2010–2019
Eske mwen Bon Ase? Eske M ap Reyisi?
Oktòb 2016


Eske mwen Bon Ase? Eske M ap Reyisi?

Si nou vrèman eseye epi nou pa jistifye nou ni rebele—epi nou repanti souvan e nou enplore lagras li—asireman n ap vin “bon ase.”

Chè sè ak frè mwen yo, se yon gran benediksyon li ye pou nou rasanble la a epi resevwa ansèyman nan men sèvitè Senyè yo. Eske se pa yon mèvèy pou anpil fason Papa eman nou ki nan Syèl la ap gide nou e beni nou? Li reyèlman vle nou retounen lakay.

Atravè yon seri mizerikòd, lè m te yon jèn doktè ki fèk t ap soti nan lekòl medikal, yo te aksepte m pou m te pran fòmasyon rezidans mwen an pedyatri nan yon pwogram konpetitif wo nivo. Lè m te rankontre lòt entèn yo, mwen te santi m te mwens entelijan e mwens prepare pase you tout. M te panse pat gen anken fason mwen t ap kapab mezire m avèk rès gwoup la.

Bye bonè nan twazyèm mwa nou, mwen te chita nan stasyon enfimyè a byen ta yon nwit, mwen tap plenyen poukont mwen epi domi t ap pranm pandan mwen t ap eseye ekri lòd admisyon pou yon ti gason ki te gen nemoni. M pat janm santi m si dekouraje konsa nan lavi mwen. Mwen pat konnen anyen sou fason yo trete nemoni kay yon timoun 10zan. Mwen te komanse ap mande m sa m fè la a.

Nan menm moman sa a, youn nan ansyen stagyè yo te mete men li sou zèpòl mwen. Li te mande mwen kijan m ye, epi mwen te devèse tout fristrasyon mwen ak krent mwen yo. Repons li te chanje lavi mwen. Li te di mwen jan limenm ak tout lòt ansyen stagyè yo te fyè de mwen epi kijan yo santi mwen t ap tounen yon ekselan doktè. Angwo, li te kwè nan mwen nan yon moman kote mwen pat menm kwè nan pwòp tèt pam.

Menmjan ak eksperyans pa m nan, nou souvan tande manm nou yo k ap mande, “èske mwen bon ase antanke yon moun?” oubyen “èske map reyisi rive nan wayom selès la?” Natirèlman, pa gen bagay tankou “bon ase.” Okenn nan nou pa tap kapab janm “genyen” oubyen “merite” Sali nou, men li normal pou nou mande tèt nou si nou akseptab devan Senyè a, e se konsa mwen konprann kesyon an.

Pafwa lè nou ale legliz, nou vin dekourage menm pa envitasyon sensè yo banou pou nou amelyore tèt nou. Ansilans nou panse, “Mwen pap kapab fè tout bagay sa yo” oubyen “Mwen pap janm bon menmjan avèk tout moun sa yo.” Petèt nou santi nou jan mwen te santi m nan lopital la jou swa sa a.

Silvouplè, frè ak sè byenneme mwen yo, nou dwe sispann konpare tèt nou ak lòt moun. N ap tòtire tèt nou san rezon nan konpetisyon ak konparezon. Nou mal jije pwòp valè nou ak bagaynou genyen oubyen nou pa genyen epi ak opinion lòt moun. Si nou bezwen konpare, annou konpare fason nou te ye lontan ak fason nou ye jodia---e anplis ak fason nou vle ye a lavni. Sèl opinyon de noumenm ki konte se sa Papa nou ki nan Syèl la panse de nou. L ap korije nou men li pap janm dekouraje nou; sa a se trik Satan.

Banm pi dirèk e pi klè. Repons kesyon yo “Eske mwen bon ase?” ak “Eske m ap reyisi a?” se “Wi! N ap vin bon ase” epi “Wi, n ap reyisi toutotan nou toujou repanti epi nou pa jistifye tèt nou oubyen rebele.” Bondye nan syèl la se pa yon abit selès k ap chache eskiz pou li mete nou deyò nan jwèt la. Li se Papa pafè eman nou, ki dezire plis pase tout lòt bagay pou tout pitit li yo retounen al viv avèk Li ankò nan fwaye familyal la pou tout tan. Li te vrèman bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p’ap pèdi lavi yo. Okontrè y’a gen lavi ki p’ap janm fini an.1 Tanpri, kwè, epi pran espwa ak rekonfò nan verite etènèl sa a. m yo, Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou reyisi! Sa se travay li ak glwa li 2

Mwen renmen fason Prezidan Gordon  B. Hinckley te itilize pou ansenye prensip sa a. Mwen te tande li di nan plizyè okazyon, “Frè ak sè mwen yo, tout sa Senyè a ap atann de nou se pou nou eseye, men nou dwereyèlman eseye!”3

“Reyèlman eseye” vle di fè tout sa nou kapab, rekonèt kote nou bezwen amelyore, epi apresa eseye ankò. Si nou toujou fè sa, n ap vin pipre epi pipre Senyè a; n ap santi Lespri Li plis an plis; 4 epi n ap resevwa plis nan gras Senyè a, ak pouvwa li k ap ede nou.5

Pafwa, mwen panse, nou pa rekonèt konbyen Senyè a vle ede nou. Mwen renmen pawòl Eldè David   A. Bednar, ki te di:

“Laplipa nan nou konprann byen klè ke Sakrifis Ekspyatwa a se pou moun ki peche. Men, m pa si ke nou konnen e nou konprann Sakrifis Ekspyatwa a se pou sen yo tou …

“…Sakrifis Ekspyatwa a ban nou èd pou nou simonte epi evite move bagay ak pou nou fè sa ki bon epi pou nou vin bon.

“’… Se…atravè gras Senyè a ke chak moun… resevwa fòs ak asistans pou fè bon travay otreman yo patap kapab ]fè l]…. Gras sa a se yon pouvwa aksyon …’ oubyen èd selès nou chak dezespereman bezwen pou kalifye nou pou wayom selès la.”6

E tout sa nou bezwen fè pou nou resevwa èd selès sa a se mande li epi apresa aji sou santiman jis nou resevwa yo.

Gran nouvèl la sèke si nou repanti sensèman, peche pase nou yo pap anpeche nou egzalte. Mowoni pale nou de transgresè nan tan pa l yo, “Men, chak fwa yo te repanti, e yo te mande padon avèk senserite, yo te padone yo.”7

Epi Senyè a Limenm te di moun ki peche a:

“Si l konfese peche l devan w ak devan m, epi l repanti avèk yon kè sensè, ou dwe padone l e m ap padone l tou.

“Wi, epi depi pèp mwen an repanti, m ap padone peche yo fè kont mwen.”8

Si n ap repanti sensèman, Bondye ap reyèlman padone nou, menm si nou komèt menm peche a ankò epi ankò. Jan Eldè Jeffrey  R. Holland te di: “Kèlkeswa anreta ou panse w ye, kèlkeswa kantite chans ou panse ou rate, kèlkeswa kantite erè ou santi w te fè … , mwen temwaye w ke ou pa vwayaje depase limite lanmou diven an. Li enposib pou w desann pi ba pase limyè enfini Sakrifis ekspyatwa Kris la. “9

Nan okenn fason sa pa vle di ke peche OK. Peche toujou gen konsekans. Peche toujou blese ni pechè a ni moun peche yo afekte a. Epi vrè repantans pa janm fasil.10 Plis ankò, tanpri konprann ke menmsi Bondye retire santiman koupab ak tach peche nou yo lè nou repanti sensèman, Li gen dwa pa retire tout konsekans peche nou yo imedyatman. Pafwa yo rete avèk nou pou rès lavi nou. Epi, pi move kalite peche a se peche ki premedite kote yon moun di, “Mwen ka peche kounyea epi m ap repanti m apre.” Mwen kwè ke se se yon mokeri solanèl sakrifis ak soufran Jezikri yo.

Senyè a Limenm te declare, “Paske mwen menm Senyè a m pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans.”11

Epi Alma te pwoklame, “Reyèlman, m di w konsa, inikite pa t janm bay bonè.”12

Youn nan rezon ki fè deklarasyon Alma a patikilyèman vrè seke lè n ap plede peche, n ap elwanye nou de Lespri a, n ap vin dekouraje, epi n ap sispann repanti. Men m ap repete, gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè a, nou kapab repanti epi jwenn padon konplè, toutotan repantans nou an sensè.

Sa pou pa kapab fè se jistifye tèt nou olye nou repanti. Sa pap mache si n ap jistifye tèt nou nan peche kote n ap di konsa, “Bondye konnen sa twò di pou mwen, konsa li aksepte m jan m ye a.” “Reyèlman eseye” vle di n ap toujou fè sa jiskaske nou rive nan nivo prensip Senyè a, ki defini klèman nan kesyon yo mande nou pou nou kapab jwenn yon rekòmandasyon tanp yo.

Lòt bagay ki siman ap fè nou pa antre nan syèl la e separe nou de èd nou bezwen kounyea se rebelyon. Nan Liv Moyiz, nou aprann ke yo te chase Satan soti nan syèl la akoz rebelyon. 13 Nou nan rebelyon chak fwa nou di nan kè nou, “Mwen pa bezwen Bondye, e m pa bezwen repanti.”

Antanke pedyatrisyen nan swen entansif, m konn wè paran rejete sèl tretman ki t ap kapab sove pitit yo k ap mouri a, ki mennen nan lanmò fizik. Se menmjan tou, lè nou rebele kont Bondye, nou rejete sèl èd ak espwa nou an, ki se Jezikri, e sa mennen lanmò espirityèl. Li se chemen an, e Li se sèl espwa nou. Nou youn pa kapab fè sa poukont nou. Verite a sèke nou youn pap janm “bon ase,” san se pa gras ak merit ak mizèrikòd Jezikri.14 men paske Bondye respekte libabit nou, nou pa kapab sove tou san nou pa eseye. Nou gen espwa sa a nan Kris la paske Li vle ede nou epi chanje nou. Anfèt, Li deja ap ede nou. Fè yon ti poze, reflechi epi rekonèt èd Li nan lavi ou.

Mwen temwanye nou ke si n ap reyèlman eseye epi nou pa jistifye tèt nou ni nou pa fè rebèl, nou repanti souvan epi nou priye pou mande gras, oubyen èd, oubyen Kris la, n ap positivman vin “bon ase,” akseptab devan Senyè a; n ap rive nan wayom selès la pandan n ap pèfeksyone nou nan Kris la; epi n ap resevwa benediksyon ak laglwa epi lajwa Bondye dezire pou chak pitit presye L yo --- enkli oumenm avèk mwen spesifikman. Mwen temwanye ke Bondye vivan e Li vle nou retounen lakay, nan non Jezikri, amen.

Nòt

  1. Gade Jan 3:16.

  2. Gade Moyiz 1:39.

  3. Fraz egzat sa a Prezidan Hinckley te di pa egziste alekri, men men sa yo ekri: “wing is recorded: “Jis fè pi byen nou kapab, men asire nou ke se vrèman sa k pi byen nou kapab fè” (“A Challenging Time—a Wonderful Time,” Teaching Seminary: Preservice Readings [Church Educational System manual, 2004], 18). Li te di tou: “Tanpri, pa chita ap plonje tèt nou nan panse echèk. Pa fikse bi ke nou pa kapab atenn. Senpleman fè sa nou kapab, nan pi bon fason nou kapab, epi Senyè a ak aksepte efò nou” (“Rise to the Stature of the Divine within You,” Ensign, Nov. 1989, 96).

  4. Gade Doktrin ak Alyans 50:24.

  5. Gade Etè 12:27.

  6. David A. Bednar, “The Atonement and the Journey of Mortality,” Liahona, Avr. 2012, 14.

  7. Mowoni 6:8.

  8. Mozya 26:29–30.

  9. Jeffrey R. Holland, “The Laborers in the Vineyard,” Liahona, Me 2012, 33.

  10. Gade Doktrin ak Alyans 19:15–19.

  11. Doktrin ak Alyans 1:31.

  12. Alma 41:10.

  13. Gade Moyiz 4:3.

  14. Gade 2 Nefi 2:6–8.