2010–2019
Ogmante fòs nou, Sè nan Siyon yo
Oktòb 2016


Ogmante fòs nou, Sè nan Siyon yo

Pou nou ka fi konvèti ak fidèl nan alyans nou yo, nou bezwen etidye pwen fondamantal yo nan levanjil epi gen yon temwayaj inebranlab sou verasite yo.

Ala yon lajwa sa ye pou nou reyini nan Sant Konferans sa a ak tifi, jènfi ak fi yo nan Legliz la. Nou konnen gen dè milye lòt gwoup sè ki rasanble tou patou nan mond lan ap gade konferans sa a tou, e m rekonesan pou opòtinite ak mwayen ki pèmèt nou reyini ansanm nan menm inite ak objektif la aswè sa a.

An Oktòb 2006, Prezidan Gordon B. Hinckley te fè yon diskou ki te rele “Leve, O Gason Bondye yo,” dapre yon kantik yo te ekri an 1911.1 It. Sete yon apèl alaksyon pou gason yo nan Legliz la pou yo te leve epi amelyore tèt yo. Diskou sa a te vin nan tèt mwen pandan m t ap priye pou m te konn kisa pou m pataje avèk nou.

Sè m yo, n ap viv nan “tan difisil.”2 Kondisyon yo nan epòk nou an pa ta dwe etone nou. Yo te predi yo depi dè milenè kòm yon avètisman ak yon egzòtasyon pou nou ka prepare. Nan Mòmon, chapit 8 yo bay yon deskripsyon dewoutan sou kondisyon k ap genyen nan epòk nou an. Nan chapit sa a, Mowoni di li wè epòk nou an, epi sa enkli lagè ak bri lagè, anpil salte, asasina, vòl, ak moun k ap di pa gen byen ni mal nan je Bondye. Li dekri moun ki gonfle ak ògèy, ki sousye de abiye ak rad chè, e ki ap pase relijyon nan betiz. Li wè moun ki sitèlman obsede pa bagay mond lan ke yo kite “moun grangou ak moun ki nan bezwen, ak moun toutouni ak moun ki malad, ak moun ki aflije yo pase bò kote yo”3 san yo pa wè yo.

Mowoni poze yon kesyon penetran—pou nou menm k ap viv nan tan sa yo. Li di; “Poukisa nou wont pote non Kris la sou tèt nou?”4 Akizasyon sa a klèman dekri kondisyon pwofàn ki plis an plis ap ogmante nan mond nou an.

Joseph Smith—Matye di nan dènye jou yo, menm “moun ki chwazi dapre alyans yo”5 pral twonpe. Moun alyans sa yo se tifi, jènfi, ak sè yo nan Legliz la ki batize epi ki fè alyans ak Pè Selès la. Menm noumenm nou gen riks pou n ekspoze anba twonpri fo ansèyman.

Sè m yo, m pa kwè kondisyon yo pral amelyore nan lefiti. Si tandans aksyèl yo se yon endikasyon, nou bezwen prepare nou pou tanpèt k ap vini yo. Jan Èldè Gary E. Stevenson te di: “Pè Selès la akòde nou yon konpansasyon plen jenewozite palefèt ke n ap viv nan tan difisil sa yo tou.”6 Mwen renmen rekonfò ki nan deklarasyon sa a.

Prezidan Russell M. Nelson te di nou ane pase: “Atak kont Legliz ka, kont doktrin ni, ak kont fason n ap viv pral ogmante. Se pou rezon sa a nou bezwen fi ki posede yon konpreyansyon pwofon sou doktrin Kris la e ki pral itilize konpreyansyon sa a pou enstwi ak edike yon jenerasyon k ap reziste a peche. Nou bezwen fi ki ka detekte twonpri sou tout fòm ni. Nou bezwen fi ki konn kijan pou yo jwenn pouvwa Bondye akòde a moun ki respekte alyans yo e ki eksprime kwayans yo avèk konfyans ak charite. Nou bezwen fi ki gen kouraj ak vizyon manman nou, Èv.”7

Mesaj sa a ban m asirans ke, malgre kondisyon yo nan epòk nou an, nou gen anpil rezon pou nou rejwi e rete pozitif. Mwen kwè ak tout kè m ke nou menm sè yo, nou gen fòs enteryè ak lafwa ki pral pèmèt nou fè fas ak pwoblèm ki gen nan viv nan dènye jou yo. Sè Sheri Dew te ekri: “Mwen kwè ke, moman nou aprann pou nou deklanche enfliyans total fi konvèti k ap kenbe alyans yo, wayòm Bondye a ap chanje rapid.”8

Pou n konvèti ak kenbe alyans nou yo, sa ap mande anpil efò. Pou fè sa, nou bezwen tifi ak fi ki etidye doktrin levanjil esansyèl yo epi akeri yon temwayaj inebranlab apwopo verasite yo. Gen twa domèn m kwè ki fondamantal pou temwayaj solid m konsidere kòm bagay esansyèl pou konpreyansyon nou an.

Premyèman, nou bezwen rekonèt enpòtans Bondye Papa Etènèl nou an, ak Pitit Gason l lan Jezikri, pou lafwa nou ak sali nou. Jezikri se Sovè ak Redanmtè nou. Nou bezwen etidye e konprann Ekspyasyon L lan ak fason pou n aplike l chak jou; repantans se youn nan pi gwo benediksyon nou chak genyen pou n rete sou wout la. Nou bezwen konsidere Jezikri kòm wòl modèl prensipal nou ak egzanp moun nou bezwen devni an. Nou bezwen toujou ap anseye fanmi nou ak klas nou yo sou gwo plan sali papa a, ki enkli doktrin Kris la.

Dezyèmman, nou bezwen konprann bezwen pou retablisman doktrin, òganizasyon, ak kle otorite yo nan dènye jou sa yo. Nou bezwen gen temwayaj ke Pwofèt Joseph Smith te divinman chwazi e Senyè a te aple li pou reyalize retablisman sa a e nou bezwen rekonèt ke l te òganize fi yo nan Legliz la dapre òganizasyon ki te egziste nan Legliz Kris la nan ansyen tan an.9

Epi, twazyèmman, nou bezwen etidye epi konprann òdonans tanp yo ak alyans yo. Tanp lan okipe yon plas nan mitan kwayans ki pi sakre nou yo, epi Senyè a mande pou nou ale ladann souvan, pou n medite, etidye, e jwenn siyifikasyon ak aplikasyon li endividyèlman. N ap vin konprann ke, atravè òdonans tanp yo, pouvwa Bodye a manifeste nan lavi nou10 epi, gras ak òdonans tanp yo, nou ka ame avèk pouvwa Bondye epi non L ap sou nou, laglwa Li ap antoure nou, epi zanj Li yo ap gen responsablite sou nou us.11 M ap mande m si nou reyèlman itilize pouvwa pwomès sa yo.

Sè m yo, menm moun ki pi jèn nan asanble sa a kapab kanpe ak lafwa pou jwe yon wòl siyifikan nan bati wayòm Bondye a. Timoun yo kòmanse akeri pwòp temwayaj yo nan li ekriti yo oswa koute yo, nan priye chak jou, ak nan patisipe nan sentsèn nan yon fason siyifikan. Tout timoun ak tout jènfi ka ankouraje sware familyal e patisipe totalman ladann. Ou gen dwa se premye moun ki mete w ajenou lè fanmi w ap rasanble pou priyè familyal. Menmsi lakay ou pa twò ideyal, egzanp pèsonèl ou nan fidelite w pou viv levanjil la kapab enfliyanse lavi fanmi ou ak zanmi ou.

Jènfi yo nan Legliz la bezwen konsidere tèt yo kòm patisipan esansyèl nan travay sali prètriz la ap dirije a e non pa kòm spektatè ak patizan. Nou resevwa apèl epi moun ki detni kle prètriz yo mete nou apa pou n fonksyone kòm lidè avèk pouvwa ak otorite nan travay sa a. Si nou mayifye apèl nou nan prezidans klas yo e prepare nou espirityèlman, nou fè konsèy ansanm, nou lonje lamen pou sèvi manm klas nou yo, epi nou youn anseye lòt levanjil la, n ap pran plas nou nan travay sa a epi nou menm ak zanmi nou yo ap jwenn benediksyon.

Tout fi yo bezwen wè tèt yo kòm patisipan esansyèl nan travay prètriz la. Fi yo nan Legliz sa a se prezidant, konseyè, enstriktris, manm konsèy, sè, ak manman, epi wayòm Bondye a pa ka fonksyone si nou pa leve kanpe pou ranpli devwa nou ak lafwa. Pafwa nou jis bezwen gen yon pi gwo vizyon sou sa k posib.

Imaj
Sè Maldonado avèk Sè Oscarson

Dènyèman m te rankontre yon sè nan Meksik ki konprann sa savledi pou mayifye apèl li ak lafwa. Marffissa Maldonado te aple pou anseye yon klas Lekòldidimanch pou jèn yo sa gen twazan. Li te gen 7 etidyan ki te konn asiste klas la lè l te aple, men kounyeya li gen 20 ki asiste regilyèman. Ak etonman, m te mande l kisa l te fè pou l te reyalize kalite ogmantasyon sa a. Li te di enbleman: “O, se pa mwen sèlman. Tout manm klas yo te ede.” Ansanm, yo te wè non inaktif yo sou lis la epi yo te kòmanse soti ansanm pou al envite yo pou yo te retounen nan legliz la. Yo te gen yon batèm gras ak efò yo tou.

Imaj
Klas Lekòldidimanch nan Meksik

Sè Maldonado kreye yon sit sou medya sosyal jis pou manm klas li yo ki rele “M se pitit Bondye,” epi li poste panse enspirasyon ak ekriti plizyè fwa pa semèn. Li voye tèks bay etidyan l yo avèk tach ak ankourajman regilyèman. Li santi sa enpòtan pou kominike avèk yo nan fason ki pi anrapò avèk yo epi sa mache. Li te di m senpleman: “M renmen etidyan m yo.” M te ka santi amou sa a lè l t ap pale m de efò yo, epi egzanp li te raple m kisa yon moun ki gen lafwa ak aksyon ka akonpli nan travay sa a avèk èd Senyè a.

Jèn nou yo ekspoze anba kesyon difisil chak jou, epi anpil nan nou gen moun pa nou k ap lite pou jwenn repons. Bòn nouvèl la sèke genyen repons pou kesyon y ap poze yo. Koute mesaj resan dirijan nou yo. Yo egzòte nou pou n etidye ak konprann plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Yo raple nou prensip ki nan pwoklamasyon sou fanmi an.12 Yo ankouraje nou pou n anseye ak itilize resous sa yo kòm mezi pou kenbe nou sou chemen etwat la.

Sa gen ennan, m t al vizite yon manman jèn timoun ki te deside pran yon apwòch dilijan pou l te pwoteje pitit li yo kont pil enfliyans negatif yo ekspoze sou entènèt ak nan lekòl yo. Li chwazi yon sijè chak semèn, souvan youn ki pwovoke anpil diskisyon sou entènèt, epi li kòmanse diskisyon siyifikan pandan semèn nan kote pitit li yo ka poze kesyon epi l ka asire ke yo gen yon pwendvi klè e byen balanse sou sijè souvan difisil yo. Li fè fwaye l vin tounen yon lye sekirite pou poze kesyon ak pou jwenn enstriksyon levanjil siyifikan.

Mwen krenn ke n ap viv nan yon atmosfè kote nou sitèlman anvi evite ofans ke pafwa nou senpleman evite anseye prensip kòrèk yo. Nou pa anseye jènfi nou yo ke prepare pou yo vin yon manman enpòtan anpil paske nou pa vle ofanse moun ki pa marye yo, oswa moun ki pa ka fè pitit yo, oswa pou yo pa panse ke n ap toufe chwa yo. Yon lòtbò, nou gen dwa pa mete enpòtans sou edikasyon tou paske nou pa vle bayo mesaj ke sa pi enpòtan pase maryaj. Nou evite deklare ke Pè Selès la define maryaj ant yon gason ak yon fi paske nou pa vle ofanse moun ki gen atirans pou moun menm sèks avèk yo. Epi nou gen dwa twouve ke sa enkonfòtab pou n pale sou pwoblèm fi ak gason oswa sou seksyalite ki kòrèk.

Sètènman, sè m yo, nou bezwen pran anpil prekosyon men, annou itilize bonsans nou ak konpreyansyon nou sou plan sali a pou nou ka kare ak dirèk lè moman rive pou n anseye pitit nou yo ak jèn nou yo prensip levanjil esansyèl yo dwe konprann pou yo ka navige nan mond kote y ap viv la. Si nou pa anseye pitit nou yo ak jèn nou yo vrè doktrin nan—epi anseye l klè—mond la ap anseye yo mansonj Satan yo.

Mwen renmen levanjil Jezikri a, e m etènèlman rekonesan pou direksyon, pouvwa, ak èd jounalye mwen resevwa antanke yon pitit fi alyans Bondye. Mwen temwaye ke Senyè a beni nou, antanke fi k ap viv nan tan difisil, avèk tout pouvwa, don, ak fòs nou bezwen pou nou ka prepare mond lan pou Dezyèm Vini Senyè Jezikri a. Mwen priye pou nou tout ka wè vrè potansyèl nou epi pou n leve kanpe pou n ka vin fi lafwa ak kouraj Pè Selès nou an bezwen nou ye a. Nan non Jezikri, amèn.