2010–2019
“Vini, suiv mwen” nan pratike lanmou ak sèvis kretyen
Oktòb 2016


“Vini, suiv mwen” nan pratike lanmou ak sèvis kretyen

Antanke disip Sovè a nan dènye jou sa yo, nou vin jwenn ni atravè renmen ak sèvi Pitit Bondye yo.

Elie Wiesel, ki te resevwa yon pri Nobèl, te nan lopital ap refè anba yon operasyon nan kè, lè pitit pitit gason senkan l lan te vin vizite li. Lè ti gason an te gade nan je granpapa l, li te wè l anba doulè. Li te mande “Granpa, si m renmen w plis, èske w ap [soufri mwens]?”1 Jodia, map poze nou chak yon kesyon sanblab: “Si nou renmen Sovè a plis, èske lap soufri mwens?” Jodia m ap poze nou yon kesyon menmjan an: “Si nou renmen Sovè a plis, èske n ap soufri mwens?”

Lè Sovè a te aple disip Li yo pou yo te suiv li a, yo t ap viv lwa Moyiz la, ki te gen ladann l “yon je pou yon je, ak dan pou dan”2 men Sovè a te vini pou L akonpli lwa sa a avèk Sakrifis ekspyatwa L la. Li te anseye yon nouvo doktrin: “Renmen enmi nou, beni moun ki modi nou, fè byen ak moun ki rayi nou, e priye pou moun ki maltrete nou ak moun ki pèsekite nou.”3

Yo te anseye disip yo pou yo te vire do bay fason lòm natirèl yo pou yo t al suiv fason eman ak byeveyan Sovè a nan ranplase kontansyon pa padon, bonte, ak konpasyon. “Nouvo kòmandman” pou “youn renmen lòt la”4 pat toujou fasil pou respekte. Lè disip yo te konsène osijè asosyasyon avèk pechè ak sèten klas moun, Sovè a te anseye yo avèk pasyans: “Lè nou fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m yo, se poun mwen nou fè l.”5 Oubyen, jan yon pwofèt nan Liv Mømon an te eksplike a, “Lè n ap sèvi pwochen nou yo, se sèlman nan sèvis Bondye nou ye.”6

Antanke disip Sovè a nan dènye-jou yo, nou vin jwenn ni atravè renmen ak sèvi pitit Bondye yo. Lè nou fè sa, nou gen dwa pa kapab evite tribilasyon, afliksyon, ak soufrans nan lachè, men nap soufri mwens espirityèlman. Menm nan tribilasyon nou yo, nou ka eksperimante lajwa ak lapè.

Amou ak sèvis Kretyen nou kòmanse natirèlman nan fwaye a. Paran, ou aple pou w se enstriktè misyonè eman pou pitit ou yo ak jèn yo. Yo se envestigatè ou. Ou gen responsablite pou ede yo vin konvèti. An reyalite, nou tout ap chèche vin konvèti—ki vledi pou nou ranpli avèk amou Sovè a.

Lè nou suiv Jezikri, amou Li motive nou pou nou youn sipòte lòt nan vwayaj nou nan mòtalite a. Nou pa ka fè sa poukont nou.7 Nou konn tande m pale de pwovèb Quaker sa a deja: “Ou rale m monte, mwen rale monte, epi n ap monte ansanm [etènèlman].”8 Antanke disip, nou kòmanse fè sa lè nou batize, epi nou montre dispozisyon nou pou “youn pote chay lòt, pou yo kapab vin lejè.”9

“Youn [anseye] lòt doktrin wayòm nan”10 se yon fason pou nou youn renmen ak sèvi lòt. Paran ak granparan, nou gen tandans pou nou deplore eta mond la—palefèt ke lekòl pa anseye moral. Men, gen anpil bagay nou ka fè. Nou ka pwofite moman ansèyman nan pwòp fanmi nou yo—savledi kounyeya. Pa kite moman sa yo pase. Lè yon opòtinite prezante pou pataje panse nou sou levanjil la ak sou leson lavi yo, kanpe tout lòt bagay, chita epi pale avèk pitit nou ak pitit pitit nou yo.

Nou pa ta dwe enkyete nou dèske nou pa enstriktè pwofesyonèl nan levanjil la. Pa gen okenn klas ni manyèl fòmasyon ki ap osi itil ke etid pèsonèl ekriti yo, priye, medite, ak chèche gidans Sentespri a. Lespri a ap dirije nou. Mwen pwomèt nou: apèl nou kòm paran an mache avèk don pou nou anseye nan fason ki bon pou noumenm ak pou pitit nou yo. Sonje, pouvwa Bondye pou enfliyanse nou nan lajistis la se amou Li. “Nou renmen li, paske li te renmen nou an premye.”11

Jèn yo, nou fè pati enstriktè levanjil ki pi efikas yo. Nou vin legliz la pou nou aprann pou nou ka rantre lakay nou pou n anseye ak sèvi fanmi nou, vwazen nou, ak zanmi nou. Pa pè. Gen lafwa nan sa nou konnen ki vrè yo. Panse sou kijan misyonè aplentan yo pwogrese paske y ap fidèlman viv yon lavi konsakre—kote y ap itilize tan yo ak talan yo epi yo ran temwayaj pou sèvi ak beni lòt moun. Si nou pataje temwayaj nou konsènan levanjil la, lafwa nou ap grandi epi konfyans nou ap ogmante!

Kèk nan sèvis kretyen nou ki gen plis enpak yo rive lè nou fè etid ekriti familyal, priyè familial, ak reyinyon konsèy familial. Pandan plis pase santan, dirijan Legliz yo ap konseye nou pou nou rezève yon tan chak semèn—kote anyen pap entèwonp nou. Men, anpil nan noumenm toujou rate benediksyon yo. Sware Familyal se pa yon diskou pou manman an oubyen papa a fè. Se tan familyal nou pou nou pataje ide ak eksperyans spirityèl senp, pou ede pitit nou yo aprann sousye pou lòt ak pataje, pou amize nou ansanm, pou nou rann temwayaj ansanm, epi pou nou grandi ak pwogrese ansanm. Si nou fè sware familial chak semèn, amou nou yonn pou lòt ap vin pi fò, epi n ap soufri mwens.

Annou sonje, travay ki pi enpòtan nou fè nan fanmi nou se atravè pouvwa Sentespri a. Nenpòt lè nou leve vwa nou lè nou an kòlè, Sentespri a kite konpayi nou ak konpayi fanmi nou! Lè nou pale avèk amou, Lespri a ka avèk nou. Annou sonje ke pitit nou ak pitit-pitit nou yo mezire lanmou nou atravè kantite tan nou dispoze pou n ba yo. Anlè tout bagay, pa pèdi pasyans, pa lage sa!

Ekriti yo di nou konsa ke, lè kèk nan pitit Pè Selès la chwazi pou yo pa suiv plan l lan, syèl yo kriye.12 Kèk paran ki te renmen pitit yo epi ki te anseye yo konn kriye tou, lè pitit yo ki fin grandi yo chwazi pou yo pa suiv plan Senyè a. Kisa paran ka fè? Nou pa ka pran libabit yon lòt moun. Sonje papa anfan pwodig la, ki te rete tann avèk pasyans pou pitit gason l la te “[vin] pran bonsans li,” pandan l t ap tann ni tout tan sa a. Epi “pandan ke l te ankò lwen anpil,” li te kouri al jwenn ni.13 Nou ka priye pou gidans pou n konnen kilè pou nou pale, kisa pou nou di—epi, wi, nan kèk okazyon, kilè pou nou gade silans. Sonje, pitit nou yo ak manm fanmi nou yo te déjà chwazi pou yo suiv Sovè a nan tan premòtèl la. Kèkfwa se sèlman atravè eksperyans pèsonèl nan lavi pa yo ke santiman sakre sa yo reveye ankò. Finalman, chwa pou yo renmen ak suiv Senyè a dwe se chwa pa yo.

Gen yon lòt fason espesyal disip montre amou yo pou Sovè a tou. Jodia, m ap felisite tout moun k ap sèvi Senyè a nan pran swen moun ki malad. Senyè a renmen nou anpil! Nan sèvis ansilans san piblisite, w ap suiv Limenm ki te pwomèt: “Papa nou ki wè tout sekrè a, ap rekonpanse nou ouvètman”14

Mwen panse ak vwazen m nan ki te gen madanm ni aflije anba maladi Alzheimer. Chak Dimanch li te ede l abiye pou l al nan reyinyon Legliz yo, penyen tèt li, makiye li, e menm mete zanno nan zòrèy li. Nan rann sèvis sa a, li te vin yon egzanp pou chak gason ak chak fi nan pawas nou an—anfèt, pou mond lan. Yon jou, madanm ni te di l: “Mwen sèlman vle wè mari m ankò pou m kapab avèk li.”

Li te reponn, “Mwen se mari ou.”

Epi li te reponn Dousman: “O, sa bon!”

Mwen pa ka pale de pran swen lòt moun san m pa rekonèt moun espesyal k ap pran swen m nan lavi pa m nan—disip espesyal Sovè a pou mwen—konpay etènèl mwen, Mary. Li mete tout limenm nan sèvis ak lanmou konpatisan. Men li reflete touch ak soutyen Sovè a. M pa t ap la a si se pa t limenm. Epi avèk li, m ap kapab pèsevere jiskalafen epi rete avèk li nan lavi etènèl la.

Si wap soufri anpil, avèk lòt moun oubyen poukont ou, mwen priye w pou w kite Sovè pran swen ou. Apiye sou bra solid li.15 Aksepte asirans Li. Li pwomèt: “M pap kite ou san rekonfò: M ap vin jwenn ou.”16

Frè m ak sè m yo, si nou poko fè sa totalman, annou plis vire nan direksyon padon, bonte, ak amou. Annou renonse ak lagè sa a ki souvan ap fè raj nan kè lòm natirèl la pou nou pwoklame swen, amou ak lapè Kris la.17

Si “nou te vin gen konesans konsènan glwa [ak bonte] Bondye,”18 ansanm ak “ekspyasyon ki te prepare depi nan fondasyon mond lan,”19 “nou p ap mete nan lide nou pou youn fè lòt mal, men pou nou viv nan lapè. … epi nou p ap kite pitit nou yo … transgrese lwa Bondye yo, pou yo goumen, e pou youn fè lobo avèk lòt, … men nou va ansenye yo … pou youn renmen lòt, epi pou youn sèvi lòt.”20

Jis anvan Krisifiksyon Sovè a, Li te anseye Apot Li yo: “M ap ban nou yon kòmandman nouvo, se pou nou youn renmen lòt; menm jan m renmen nou an”21 epi “Si nou renmen m, kenbe kòmandman m yo.”22

Mwen temwaye ke vrè pozisyon Sovè a anvè nou se pozisyon ki reprezante nan bra lonje estati Christus Thorvaldsen nan. Li kontinye ap lonje lamen ba nou,23 ap rele nou, “Vini, suiv mwen.” Nou suiv li lè nou youn renmen ak sèvi lòt ak lè nou kenbe kòmandman L yo.

Mwen rann temwayaj espesyal mwen ke Li vivan epi Li renmen nou avèk yon amou ki pafè. Sa a se Legliz Li. Thomas S. Monson se pwofèt li sou latè jodia. Mwen priye pou nou renmen Papa nou ki nan Syèl la ak Pitit Gason L lan plis, pou nou ka soufri mwens. Nan non Jezikri, amèn.