2010–2019
“Yon Vwayan Chwazi M ap Leve”
Oktòb 2016


“Yon Vwayan Chwazi M ap Leve”

Paske Joseph sete yon pwofèt, nou pa oblije pase pa yon fenèt pou nou antre nan syèl la—gran pòtay letènite yo louvri pou nou.

Lè Mowoni te premye parèt devan Joseph Smith la, li te avèti ke non Joseph la “ta pral site pou byen ak mal pami tout nasyon.”1 Nou wè akonplisman pwofesi sa a. Nan lagè ant byen ak mal la, Retablisman levanjil la atravè Pwofèt Joseph Smith te enspire kwayan ki t ap suiv li yo nan yon bò, epi yon lòtbò, li te pwovoke enmi ankòlè ki te batay anpil kont koz Siyon an epi kont Joseph limenm. Batay sa a pat nouvo. Li te kòmanse byen vit apre Joseph te mache antre nan boskè sakre a e l ap kontinye jodia avèk plis vizibilite sou entènèt.

Senyè a te pèsonèlman declare Joseph Smith:

“Tout kwen tè a pral chèche konnen non ou, epi moun ensanse pral pase w nan betiz, epi lanfè a pral anraje kont ou;

“Pandan tan sa a, moun ki gen kè pwòp yo , ak moun ki saj yo, ak moun ki nòb yo, ak moun ki gen vèti yo pral chèche konsèy ak otorite ak benediksyon tout tan anba ou.”2

Jodia m ap rann temwayaj mwen pou tout moun k ap chèche pi byen konprann misyon sakre Joseph Smith, pitit la, Pwofèt Retablisman an.

Nou pa bezwen jennen pou n temwaye de misyon Joseph kòm pwofèt, vwayan, ak revelatè a, paske Senyè a te toujou travay atravè pwofèt. 3 Gras ak verite ki te retabli atravè palentèmedyè Joseph Smith yo, nou konnen plis toujou sou Pè Selès la ak Sovè a, Jezikri. Nou konnen kalite divin yo, relasyon yo youn ak lòt epi avèk nou, ak gran plan redanmsyon an ki pèmèt nou retounen nan prezans yo a.

Prezidan Brigham Young te deklare konsènan Joseph: “Yo te dekrete nan konsèy letènite yo, lontan anvan fondasyon tè a te poze, ke se limenm ki t ap moun yo chwazi, nan dènye dispansasyon mond sa a, pou mennen pawòl Bondye a bay lòm ak pou resevwa plenitid kle ak pouvwa Pretriz Pitit Gason Bondye a. Senyè a te gen je l fikse sou li …[paske li] te preòdone nan letènite pou prezide sou dènye dispansasyon sa a.”4

An preparasyon pou gran travay sa a, Joseph Smith te fèt nan yon fanmi eman ki te travèse anpil pwoblèm kotidyen ak difikilte lavi yo. Pandan Joseph te kòmanse vin gran, santiman li anvè Bondye “te pwofon e souvan pezan,”5 malgre sa li te twouble pa tout ide relijye ki te an kontradiksyon yo pastè nan epòk li yo t ap preche yo. Erezman, Joseph pat kite kesyon l yo paralize lafwa li. Li te chèche repons yo nan Bib la epi li te jwenn konsèy sa a: “Si yon moun pami nou manke bon konprann, se pou l’ mande Bondye, Bondye va ba li li. Paske, Bondye bay tout moun san mezire, pou granmesi.”6

Joseph rakonte: “Okenn pasaj nan ekriti yo pa janm vini avèk plis pouvwa nan kè lòm pase jan sa te fèt lè sa a . Sanble sa te antre avèk anpil fos nan chak kwen kè mwen. Mwen te reflechi sou sa plizyè fwa.”7

Avèk senp lafwa, Joseph te suiv santiman espirityèl sa yo. Li te jwenn yon kote kache, li te mete ajenou, li te “kòmanse ofri sa kè l te vle a bay Bondye.”8 Gen gran pouvwa nan deskripsyon Joseph la sou sa k te pase a:

“Mwen te wè yon kolòn limyè ki te egzakteman anlè tèt mwen, ki te pi klere pase solèy la, epi ki te desann tikras pa tikras sou mwen.

“… Lè limyè a te repoze sou mwen, m te wè de pèsonaj, ekla yo ak laglwa yo te depase tout deskripsyon, ki te kanpe sispandi anlè a devan mwen. Youn ladan yo te pale avèk mwen, li te site non mwen epi li te di, pandan l te lonje dwèt li sou lòt la—Se Pitit Gason Byenneme m nan.Koute l!9

Joseph Smith te wè Bondye, Pè Etènèl la, ak Jezikri, Sovè ak Redanmtè mond lan. Sa sete Premye Vizyon Joesph la. Nan ane ki te suiv yo, Joseph te tradui Liv Mòmon an pa don ak pouvwa Bondye. Anpil lòt pèsonaj selès te vizite li, pou te retabli verite ak otorite ki te pèdi pandan sè syèk yo. Kominikasyon divin sa yo Joseph Smith te resevwa a ouvri fenèt syèl yo ak laglwa etènite yo pou nou wè. Lavi Joseph kanpe kom yon temwanyaj ke, si nenpòt nan noumenm ta manke sajès, nou kapab mande Bondye ak lafwa epi n ap resevwa repons—pafwa nan men mesaje selès men pi souvan pa pouvwa Sentespri a ki pale a noumenm atravè santiman ak panse ki enspire.10 Se gras ak Sentespri a nou “kapab konnen verite tout bagay.”11

Pou anpil nan nou, yon temwanyaj konsènan Pwofèt Joseph Smith kòmanse lè n ap li Liv Mòmon an. Mwen te li Liv Momon an premye fwa soti nan komansman rive nan fen pandan m te jèn etidyan seminè bonè nan maten. Ak imajinasyon jèn tigason mwen, m te deside pou m te li l komsi m sete Joseph Smith, ki t ap dekouvri verite nan Liv Mòmon yo pou lapremyè fwa. Li te sitèlman fè yon gwo enpak nan lavi m ke m kontinye li Liv Mòmon an nan fason sa a. Mwen souvan twouve ke sa apwofondi apresyasyon m pou Pwofèt Joseph Smith ak pou verite ki retabli yo nan liv presye sa a.

Pareganp, imajine sa Joseph te siman santi pandan l t ap tradui pasaj apwopo batèm pou remisyon peche yo. Joseph, ki te resevwa enstriksyon pou l pat ale nan ankenn lòt legliz yo, te natirèlman gen kesyon sou òdonans sali sa a. Kesyon l yo te mennen li, yon fwa ankò, al priye, e priyè sa a te mennen nan yon vizit JanBatis, ki te retabli Prètriz Aawon an ak otorite pou batize a.12

Oubyen konsidere kijan Joseph dwe te santi l lè li te aprann pou lapremyè fwa ke Jezikri te vizite pèp nan emisfè Lwès la---ke L te ansenye yo, priye pou yo, geri malad yo, beni timoun yo, konfere otorite prètriz la, epi administre sentsèn pou yo.13 Joseph gen dwa pa t reyalize sa nan moman an, men, sa l te aprann sou òdonans ak òganization ansyen Legliz Kris la te prepare l pou l te ede Senyè a nan apre pou retabli menm Legliz sa a sou tè a.

Pandan tradiksyon Liv Momon an, Joseph ak madanm ni Emma te andèy pou pitit gason yo a. Nan epòk sa yo, tout pastè yo t ap preche ke timoun ki te mouri san batize yo t ap kondane ajamè. Ak bagay sa a nan lespri li, imaje kijan Joseph dwe te santi l lè l t ap tradui pawòl sa yo pwofèt Mòmon te di yo: “Timoun piti yo pa bezwen repanti, ni batize, …[paske}timoun piti yo vivan nan Kris la, menm depi nan fondasyon mond lan.”14

Petèt pasaj ki te pi enpresyonan nan Liv Mòmon an pou Joseph sete twazyèm chapit nan 2 Nefi a. Chapit sa a gen yon ansyen profesi sou yon “vwayan chwazi” Senyè a ta pral leve nan dènye jou yo—yon vwayan ki te rele Joseph, ke yo te lonmen dapre papa li. Fiti pwofèt sa a ta pral “jwenn anpil respè” epi li ta pral fè yon travay “de gran valè” pami pèp li a. Li ta pral “gran tankou Moyiz” epi li ta pral jwenn pouvwa pou pwoklame pawol Bondye a.”15 Imajine kijan Joseph Smith dwe te santi l lè l te reyalize ke pwofesi sa a te osijè limenm! Li pa t ap jis tradui istwa; li t ap tradui yon vizyon dènye jou yo, sou Retablisman mirakile levanjil Jezikri a— epi Joseph limenm t ap ede akonpli li!

Jodia, preske 200 zan apre, li fasil pou wè kijan pwofesi sa a te reyalize. Nou konn tout gwo bagay Joseph te akonpli antanke pwofèt Senyè a. Men sonje ke lè Joseph t ap tradui pwofesi sa a, li te fè kèk nan bagay pwofet yo te pwofetize yo. Li te toujou yon jenn tigason nan kòmansman ventèn li. Legliz la potko òganize. Pa t gen ni pawas ni branch, ni misyonè, ni tanp. Prèske pèsonn pat konn tande pale de Joseph Smith, e kèk nan yo te kategorikman opoze a limenm. Kounyea, gade gran travay Senyè a te kreye pa men sèvitè Li a Joseph, malgre opozisyon te kont li. Eske akonplisman pwofesi sa a se pa bonjan prèv apèl pwofetik Joseph Smith la?

Pou nou tout ki gen dwa ap doute de temwanyaj nou konsènan Joseph Smith oubyen ki toumante anba move enfòmasyon ki pa egzat, ki twonpè oswa sipèfisyèl apwopo lavi li ak ministè li, mwen envite nou pou konsidere fwi yo—tout benediksyon ki rive gras ak misyon mirakile Joseph Smith, Pwofèt Retablisman an.

Paske Joseph sete yon pwofèt, revelasyon ak pwofèt se pa bagay lepase ankò. “Jou mirak”—vizyon, gerizon ak ministè zanj yo—pa sispann.16

Paske Joseph sete yon pwofèt, nou chak gen aksè nan pouvwa ak benediksyon sent prètriz yo, enkli batèm, don Sentespri a, ak sentsèn.

Paske Joseph sete yon pwofèt, nou gen benediksyon ak òdonans tanp ki lye nou avèk Bondye, ki fè nou tounen pèp Li, epi ki manifeste a noumenm “pouvwa bonte” a, ki rann posib pou yon jou nou ka “wè figi Bondye, wi menm Papa a, epi viv.”17

Paske Joseph sete yon pwofèt, nou konnen maryaj ak fanmi se yon pati esansyèl nan plan Bondye a pou bonè nou. Nou konnen ke gras ak òdonans ak alyans tanp yo, relasyon familyal n ap jwi yo kapab dire etènèlman.

Paske Joseph sete yon pwofèt, nou pa oblije pase pa yon fenèt pou nou antre nan syèl la—gran pòtay letènite yo louvri pou nou. Nou kapap konnen “sèl vre Bondye a ak Jezikri, [Li te] voye a.”18 Nou kapab gen lavi etènèl.

Sa k pi enpòtan toujou, paske Joseph sete yon pwofèt, nou gen temwen sou temwen, temwanyaj sou temwanyaj, ke Jezikri se Pitit Gason Bondye ak Sovè mond lan. Nou gen yon chenn temwen espesyal Jezikri ki pa ka kase, enkli pwofèt nou an jodi a, Prezidan Thoman  S. Monson, konseye yo nan Premyè Prezidans lan, ak manm Kolèj Douz Apot yo. Sou temwanyaj yo, m ap ajoute enb temwanyaj sèten pa mwen: Jezikri vivan epi l ap dirije Legliz Li a. Joseph Smith sete e li se Pwofèt Retablisman an. Pretriz la ak otorite Bondye sou latè ankò. Se pou, san krent, nou deklare temwanyaj nou ak rekonesans nou pou pwofèt, vwayan, ak revelatè mèveye Senyè a sa a, se priyè mwen nan non sakre Jezikri, amèn.