2010–2019
Lajwa ak sivi spirityèl
Oktòb 2016


Lajwa ak Sivi Spirityèl

Lè lavi nou santre sou Jezikri ak levanjil Li a, nou ka santi lajwa kèlkeswa sa k rive—oswa sa k pa rive—nan lavi nou.

Chè frè ak sè’m yo, jodia m ta renmen diskite sou yon prensip ki se kle pou sivi siprityèl nou. Se yon prensip ki ap vin enpòtan sèlman lè trajedi ak karikati bò kote nou yo ap ogmante.

Sa se dènye jou yo, konsa, okenn nan nou pa ta dwe etone lè nou wè pwofesi ap akonpli. Yon kantite pwofèt, tankou Ezayi, Pòl, Nefi, ak Mòmon, te deja wè epòk difisil sa yo t ap gen pou vini,1 ke nan jou nou yo tout tè a pral nan gwo boulvès,2 lèzòm ap “renmen pwòp tèt pa yo, … san afeksyon natirèl, … y’ap pito plezi pase sèvi Bondye,” 3 epi anpil ap vin sèvitè Satan ki ap soutni travay advèsè a.4 Anfèt, ou menm avèk mwen “ap goumen … kont otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a, [ak] espri mechan nan lye selès yo.”5

Pandan konfli ant nasyon yo ap vin pi plis, pandan teworis lach ap teworize inosan, e pandan koripsyon nan tout bagay soti nan antrepriz yo al nan gouvènman ap vin plis an plis komen, kisa k ka ede nou? Kisa k ka ede chak grenn nan nou menm avèk lit pèsonèl nou ak gwo difikilte ki genyen nan viv nan dènye jou sa yo?

Pwofèt Leyi te ansenye yon prensip pou sivi spirityèl. Premyèman, konsidere sikonstans li: Yo te pèsekite’l Jerizalèm paske li t’ap preche laverite epi Senyè a te kòmande’l pou l t kite tout byen li epi pati avèk fanmi li al nan dezè a. Li te viv nan yon tant epi l t’ap viv de sa l te kapab jwenn sou wout li pou yon destinasyon enkoni an, epi li te gade de nan pitit gason l’ yo, Laman ak Lemyèl, ki t ap rebele kont ansèyman Senyè a yo e ki t ap atake frè yo Nefi ak Sam.

Klèman, Leyi te konnen lopozisyon, enkyetid, chagren, soufrans, desepsyon, ak tristès. Malgresa, bravman e san rezèv, li te deklare yon prensip Senyè a te revele: “Lèzòm fèt pou yo kapab gen lajwa.”6 Imajine sa! Nan pami tout mo li te ka itilize pou dekri nati ak objektif lavi nou nan mòtalite a, li te chwazi mo lajwa a!

Lavi a chaje ak detou ak enpas, ak tout kalite eprèv ak difikilte. Nou chak konn gen moman kote detrès, angwas, ak dezespwa konn prèske devore nou. Malgre sa, èske nou la a pou nou ka gen lajwa?

Wi! Repons lan se yon wi fèm! Men kouman sa fè posib? E kisa nou dwe fè pou nou reklame lajwa Papa Nou Ki Nan Syèl la gen an rezèv pou nou an?

Eliza R. Snow, dezyèm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, te ofri yon repons trè enteresan. Akoz de lòd ekstèminasyon inyòb Misouri a, ki te pibliye nan kòmansman ivè rèd 1838 la,7 limenm ak anpil lòt Sen te oblije kite eta a nan mitan ivè sa a. Yon jou swa, fanmi Eliza te pase nuit lan nan yo ti kabin an bwa Sen refijye yo te konn itilize. Moun ki te la anvan yo te itilize anpil nan bwa mi yo pou yo boule pou fè dife, konsa, te gen twou nan mitan bwa yo ki te gwo ase pou on chat te pase. Li te fè frèt anpil, epi manje yo te di tankou glas.

Nan nuit sa a, apeprè 80 moun te bloti ansanm anndan ti kabin sa a, ki te sèlman 6.1 mèt kare. Pifò ladan yo te chita oubyen kanpe tout nuit lan pandan yo t ap eseye rete cho. Deyò a, yon gwoup mesye te pase nuit la rasanble bò kote on dife, gen kèk ki t’ap chante kantik lòt t’ap boukannen pòmdetè glase. Eliza te ekri: “Pa t gen okenn moun ki t’ap plenyen—nou tout te gen kè kontan, e si yon moun t’ap jije nou sou aparans, yo t’ap pran nou pou yon gwoup vakansye ki t ap pran plezi nou olye de yon bann egzile gouvènman an.”

Rapò Eliza sou nuit fatig ak fredi sa a te trè optimis. Li te deklare: “Se te yon nuit jwaye. Pa gen lòt moun pase sen yo ki ka kontan nan tout sikonstans.”8

Se sa! Sen yo kapab kontan nan tout sikonstans. Nou ka santi lajwa menm lè nou gen yon move jounen, yon move semèn, e menm yon move ane!

Chè frè m ak sè’m yo, lajwa nou santi a pa gen anyen pou l wè avèk sikonstans lavi nou men li depann de kisa nou fè vin fokis lavi nou.

Lè fokis lavi nou santre sou plan sali Bondye a Prezidan Thomas S. Monson fèk sot anseye nou an, ak sou Jezikri ak Levanjil li a, nou kapab santi lajwa kèlkeswa sa k’ap pase—oubyen ki pa’p pase—nan lavi nou. Lajwa nou soti nan Limenm e gras avèk Li. Li se sous tout lajwa. Nou santi’l lè epòk nwèl lè nou chante, “Oh Quel Bonheur, Jesus Viendra.”9 E nou kapab santi’l pandan tout ane a. Pou Sen Dènye Jou yo, Jezikri se lajwa!

Se poutèt sa misyonè nou yo kite lakay yo pou yo preche levanjil Li a. Objektif yo se pa pou ogmante kantite manm Legliz. Men, misyonè nou yo ansenye epi batize10 pou yo pote lajwa bay moun nan mond lan!11

Menm jan Sovè a ofri lapè ki “depase tout konpreyansyon” an12 Li ofri yon entansite, pwofondè ak lajè lajwa ki defye lojik imen oubyen konpreyansyon mòtèl tou. Pa egzanp, Sa pa sanble l posib pou w santi lajwa lè pitit ou soufri anba yon maladi ki pa gen gerizon, oubyen lè ou pèdi travay ou, e menm lè konjwen ou trayi ou. Men sa se egzakteman lajwa Senyè a ofri a. Lajwa li konstan, li asire nou ke “afliksyon nou yo pral sèlman pou yon ti moman”13 e y ap travay pou byen nou.14

Ebyen, kòman nou ka reklame lajwa sa a? Nou ka kòmanse pa “kenbe je nou kole sou Jezi, chèf ak konsomatè lafwa nou”15 “nan chak panse.”16 Sa vle di nou mande èd Li pou kèlkeswa sa nou bezwen, nenpòt lè nou bezwen. Epi nou toujou di remèsye Li nan priyè nou e nan respekte alyans nou fè avèk Li e avèk Papa Nou Ki Nan Syèl la. Amezi Sovè nou ap vin plis anplis reyèl pou nou e amezi n ap sipliye L’ pou L bannou lajwa li, lajwa nou ap ogmante.

Lajwa puisan, e lè nou konsantre sou lajwa, sa pote pouvwa Bondye nan lavi nou. Menm jan ak tout bagay, Jezi se egzanp siprèm nou, “Li kite yo fè l’ soufri sou kwa a paske li te toujou sonje apre l’ te fin soufri a, Bondye t’ap fè kè l’ kontan”17 Reflechi sou sa! Sovè nou an te konsantre sou lajwa pou li te kapab sipòte eksperyans ki te pi douloure li te janm travèse sou tè a!

E kisa ki te lajwa ki te devan’L lan? Asireman te gen ladan’l lajwa pou pwòpte nou, geri nou ak fòtifye nou; lajwa pou peye pou peche tout moun ki ap repanti; lajwa pou ran posib pou ou menm ak mwen retounen lakay—pwòp epi diy—pou viv avèk paran selès nou yo ak fanmi nou.

Si nou konsantre sou lajwa k’ap vin jwenn noumenm, oubyen moun pwòch nou yo, kisa nou ka andire ki kounyea ka parèt twòp, douloure, angwasan, enjis, oubyen senpleman enposib pou nou?

Yon papa ki te nan on sitiyasyon delika te konsantre sou lajwa l’te santi lè finalman li te pwòp epi dwat devan Senyè a—lajwa liberasyon anba kilpabilite ak lawont—ak lajwa pou gen lapè nan lespri li. Sa te ba l kouraj ak detèminasyon pou l te andire yon bagay ki te parèt enposib: ki sete totalman konfese bay madanm li ak evèk li osijè pwoblèm li te genyen ak pònografi ak enfidelite ki te suiv apre sa. Kounyea l ap fè suivi ak tout sa evèk li konseye’l pou’l fè epi l ap eseye ak tout kè’l pou l rejwenn konfyans madanm li ankò.

Yon jènfi te oblije konsantre l sou lajwa ki genyen nan rete seksyèlman pi a, pou te ede l sipòte mokri zanmi l yo, lè l te mache soti nan yon sitiyasyon ki te popilè e pwovakan, men ki te danjere espirityèlman.

Yon mesye ki te souvan ap rabese madanm ni e ki te konn tonbe nan gwo eksplozyon kòlè sou pitit li, te konsantre sou lajwa ki te genyen nan rete diy pou l gen Sentespri a kòm konpanyon konstan li. Fokis sa a te motive’l pou l te chase lòm natirèl la,18 li te twò souvan sikonbe anba l la, epi l te fè chanjman nesesè yo.

Dènyèman, youn nan kòlèg mwen yo te rakonte m eprèv douloure li te travèse nan ven dènye ane yo. Li te di: “Mwen vin aprann soufri ak lajwa. Soufrans mwen an te absòbe nan lajwa Kris la.”19

Kisa ou menm avèk mwen ap kapab andire, si nou fokis sou lajwa ki “devan” nou an?20 Ki repantans ki ap vin posib lè sa a? Ki feblès ki ap vin tounen fòs?21 Ki chatiman ki ap vin tounen benediksyon?22 Ki desepsyon, e menm trajedi, k’ap vin pou byen nou?23 E ki sèvis difisil nou ap kapap bay Senyè a?24

Lè n ap konsantre ak dilijans sou Sovè a epi nou suiv modèl Li pou konsantre sou lajwa a, nou bezwen evite bagay ki ka entèwonp lajwa nou yo. Nou souje Korihò, antikris la? Ki t’ap simaye manti konsènan Sovè a, Korihò te ale soti nan yon kote ale nan yon lòt jiskaske yo te mennen’l devan yon gran prèt ki te mande’l: “Poukisa w ap mache bare chemen Senyè a? Poukisa w ap preche pèp la pa p gen yon Kris pou w kapab entèwonp kontantman yo?”25

Nenpòt sa ki opoze a Kris la oubyen a doktrin ni an ap entèwonp lajwa nou. Sa enkli bagay tankou filozofi lèzòm, ki tèlman an abondans sou entènèt oubyen sou blog yo, ki ap fè egzakteman sa Korihò te fè a.26

Si nou gade sou mond lan epi nou suiv fòmil li pou bonè a,27 nou pa’p janm gen lajwa. Moun ki pa jis yo gen dwa fè eksperyans yon kantite emosyon ak sansasyon, men yo pa’p janm santi lajwa!28 Lajwa se yon don pou moun ki fidèl.29 Se don ki vini nan entansyonèlman eseye pou nou viv yon lavi ki dwat, jan Jezikri te ansenye’l la.30

Li te ansenye nou kòman pou nou gen lajwa. Lè nou chwazi Papa Nou Ki Nan Syèl La pou Bondye nou31 e lè nou ka santi Ekspyasyon Sovè a ap travay nan lavi nou, n ap ranpli ak lajwa.32 Chak fwa nou pran swen konjwen nou epi nou gide pitit nou, chak fwa nou padone yon moun oubyen nou mande yo padon, nou ka santi lajwa.

Chak jou ou menm avèk mwen chwazi pou viv lwa selès yo, chak jou nou kenbe alyans nou epi nou ede lòt moun fè sa tou, nou ap gen lajwa.

Koute Pawòl sa yo Salmis la te di: “Mwen mete Senyè a devan m’. Anyen pa ka brannen m’ paske li toujou bò kote m’ … Nan prezans [Li] se yon plèzi ki p’ap janm fini.”33 Lè prensip sa a entegre nan kè nou, chak jou e chak jounen kapab yon jou lajwa ak kè kontan.34 Mwen temwanye konsènan sa nan non sakre Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade 2 Timote 3:1–5.

  2. Gade Doktrin ak Alyans 45:26; 88:91.

  3. 2 Timote 3:2–4.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 10:5.

  5. Efezyen 6:12.

  6. 2 Nefi 2:25.

  7. Gouvènè Lilburn W. Boggs nan Misouri te lanse lòd ekstèminasyon mòmon yo nan 27 Oktòb 1838 (gade Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith [2007], 349).

  8. Gade Eliza R. Snow, nan Edward W. Tullidge, The Women of Mormondom (1877), 145–46.

  9. “Oh, quell Bonheur! Jésus viendra!,” Cantiques, no. 123.

  10. Misyonè yo aji jan Senyè a kòmande yo a: yo preche, anseye, epi batize nan non Li (gade Matye 28:19; Mak 16:15; Mòmon 9:22; Doktrin ak Alyans 68:8; 84:62; 112:28). Nan Priyè Entèsesyon L lan, Jezi te pwoklame wòl Li nan lajwa disip Li yo. Li te di: “M ap di bagay sa yo nan mond lan, pou yo ka gen lajwa mwen akonpli nan yo” (Jan 17:13; italic ajoute).

  11. Gade Alma 13:22.

  12. Filipyen 4:7.

  13. Doktrin ak Alyans 121:7.

  14. Gade 2 Nefi 2:2.

  15. Ebre 12:2.

  16. Doktrin ak Alyans 6:36.

  17. Ebre 12:2.

  18. Gade Mozya 3:19. Nòt: “lòm natirèl” se pa sèlman enmi Bondye; li se enmi madan madanm ni ak pitit li tou.

  19. Gade Alma 31:38.

  20. Ebre 12:2.

  21. Gade Etè 12:27.

  22. Gade Ebre 12:6.

  23. Gade Doktrin ak Alyans 122:7.

  24. Gade Matye 19:26; Mak 10:27.

  25. Alma 30:22. Liv Mòmon an ranpli ak egzanp gason ak fi ki fè eksperyans lajwa epi ki rejwi paskeyo chwazi suiv Jezikri. Tout lòt chwa, tankou nan ka Koriyò a, mennen nan destriksyon final.

  26. Kalomni, vledi yon reprezantasyon fo, define kòm yon deklarasyon fo ak malveyan pou nui repitasyon yon moun oswa yon bagay. Kalomni te prezan nan epòk Koriyò a, epi li prezan jodia. Pwofèt Joseph Smith te di Legliz la envensib menm anfas kalomni. Li te di: “Etanda laverite a kanpe; okenn men enpi pa kapab anpeche travay sa a pwogrese; pèsekisyon mèt fè raj, bandi mèt konplote, lame mèt rasanble, kalomni mèt repann, verite Bondye a ap avanse devan bravman, nobleman, an tout endepandans, jiskaske li penetre nan chak kontinan, vizite chak klima, simaye nan chak peyi, e sonnen nan chak zòrèy, jiskaske desen Bondye yo akonpli, epi Gran Jewova a di travay la akonpli” (Teachings: Joseph Smith, 444).

  27. Mond lan anseye ke acha byen materyèl pote lajwa. Epi si sa pa mache, achte plis! Li anseye tou ke nou ka jwenn lajwa nan peche. Epi si sa pa mache, peche plis! Pwomès la sèke nan fen chak akansyansyèl mansonj sa yo gen yon pakèt lajwa. Se manti!

  28. Pa nan mond sa a ni nan mond k ap vini an.

  29. Sen ki jis “ki te pote kwa mond lan, … ap eritye wayòm Bondye a, … epi lajwa yo ap total pou tout tan” (2 Nefi 9:18).

  30. Paregzanp, gade 2 Nefi 27:30; Alma 27:16–18.

  31. Gade 1 Nefi 17:40.

  32. Gade Mozya 4:2–3.

  33. Som 16:8, 11.

  34. Gade Ezayi 35:10; 2 Nefi 8:3.