, Sovè a te bay yon parabòl sou semans la ak moun ki t ap simen an. Semans la se pawòl Bondye a. Moun k ap simen an se Senyè a. Rezistans semans la ak kwasans li depann sou kondisyon tè a. Nou sonje pawòl Li yo:

“Epi pandan l t ap simen yo nan jaden an, kèk grenn te tonbe bò chemen an, zwazo te vini, yo te manje yo:

“Yon pati grenn te tonbe nan mitan wòch, kote ki pa gen anpil tè: grenn sa yo te leve byen vit, paske yo pa t antre fon anba tè a.

“Men, solèy la te leve, li te boule ti plant yo, yo te seche, paske rasin yo pa t fon.

“Yon lòt pati te tonbe nan mitan pikan, pikan yo te grandi, epi yo te toufe yo:

“Men yon lòt pati ankò te tonbe nan bon tè; yo te donnen; genyen ki te bay san grenn, lòt te bay swasant grenn, lòt te bay trant.

“Si nou gen zòrèy pou n tande, tande” (Matye 13:4–9).

M ap di ankò, semans la se pawòl Bondye a. Tè a se kè moun ki resevwa semans la.

Nou tout gen yon bagay an komen avèk bon moun sa yo ki te ekri m pou mande èd ak reyasirans la. Nou tout te gen semans, oubyen pawòl Bondye a, plante nan kè nou yon fwa. Pou kèk moun, sete nan anfans yo lè paran yo te envite yo pou yo te batize ak konfime pa moun ki gen otorite. Gen lòt nan nou ki te resevwa ansèyman nan men sèvite Bondye te aple. Nou chak te santi semans la te bon, nou te menm santi l gonfle nan kè nou, epi nou te santi lajwa pandan kè nou ak lespri nou te sanble yo t ap grandi.

Nou tout konn pase anba tès lafwa akoz benediksyon ki pa vini, akoz atak malevyan nan men moun ki vle detwi lafwa nou, akoz tantasyon pou nou peche, ak enterè egoyis ki redui efò nou pou kiltive ak adousi pwofondè espirityèl kè nou.

Moun ki tris akoz yo pèdi lajwa yo te santi yon lè a se moun ki beni. Gen moun ki pa menm wè lè lafwa yo ap bese andedan yo. Satan malen. Li di moun li vle mizerab yo ke lajwa yo te santi yon jou a sete twonpri anfanten.

Jodia mesaj mwen pou nou tout sèke pral gen yon bèl okazyon nan pwochen jou yo kote nou pral gen pou nou chwazi pou kite kè nou adousi ak pou nou resevwa e nouri semans la. Semans la se pawòl Bondye, e li pral devèse sou nou tout k ap koute, k ap gade, oubyen k ap li konferans sa a. Mizik la, diskou yo, ak temwayaj yo te prepare pa sèvitè Bondye ki te chèche Sentespri a ak dilijans pou gide yo nan preparasyon yo. Yo te priye pi long e pi enbleman toujou pandan jou konferans yo t ap avanse a.

Yo te priye pou yo jwenn pouvwa pou ankouraje nou pou n fè chwa k ap pwodui nan kè nou yon teren pi fètil pou bon pawòl Bondye a grandi e pote fwi. Si nou koute avèk Lespri a, n ap wè kè nou adousi, lafwa nou ap fòtifye, epi kapasite nou pou renmen Senyè a ap ogmante.

Desizyon nou pou priye avèk tout kè nou an ap transfòme sa n ap santi nan sesyon konferans sa ak nan jou ak mwa k ap suiv yo.

Anpil nan nou deja kòmanse. Nan kòmansman sesyon sa a, nou te fè plis pase koute priyè a; nou te ajoute lafwa nou sou demand pou nou jwi benediksyon pou n gen Sentespri a devèse sou nou an. Pandan nou t ap ajoute demand ansilans nou nan non Jezikri a, nou te pwoche pi pre Li. Sa a se konferans Li. Sèl Sentespri a ka pote benediksyon Senyè a vle pou nou yo. Nan amou Li pou nou, Li pwomèt ke nou ka santi sa:

“Epi nenpòt bagay yo pral pale lè Sentespri a anime yo se pral ekriti, se pral volonte Senyè a; se pral panse Senyè a, se pral pawòl Senyè a, se pral vwa Senyè a, ak pouvwa Bondye pou sali a.

“Gade se pwomès Senyè a fè nou, nou menm sèvitè m yo.

“Se poutèt sa, fè kè nou kontan, epi pa krenn, paske mwen menm Senyè a, m avèk nou, epi m ap kanpe bò kote nou; epi nou dwe rann temwayaj konsènan mwen, Jezikri menm, pou fè konnen m se Pitit Gason Bondye vivan an, m te egziste epi m gen pou m vini” (D&A 68:4–6).

Chak fwa yon sèvitè Bondye pwoche bò pipit la, nou ka priye e ajoute lafwa nou ke pwomès Senyè a nan Doktrin ak Alyans seksyon 50 yo ap akonpli:

“An verite m di nou, yon moun m òdone epi m voye preche pawòl verite a pa lantremiz Konsolatè a, nan Lespri verite a, èske l preche pa lantremiz Lespri verite a oubyen nan yon lòt fason?

“Epi si se nan yon lòt fason, sa pa soti nan Bondye.

“Epi ankò, yon moun ki resevwa pawòl verite a, èske l resevwa l pa lantremiz Lespri verite a oubyen nan yon lòt fason?

“Si se nan yon lòt fason, sa pa soti nan Bondye.

“Se poutèt sa, kouman nou fè pa kapab konprann ni konnen yon moun ki resevwa pawòl la pa lantremiz Lespri Verite a, moun sa a resevwa l jan Lespri verite a preche l?

“Se poutèt sa, yonmoun ki preche epi yon moun ki tande, youn dwe konprann lòt, epi yo tou de dwe edifye epi yo dwe rejwi ansanm” (D&A 50:17–22).

Nou ka priye pandan koral la pral chante a. Direktè koral la, òganis yo, ak manm koral yo te priye epi yo te pratike avèk yon priyè nan kè yo epi ak lafwa ke mizik la ak pawòl yo pral adousi kè e mayifye pouvwa yo pou bati lafwa lòt moun. Yo pral chante pou Senyè a kòmsi yo te kanpe devan Li, ak konesans ke Pè Selèa la tande yo osi sètènman ke l tande priyè pèsonèl yo. Yo te travay ansanm avèk amou pou fè pwomès Sovè a te fè Emma Smith la reyalize: “Paske nanm mwen pran plezi nan chan ki soti nan kè moun yo; wi, chan moun ki jis yo se yon priyè devan m, epi m ap reponn li avèk yon benediksyon sou tèt yo” (D&A 25:12).

Si anplis koute a ou priye pandan y ap chante a tou, priyè ou ak priyè pa yo a ap egzose avèk yon benediksyon sou tè ou ak sou tèt pa yo. W ap gen benediksyon pou w santi lanmou ak apwobasyon Sovè a. Tout moun ki mete ansanm avèk yo pou fè louwanj sa a ap santi amou yo pou Li grandi.

Ou gen dwa chwazi pou w priye nan moman oratè a sanble l pral fini diskou l la. Li menm li pral priye andedan kè l tou pou Sentespri a ka ba li pawòl temwayaj k ap edifye kè moun k ap koute yo, ak espwa yo, ak detèminasyon yo pou yo toujou sonje Sovè a e respekte kòmandman Li ba nou yo.

Temwayaj la se p ap yon resitasyon mesaj la. Se pral konfimasyon yon verite Lespri a ka pote nan kè moun ki pral priye pou resevwa èd yo, pou direksyon divin, ak pou resevwa amou pi Kris la.

Oratè yo ap resevwa yon vrè temwayaj. Pawòl yo gen dwa pa anpil, men Lespri a ap pote yo nan kè moun enb la ki vini nan konferans la ki grangou pou bon pawòl Bondye a.

Apati eksperyans, m konnen kisa lafwa bon moun ka fè pou pote pawòl Lespri yo nan fen yon diskou. Plis pase yon fwa, yon mou konn di m apre m fin rann temwayaj mwen: “Kijan w te fè konnen m te bezwen tande bagay sa a?” M aprann pou m pa etone lè m pa ka sonje kilè m te di pawòl yo. M te pwononse pawòl temwayaj, men Senyè a te la, pou l te ban mwen yo nan moman an menm. Pwomès ke Senyè a ap ba nou pawòl yo nan moman nou bezwen yo a aplike espesyalman pou temwayaj (gade D&A 24:6). Koute temwayaj yo rann nan konferans sa a byen---w ap santi w pi pre Senyè a.

Ou ka santi m ap rive nan moman kote m pral fini mesaj m t ap eseye transmèt la avèk yon temwayaj laverite. Priyè w yo pral ede m resevwa pawòl temwayaj ki ka ede yon moun k ap chèche yon repons pou kesyon l genyen.

M ap kite nou avèk temwayaj fèm mwen ke Papa nou ki nan Syèl la, Gran Eloyim nan, renmen nou e li konnen nou, nou chak. Sou direksyon Li, Pitit Gason L la, Jewova, sete Kreyatè a. M temwaye ke Jezi Nazarèt la se Pitit Gason Bondye. Li te geri malad, fè avèg wè, li te leve moun mouri. Li te peye pri pou tout peche chak pitit Pè Selès la ki fèt nan mòtalite a. Li te kase chenn lanmò pou tout moun lè L te leve soti nan tonm nan premye Dimanch Pak sa a. Li vivan jodia, yon Bondye---resisite ak gloriye.

Sa a se sèl vrè Legliz la, e Li se Wòch Fondasyon an. Thomas S. Monson se pwofèt Li pou tout mond la. Pwofèt ak apot nou pral tande yo nan konferans sa a ap pale nan non Senyè a. Yo se sèvitè Li, ki otorize pou aji pou Li. Li mache devan sèvitè L yo nan mond la. M konnen sa. E mwen temwaye konsa, nan non Li, non Jezikri, amèn.