2010–2019
“Nenpòt moun ki resevwa yo, se mwen yo resevwa”
avril 2016


“Nenpòt moun ki resevwa yo, se mwen yo resevwa”

Jodia timoun yo twouve y ap viv nan plizyè kalite sitiyasyon familyal konplèks ak diferan. Nou bezwen lonje lamen bay sila yo ki santi yo poukont yo, ki santi yo neglije yo, oubyen ki dèyè lantouraj yo.

Bondye renmen timoun. Li renmen tout timoun. Sovè a te di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen; paske wayòm syèl la se pou moun ki tankou yo l ye.”1

Jodia timoun yo twouve y ap viv nan plizyè kalite sitiyasyon familyal konplèks ak diferan.

Pa egzanp, jodia, gen defwa plis timoun nan Etazini k ap viv avèk yon sèl paran, plis pase l te ye sa gen 50 tan.2 Epi gen anpil fanmi ki mwens ini nan amou yo pou Bondye ak dispozisyon yo pou respekte kòmandman L yo.

Nan konfizyon espirityèl k ap grandi sa a, levanjil retabli a ap kontinye reprezante prensip, ideyal, ak modèl Senyè a.

“Se dwa timoun pou yo pran nesans nan relasyon maryaj, epi pou yon papa ak yon manman ki onore alyans maryaj avèk fidelite total elve yo. …

“Mari ak madanm gen yon responsablite solanèl pou youn renmen ak pran swen lòt epi pou yo renmen ak pran swen pitit yo. … Paran yo gen yon devwa sakre pou yo elve pitit yo nan lanmou ak jistis, pou satisfè bezwen fizik ak espirityèl yo, pou anseye yo pou yo sèvi epi pou youn renmen lòt [e] pou yo respekte kòmandman Bondye yo.”3

Nou konplimante pil bon paran nan mond lan, nan tout relijyon, ki ap pran swen pitit yo avèk amou yo. Nou rekonesan anpil pou fanmi nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo ki dedye tèt yo pou okipe timoun yo antanke yon papa ak yon manman ki konvèti nan Sovè a, ki sele pa otorite prètriz la, epi k ap aprann nan fanmi yo pou yo renmen Pè Selès yo a ak Pitit Gason l lan, Jezikri e fè yo konfyans.

Priyè pou jèn yo

Priyè m jodia se pou dè santèn milye timoun, jèn, ak jèn adilt ki pa soti nan fanmi m kalifye kòm “pafè” sa yo, paske m pa jwenn yon pi bon tèm. M ap pale non sèlman de jèn moun ki travèse lanmò, divòs, oswa diminisyon lafwa paran yo men tou, pou dè dizèn milye jènjan ak jènfi toupatou nan mond la ki anbrase levanjil la san yon manman oswa yon papa pou antre Legliz la avèk yo.4

Jèn Sen Dènye Jou sa yo antre Legliz la avèk gwo lafwa. Yo gen espwa kreye yon fanmi ideyal nan lavi pa yo nan lefiti.5 Avèk letan, yo vin yon pati enpòtan nan fòs misyonè nou an, nan jèn adilt jis nou yo, ak moun ki mete ajenou devan lotèl pou kòmanse pwòp fanmi pa yo.

Sansiblite

N ap kontinye anseye modèl Senyè a etabli pou fanmi yo, men kounyeya, avèk dè milyon manm, ak divèsite nou genyen pami timoun yo nan Legliz la, nou bezwen menm pi konsyan ak pi atantif toujou. Kilti nou ak fason nou pale nan Legliz la pafwa unique. Timoun Primè yo pap sispann chante “Fanmi kapab ansanm pou tout tan,”6 men lè yo chante, “M kontan lè papa m retounen lakay”7 oubyen “avèk papa m ak manman m k ap dirije,”8 se pa tout timoun ki pral ka chante sa an pansan ak fanmi pa yo.

Zanmi nou, Bette, te pataje yon eksperyans li te fè nan legliz la lè l te gen 10 zan. Li di: “Enstrikris nou an t ap fè yon leson sou maryaj tanp. Li te espesifikman mande m: ‘Bette, paran w pa marye nan tanp, pa vre?’ [Enstriktris mwen an ak rès klas la] te konn repons la.” Li te kontinye leson an, epi Bette te vin ap imajine sa k te pi mal yo. Li di: “M te pase plizyè nuit ap kriye. Lè m te vin gen yon pwoblèm kadyak dezan apre, epi m te panse m ta pral mouri, m te panike, paske m te panse m ta pral poukont mwen ajamè.”

Zanmi m, Leif, te konn al legliz poukont li. Yon fwa, pandan l te nan Primè, yo te mande l pou l te fè yon ti diskou tou kout. Li pa t gen manman ni papa nan legliz la pou te kanpe bò kote l pou te ede l si l ta bliye sa pou l te di. Leif te terifye. Olye l te anbarase tèt li, li te jis pa vin legliz la ankò, pandan plizyè mwa.

“Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe nan mitan yo …

“Epi Li di nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a, se mwen menm li resevwa.”9

Kè dispoze pou kwè ak don espirityèl

Timoun sa yo ak jèn sa yo gen benediksyon pou yo gen kè ki dispoze pou kwè ak don espirityèl. Leif te di m: “M te konnen, fon andedan kè m, ke Bondye sete Papa m e Li konnen m e li renmen m.”

Zanmi nou Veronique di: “Lè m te aprann prensip levanjil yo e etidye Liv Mòman an, sete kòmsi m t ap vin sonje bagay m te deja konnen men ke m te bliye.”

Zanmi nou Zuleika soti nan Alegrete, nan Brezil. Byenke fanmi l pa t relijye, nan laj 12 zan, Zuleika te kòmanse li Bib la e vizite legliz nan zòn li yo, pou l te chèche aprann plis osijè Bondye. Avèk pèmisyon fòse paran li, li te pran leson misyonè yo, li te akeri yon temwayaj, epi li te batize. Zuleika te di m: “Pandan leson yo, yo te montre m yon foto Tanp Salt Lake la epi yo te pale m de òdonans sèlman yo. Apati moman sa a, m te gen dezi pou m te antre nan kay Senyè a yon jou pou m ka fonde yon fanmi etènèl.”

Menmsi sitiyasyon yon timoun sou tè a gen dwa pa ideyal, ADN espirityèl yon timoun pafè paske vrè idantite li sèke l se yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye.

Prezidan Monson te di: “Ede pitit Bondye yo konprann sa ki reyèl ak enpòtan nan lavi sa a. Ede yo devlope fòs pou yo chwazi chemen k ap mennen yo an sekirite sou wout lavi etènèl la.”10 Ann louvri bra nou ak kè nou yon tijan pi gran. Jèn sa yo bezwen tan nou ak temwayaj nou.

Brandon, ki te vin manm Legliz la nan Colorado pandan l te nan lekòl segondè, te pale m de moun ki te lonje lamen ba li anvan ak apre batèm ni. Li te di: “M te nan fwaye fanmi ki t ap viv levanjil la. Sa te montre m yon modèl m te santi m te ka suiv nan pwòp fanmi pa m.”

Veronique, ki fèt nan Hollande, te nan menm lekòl avèk pitit nou Kristen lè nou t ap viv an Almay. Veronique di: “Etidyan ki manm Legliz yo gen yon limyè nan yo. M te vin reyalize limyè sa a te soti nan lafwa yo nan Jezikri ak nan viv ansèyman L yo.”

Zanmi m, Max, te batize nan laj uitan. Papa l pa t manm okenn legliz, e konsa Max te ka chwazi si l ta pral legliz oubyen pa ale.

Lè l te vin adolesan, apre l te fin pa t vin legliz pandan plizyè mwa, Max te santi l te bezwen retounen legliz la e li te deside pou l te retounen yon Dimanch maten. Men rezolisyon an te febli lè l t ap apwoche bò pòt legliz la; vant li te fè l mal.

La, kanpe devan pòt la, te gen nouvo evèk la. Max pa t konnen li, e li te sèten ke evèk la pa t konn Max. Lè Max te pwoche, vizaj evèk la te souriyan, epi li te lonje lamen epi l te di: “Max, m kontan wè w anpil.!”

Max di: “Pandan l t ap di pawòl sa yo, yon santiman chalè te anvayi m e m te konnen m te fè bon chwa a.”11

Konnen non yon moun kapab fè yon diferans.

“Epi [Jezi] te kòmande pou yo mennen timoun piti yo [ba Li]. …

“Epi … li te pran [yo], youn apre lòt, li te beni yo, e li te priye Papa a pou yo.

“Epi lè l te fin fè sa, li te kriye avèk dlo nan je ankò.”12

Jèn ki poko batize

Sou demand paran yo, anpil jèn ki renmen levanjil la oblije tann plizyè ane anvan yo batize.

Paran Emily te divòse lè l te piti, e yo pa t ba l pèmisyon pou l te batize jiskaske l te gen 15 zan. Zanmi nou, Emily, pale avèk antouzyas de yon dirijant Jènfi ki te “toujou lonje lamen ba li e ede l ranfòse temwayaj li.”13

Colten ak Preston se adolesan ki abite nan Uta. Paran yo divòse, e yo pa ba yo pèmisyon pou yo batize. Malgre yo pa ka distribye sentsèn, yo pote pen chak semèn. E malgre yo pa ka antre nan tanp la pou fè batèm avèk jèn yo lè pawas la ale nan tanp, de frè sa yo jwenn non fanmi yo nan vizite sant jeneyaloji tou pre a. Pi gwo enfliyans nan ede jèn nou yo santi yo entegre se lòt jèn parèy yo.

Èldè Joseph Ssengooba

M ap fini avèk egzanp yon nouvo zanmi, yon moun nou te rankontre sa gen kèk semèn pandan nou t ap vizite Misyon Lusaka a nan Zambie.

Imaj
Joseph Ssengooba lè l te tigason

Èldè Joseph Sengooba soti nan Ouganda. Papa l te mouri lè l te gen setan. Nan laj nevan, avèk manman l ak fanmi l ki pa t ka okipe l ankò, li te oblije okipe tèt li. Nan laj 12 zan, li te rankontre misyonè yo epi l te batize.

Joseph te rakonte m premye jou li nan legliz la: “Apre reyinyon Sentsèn nan, m te panse l te lè pou m te retounen lakay, men, misyonè yo te prezante m bay Joshua Walusimbi. Joshua te di m li ta pral vin zanmi m, epi li te lonje yon liv chan timoun Children’s Songbook (Chan pou Timoun) ban mwen pou m pa t oblije parèt nan Primè a avèk men m vid. Nan Primè a, Joshua te ajoute yon chèz bò kote li pou mwen. Prezidant Primè a te envite m vin devan klas la e li te mande timoun Primè yo pou yo te chante ‘Je suis enfant de Dieu’ pou mwen. M te santi m trè espesyal.”

Prezidan branch la te mennen Joseph lakay yon fanmi ki rele Pierre Mungoza, epi sa te vin tounen lakay li pandan kat ane apre yo.

Imaj
ÈldèJoshua Walusimbi ak Èldè Joseph Ssengooba

Uitan apre, lè Èldè Joseph Sengooba te kòmanse misyon li, li te etone wè ke moun ki t ap antrene l la sete Èldè Joshua Walusimbi, tigason ki te si byen akeyi l nan premye jou l nan Primè a. Epi prezidan misyon li? Se Prezidan Leif Erickson, ti gason ki pa t vin nan Primè a ankò a poutèt li te sitèlman pè pou l te fè diskou a. Bondye renmen pitit Li.

Imaj
Èldè Joseph Ssengooba ak Prezidan Leif Erickson

Timoun yo te kouri vini

Lè madanm mwen, Kathy, avèk mwen t al an Afrik, sa gen kèk semèn nan, nou t al vizite Mubji-Mayi, nan Repiblik Demokratik Congo. Paske chapèl la pa t ase laj pou l te kenbe 2.000 manm yo, nou te reyini deyò a anba gwo tonèl plastik ki te soutni pa poto banbou. Lè reyinyon an te kòmanse, nou te wè dè douzèn timoun ki t ap gade nou, yo te monte sou tout ba fè fòje yo ki te antoure pwopriyete a. Kathy te di m tou piti: “Neil, èske w panse nou ka envite timoun yo antre?” M t al kot Prezidan Distri a, Prezidan Kalonji, sou chè a epi m te mande l si l t ap aksepte timoun yo ki te dèyè baryè a antre vin jwenn nou.

Imaj
Èldè Andersen nan Repiblik Demokratik Kongo
Imaj
Timoun yo dèyè fè fòje yo
Imaj
Yo envite timoun yo antre

Avèk etonman, apre envitasyon Prezidan Kalonji a, timoun yo te non sèlman vini men yo te kouri vini—plis pase 50, petèt 100—genyen ki te gen rad chire e ki te pye atè men, tout te gen bèl souri sou figi yo ki te parèt kontan.

M te pwofondeman touche pa eksperyans sa a e m te wè l kòm yon senbòl sou nesesite pou nou lonje lamen bay jèn ki santi yo poukont yo, ki santi yo abandone yo, oubyen ki dèyè baryè a. Annou panse avèk yo, akeyi yo, anbrase yo, epi fè tout sa nou kapab pou fòtifye lanmou yo pou Sovè a. Jezi te di: “Nenpòt moun ki resevwa youn tankou … timoun sa yo nan non mwen, se mwen menm li resevwa.”14 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Matye 19:14.

  2. Gade “Family Structure,” Child Trends DataBank (Dec. 2015), apendiks 1, paj 9, childtrends.org/databank.

  3. “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond la,” Liahona, Nov. 2010, 129, paragraf 7 ak 6.

  4. M vle pèsonèlman remèsye milye manman fidèl yo, anpil nan yo se paran selibatè, ki kourajezman pran responsablite prensipal pou fòtifye pitit yo espirityèlman yo. Zanmi nou Shelley ki soti Canada te di osijè manman li:

    “Misyonè yo te frape nan pòt paran m senkan anvan m te fèt. Paran m te suiv kèk leson, epi apresa papa m pa vin enterese ankò. Manman m te kontinye pran leson yo epi li te anvi batize. Pandan senkan, manm m te ale legliz la kòm non manm, epi twa mwa apre m te fèt, li te resi batize.

    “Manman m a janm fè gwo pale ni okipe gwo pozisyon dirijan. Li gen yon temwayaj solid, trè touchan e trè fèm, … epi chak jou li viv sa l kwè a fidèlman. Egzanp diskrè e senp sa a toujou fè m rete pwòch Senyè a ak Legliz la.”

  5. Zanmi nou Randall te di: “Yo te anseye m epi m te vin kwè ke m sete yon pitit paran selès, epi konesans idantite m ak nati m nan ban m esperans ke m pa t oblije suiv menm wout avèk paran m yo, ke m renmen men m pa vle kopye sou yo. M te konfyans nan sa yo te anseye m nan Primè, Lekòldidimanch, ak Jènjan ak klas enstriktè yo. M te wè egzanp sou fanmi fidèl ak kontan nan pawas la ak nan fanmi elaji mwen, epi m te kwè nan Pè Selès la, paske m te konnen, si m te rete fidèl, Li t ap ede m vin gen yon fanmi konsa.

  6. “Families Can Be Together Forever,” Children’s Songbook, 188.

  7. “Daddy’s Homecoming,” Children’s Songbook, 210.

  8. “Love Is Spoken Here,” Children’s Songbook, 190–91.

  9. Matye 18:2, 5.

  10. Thomas S. Monson, “Learn of Me,” Liahona, Mas. 2016, 6.

  11. Gade Max H. Molgard, Inviting the Spirit into Our Lives (1993), 99.

  12. 3 Nefi 17:11, 21–22.

  13. Malgre paran l pa t aktif, Emily te pale avèk afeksyon de gran paran li, tonton ak matant li yo ak lòt moun ki te “kanpe” pou li kòm paran. An palan de yon dirijant Jènfi nan Michigan, li te di: “Pitit li yo te grandèt, epi li te vle pou chak nan jènfi yo te santi kòmsi yo sete pwòp pitit pa li. … Souri li te rechofe kè nou nan jou ki te pi difisil yo. … M te fikse bi pou m suiv egzanp li pou m ka vin yon Sè Molnar pou timoun ki ka santi yo ‘diferan’, ‘abandone’ oubyen ‘rejte’ yo.”

  14. Matye 18:5.