2010–2019
Reprezantan Legliz yo
Oktòb 2016


Reprezantan Legliz yo

Yo mande nou, antanke enstriktè nan fwaye, pou nou se reprezantan Bondye pou pitit li yo, pou renmen moun ki sou kont nou yo, pran swen yo epi priye pou yo.

Sa pa gen lontan, yon sè selibatè m ap rele Molly, te retounen lakay li sot travay epi l te jwenn de pous (5 santimèt) dlo ki te kouvri tout planche sousòl li. Imedyatman li te reyalize ke vwazen l yo, ki gen menm tiyo drenaj avèk li, dwe siman te fè yon kantite lesiv ak benyen, sa k te lakoz eksè dlo a te vin tonbe lakay li.

Apre Molly te fin rele yon zanmi pou te vin ede li, yo toulède te kòmanse ap ranmase dlo epi ap pase mòp. Nan menm lè a, yo te tande frape nan pòt la. Zanmi l lan te di: “Se enstriktè ofwaye ou!”

Molly te ri. Li te reponn: “Se vre se dènye jou nan mwa a men, m ka asire w se pa enstriktè nan fwaye m yo.”

Pye atè, pantalon mouye, cheve l mare nan yon mouchwa, ak yon trè bèl pè gan kawoutchou nan men li, Molly te mache al nan pòt la. Men aparans etranj li a pa t anyen devan spektak etranj li te wè devan je l devan pòt la. Sete enstriktè nan fwaye l yo!

Nan apre li te di mLi te di: “Mwen te manke sot tonbe! Sete yon vizit ofwaye mirak, kalite sa Frè yo konn pataje nan diskou konferans jeneral yo!” Li te kontinye: “Men, jis nan moman m t ap eseye deside si m t ap anbrase yo oubyen lonje yon mòp ba yo a, yo te di ‘O Molly, nou dezole. Nou ka wè ke w okipe. Nou pa vle deranje w, na retounen yon lòt fwa.’ Epi yo te ale.”

Zanmi l lam te rele l anba a epi l te mande: “Sete kiyès?”

Molly admèt: “M te anvi di ‘se sètènman pa t Twa Nefit yo’” “men, m te kontwole tèt mwen epi m te di kalmeman, ‘Sete enstriktè nan fwaye m yo, men yo panse se pa t yon bon moman pou yo te ban m mesaj yo a’”1

Frè m yo, annou brèfman egzamine devwa prètriz yo dekri kòm “premye sous èd Legliz la” pou manm li yo ak pou fanmi yo a.2 Yo sakrifye pil forè antye pou founi papye pou òganize e reyòganize li. Yo bay yon milye diskou motivasyon pou eseye ankouraje li. Se sèten ke okenn ajans vwayaj Freudyen nan okenn kote pa t ap ka posibman òganize kantite vwayaj kilpabilite sijè sa a pwovoke. Men, malgre sa, nou ankò ap lite pou wè si nou ka rive prèske pi pre yon fòm pèfòmans akseptab konsènan kòmandman Senyè a pou “toujou veye sou legliz la”3 atravè ansèyman ofwaye prètriz la.

Yon pati nan pwoblèm n ap konfwonte a se chanjman demografik nan Legliz la. Nou konnen ke, avèk kantite manm nou yo ki simaye kounyeya nan 32.000 pawas ak branch, ki sitiye nan 188 nasyon ak teritwa, sa vin pi difisil toujou pou vizit nan fwaye frè ak sè nou yo fèt pase jan l te ye nan premye epòk Legliz la kote vwazen te konn anseye vwazen nan sa yo te rele “ansèyman katye.”

Epitou, nan plizyè inite nan Legliz la, gen yon kantite limite nan detantè prètriz ki disponib pou fè vizit ofwaye yo, sa k kite moun ki ka sèvi yo avèk pafwa 18 oswa 20 fanmi---oubyen plis---pou yo vizite. Epitou, gen dwa gen pwoblèm vwayaje sou long distans, pri elve transpò disponib yo, ak longè jou travay yo ak travay semèn nan. Ajoute sou bagay sa yo, gen kèk tabou kiltirèl ki egziste kont vizite lakay moun san envitasyon ak pwoblèm sekirite ki egziste nan anpil peyi nan mond lan—wèl, nou ka kòmanse wè konpleksite pwoblèm nan.

Frè m yo, nan sikonstans ki pi meyè yo ak sikonstans kote l ka fèt yo, yon vizit chak mwa nan chak fwaye se toujou ideyal Legliz la ap chèche eseye atenn. Men, paske l reyalize ke, nan anpil kote nan mond lan, li pa posib pou atenn bi sa a epi, paske l wè sa lakoz frè sa yo santi yo echwe lè nou mande yo pou yo fè yon bagay ki pa ka posibman fèt, Premye Prezidans lan te voye yon lèt bay detantè prètriz yo nan Legliz la an Desanm 2001 an, ki te ba yo konsèy trè itil ak enspire sa a. Yo te ekri: “Gen kèk zòn nan Legliz la kote vizit ofwaye nan chak kay gen dwa pa posib chak mwa akoz mank kantite frè ki aktif nan prètriz la ak plizyè lòt kalite pwoblèm lokal.” Nou sot mansyone kèk nan yo. Yo te kontinye: “Lè sikonstans sa yo prezante, dirijan yo dwe fè tout sa yo kapab pou itilize mwayen yo gen disponib yo, pou veye sou chak manm ak fòtifye chak manm.”4

Frè m yo, si nan pawas mwen oswa branch mwen m ta rakontre kalite sikonstans difisil sa yo, konpayon m nan Prètriz Aawon an avèk mwen t ap aplike konsèy Premye Prezidans lan (ki nan manyèl la kounyeya) nan fason sa a: Premyèman, kèlkeswa kantite mwa sa t ap pran pou atenn bi a, nou t ap suiv egzòtasyon nan ekriti yo ki di pou nou “vizite kay chak manm” lan5 kote nou t ap etabli yon orè ki t ap ede nou ale nan fwaye sa yo osi posib ak osi pratik sa ta ka ye. Nan pwosesis la, nou t ap bay pi gwo priyorite a tan ak frekans kontak ki disponib pou moun ki plis bezwen nou yo—envestigatè misyonè yo ap anseye, nouvo konvèti ki batize, moun ki malad, moun ki solitè, inaktif yo, fanmi ki gen paran selibatè ki gen timoun ki toujou lakay yo, elatriye.

Pandan n ap travay sou orè vizit nou an pou vizite tout fwaye yo, sa ki ka pran plizyè mwa anvan l akonpli, nou t ap fè lòt kalite kontak avèk chak moun ak fanmi ki sou lis nou yo pa mwayen tout lòt kontak Senyè a founi nan epòk modèn mèveye sa a. Se sèten nou t ap veye sou fanmi nou yo nan legliz la epi, jan ekriti yo di, nou t ap “pale youn ak lòt konsènan byennèt nanm yo.”6 Anplis, nou t ap fè apèl telefòn, voye email ak mesaj tèks, nou t ap menm tape yon mesaj akèy pa mwayen youn nan pil kalite fòm medya sosyal yo mete disponib pou nou yo. Pou ede reponn a bezwen espesyal yo, nou ta gen dwa voye yon sitasyon ekriti oubyen yon fraz nan yon diskou konferans jeneral oubyen yon mesaj Mòmon nou t ap chwazi pami pil materyèl ki an abondans nan LDS.org yo. Nan langaj Premye Prezidans lan, nou t ap fè pi byen nou kapab avèk resous ki disponib yo nan sikonstans nou t ap konfwonte yo.

Frè m yo, apèl m ap fè aswè a se pou nou ka elaji vizyon nou konsènan vizit ofwaye. Tanpri, nan pi bon nouvo mwayen, konsidere tèt nou kòm reprezantan Senyè a pou pitit li yo. Sa vledi abandone tradisyon yon Lwa Moyiz efrene—tankou, kalandriye fen mwa a kote n ap kouri al bay yon mesaj ki soti nan revi Legliz yo ke fanmi an deja li. Nou ta espere ke, olyesa, nou pral etabli yon tradisyon sousi sensè ki oryante sou levanjil la pou manm yo, pandan n ap veye sou yo ak pran swen youn lòt nan fason konpatisan, pandan n ap reponn bezwen espirityèl ak tanporèl yo otan nou kapab nan tout fason nou kapab.

Kounyea, konsènan sa k “konte” kòm vizit ofwaye, chak bon bagay nou fè “konte”, konsa fè rapò tout bagay! Anfèt, rapò ki pi konte a se fason nou te fè byen ak pran swen moun ki sou responsablite nou yo, sa k pratikman pa gen anyen pou wè avèk yon kalandriye spesifik oswa yon lokasyon patikilye. Sa k pi konte sèke nou renmen moun nou responsab yo epi n ap obeyi kòmandman pou “toujou veye sou Legliz la.”7

Jou 30 Me ane pase a, zanmi m Troy Russell te derape kamyon li lantman soti nan garaj la pou l t al pote kèk bagay ale nan Deseret Industries nan zòn ni an. Li te santi kawoutchou dèyè a pase sou yon bagay. Pansan ke te gen kèk nan s al ta pral bay yo ki te tonbe sot nan machin nan, li te desann machin nan epi l te wè ti pitit gason presye l la, Austen, kouche fas atè sou twotwa a. Rèl, benediksyon prètriz, ak staf lopital la—pa t mache nan ka sa a. Austen te mouri.

Enkapab pou l dòmi, enkapab pou l jwenn lapè, Troy te enkonsolab. Li te di sete plis pase l te ka sipòte epi li te senpleman pa t anvi viv ankò. Men, nan epòk agonizan sa a te gen twa fòs redanmtè ki te vini.

Premye a sete lanmou ak espri rasiran Pè Selès nou an, yon prezans li te kominike Troy atravè Sentespri a ki te konsole li, ki te renmen li epi ki te chichote l Bondye konn tout bagay nan pèdi yon bèl pitit gason pafè. Dezyèm nan sete madanm ni, Deedra, ki te kenbe Troy nan bra l epi k te renmen li epi te raple l ke limenm tou li te pèdi pitit gason sa a epi li te detèmine pou l pa t pèdi yon mari tou. Twazyèm moun nan istwa sa a se John Manning, yon enstriktè ofwaye ekstraòdinè.

Franchman m pa konn nan ki frekans John ak jèn konpayon l lan te fè vizit nan kay Russell yo, ni ki mesaj yo te bay lè yo te rive nan kay sa a, ni kijan yo te rapòte eksperyans yo a. Sa m konnen sèke nan prentan k sot pase a, Frè Manning te lonje lamen pou l te rale Troy Russell soti nan trajedi twotwa sa a jis menmjan l t ap lonje lamen pou rale ti Austen limenm. Tankou enstriktè ofwaye oswa gadyen li oswa frè nan levanjil li te sipoze ye a, John te senpleman pran responsablite li nan prètriz la pou l te veye sou byennèt Troy Russell e pran l anchaj. Li te di pou kòmanse: “Troy, Austen vle pou w retounen sou pye w—ansanm ak sou teren baskètbòl la—konsa, m ap vini chak maten a 5:15. M vle pou w pare paske m pa ta vle oblije antre pou m vin chèche w—e m konnen Deedra pa pral vle sa tou.”

Troy te di m nan apre: “M pa t anvi ale, paske m te toujou konn mennen Austen avèk mwen jou maten sa yo epi m te konnen souvni yo t ap twò douloure. Men, John te ensiste, konsa m t ale. Depi nan premye jou sa a, nou te pale—oubyen m te pale epi John te koute. M te pale pandan tout tan l t ap kondui al legliz la epi apre lè l t ap kondui m retounen lakay. Pafwa m te konn pale pandan nou te gare machin nan sou twoutwa a ap gade solèy la leve sou Las Vegas. Toudabò, sa te difisil, men avèk letan, m te reyalize ke m te retwouve fòs mwen gras ak yon jwè basketbòl 6 pye 2 pous (1m88) nan Legliz, ki te trè lan, avèk yon je lansman absoliman mizerab, ki te renmen mwen epi ki te koute m jiskaske solèy te leve sou lavi m ankò.”8

Frè m yo nan sent prètriz la, lè nou pale de vizit ofwaye oubyen de veye sou moun oubyen de ministè pèsonèl prètriz la oubyen de disip kretyen—rele l jan nou vle—se sa n ap pale a. N ap mande ou pou, antanke enstriktè ofwaye, ou vin mesaje Bondye pou manm yo nan Legliz li a, pou renmen ak pran swen ak priye pou moun ou responsab yo, menmjan nou renmen ou e nou sousye pou ou e nou priye pou ou a. Mwen priye pou nou ka veye sou twoupo Bondye a epi pran swen li nan fason ki konsistan avèk sikonstans nou, nan non Bon Bèje nou tout la, Senyè a, Jezikri, amèn.