2010–2019
O, Plan Bondye nou an gran anpil!
Oktòb 2016


O, Plan Bondye nou an gran anpil!

Nou antoure pa yon richès limyè ak verite si etonan ke m ap mande m si nou vrèman apresye sa nou genyen an.

Ala yon benediksyon sa ye pou nou reyini ankò nan konferans mondyal sa a sou direksyon ak lidèchip chè pwofèt nou ak Prezidan nou an, Thomas S. Monson. Prezidan, nou renmen ou epi nou soutni ou ak tout kè nou!

Pandan lavi pwofesyonèl mwen, m te konn konte anpil sou presizyon ak fyabilite sistèm enfòmatik, men, se raman m te konn itilize pwòp konpitè pa m. Nan travay mwen nan biwo a, mwen te toujou gen asistan ak secrete ki te konn jantiman ede m nan travay kotidyen m yo.

Tout sa te chanje an 1994, lè m te aple kòm Otorite Jeneral. Apèl mwen an te pote anpil bèl opòtinite pou m sèvvi, men sa te enkli anpil travay administrative tou—plis pase m te janm imajine.

Ak gwo etonman, zouti prensipal m te genyen pou m te òganize travay mwen nan Legliz la sete yon konpitè pèsonèl.

Pou lapremyè fwa nan lavi m, m te oblije plonje nan mond etranj, mistik ak enkonpreyensib sa a.

Depi nan derape a, konpitè a avèk mwen pa t twò bon zanmi.

Teknisyen konpetan te eseye anseye m kijan pou m itilize konpitè a. Yo te literalman kanpe dèyè m, pase men atravè zèpòl mwem, ap bouje dwèt yo rapidman epi tape yon senfoni mouvman sou klavye a.

Yo te konn di fyèman: “Ou wè? Se konsa pou w fè l.”

Mwen pa t wè. Sete yon tranzisyon mouvmante.

Koub aprantisaj mwen te plis tankou yon mi an brik.

Sa te pran anpil tan, repetisyon, ak pasyans; pil kantite esperans ak lafwa; anpil ankourajman nan men madanm mwen; ak plizyè lit soda ke m pap nonmen non yo.

Kounyeya, 22 zan apre, mwen antoure pa teknoloji enfòmatik. M gen yon adrès email, yon kont Twitter, ak yon paj Facebook. M gen yon telefòn selilè, yon tablèt, yon laptòp, ak yon kamera dijital. Epi, malgre konpetans teknik mwen poko ka konpare avèk sa yon timoun setan tipik, pou yon granmoun ki nan swasanndizèn ni, m ap degaje m.

Men, m remake yon bagay enteresan. Plis m ap vin fò nan teknoloji a, se plis mwen pa pran l pou anyen.

Pou majorite istwa limanite, kominikasyon te rive nan vitès yon cheval. Voye yon mesaj ak resevwa yon repons te ka pran plizyè jou oubyen menm dè mwa. Jodia, mesaj nou yo vwayaje sou dè milye kilomèt nan syèl la oubyen plizyè milye mèt anba lanmè pou y al jwenn yon moun sou lòtbò mond lan, epi, si gen yon reta menm kèlke segond, nou fristre, nou vin enpasyan.

Se kòmsi se nati lèzòm: amezi n ap vin plis familyarize avèk yon bagay, menm yon bagay ki mirakile ak grandyoz, nou pèdi sans emèveyman nou epi nou trete l kòm yon bagay kèlkonk.

Èske nou pran verite espirityèl yo pou anyen?

Lè nou pran teknoloji ak konfò modèn nou yo pou anyen, sa ka relativman yon ti bagay tou piti. Men, malerezman, nou pafwa gen menm atitid sa a vizavi doktrin etènèl levanjil Jezikri a, ki grandi nanm nan. Nan Legliz Jezikri a, nou resevwa anpil. Nou antoure pa yon richès limyè ak verite si grandyoz ke m ap mande m si nou vrèman apresye sa nou genyen an.

Panse a premye disip sa yo ki te mache epi ki te pale avèk Sovè a pandan ministè terès Li a. Imajine remèsiman ak reverans ki te siman anvayi kè yo e te ranpli panse yo lè yo te wè L leve nan sòt nan tonb la, lè yo te touche mak klou yo nan men L ak nan bò kòt Li. Lavi yo pa t ap janm menmjan an ankò!

Panse a ansyen Sen yo nan dispansasyon sa a, ki te konnen Pwofèt Joseph Smith epi ki te tande l preche levanjil retabli a. Imajine kouman yo te kapab santi yo lè yo te konnen vwal ant syèl la ak tè a te ouvri ankò, pou vide limyè ak konesans sòti nan fwaye selès nou anlè a pou tonbe sou mond la.

Plis pase tout bagay, sonje kijan w te santi w lè pou lapremyè fwa ou te kwè epi konprann ke w se vrèman yon pitit Bondye; ke Jezikri te soufri volontèman pou peche ou pou w kapab vin pwòp ankò; ke pouvwa prètriz la reyèl epi l ka lye ou avèk fanmi w pou letan ak pou tout letènite; ke gen yon pwofèt vivan sou tè a jodia. Èske sa pa mèveye ak etonan?

Lè nou panse ak tout bagay sa yo, kòman l ta ka janm posib pou nou menm, pami tout lòt moun, pa ta anchante pou n patisipe nan sèvis adorasyon nou yo nan Legliz la? Oubyen pou nou ta fatige li ekriti sen yo? M sipoze sa ta ka posib sèlman si kè nou ta manke sansiblite pou n ta montre gratitid ak emèveyman pou don sakre ak siblim Bondye ba nou yo. Verite ki chanje lavi yo devan je nou e alapòte nou, men pafwa n ap mache andòmi sou chemen disip la. Twò souvan, nou kite enpèfeksyon lòt manm distrè nou olye nou suiv egzanp Mèt la. Nap mache sou yon chemen chaje avèk dyaman, men nou pa menm ka distenge yo avèk wòch òdinè.

Yon Mesaj Familye

Lè m te jèn gason, zanmi m yo te konn poze m kesyon sou relijyon m nan. Souvan, m te konn kòmanse eksplike diferans yo, tankou Pawòl Sajès la. Kèk lòt fwa, m te konn mete aksan sou sa k komen avèk lòt relijyon kretyèn yo. Okenn nan bagay sa yo pa t twò enpresyone yo. Men, lè m te konn pale de gran plan bonè Papa nou ki nan Syèl la gen pou pitit Li yo, yo te konn pote atansyon.

M sonje m t ap eseye trase plan sali a sou yon tablo nan yon klas nan chapèl nou an nan Francfort, an Almay. M te trase sèk ki te reprezante lavi premòtèl la, mòtalite a, ak retou pou al jwenn paran selès nou yo apre lavi sa a.

Kòm adolesan, m te konn renmen pataje bèl mesaj sa a. Lè m te konn ap eksplike prensip sa yo nan pwòp pawòl pa m, kè m te konn ranpli ak rekonesans pou yon Bondye ki renmen pitit Li, ak yon Sovè ki rachte nou tout anba lanmò ak lanfè. M te gen anpil fyète pou mesaj lanmou, lajwa, ak espwa sa a.

Kèk nan zanmi m yo te konn di mesaj sa a sanble l familye pou yo, malgre okenn moun pa t janm konn anseye bagay sa a nan legliz pa yo lè yo t ap grandi. Sete kòmsi yo te toujou konnen bagay sa yo se verite, kòmsi m t ap sèlman flache limyè sou yon bagay ki te toujou pwofondeman anrasine nan kè yo.

Nou Gen Repons yo!

Mwen kwè chak kretyen vivan pote nan kè l yon fòm kesyon fondamantal sa yo konsènan lavi a. Ki kote m sòti? Poukisa m la a? Kisa ki pral pase apre m mouri?

Moun nan mòtalite a ap poze tèt yo kesyon sa yo depi nan lantikite. Filozòf, pwofesè, ak ekspè pase lavi yo ak fòtin yo ap chèche repons pou yo.

Mwen rekonesan dèske levanjil retabli Jezikri a gen repons pou kesyon ki pi konplèks yo nan lavi a. Yo anseye repons sa yo nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yo vrèman vrè, senp, dirèk e fasil pou konprann. Yo enspire, epi nou anseye yo menm pou timoun twazan nou yo nan klas Reyon Solèy la.

Frè m ak sè m yo, nou se èt etènèl, san kòmansman ni fen. Nou te toujou egziste.1 Nou se literalman pitit espri paran selès ki diven, imòtèl,ak omnipotan!

Nou sòti nan demè selès Senyè Bondye nou an. Nou sòti nan kay wayal Eloyim, Bondye ki pi Wo a. Nou te mache avèk Li nan lavi premòtel nou. Nou te tande L pale, nou te temwen majeste Li, nou te aprann fason Li.

Oumenm avèk mwen te patisipe nan yon Gran Konsèy kote Papa Byenneme nou an te prezante nou plan Li a pou nou an—pou nou te vin sou latè, resevwa kò mòtèl, aprann chwazi ant byen ak mal, epi pwogrese nan fason ki pa t ap ka posib otreman.

Lè nou te travèse vwal la epi nou te antre nan lavi mòtèl sa a, nou te konnen ke nou pa t ap ka sonje lavi anvan an ankò. T ap gen lopozisyon ak advèsite ak tantasyon. Men nou te konnen tou ke akeri yon kò fizik te gen yon enpòtans capital pou nou. O, ala nou te gen espwa ke nou t ap vit aprann fè chwa kòrèk, reziste anba tantasyon Satan yo, epi alafen retounen al jwenn Paran byenneme nou yo nan Syèl la.

Nou te konnen nou t ap fè peche ak komèt erè—petèt menm peche grav. Men tou, nou te konnen Sovè nou an, Jezikri, te pran angajman pou L vin sou tè a, pou L viv yon lavi san peche, epi pou l te volontèman bay lavi Li nan yon sakrifis etènèl. Nou te konnen, si nou panche kè nou ba li, nou fè l konfyans, epi nou eseye avèk tout enèji nanm nou pou n mache nan chemen disip la, nou t ap vin lave pwòp epi nou t ap kapab antre nan prezans Papa byenneme nou an ki nan Syèl la ankò. Konsa, ak lafwa nan Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, ou menm avèk mwen te volontèman aksepte plan Papa byeneme nou an ki nan Syèl la.

Konsa, ak lafwa nan sakrifis Jezikri a, oumenm avèk mwen te aksepte plan Pè Selès la, pa pwòp volonte nou.

Se poutèt sa nou isit la sou bèl planèt tè sa a—paske Bondye te ofri nou opòtinite a, epi nou te chwazi pou n aksepte li. Sepandan, lavi mòtèl nou sèlman tanporè e l ap fini avèk lanmò kò fizik nou. Men vrè sa ou menm avèk mwen ye a pap detwi. Espri nou ap kontinye viv ak tann Rezirèksyon an—yon kado gratis Pè Selès eman nou an ak Pitit Gason l lan, Jezikri, ofri nou.2 Nan Rezirèksyon an, espri nou ak kò nou pral reyini, libere anba doulè ak enpèfeksyon fizik.

Apre Rezirèksyon an, pral gen yon Jou Jijman. Pandan ke tout moun gen pou yo sove alafen pou yo eritye yon wayòm laglwa, moun ki kwè nan Bondye epi ki chèche suiv lwa L yo ak òdonans Li yo pral eritye lavi nan letènite yo, ki depase imajinasyon nan laglwa ak majeste.

Jou Jijman sa a pral yon jou mizèrikòd ak lanmou—yon jou kote kè brize pral geri, kote dlo doulè nan je nou yo pral ranplase pa dlo rekonesans, kote tout bagay pral rektifye.3

Wi, pral gen anpil chagren akoz peche. Wi, pral gen regrè e menm angwas poutèt erè nou yo, foli nou yo, ak tètdi ki te lakoz nou rate opòtinite pou yon fiti ki pi gran an.

Men, m gen konfyans ke nou pral non sèlman satisfè avèk jijman Bondye a; men nou pral etone ak emèveye pa lagras, mizèrikòd, jenewozite, ak amou enfini Li pou nou menm, pitit Li yo tou. Si dezi nou ak zèv nou yo bon, si nou gen lafwa nan gras Bondye, lè sa a, nou ka tann pou n prezante devan sa Moroni rele “bon tribinal plezan gran Jewova a, Jij Etènèl la.”4

Pro Tanto Quid Retribuamus

Frè ak sè byeneme m yo, bon zanmi mwen, èske sa pa ranpli kè nou ak lespri nou ak mèvèy ak etònman lè nou kontanple gran plan bonè Papa byenneme nou an prepare pou nou an? Èske sa pa ranpli nou avèk lajwa ineksplikab pou nou konnen fiti gloriye ki prepare pou moun ki rete tann Senyè a yo?

Si ou pa janm santi mèvèy ak lajwa sa a, M envite w pou q chèche, etidye, medite sou verite senp e pwofon levanjil retabli a yo. “Kite gwo bagay letènite yo repoze nan panse ou”5 Kite yo rann ou temwayaj sou plan sali diven an.

Si w te konn deja santi bagay sa yo, map mande ou, “Èske [ou] ka santi yo kounyeya?”6

Dènyèman, m te gen opòtinite pou m te vwayaje al Belfast, Nan Nò Irlande. Pandan m te la a, m te remake anblèm vil Belfast la, ki gen deviz sa a sou li “Pro tanto quid retribuamus,” kivledi “Kisa n ap bay anretou pou tout sa nou resevwa yo?”7

Mwen envite nou chak pou n reflechi sou kesyon sa a. Kisa nou pral bay anretou pou flo limyè ak verite Bondye devèse sou nou yo?

Papa byenneme nou an senpleman mande pou nou viv daprè verite nou resevwa yo, pou nou suiv chemen Li ba nou an. Se poutèt sa, annou pran kouraj, epi mete konfyans nan gidans Lespri a. An pawòl ak nan aksyon, annou pataje avèk pwochen nou mesaj mèveye ak enpresyonan plan bonè Bondye a. Annou fè lanmou nou pou Bondye ak pou pitit li yo vin motivasyon nou, paske yo se frè nou ak sè nou. Sa se kòmansman nan sa nou ka fè anretou pou si anpil nou jwenn yo. Mwen temwaye ke chemen ki mennen nan bonè etènèl la kòmanse avèk doktrin, òdonans ak kle prètriz nou jwenn nan levanjil la ak nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Yon jou “tout jenou pral pliye, e tout lang pral konfese” ke chemen Bondye yo jis epi plan L la pafè.8 Pou nou menm avèk mwen, annou fè jou sa a tounen jodia. Annou pwoklame, avèk Jakòb, “O, Plan Bondye nou an gran anpil!”9

Konsènan sa mwen temwaye nan pwofon gratitid pou Papa nou ki nan Syèl la, pandan m ap kite nou avèk benediksyon mwen, nan non Jezikri, amèn.