2010–2019
Aprann nan men Alma ak Amilèk
Oktòb 2016


Aprann nan men Alma ak Amilèk

Espwa mwen se pou moun ki ekate yo de chemen disip la ka wè avèk yo epi aprann nan men Alma ak Amilèk.

Jèn Alma

Pami pèsonaj ki pi inoubliyab nan ekriti yo, nou gen Alma, pitit la. Malgre l sete pitit yon gwo pwofèt, li te pèdi wout li pou yon tan epi li te vin tounen yon “nonm mechan ak idolat.” Pou kèk rezon nou ka sèlman imajine, li te aktivman opoze ak papa li epi li t ap chèche detwi Legliz la. Epi, paske l te konn pale byen epi l te pale anpil flatri bay pèp la, li te gen anpil siksè.1

Men lavi Alma te chanje lè yon zanj Senyè a te parèt devan li epi l te pale avèk yon vwa loray. Pandan twa jou ak twa nuit, Alma te “kòde anba touman etènèl, … menm toumante anba soufrans lanfè.” Epi lè sa a, yon souvni te reveye nan tenèb lespri l la—yon verite etènèl papa l te anseye: Jezikri t ap vini pou l te “ekspye peche mond lan.” Alma te rejte ide sa yo depi lontan, menm kounyeya, “panse l te sou bagay sa a,” epi li te enbleman e sensèman plase konfyans li nan pouvwa ekspyatwa Kris la.2

Lè Alma te soti anba eksperyans sa a, li te vin yon moun chanje. Apati moman sa a, li te dedye lavi l pou defèt dega li te lakoz yo.

Gras ak fidelite li, yo te vin chwazi Alma alafen pou vin ranplase papa l kòm dirijan Legliz Bondye a.

Tout sitwayen nan nasyon Nefit la dwe siman te konn istwa Alma a. Twitter, Instagram, ak Facebook nan epòk li a te siman ranpli imaj ak istwa sou li. Siman l te konn parèt regilyèman sou kouvèti revi Zarayemla chak semèn nan, e siman yo te konn pale de li nan jounal,—nan emisyon televizyon spesyal, ak nan anpil editoryal. Anbrèf, li sete petèt selebrite ki te pi renome nan epòk li a.

Men lè Alma te wè pèp li a t ap bliye Bondye epi yo t ap anfle tèt yo nan ògèy ak kontansyon, li te chwazi pou l te demisyone nan fonksyon piblik la pou l te lage tèt li “totalman nan gran prètriz lòd Bondye a,”3 ap preche repantans pami Nefit yo.

Toudabò, Alma te jwenn anpil sikè—jiskaske l te vwayaje al nan vil Amoniya. Pèp lavil sa a te konnen byen Alma pa t lidè politik yo ankò, epi yo pa t gen okenn respè pou otorite prètriz li a. Yo te meprize l, yo te krache sou li, yo te chase l mete l deyò nan vil yo a.

Ak kè brize, Alma te vire do l kite vil Amoniya a,4

Men yon zanj te di l pou l te retounen.

Jis imajine: yo te di l pou l retounen al kot yon pèp ki te rayi li e ki pa t vle wè Legliz la. Sete yon tach danjere, ki te petèt menase lavi. Men Alma pa t ezite. Li te “retounen ak tout vitès.”5

Alma t ap jene pandan plizyè jou lè l te antre nan vil la epi li te mande yon etranje si l te ka “bay yon sèvitè Bondye ki enb yon bagay pou l manje.”6

Amilèk

Non mesye sa a sete Amilèk.

Amilèk sete yon sitwayen Amoniya ki te rich ak renome. Malgre l te soti nan yon fanmi kwayan, lafwa l te refwadi. Nan apre li te konfese: “Li te rele m anpil fwa epi m pa t vle tande; se poutèt sa, m te konnen bagay say o, men, m pa t vle aksepte; m te fè rebel kont Bondye.”7

Men Bondye t ap prepare Amilèk, epi lè Amilèk te rankontre Alma, li te resevwa sèvitè Senyè sa a lakay li, kote Alma te rete pandan anpil jou.8 Pandan tan sa a, Amilèk te louvri kè li pou mesaj Alma a epi yon bèl chanjman te opere nan li. Li te non sèlman kwè; men li te vin yon defansè laverite tou.

Lè Alma te retounen al pami pèp Amoniya a, li te gen Amilèk, yon moun pa yo, kòm dezyèm temwen bò kote li.

Evenman ki suiv yo se youn nan resi ki pi anmè ak pi dous nan tout ekriti yo. Nou ka li l nan Alma chapit 8–16.

Jodia, m ta renmen mande pou n reflechi sou de kesyon:

“Kisa m ka aprann nan men Alma?”

“Nan ki sans m tankou Amilèk?”

Kisa m ka aprann nan men Alma?

Pou tout dirijan pase, aktyèl ak fiti yo nan Legliz Jezikri a, m ap di: “Kisa nou ka aprann nan men Alma?”

Alma sete yon gason ki te eksepsyonèlman kapab e plen talan. Sa te petèt fasil pou l te panse li pa t bezwen èd okenn moun. Men kisa Alma te fè lè l te retounen Amoniya?

Li t al jwenn Amilèk pou l te mande l èd.

Epi Alma te jwenn èd la.

Pou yon rezon kèlkonk, pafwa, noumenm antanke dirijan, nou ezite al chèche Amilèk nou yo pou mande yo èd. Petèt nou panse nou ka fè travay la pi byen poukont nou, oubyen nou pa vle deranje lòt moun, oubyen nou asime ke lòt moun yo pa t ap vle patisipe. Twò souvan nou ezite envite moun pou yo vin itilize talan Bondye ba yo ak pou yo angaje nan gwo travay sali a.

Panse a Sovè a—èske L te kòmanse etabli Legliz Li a poukont li?

Non.

Mesaj li se pa t: “Rale kò w. M ka jere sa.” Men, sete “Vini, suiv mwen.”9 Li te enspire, envite, enstwi disip li yo epi apresa li te fè yo konfyans pou yo t “al fè sa nou wè m fè yo.”10 Nan fason sa a, Jezikri te bati non sèlman Legliz Li a men sèvitè L yo tou.

Nan kèlkeswa pozisyon w ap sèvi aktyèlman—keseswa ou se yon prezidan kowòm dyak, yon prezidan pieu, oswa yon Prezidan Rejyonal—pou w reyisi, ou dwe jwenn Amilèk ou yo.

Se petèt yon moun ki trè diskrè oubyen menm envizib pami manm ou yo. Se petèt yon yon moun ki sanble l pa anvi sèvi oswa l pa kapab sèvi. Amilèk ou yo gen dwa jèn oubyen moun aje, gason oswa fi, ki pa gen eksperyans, ki fatige, oubyen ki pa aktif nan Legliz la. Men sa w gen dwa pa reyalize sèke yo anvi tande w di yo pawòl sa yo “Senyè a renmen ou. Mwen bezwen ou.”

Ofon, anpil nan yo anvi sèvi Bondye yo a. Yo anvi vin yon enstriman nan men Li. Yo anvi pran koutodigo yo pou yo rekòlte avèk fòs pou prepare tè a pou retou Sovè a. Yo anvi bati Legliz Li a. Men yo ezitan pou kòmanse. Souvan y ap tann pou yo mande yo.

Mwen envite nou pou n panse ak moun nan branch nou ak pawas nou yo, nan misyon nou ak pieu nou yo, ki bezwen tande yon apèl alaksyon yo. Senyè a deja ap travay avèk yo—pou prepare yo, adousi kè yo.

Lonje lamen ba yo. Anseye yo. Enspire yo. Mande yo

Pataje avèk yo pawòl zanj la te di Amilèk yo—ke benediksyon Senyè a ap desann sou yo ak lakay yo.11 Ou ka petèt etone pou dekouvri yon sèvitè vanyan Senyè a ki otreman te ka rete kache.

Nan ki fason m tankou Amilèk?

Pandan kèk nan nou ta dwe chèche yon Amilèk la, pou kèk lòt moun, kesyon ki pi apwopriye a ta dwe “Nan ki fason m tankou Amilèk?

Petèt atravè ane yo, ou vin mwens yon disp ki mwens angaje. Petèt chalè temwayaj ou bese. Petèt ou retire kò w nan Legliz la. Petèt ou gen dwa vin desi oubyen menm an kòlè. Tankou kèk moun nan ansyen Legliz Efèz yo, ou gen dwa abandone “premye amou” w lan12—verite siblim ak etènèl levanjil Jezikri yo.

Petèt, tankou Amilèk, ou konnen nan kè w ke Senyè a “te rele w anpil fwa” men ou “pa t vle koute.”

Men, Senyè a wè nan ou sa L te wè nan Amilèk la—potansyèl yon sèvitè vanyan ki gen yon travay enpòtan pou l fè. Gen moun ki bezwen tande temwayaj ou. Gen sèvis okenn lòt moun pa ka bay nan menm fason avèk ou. Senyè a konfye w prètriz sakre L la, ki gen potansyèl diven pou beni ak edifye lòt moun.

Pakou yon manm

Mwen te touche pa pakou yon frè ki te mande tèt li: “Lè Senyè a rele m, èske m ap vle tande?” M ap rele frè sa a David.

David te konvèti nan Legliz la sa gen prèske 30 tan. Li te sèvi yon misyon epi apresa li te fè etid avoka. Pandan l t ap etidye ak travay pou okipe fanmi li, li te tonbe sou kèk domitantasyon sou Legliz la ki te twouble li. Plis li t ap li kalite bagay negatif sa yo, se plis li te vin twouble. Finalman, li te mande pou yo retire non l nan rejis Legliz yo.

Apati moman sa a, tankou Alma nan epòk rebelyon l lan, David te pase pil kantite tan ap fè deba avèk kèk manm Legliz la, angaje nan konvèsasyon sou entènèt, ap atake yo nan kwayans yo.

Li te bon anpil nan sa.

M ap rele youn nan manm li te konn ap konfwonte yo Jakòb. Jakòb te toujou janti avèk David e respekte li, men li te fèm nan defann Legliz la tou.

Atravè ane yo, David ak Jakòb te vin devlope yon respè ak amitye youn pou lòt. Sa David pa t konnen sèke Jakòb t ap priye pou li epi li te fè sa fidèlman pandan plis pase dizan. Li te toujou mete non zanmi l lan nan lis priyè nan tanp Senyè a yo epi li te espere kè David t ap vin adousi.

Avèk letan, lantman, David te chanje. Avèk dousè, li te kòmanse sonje eksperyans espirityèl li te fè yon fwa yo, epi li te sonje lajwa l te konn santi lè l te manm Legliz la.

Tankou Alma, David pa t totalman bliye verite levanjil li te anbrase yon fwa yo. Epi tankou Amilèk, David te santi Senyè a t ap lonje lamen ba li. Men li sete asosye nan yon biwo avoka a kounyeya—yon travay prestijye ki te peye byen. Li te devlope yon repitasyon kòm kritik Legliz la, epi li te gen twòp ògèy pou l te mande pou yo te reyadmèt li.

Men, li te kontinye santi apèl Bon Bèje a.

Li te totalman kwè nan ekriti sa a: “Si nenpòt nan pami nou manke sajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.”13 Li te priye: “Bondye m nan, m vle vin yon Sen Dènye Jou ankò, men m gen kesyon ki bezwen repons.”

Li te kòmanse koute chichotman Lespri yo ak repons enspire kèk zanmi, jan l pa t janm te fè anvan. Youn apre lòt, dout li yo te vin tounen lafwa, jiskaske finalman li te reyalize ke, yon fwa ankò, li te ka santi yon temwayaj konènan Jezikri ak Legliz retabli Li a.

Rive nan pwen sa a, li te konnen l t ap kapab simonte ògèy li pou l te fè tout sa sa te mande pou yo te aksepte l retounen nan Legliz la.

Finalman, David te antre nan dlo batèm epi l te kòmanse konte jou yo jiskaske l te vin resevwa tout benediksyon l yo ankò.

M kontan pou m rapòte ke ete k sot pase a, benediksyon David yo te retounen vin jwenn ni. Li retounen aktif nan Legliz la epi l ap sèvi kòm enstriktè Doktrin Levanjil nan pawas li. Li pwofite chak opòtinite pou pale ak lòt moun sou transfòmasyon li, pou geri domaj li te lakoz yo, ak pou rann temwayaj konsènan levanjil Jezikri a.

Konklizyon

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, annou cheche epi jwenn Amilèk yo nan pawas nou ak pieu nou yo, pou n enspire yo epi fè yo konfyans. Gen anpil Amilèk nan Legliz la jodia.

Petèt ou konn youn. Petèt ou se youn.

Petèt Senyè ap chichote ba ou, pou mande w pou w retounen nan premye amou w la, pou pote talan ou, egzèse prètriz la diyman, epi sèvi kòtakòt avèk manm inite w yo pou rapwoche w pi pre Jezikri ak bati wayòm Bondye a isit sou tè a.

Sovè byeneme nou an konn kiyès ou ye. Li konn kè ou, Li vle pote w sekou. L ap lonje lamen ba ou. Jis louvri kè w ba li. Mwen espere ke moun ki ekate yo de chemen disip la—menmsi se anpil oswa ti kras—va medite sou bonte ak lagras Bondye, wè avèk kè yo, aprann nan men Alma ak Amilèk, epi koute pawòl Sovè a sa yo ki chanje lavi a: “Vini, suiv mwen.”

M priye ou pou w tande apèl Li, paske asireman w ap resevwa rekòt syèl la. Benediksyon Senyè a ap desann sou oumenm ak sou lakay ou.14

Konsènan sa mwen temwaye e m ap kite benediksyon m pou nou antanke yon Apot Senyè a, nan nou Jezikri, amèn.