2010–2019
“emere nan lanmou mwen”
Oktòb 2016


“Demere nan lanmou mwen”

Lanmou Bondye enfini epi l ap dire pou tout tan, men sa l vledi pou nou chak depann sou fason nou reponn ak lanmou Li.

Bib la di nou “Bondye se amou.”1 Li se egzanp amou pafè a, epi nou konte anpil sou konstans lanmou inivèsèl sa a. Jan Prezidan Thomas S. Monson te eksprime: “Amou Bondye la pou nou keseswa nou santi nou merite amou sa a ou pa. Li senpleman toujou la.”2

Gen plizyè fason pou dekri ak pale de amou diven. Youn nan tèm nou tande souvan nan epòk sa a sèke amou Bondye “enkondisyonèl.” Pandan ke sa se vre nan yon sans, deskripsyon mo enkondisyonèl la pa parèt okenn kote nan ekriti yo. Men, nan ekriti yo, yo dekri amou Li kòm “gran amou mèveye,”3 “lanmou pafè,”4 “lanmou redanmtè,”5 ak “lanmou etènèl.”6 Tèm sa yo pi bon paske mo enkondisyonèl la kapab bay yon move enpresyon sou amou diven an, kòmsi, Bondye tolere tout bagay nou fè paske amou li enkondisyonèl; oubyen Bondye pa mande nou anyen, paske amou Li enkondisyonèl; oubyen tout moun ap sove nan wayòm Bondye a paske amou Li enkondisyonèl. Amou Bondye enfini, e l ap dire pou tout tan, men kisa sa vledi pou nou chak depann sou fason nou reponn a lanmou Li.

Jezi te di:

“Jan Papa a renmen m nan, se konsa mwen renmen nou tou: demere nan amou mwen.

“Si nou respekte kòmandman m yo, na renmen tout moun menmjan mwen renmen nou an; menmjan mwen respekte kòmandman Papa m yo, epi m demere nan lanmou.”7

“Demere” nan amou Sovè a vledi resevwa gras Li e vin pèfeksyone nan li.8 Pou n resevwa gras Li, nou dwe gen lafwa nan Jezikri e respekte kòmandman L yo, enkli repanti pou peche nou, batize pou remisyon peche nou, resevwa Sentespri a, epi kontinye sou chemen obeyisans lan.9

Bondye ap toujou renmen nou, men, li pa kapab sove nou nan peche nou.10 Sonje pawòl Amilèk te di Zezwòm yo, ke Sovè a pap vin rachte pèp li a nan peche yo men l ap vin rachte yo anba peche yo,11 rezon an sèke avèk peche, nou pa pwòp, epi “okenn bagay sal pa kapab eritye wayòm syèl la”12 ni demere nan prezans Bondye. “Epi [Kris la] te resevwa pouvwa nan men Papa a pou l rachte [pèp Li a] anba peche si yo repanti; se poutèt sa, li te voye zanj li yo pou yo deklare bòn nouvèl sou kondisyon repantans yo, ki mennen nan pouvwa Redanmtè a pou nanm yo kapab sove.”13

Nan Liv Mòmon an, nou aprann ke entansyon sakrifis Kris la—manifestasyon siprèm lanmou li—sete “pou prezante zantray mizèrikòd la, ki pran pye sou lajistis la, epi ki kreye mwayen pou lèzòm kapab gen lafwa pou repantans.

“Epi konsa, mizèrikòd kapab satisfè egzijans lajistis yo, epi l kapab vlope yo nan bra sekirite, pandan sa, moun ki pa gen lafwa pou repantans, li ekspoze anba tout lwa ki reklame lajistis yo; se poutèt sa, se sèlman pou moun ki gen lafwa pou repantans gran plan redanmsyon etènèl la te akonpli.”14

Konsa, repantans se kado li ba nou, ke l achte ak yon gwo pri.

Gen moun ki di Bondye beni tout moun san distenksyon—yo site kòm egzanp deklarasyon Jezi te bay nan Diskou sou Mòn nan: “[Bondye] fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon, epi li fè lapli tonbe ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal.”15 Anfèt, Bondye devèse tout benediksyon l kapab sou tout pitit li—tout benediksyon lanmou ak lalwa ak lajistis ak mizèrikòd ap pèmèt. Epi li kòmande nou pou n gen menm jenewozite a tou:

“Men, m di nou, renmen enmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou;

“Pou nou kapab vin pitit Papa nou ki nan syèl la.”16

Sepandan, pi gwo benediksyon Bondye yo chita sou kondisyon obeyisans. Prezidan Russell M. Nelson te eksplike: “Boukè resplandisan amou Bondye a—enkli lavi etènèl—konpoze avèk benediksyon nou dwe kalifye tèt nou pou yo, non pa ka pretann nou gen dwa resevwa yo si nou endiy. Pechè yo pa ka chanje volonte li jan yo vle ni egzije l pou l beni yo nan peche yo [gade Alma 11:37]. Si yo vle jwi tout chak grenn flè ki nan bèl boukè sa a, yo dwe repanti.”17

Anplis fè moun ki penitan an vin san fot ak san tach avèk pwomès pou l “leve nan dènye jou a,”18 gen yon dezyèm aspè enpòtan nan demere nan amou Bondye. Demere nan amou li ap pèmèt nou reyalize tout potansyèl nou, pou n vin menmjan avèk li.19 Jan Prezidan Dieter F. Uchtdorf te deklare: “Gras Bondye pa senpleman retabli nou nan premye eta inosans nou an. … Objektif li pi wo pase sa: li vle pitit gason l yo ak pitit fi l yo vin menmjan avèk li.”20

Demere nan amou Bondye nan sans sa a vledi totalman soumèt anba volonte li. Sa vledi aksepte koreksyon li lè sa nesesè: “paske Bondye pini moun li renmen.”21 Sa vledi pou nou youn renmen ak sèvi lòt jan Jezi renmen nou e sèvi nou an.22 Sa vledi aprann pou n “sipòte yon wayòm selès” pou nou ka “sipòte yon glwa selès.”23 Pou l ka fè nou vin sa nou ka devni an, Papa nou ki nan syèl la mande nou pou nou “soumèt anba enfliyans Sentespri a, epi [chase] lòm natirèl la pou nou vin [tounen] yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a, epi pou n vin [tounen] tankou yon timoun, obeyisan, soumi, dou, enb, pasyan, ranpli avèk amou, ki vle soumèt tèt li bay tout bagay Senyè a jije nesesè pou fè l andire, menm jan yon timoun soumèt a papa l.”24

Èldè Dallin H. Oaks te obsève: “Jijman final la se pa jis yon evalyasyon sou yon sòm total bon oswa move aksyon—nou te fè. Se yon konstatasyon sou efè definitif aksyon nou ap panse nou—sa nou devni.25

Istwa Helen Keller la se tankou yon parabòl ki sigjere kijan amou diven an kapab transfòme yon nanm ki dispoze. Helen te fèt nan eta Alabama nan Etazini an 1880. Lè l te gen 19 mwa, li te soufri anba yon maladi yo pa t ka detekte, ki te kite l soud ak avèg. Li te ekstrèmman entelijan epi li te vin fristre lè l te eseye konprann ak pèsevwa bagay bò kote li. Lè Helen te santi bouch manm fanmi l yo t ap bouje epi l te reyalize ke yo te itilize bouch yo pou yo pale, “li te antre nan yon raj [paske] li pa t ka patisipe nan konvèsasyon an.”26 Rive nan laj Helen te gen sizan, bezwen l te genyen pou kominike a ak fristrasyon li te vin si fò ke “eksplozyon kòlè l yo te rive chak jou, pafwa chak èdtan.”27

Paran Helen te anplwaye yon pwofesè pou pitit fi yo a, yon fi ki te rele Anne Sullivan. Menmjan nan Jezikri nou gen yon moun ki konprann enfimite nou yo,28 Anne Sullivan te lite anba pwòp pwoblèm pa l tou epi l te konprann enfimite Helen yo. Nan laj senkan, Ann te atrape yon maladi ki te lakoz gwo sikatris nan je li e ki te kite l avèg. Lè l te gen uita n, manman l te mouri; papa l te abandone limenm ak ti frè l la, Jimmie; epi yo te voye yo nan yon “mezon pòv” kote kondisyon yo te si deplorab ke Jimmie te mouri apre twa mwa. Atravè pwòp pèsistans li, Anne te vin antre nan Lekòl Perkins pou Avèg ak moun ki soud yo, kote li te gen anpil siksè. Yon operasyon te pote amelyorasyon pou vizyon li konsa li te vin kapab li lèt ki tape. Lè papa Helen Keller te kontakte Lekòl Perkins lan pou chèche yon moun pou vin pwofesè pitit fi l la, yo te chwazi Anne Sullivan.29

Se pa t yon eksperyans plezan pou kòmanse. Helen te “frape pwofesè a, li te pechennen li, li te ba l kout pye epi li te menm kase yon dan li. [Anne] te finalman vin pran kontwòl la nan deplase avèk [Helen] ale nan yon ti kay ki te sou pwopriyete fanmi Keller a. Atravè pasyans ak konsistans fèm, Helen te finalman vin gen konfyans nan li.”30 Menmjan tou, si nou rive mete konfyans nou olye nou reziste anba Enstriktè diven an, li ka travay avèk nou pou anseye nou e mennen nou nan yon nouvo reyalite.31

Pou l te ede Helen aprann mo, Anne te konn eple non bagay familye yo avèk dwèt li nan pla men Helen. “[Helen] te renmen ‘je dwèt’ sa a men li pa t konprann ni jiskaske yon gwo moman te rive kote [Anne] te eple ‘d-l-o’ pandan l t ap vide dlo sou men [Helen]. Nan apre, Helen te ekri:

“‘Toudenkou m te santi yon bagay twouble m tankou yon bagay m te bliye … epi, nan yon sans, m te jwenn revelasyon mistè langaj la. Lè sa a, m te konnen ke “d-l’o’ te vle di yon bèl bagay koul ki t ap koule sou men mwen. Mo vivan sa a te reveye nanm mwen, li te ba l limyè, lespwa, lajwa, libète! … Tout bagay te gen yon non, epi chak non te pote yon nouvo panse. Lè nou te retounen nan kay la[,] chak objè … m te touche te sanble yo te plen ak lavi.’”32

Imaj
Helen Keller ak Anne Sullivan

Amezi Helen Keller t ap grandi vin adilt, li te vin selèb pou amou li pou langaj, talan li kòm ekriven, ak elokans li kòm oratè piblik.

Nan yon fim ki dekri lavi Helen Keller, yo te montre kijan paran l te satisfè ak travay Anne Sullivan nan lè l te fin aprivwaze pitit fi sovaj yo a nan yon pwen ke Helen te konn chita poliman sou tab dine a, li te manje nòmalman, epi l te pliye sèvyèt li nan fen repa a. Men Anne te konnen Helen te ka fè pi plis bagay toujou, epi l te gen yon kontribisyon siyifikan pou l te pote.33 Nou menm tou, nou ka byen satisfè ak sa nou reyalize nan lavi nou ak lefèt ke nou senpleman sa nou ye a, pandan ke Sovè nou an wè nan nou yon potansyèl gloriye ke nou pèsevwa sèlman “atravè yon glas twoub.”34 Nou chak ka fè eksperyans gwo lajwa potansyèl diven k ap devlope andedan nou an, tankou lajwa Helen Keller te santi lè mo yo te vin pran lavi pou li a, sa k te pote limyè nan nanm ni e libere li. Nou chak kapab renmen Bondye e sèvi li epi jwenn pouvwa pou nou beni pwochen nou. “Jan sa ekri a, bagay je pat janm wè, ni zòrèy pa t janm tande, bagay okenn moun pa t janm mete nan tèt yo, se sa Bondye prepare pou moun ki renmen li.”35

Ann konsidere pri amou presye Bondye a. Jezi te revele ke, pou l te ekspye pou peche nou yo ak rachte nou anba lanmò, fizik ak espirityèl, soufrans li yo te lakoz limenm “Bondye, pi gran pase tout moun nan, tranble anba doulè, epi senyen nan chak twou swè nan kò m, epi te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m---epi m te swete pou m pa t bwè tas anmè a, epitou m pa t vle fè bak.”36 Agoni li nan Jetsemani ak sou kwa a te plis pase lèzòm kapab soufri san yo pa mouri.37 Men, gras ak lanmou li pou Papa a ak pou nou, Li te pèsevere, epi, kòm rezilta, Li ka ofri nou imòtalite ak lavi etènèl.

Imaj
Preswa oliv la

Sa pwofondeman senbolik ke “san [te koule] nan chak two swè kò li”38 lè Jezi te soufri nan Jetsemani an, lye kote yo te konn prese oliv la. Pou pwodui luil doliv nan epòk Sovè a, yo te konn toudabò kraze oliv yo kote yo te woule yon gwo wòch sou yo. Yo te mete ‘pat’ li te vin tounen an nan panye yo te trese lach, ke yo te anpile youn sou lòt. Pwa yo te bay premye luil la, ki te pi bèl la. Apresa yo te mete plis pwa kote yo te plase yon gwo pout bwa anlè panye youn sou lòt yo, sa k te pwodui plis luil. Finalman, pou yo te retire dènye gout luil yo, yo te mete plis pwa sou pout bwa a kote yo te mete wòch nan yon pwent pou kreye yon presyon maksimòm pou te kraze yo.39 Epi wi, luil la te tou wouj lè l te fèk ap koule.

Imaj
Près Oliv avèk luil doliv

M panse ak resi Matye a sou Sovè a lè L te antre nan Jetsemani an jou swa fatal sa a---lè l te “kòmanse santi l gen lapenn e nanm ni te tris anpil. …

“Epi li t al yon ti kras pi lwen, epi li te lage kò l fas atè, li te lapriye konsa: O Papa mwen. Se sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men se sa ou vle ki pou fèt, pa sa mwen vle a.”40

Apresa, pandan m imajine detrès la te grandi vin pi plis, li te priye yon dezyèm fwa pou mande sekou, epi, finalman, petèt nan dènye limit soufrans li, yon twazyèm fwa. Li te andire agoni an jiskaske lajistis te satisfè jiska dènye gout la.41 Se sa l te fè pou l te rachte oumenm avèk mwen.

Ala yon don presye amou diven an ye! Ranpli avèk amou sa a, Jezi mande: “Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, e repanti nan peche nou, konvèti pou m kapab geri nou?”42 Li asire nou avèk tandrès: “Gade, bra mizèrikòd mwen lonje ba nou, nenpòt moun ki vini m ap resevwa l, epi moun ki vin jwenn mwen, y ap beni.”43

Èske w pap remnen limenm ki te renmen w an premye a?44 Enben, kenbe kòmandman l yo.45 Èske w pap yon zanmi pou limenm ki te bay lavi l pou zanmi l yo?46 Enben, kenbe kòmandman l yo.47 Èske w pap demere nan lanmou li epi resevwa tout sa li jantiman ofri w yo? Enben kenbe kòmandman l yo.48 Mwen priye pou nou totalman santi amou li e demere nan amou li, nan non Jezikri, amèn.