2010–2019
M ap fè limyè levanjil la briye nan fwaye mwen
Oktòb 2016


M ap fè limyè levanjil la briye nan fwaye mwen

Nou ka fè limyè levanjil la briye nan fwaye nou, nan lekòl nou, ak nan travay nou si nou chèche sa ki pozitif lakay lòt moun epi fè konnen yo.

Kòm repons pou envitasyon Sè Linda K. Burton nan, nan konferans jeneral Avril la,1 anpil nan nou te enplike nan zak charite plen jantiyès ak jenewozite konsantre sou reponn bezwen refijye ki nan zòn kote nou rete yo. Soti nan senp efò pèsonèl rive nan gwo pwogram kominotè yo, zak sa yo se rezilta lanmou. Pandan nou t ap pataje tan, talan ak mwayen nou, kè pa nou—ak kè refijye yo—te edifye. Devlopman lespwa ak lafwa e menm pi gwo lanmou ant moun k ap resevwa a ak moun k ap bay la se rezilta inevitab vrè charite.

Pwofèt Mowoni di nou charite se kalite esansyèl lakay moun ki pral viv ak Pè Selès la nan wayòm selès la. Li ekri: “Epi si nou pa gen charite, pa gen okenn fason n ap kapab sove nan wayòm Bondye a.”2

Natirèlman, Jezikri se egzanp charite pafè a. Angajman L nan lavi premòtèl la pou l te vin Sovè nou, aksyon Li pandan tout lavi L nan mòtalite a, kado siprèm Ekspyasyon L lan, ak efò kontinyèl Li pou mennen nou retounen al jwenn Pè Selès la, se ekspresyon charite siprèm. Li aji avèk yon sèl fokis: lanmou L pou Papa a ke l eksprime atravè lanmou Li pou nou chak. Lè yo te mande l kiyès ki pi gwo nan kòmandman yo, Jezi te reponn:

“Se pou ou renmen Senyè a, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.

“Sa se premye ak pi gwo kòmandman an.

“Epi men dezyèm nan ki gen menm enpòtans ak premye a, Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa w.”3

Youn nan fason pi siyifikan nou ka devlope ak demontre lanmou pou pwochen nou se lè nou gen jenewozite nan panse nou ak nan pawòl nou. Sa gen kèk ane, yon bon zanmi te ekri: “Pi gwo fòm charite a se petèt sispann pote jijman.”4 Sa toujou vre jodia.

Dènyèman, pandan Alyssa ki gen twazan, t ap gade yon fim avèk frè l ak sè l yo, li te fè yon remak ak yon ekspresyon etonman, “Manm, poul sa a etranj!”

Manman l te gade ekran an epi l te reponn ak yon souri: “Cheri, se yon pan (paon).”

Menmjan ak timoun twazan ki pa konnen sa a, nou pafwa gade lòt moun avèk yon konpreyansyon ki pa konplè ni egzat. Nou gen dwa konsantre sou diferans yo epi wè defo ki nan moun bò kote nou pandan ke Pè Selès la wè pitit Li, ki kreye nan imaj etènèl li, avèk yon potansyèl mayifik ak gloriye.

Prezidan James E. Faust te di: “Plis m ap vin granmoun, se mwens m pote jijman.”5 Sa raple m obsèvasyon Apot Pòl la:

“Lè m te timoun, mwen te pale tankou timoun, mwen te panse tankou timoun, mwen te rezone tankou timoun: men, kounyea m vin gran, mwen pa fè bagay timoun ankò.

“Pou kounyeya se tankou n ap gade yon jan twoub nan yon glas; men pita nou pral wè fasafas: pou kounyeya, m pa fin konn tout bagay; men pita ma konnen menm jan yo konnen m nan.”6

Lè nou wè pwòp enpèfeksyon pa nou pi klèman, n ap mwens gen tandans pou wè lòt moun atravè “yon glas twoub.” N ap vle itilize limyè levanjil la pou n gade lòt moun jan Sovè a wè yo—avèk konpasyon, lesperans, ak charite. Yon jou ap vini kote nou pral gen yon konpreyansyon total sou kè lòt moun epi na va rekonesan dèske nou te gen mizèrikòd pou yo—menmjan nou gen panse ak pawòl charitab pou lòt moun pandan lavi sa a.

Sa gen kèk ane, m t al monte kannot avèk yon gwoup jènfi. Lak ble pwofon yo ki te antoure ak kolin vèt ki te kouvri anba forè epè ak falèz yo te ekstrèmman bèl. Dlo a te klere sou zaviwon nou yo pandan nou t ap plonje yo nan dlo klè a, epi solèy la t ap briye lè nou te derape dousman pou n te travèse lak la.

Men, nyaj te vin byen vit kouvri syèl la epi yon van fò te kòmanse soufle. Pou nou te ka avanse, nou te oblije antre ram yo pi pwofon nan dlo a, ap rame san rete nan mitan kouran dlo yo. Apre kèk èdtan fatigan, nou te finalman rive nan kwen gwo lak la epi nou te dekouvri ak etonman ak kontantman ke van an t ap soufle nan direksyon nou te vle ale a.

Byen vit nou te pwofite kado sa a. Nou te rale yon ti twal, nou te mare de pwent li nan manch ram yo epi nou te mare lòt pwent yo nan pye mari m, ke l te lonje apla sou rebò kannòt la. Van an te gonfle vwal enpwovize sa a, epi nou te derape!

Lè jènfi nan lòt kannòt yo te wè kijan nou te pase sou dlo a alèz, yo te rapidman enpwovize pwòp vwal pa yo tou. Kè nou te kontan epi nou te ri ak soulajman, rekonesan pou repi nou te jwenn nan pwoblèm jounen an yo.

Tankou van gloriye sa a, konpliman sensè yon zanmi, akèy chalere yon paran, jès apwobasyon yon frè ak sè, oswa souri yon kòlèg oubyen yon kanmarad klas, ka pote frèch “van nan vwal nou” pandan n ap goumen anba pwoblèm lavi sa yo! Prezidan Thomas S. Monson di l nan fason sa a: “Nou pa ka chanje direksyon van an, men nou ka ajiste vwal yo. Pou nou ka jwenn bonè, lapè, ak kontantman maksimòm, se pou nou chwazi yon atitid pozitif.”7

Pawòl gen pouvwa etonan, pou bati ak pou kraze. Siman nou tout konn sonje kèk pawòl negatif ki te dekouraje nou ak lòt pawòl lanmou ki te remonte nou. Chwazi pou nou sèlman di sa k pozitif osijè lòt moun—oubyen di yo sa k pozitif—edifye ak fòtifye moun bò kote nou e sa ede lòt moun suiv nan fason Sovè a.

Imaj
Bwodri “M ap fè limyè levanjil la briye nan fwaye mwen”

Lè m te yon jèn tifi nan Primè, m te travay ak dilijans pou m te bwode yon senp pwovèb ki te di: “M ap pote limyè levanjil la nan fwaye mwen.” Yon jou aprèmidi, pandan nou t ap rale zegui nou monte desann nan twal la, pwofesè nou an te rakonte istwa yon tifi ki t ap viv nan yon kolin sou yon bò yon vale. Chak aprèmidi, li te remake sou kolin lòtbò vale a yon kay ki t ap briye, avèk fenèt annò. Lakay pa l te piti e pa t twò bèl, epi tifi a te reve al viv nan bèl kay ak fenèt lò sa a.

Yon jou, tifi a te resevwa pèmisyon pou l te kondui bisiklèt li al lòtbò vale a. Li te kondui rapid jiskaske l te rive nan kay ki te gen fenèt annò a li te sitèlman admire pandan lontan an. Men lè l te desann bisiklèt la, li te wè sete yon kay kraze ki te abandone, avèk zèb byen wo nan lakou a ak fenèt òdinè tou sal. Byen tris, tifi a te vire tèt li gade lakay pa li. Ak etonman, li te wè yon bèl kay, ak fenèt annò sou kolin nan lòtbò vale a, epi byen vit li te reyalize sete pwòp lakay li!8

Pafwa, tankou jèn tifi sa a, nou gade sou sa lòt moun ka genyen, oubyen sa yo dwe ye epi nou santi nou mwens pase yo, an konparezon. Nou vin konsantre sou vèsyon Pinterest oswa Instagram lavi a oubyen nou tonbe nan preyokipasyon konpetisyon nan lekòl oswa lye travay nou. Men, lè nou pran yon moman pou nou “konte benediksyon yo,”9 nou wè avèk yon pèspektiv ki pi klè epi nou rekonèt bonte Bondye pou tout pitit Li yo.

Keseswa nou gen 8 tan oubyen 108 tan, nou ka pote limyè levanjil la nan pwòp anviwonman nou, keseswa nou nan yon apatman byen wo nan Manatann, yon ti kay nan Malezi, oubyen yon tant nan Mongoli. Nou ka pran detèminasyon pou n wè sa k bon nan lòt moun ak nan sikonstans ki antoure nou yo. Jèn ak moun ki pa twò jèn tout kote kapab demontre charite si yo chwazi pou itilize pawòl k ap bati konfyans ak lafwa nan lòt moun.

Èldè Jeffrey R. Holland te pale de yon jènjan ki te sibi anpil mokri nan men kanmarad li yo pandan ane lekòl li. Kèlke ane apre, li te demenaje, li te antre nan lame, epi l t al nan inivèsite, epi li te vin yon manm aktif nan Legliz la. Epòk sa a nan lavi li te make pa bèl eksperyans plen siksè.

Apre plizyè ane, li te retounen nan vil natal li a. Men, moun yo te refize rekonèt akonplisman li ak matirite li. Pou yomenm, li te toujou ansyen “moun konsa konsa” a, epi yo te trete l nan fason sa a. Finalman, bon mesye sa a te vin dekouraje e vin tounen lonbraj moun plen siksè l te ye a san l pa t kapab itilize talan mèveye li te devlope yo pou beni moun sa yo ki te pase l nan betiz e rejte l yon fwa ankò a.10 Ala yon pèt, ni pou limenm ni pou kominote a!

Apot Pyè te anseye: “Avan tout bagay, se pou nou gen charite fèvan nan mitan nou: paske charite kouvri miltitid peche.”11 Charite fèvan, kivledi “totalman sensè”, demontre nan bliye erè ak fot yon moun olye nou kenbe rankin oubyen raple tèt nou ak lòt moun enpèfeksyon pase yo.

Obligasyon ak privilèj nou se aksepte amelyorasyon nan tout moun pandan n ap eseye vin plis tankou Sovè nou an, Jezikri. Ala yon bèl bagay sa ye pou n wè limyè nan je yon moun ki rive konprann Ekspyasyon Jezikri a epi k ap fè vrè chanjman nan lavi li! Misyonè ki fè eksperyans lajwa pou wè yon konvèti antre nan dlo batèm epi apresa antre nan pòt tanp yo temwen benediksyon ki pèmèt—ak ankouraje—lòt moun chanje. Manm ki akeyi konvèti yo petèt sipoze ki pa kandida tipik pou wayòm nan jwenn gwo satisfaksyon nan ede yo santi amou Senyè a. Gwo bote levanjil Jezikri a se reyalite pwogresyon etènèl la—non sèlman yo pèmèt nou chanje anbyen men yo ankouraje nou, e menm kòmande nou, pou n kontinye al nan amelyorasyon, epi, finalman, nan pèfeksyon.

Prezidan Thomas S. Monson konseye: “Nan yon santèn ti fason piti, nou tout mete manto charite a. … Olye nou jije oswa kritike youn lòt, se pou nou gen amou pi Kris la pou konpayon nou yo nan vwayaj sa a atravè lavi a. Se pou nou rekonèt chak moun ap fè sa yo kapab pou fè fas ak difikilte y ap rankontre yo epi se pou nou eseye fè sa nou kapab pou ede.”12

Nan tèm pozitif, charite se bagay ki pasyan, ki gen bon kè, ki pa anvye moun. Charite mete lòt moun anpremye, li enb, li egzèse metriz tèt, li chèche sa k bon nan lòt moun, epi l rejwi lè yon moun reyisi.13

Antanke sè (ak frè) nan Siyon, èske n ap pran angajman pou nou “tout travay ansanm … pou fè tout sa ki janti ak imen, pou ankouraje ak beni nan non [Sovè a]”?14 Èske, avèk lanmou ak gwo espwa, n ap chèche bote nan lòt moun epi anbrase bote sa yo, ki pèmèt ak ankouraje pwogrè? Èske nou ka rejwi nan akonplisman lòt moun pandan n ap kontinye travay pou pwòp amelyorasyon pa nou?

Wi, nou kapab fè limyè levanjil la briye nan fwaye nou, nan lekòl nou, ak nan travay nou si nou chèche epi pataje bagay pozitif sou lòt moun epi pa konsantre sou bagay enpafè yo. Yon gwo gratitid ranpli kè m lè m panse ak repantans Sovè nou an, Jezikri, rann posib pou nou tout ki inevitableman peche yo nan mond enpafè e pafwa difisil sa a!

Mwen rann temwayaj ke si nou suiv egzanp pafè Li, nou ka resevwa don charite a, k ap pote gwo lajwa pou nou nan lavi sa a ak benediksyon lavi etènèl yo pwomèt nou avèk Papa nou ki nan Syèl la. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Linda K. Burton, “I Was a Stranger,”Liahona, Me 2016, 13–15.

  2. Mowoni 10:21.

  3. Matye 22:37–39.

  4. Sandra Rogers, “Hearts Knit Together,” in Hearts Knit Together: Talks from the 1995 Women’s Conference (1996), 7.

  5. James E. Faust, in Dallin H. Oaks, “‘Judge Not’ and Judging,” Ensign, Out. 1999, 13.

  6. 1 Korentyen 13:11–12.

  7. Thomas S. Monson, “Living the Abundant Life,”Liahona, Jan. 2012, 4.

  8. Adapte pa Laura E. Richards, The Golden Windows: A Book of Fables for Young and Old (1903), 1–6.

  9. “Compte les bienfaits,” Cantiques, no. 156.

  10. Gade Jeffrey R. Holland, “The Best Is Yet to Be,” Liahona, Jan. 2010, 18–19.

  11. 1 Pyè 4:8.

  12. Thomas S. Monson, “Charity Never Faileth,”Liahona, Nov. 2010, 125.

  13. Gade 1 Korentyen 13:4–6.

  14. “Nous, soeurs de Sion,” Cantiques, no. 201; italic ajoute.