2010–2019
Prensip ak Pwomès
Oktòb 2016


Prensip ak pwomès

Se pou no upran swen kò nou ak lespri nou nan obsève prensip ki etabli nan Pawòl Sajès la, yon plan ki divinman etabli.

Aswè a, frè m yo, mwen priye pou Pè Selès la kapab gide m pandan m ap pataje mesaj mwen avèk nou.

Nan lane 1833, Senyè a te revele Pwofèt Joseph Smith yon plan pou viv an bòn sante. N ap jwenn plan sa a nan seksyon 89 Doktrin ak Alyans yo epi yo rekonèt li kòm Pawòl Sajès la. Li bay direksyon espesifik konsènan manje n ap manje, epi li entèdi itilizasyon sibstans ki nuizib pou kò nou.

Moun ki obeyi kòmandman Senyè a bay yo epi ki obsève Pawòl Sajès la fidèlman yo ap resevwa benediksyon patikilye, nan pami yo genyen bòn sante ak fòs fizik.1

Dènyèman, m te li yon resi ki vrè sou yon manifestasyon dramatik konsènan pwomès sa yo. Yon manm fidèl Legliz la, John A. Larsen, te sèvi nan dezyèm Gè Mondyal nan Gad Kòt Etazini an sou batiman USS Cambria a. Pandan yon batay nan peyi Filipin, yo te resevwa nouvèl konsènan yon eskadwon bonbadye ak avyon konba kamikaz ki t ap apwoche. Yo te bay lòd pou evakyasyon imedyat. Paske batiman USS Cambria a te deja pati, John ak twa konpanyon l yo te rasanble ekipman yo epi yo te kouri al sou plaj la, ak espwa ke yo t ap gen tan monte nan youn nan bato ki t ap derape ale yo. Erezman, yon ti bato debakman te pase pran yo epi l te mete yo byen rapid nan direksyon lòt batiman ki t ap kite rivaj la. Nan yon efò pou yo te evakye osi vit yo te kapab, mesye yo ki te sou bato ki t ap derape sa a te si okipe sou pon an ke yo te gen tan pou te sèlman voye kòd bay kat mesye yo, avèk espwa ke yo t ap kapab grenpe pou rive sou pon an.

John, avèk yon radio byen lou ki te tache nan do l, te twouve l pandye nan pwent yon kòd longè 40 pye (12 mèt), sou kote yon bato ki t ap dirije l nan mitan lanmè. Li te kòmanse grenpe, yon men apre lòt, konesan ke si l te pèdi priz li a, li t ap sètènman peri. Aprè l te fin grenpe nan yon tyè sèlman, bra li te kòmanse boule anba doulè. Li te vin sitèlman fèb ke li te santi l pa t ap ka kenbe pi lontan.

Avèk fòs li ki te bese anpil, pandan l t ap panse sou desten li, John lanse yon priyè bay Bondye an silans, li te di l konsa li te toujou respekte Pawòl Sajès la epi l te viv yon lavi pwòp—e kounyeya, li te dezespereman benediksyon Li pwomèt yo.

John te rakonte nan apre ke, pandan l t ap fini priyè a, li te santi yon gwo fòs. Li te rekòmanse grenpe ankò epi li te monte nan kòd la trè rapid. Lè l te rive sou pon an, respirasyon l te nòmal—li pa t fatige ditou. Li te resevwa benediksyon sante ak fòs ogmante yo pwomèt nan Pawòl Sajès la. Li te remèsye Papa li ki nan syèl la lè sa a, epi pandan tout rès lavi li, pou repons li te jwenn pou priyè dezespere l te fè pou l te mande èd la.2

Frè m yo, se pou nou pran swen kò nou ak lespri nou nan obsève prensip yo tabli nan Pawòl Sajès la, yon plan ki sòti nan syèl la. Avèk tout kè m ak tout nanm mwen, mwen temwanye de benediksyon gloriye k ap tann nou si nou fè sa. Mwen priye, pou sa kapab fèt, nan non Senyè nou ak Sovè nou an, Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Doktrin ak Alyans 89:18–21.

  2. Gade John A. Larsen, in Robert C. Freeman and Dennis A. Wright, comps., Saints at War: Experiences of Latter-day Saints in World War II (2001), 350–51; itilize avèk pèmisyon.