2010–2019
Katriyèm etaj, dènye pòt la
Oktòb 2016


Katriyèm etaj, dènye pòt

Bondye “rekonpanse moun ki chèche l onètman,” konsa, nou bezwen kontinye frape nan pòt la. Sè m yo, pa lage sa. Chèche Bondye ak tout kè nou.

Chè sè m yo, chè zanmi mwen, ala yon benediksyon pou n reyini ankò Inan konferans mondyal sa a sou direksyon ak lidèchip chè pwofèt ak Prezidan nou an, Thomas S. Monson. Prezidan, nou renmen ou e nou soutni ou! Nou konnen ou renmen sè yo nan Legliz la.

Mwen renmen asiste bèl sesyon jeneral konferans sa a ki fèt espesyalman pou sè yo nan legliz la.

Sè m yo, lè m wè nou, m pa ka anpeche m panse a fi ki te gen si anpil enfliyans nan lavi m yo: grann mwen ak manman m, ki sete premye moun ki te aksepte envitasyon pou vini epi wè kisa Legliz sa a ye a.1 Gen madanm byeneme mwen, Harriet, ke m te tonbe damou depi premye fwa m te wè li. Gen manman Harriet, ki te antre nan Legliz la byen vit apre l te fin pèdi mari l anba kansè. Gen sè m nan, pitit fi m nan, pitit pitit fi m nan, ak aryè pitit pitit fi m nan—tout moun sa yo te gen gwo enfliyans pozitif sou mwen. Yo vrèman pote reyon solèy nan lavi m. Yo enspire m pou m vin yon pi bon gason ak yon dirijan Legliz ki pi sansib. Ala lavi m t ap diferan san yo menm!

Petèt sa k pi touche m sèke m konnen enfliyans yo a repete dè milyon fwa nan Legliz la atravè kapasite, talan, entelijans, ak temwayaj fi lafwa tankou nou menm yo.

Men, kèk nan nou gen dwa pa santi yo diy pou yon louwanj konsa. Ou gen dwa panse w twò piti pou w ta gen yon enfliyans siyifikan sou lòt moun. Petèt ou pa menm konsidere tèt ou kòm “yon fi lafwa” paske w pafwa ap lite anba dout ak laperèz.

Jodia, m ta renmen pale avèk tout moun ki konn santi yo fason sa a—e sa pwobableman enkli nou tout, nan yon moman kèlkonk.

Kisa lafwa ye

Lafwa se yon konviksyon fèm sou yon bagay nou kwè—yon konviksyon si solid ke l pouse nou fè bagay nou te gen dwa pa t fè otreman. “Lafwa se yon fèm asirans sou bagay nou espere, ak yon sètitid sou sa nou pa wè.”2

Pandan ke bagay sa a fè sans pou moun ki kwayan yo, li souvan dewoutan pou enkwayan yo. Yo souke tèt yo epi yo mande: “Kijan yon moun ka fè sèten de sa l pa ka wè?” Pou yomenm, sa se prèv ke relijyon se yon bagay ilojik.

Sa yo pa konprann sèke gen pil lòt fason pou moun wè pase avèk je yo, pil lòt fason pou n santi bagay yo pase ak men nou, plis fason pou n tande pase ak zòrèy nou.

Se tankou eksperyans yon jèn tifi ki te deyò ap fè yon pwomnad avèk grann ni. Chan zwazo yo te parèt mayifik pou tifi sa a, e li te atire atansyon grann ni sou chak son.

“Èske w tande sa?”, tifi a te mande ankò epi ankò: Men grann nan te soud e li pa t ka tande son yo.

Finalman, grann nan te mete ajenou epi l te di: “Mwen dezole, pitit mwen, Granmè pa tande byen.”

Ti pitit fi a te enève epi l te pran figi grann ni nan men l, li te gade l dwat nan je, epi l te di: “Grann, koute pi byen!”

Gen lesyon nan istwa sa a pou moun ki kwayan ak enkwayan. Jis paske nou pa ka tande yon bagay pa vledi pa gen anyen pou n tande. De moun ka koute menm mesaj la oubyen li menm ekriti a, epi youn santi temwayaj Lespri a, pandan ke lòt la pa santi l.

Yon lòtbò, nan efò pou nou ede moun pa nou yo tande vwa Lespri a ak gwo bote etènèl pwofon levanjil Jezikri a, di yo pou yo “koute pi byen” gen dwa se pa fason ki pi itil la.

Petèt pi gon konsèy—pou tout moun ki vle ogmante lafwa yo—se koute diferaman. Apot Pòl ankouraje nou pou n chèche vwa ki pale avèk lespri nou an, pa sèlman ak zòrèy nou. Li anseye: “Moun ki pa gen Lespri pa aksepte bagay ki soti nan Lespri Bondye men yo konsidere yo kòm foli, epi yo pa ka konprann yo paske se sèlman atravè Lespri nou ka disène yo.”3 Oubyen petèt nou dwe konsidere pawòl Le petit prince nan Saint-Exupéry yo ki te di: “Yon moun wè klè sèlman ak kè li. Tout bagay ki esansyèl yo envizib pou je wè.”4

Pouvwa ak limit lafwa

Pafwa, li pa fasil pou devlope lafwa nan bagay spirityèl pandan ke n ap viv nan yon mond fizik. Men efò a vo lapèn, paske pouvwa lafwa nan lavi nou ka pwofon. Ekriti yo anseye nou se pa mwayen lafwa mond yo te kreye, dlo te separe ande, mò te leve, epi rivyè ak montay te deplase soti nan plas yo.5

Malgre sa, kèk moun ka mande: “Si lafwa puisan konsa, poukisa m pa ka resevwa yon repons pou yon priyè sensè. M pa bezwen pou yon lanmè separe ni pou yon montay deplase. M jis bezwen maladi m nan geri oubyen pou paran m padone youn lòt oubyen pou yon konpayon etènèl parèt devan pòt mwen ak yon bouke flè nan yon men ak yon bag fiyansay nan lòt men an. Poukisa lafwa m pa ka akonpli sa?”

Lafwa puisan e li souvan pote mirak. Men kèlkeswa kantite lafwa nou genyen, gen de bagay lafwa pa ka fè. Premyèman, li pa ka vyole libabit yon moun.

Yon madanm te priye pandan dèzane pou pitit fi l ki te kite Legliz la retounen nan twoupo Kris la e li te santi l dekouraje paske priyè l yo pa t jwenn repons. Sa te espesyalman douloure lè l te konn ap tande istwa lòt pitit pwodig ki te repanti soti nan chemen yo te ye yo.

Pwoblèm nan se pat yon mank lapriyè ni yon mank lafwa. Li te sèlman bezwen konprann ke, osi penib sa ye pou Pè Selès la, Li p ap fòse okenn moun chwazi chemen lajistis la. Bondye pa t fòse pwòp pitit Li yo pou yo te suiv li nan mond premòtèl la. Li pap fòse nou kounyeya pandan n ap vwayaje atravè lavi nan mòtalite sa a?

Bondye envite nou, pèsyade nou. L ap lonje lamen san rete avèk lanmou ak enspirasyon ak ankourajman. Men Li pap janm fòse nou—sa t ap diminye gwo plan L pou kwasans etènèl nou an.

Dezyèm bagay lafwa pa ka fè se fòse volonte nou sou Bondye. Nou pa ka fòse Bondye soumèt anba dezi nou—kèlkeswa jan nou ta panse nou gen rezon oubyen kèlkeswa jan priyè nou ta sensè. Reflechi sou eksperyans Pòl, ki te plede avèk Senyè a anpil fwa pou l te jwenn sekou anba yon eprèv pèsonèl, ke l te rele “yon pikan nan lachè” a. Men se pa t volonte Bondye. Finalman, Pòl te reyalize eprèv sa a sete yon benediksyon, epi l te remèsye Bondye dèske L pa t reponn priyè l yo nan fason l te espere a.6

Konfyans ak lafwa

Non, objektif lafwa se pa pou chanje volonte Bondye men pou ba nou mwayen pou aji selon volonte Bondye. Lafwa se konfyans—konfyans ke Bondye wè sa nou pa ka wè epi L konnen sa nou pa konnen.7 Pafwa, konfyans nan pwòp vizyon ak jijman pa nou pa ase.

M te aprann sa kòm yon pilot avyon, nan epòk kote m te konn oblije vwayaje travèse bwouya oswa nyaj epè epi se sèlman kèk pous m te ka wè devan m. M te konn oblije konte sou enstriman ki te konn di m ki kote m te ye ak ki kote m t ap dirije m. M te konn oblije koute vwa kontwòl trafik ayeryen an. M te oblije suiv gidans yon moun ki te gen plis enfòmasyon klè pase sa m te genyen yo. Yon moun m pa ka wè men k m te oblije aprann fè konfyans. Yon moun ki te ka wè sa m pa t ka wè. M te oblije gen konfyans nan li epi aji selon direksyon l yo pou m te ka rive nan destinasyon m nan an sekirite.

Lafwa vledi nou kwè non sèlman nan sajès Bondye men nou mete konfyans nou nan amou Li tou. Sa vledi gen konfyans ke Bondye renmen nou pafètman, tout sa L fè—tout benediksyon Li bay ak chak benediksyon Li retni pou yon tan—se pou bonè etènèl nou.8

Ak kalite lafwa sa a, menmsi nou pa konprann poukisa kèk bagay rive oubyen poukisa kèk priyè pa jwenn repons, nou ka konnen ke alafen tout bagay pral fè sans. “Tout bagay [pral] travay ansanm pou byen tout moun ki renmen Bondye.”9

Tout bagay ap anfòm. Tout bagay pral byen.

Nou ka gen asirans repons yo ap vini, e nou ka gen konfyans ke non sèlman na pral kontan avèk repons yo, men, nou pral anvayi pa lagras, mizèrikòd, jenewozite tou, ak lanmou Pè Selès la gen pou nou menm, pitit Li yo.

Jis kontinye frape

An atandan, n ap mache pa kèlkeswa lafwa nou genyen,10 ap toujou chèche ogmante lafwa nou. Pafwa, sa p ap yon bagay fasil. Moun ki enpasyan, ki pa angaje, oswa ki neglijan yo gen dwa twouve lafwa difisil pou atenn. Moun ki fasilman dekouraje oubyen ki rapidman distrè yo gen dwa gen difikilte pou akeri li. Se moun ki enb, ki dilijan, ak pèseveran yo ki resevwa lafwa.

Li manifeste lakay moun ki peye pri fidelite a.

Verite sa a ilistre nan eksperyans de jèn misyonè ki t ap sèvi nan yon zòn kote te sèlman gen kèk grenn batèm konvèti. M sipoze se t ap nòmal pou yo te panse sa yo te fè a pa t ap fè yon gwo diferans.

Men de misyonè sa yo te gen lafwa, epi yo te angaje. Atitid yo sete sa a: si okenn moun pa t koute mesaj yo a, se pa t ap paske yo pa t fè pi bon efò yo te kapab.

Yon jou, yo te deside al apwoche kèk moun ki t ap viv nan apatman yon bèl bilding kat etaj. Yo te kòmanse nan premye etaj la epi yo te frape nan chak pòt, pou yo te prezante mesaj sali yo a konsènan Jezikri ak Retablisman Legliz Li a.

Imaj
Apatman nan bilding Sè Uchtdorf la tea bite lè l te piti a

Okenn moun nan premye etaj la pa t vle koute yo. Yo te ka santi moun yo te rejte yo an silans.

Ala sa ta fasil pou yo te di: “Nou eseye. Ann kanpe la. Ann al chèche yon bagay pou n manje.”

Men de misyonè sa yo te gen lafwa epi yo te dispose pou yo te travay, epi konsa yo t al frape nan chak pòt nan dezyèm etaj la.

Ankò, okenn moun pa t vle koute yo.

Twazyèm etaj la sete menm bagay la. Epi konsa sa te ye nan katriyèm etaj la tou–jiskaske yo te frape nan yon dènye pòt nan katriyèm etaj la.

Lè pòt la te louvri, yon jèn tifi te souri ba yo epi l te mande yo pou yo tann pandan l t al pale avèk manman l.

Manman l te gen sèlman 36 zan, li te fèk pèdi mari li epi li pa t gen okenn anvi pou l te pale avèk misyonè Mòmon. Konsa, li te di pitit fi l la pou l te voye yo ale.

Men, pitit fi a te sipliye li. Li te di, jènjan sa yo si janti. Epi sa t ap pran sèlman kèlke minit.

Konsa, nan fòse, manman an te dakò. Misyonè yo te prezante mesaj yo a epi yo te lonje yon liv bay manman an pou l te li—Liv Mòmon an.

Lè yo te fin ale, manman an te deside pou l te li omwen kèlke paj.

Li te fini tout liv la nan lespas kèlke jou.

Imaj
Fanmi Sè Uchtdorf avèk misyonè yo

Pa lontan apre, bèl fanmi sa a te antre nan dlo batèm yo.

Lè ti fanmi sa a te ale nan pawas yo a nan Frankfort nan Almay, yon jèn dyak te remake bote youn nan pitit fi yo epi l te panse nan tèt li: “Misyonè sa yo ap fè yon bèl travay!”

Non jèn dyak sa a sete Dieter Uchtdorf. Epi bèl jènfi sa a—ki te priye manman l pou l te koute misyonè yo a—te gen bèl non Harriet. Tout moun li rankontre pandan l akonpaye m nan vwayajmwen yo renmen li. Li beni lavi anpil moun pa amou li pou levanjil la ak pèsonalite briyan li. Li se vrèman reyon solèy lavi mwen.

Imaj
Sè Uchtdorf k ap pale nan Norvège

Kè mwen souvan ranpli ak rekonesans pou de misyonè sa yo ki pa t lage sa nan premye etaj la! Ala souvan kè m plen apresyasyon pou lafwa yo ak travayyo. Ala m remèsye yo souvan dèske yo te pèsevere—jiska katriyèm etaj la, nan dènye pòt la.

Y ap louvri pou ou

Nan rechèch nou pou lafwa k ap andire a, nan rechèch nou pou konekte avèk Bondye ak objektif Li pou nou yo, annou sonje pwomès Senyè a: “Frape, epi y ap louvri pou ou” a.”11

Èske n ap lage sa apre nou fin frape nan yon pòt oubyen de? Nan yon etaj oubyen de?

Oubyen èske n ap kontinye chèche jiskaske nou rive nan katriyèm etaj la, nan dènye pòt la?

Bondye “rekonpanse moun k ap chèche li sensèman,”12 men rekonpans la pa abityèlman dèyè premye pòt la. Konsa, nou bezwen kontinye frape. Sè m yo, pa lage sa. Chèche Bondye ak tout kè nou. Egzèse lafwa. Mache nan ladwati.

Mwen pwomèt ke si nou fè sa—jiskaske nou rive nan katriyèm etaj la, nan dènye pòt la—n ap resevwa repons n ap chèche yo. N ap jwenn lafwa. Epi yon jou n ap vin ranpli ak limyè k ap grandi “vin pi klere jistan l fè jou klè.”13

Sè byeneme m yo nan Kris la, Bondye reyèl.

Li vivan.

Li renmen nou.

Li konnen nou.

Li konprann nou.

Li konn siplikasyon an silans kè nou yo.

Li p ap abandone nou.

Li p ap bliye nou.

Sa se temwayaj mwen ak benediksyon apostolik mwen pou nou chak kapab santi verite siblim sa a kè nou ak nan lespri nou pèsonèlman. Viv nan lafwa, chè zanmi mwen, chè sè mwen, epi “Senyè a, Bondye [nou] an, [va] miltipliye nou pa mil epi Li va beni nou jan Li pwomèt la!”14

M ap kite nou ak lafwa mwen, konviksyon m, ak temwayaj sèten e inebranlab mwen ke sa se travay Bondye. Nan non sakre Sovè Byeneme nou an, nan non Jezikri, amèn.