2010–2019
Sèvi
Oktòb 2016


sèvi

Nou bezwen chak manm, epi chak manm bezwen yon opòtinite pou sèvi.

Lè m te yon jenn ti gason mwen te renmen travay avèk tonton Lyman ak matant Doroty nan fèm yo a. Tonton Lyman te konn toujou dirije pwojè nou yo, epi matant Dorothy te konn souvan ap ede epi kondui ansyen kamyon Dodge la. M sonje jan san m konn bouyi lè nou te konn kole nan labou oubyen lè nou te konn ap monte yon pant ki rèd: Tontonn Lyman te konn rele, “Dorothy, mete l sou doub!” Se lè sa a m te konn kòmanse priye. Nan yon fason, avèk èd Senyè a epi apre kèk bri angrenaj, matant Dorothy te konn jwenn doub la. Avèk tout kawotchou yo bloke k ap tranble kamyon an te konn derape epi nou te kontinye travay.

“Mete l sou doub” vledi pase nan yon vitès espesyal kote yon kantite nan angrenaj yo dispoze pou travay ansanm pou bay plis wotasyon.1 Yon angrenay doub, ansanm avèk traksyon kat wou, pèmèt ou redwi vitès la, pou bay machin nan plis fòs, pou l avanse.

Imaj
Angrenaj double

Mwen renmen panse ke nou chak fè pati yon anbreyaj double pandan n ap sèvi ansanm nan Legliz la—nan pawas ak branch yo, nan kowòm ak oksilyè yo. Menmjan angrenaj yo konbine ansanm pou yo bay plis fòs nan doub la, nou jwenn pi gwo pouvwa lè nou konekte ansanm. Lè nou ini tèt nou pou youn sèvi lòt, nou akonpli piplis ansanm pase si nou te poukont nou. Sa mèveye pou nou angaje epi ini pandan n ap sèvi, simonte eprèv yo, epi asiste nan travay Senyè a.

Sèvi se yon benediksyon

Opotinite pou sèvi se youn nan pigran benediksyon kòm manm Legliz la.2 Senyè a te di, “Si nou renmen m nou dwe sèvi m,”3 epi n ap sèvi Li lè n ap sèvi lòt yo.4

Pandan n ap sèvi, n ap rapwoche pi pre Bondye.5 N ap rive konnen Li nan fason nou pa t ap janm kapab. Lafwa nou nan Limenm grandi. Nou wè pwoblèm nou yo sou yon lòt ang. Nou jwenn plis satisfaksyon nan lavi a. Lanmou nou pou pwochen nou grandi, menm jan ak dezi nou pou sèvi. Gras ak etap beni sa a, n ap vin plis tankou Bondye, epi n ap vin pi byen prepare pou retounen al jwenn Li.6

Jan Prezidan Marion G. Romney te ansenye: “Sèvis se pa yon bagay nou andire sou tè sa a pou nou kapab jwenn dwa pou viv nan wayom selès la. Sèvis se fòs prensipal ki fabrike yon lavi egzalte nan wayom selès la.”7

Sèvi kapab difisil

Toutfwa, sèvi nan Legliz kapab difisil si yo mande nou pou nou fè yon bagay ki fè nou pè, si nou fatige sèvi, oubyen si nou aple pou fè yon bagay ki pa enteresan pou nou.

Pa twò lontan mwen te resevwa yon nouvo responsablite. Mwen te sèvi nan zòn Sidès Afrik la. Sa te mèveye pou m te sèvi kote Legliz la relativman jèn epi fèk ap etabli, epi nou te renmenm Sen yo. Apresa yo te aple m pou m te retounen nan Katye Jeneral Legliz la, e pou m onèt, mwen pat twò kontan. Yon chanjman nan responsablite pote bagay enkoni.

Yon jou swa aprem te fin reflechi sou chanjman k t ap vini an, mwen te fè yon rèv sou gran gran granpapa m, Joseph Skeen. Dapre jounal li mwen te konn ke, lè limenm ak madanm li, Maria te demenaje ale Nauvoo, li te vle sèvi, konsa li te chache Pwofèt Joseph Smith epi li te mande l kijan l te kapab ede. Pwofèt la te mande l pou l te travay nan fèm Smith yo a kèk kilomèt nan lès vil la e pou l te fè sa l te kapab, se sa l te fè.8

Mwen te medite sou privilè Joseph Skeen te genyen pou l te resevwa responsablite sa a konsa. Toudenkou m te reyalize ke m te gen menm privilèj la tou, menmjan ak nou tout. Tout apèl Legliz yo soti nan Bondye—atravè sèvitè chwazi Li yo.9

Mwen te santi yon konfimasyon espirityèl klè ke nouvo responsablite m nan te enspire. Li enpòtan pou nou fè koneksyon sa a—ke apèl nou yo literalman soti nan Bondye atravè dirijan prètriz nou yo. Apre eksperyans sa a, atitid mwen te chanje, e m te ranpli avèk yo pwofon dezi pou sèvi. Mwen rekonesan pou benediksyon repantans lan ak pou chanjman ki te fèt nan kè m nan. Mwen renmen nouvo responsablite m nan.

Menm si nou panse apèl nou nan Legliz la sete senpleman ide dirijan pretriz nou, ke l fè pati yon transfè woutin, oubyen li vini jwenn nou paske okenn lòt moun pa eksepte li, n ap beni lè nou ap sèvi. Men, si nou rekonèt men Bondye nan apèl nou an epi nou sèvi avèk tout kè nou, piplis pouvwa ap vini nan sèvis nou, epi n ap vin vrè sèvitè Jezikri.

Sèvi mande lafwa

Ranpli apèl yo mande lafwa. Yon ti tan apre Joseph ak Maria Skeen te rive sou fèm nan, yo te tonbe malad. Yo pa t gen ankenn lajan e yo te pami etranje. Sete yon moman difisil pou yo. Nan jounal li, Josept te ekri, “Nou te travay ansanm [e] kenbe fèm nan Legliz la avèk tikras lafwa nou te genyen an, malgre dyab la te eseye detwi nou pou fè nou vire do nou.”10

Mwenmenm, ansanm avèk dè santèn lòt desandan, n ap rete etènèlman rekonesan dèske Joseph ak Maria pa t vire do yo. Benediksyon yo vini si nou pèsevere nan apèl ak responsablite nou yo ak si nou kenbe fè avèk tout lafwa nou genyen an.

Mwen konn yon enstriktè Doktryn Levanjil ekstraòdinè ki te elve manm klas li yo pandan li t ap ansenye ak fasilite diskisyon enspire, men sa pa t toujou konsa. Apre l te fin antre Legliz, li te resevwa yon apèl pou l ansenye nan Primè. Li te santi li pat kalifye pou ansenye, men paske li te konnen enpòtans sèvi, li te akespte. Krent te tousuit anvayi li, epi li te sispann al legliz pou l pat ansenye klas la. Erezman enstriktè nan fwaye li te remake absans li, li t al vizite l epi li te envite l retounen. Evèk la ak manm pawas yo te ede li. Alafen, avèk lafwa ogmante, li te kòmanse ansenye timoun yo. Pandan l te aplike prensip yo ansenye kounyea nan Anseye nan Fason Sovè a, Senyè a te beni efò li, epi li te vin tounen yon enstriktè plen talan.11

Lòm natirèl oswa fi natirèl nan nou tout la gen tandans pou eskize tèt nou nan sèvi pou rezon tankou “mwen pa pare pou m sèvi; m bezwen aprann pi plis,” M te sèvi nan apèl sa a deja,” “Mwen fatige e m bezwen repo,” “Mwen twò granmoun—se kou pa yon lòt moun,” oubyen “M senpleman twò okipe.”

Frè m ak sè m yo, aksepte epi ranpli yon apèl se yon zak lafwa. Nou kapab kwè nan sa pwofèt nou, Prezidan Thomas S. Monson, toujou ap ansenye a: “Moun Senyè a aple, Senyè a kalifye yo,” epi “Lè nou nan travay Senyè a, nou gen dwa pou n resevwa èd Senyè a.”12 Keseswa nou depase ou pa, keseswa nou pè pou nou mouri oubyen nou fatige pou nou mouri, Senyè a vle nou pase doub la, akselere epi sèvi.

Mwen pa janm wè ankenn siy kote Prezidan Monson ak asosye l yo nan Premyè Prezidans la ak Kolèj Douz Apot yo twò okipe oubyen twò fatige. Nan yon fason enspire, yo se egzanp sou pouvwa ki vini nan lavi nou lè nou egzèse lafwa, aksepte responsablite yo, epi ranpli yo avèk angajman ak devouman. Yo te “mete [men yo] alapat”13 sa gen anpil ane, e yo kontinye ap avanse, devan, epi monte.

Wi, y ap sèvi nan apèl enpòtan, men tout apèl oubyen responsablite enpòtan. Prezidan Gordon B. Hinckley, yon ansyen pwofèt e Prezidan Legliz la te di: “Nou tout nan gwo travay sa a ansanm. … Obligasyon nou osi serye nan domèn responsablite pa nou an ke obligasyon pa m nan domèn pa m nan. Pa gen apèl nan legliz la ki piti oubyen ki gen ti konsekans.”14 Chak apèl enpòtan. “Avèk ti bagay senp, gwo bagay fèt.15

Annou Sèvi

Annou leve kanpe nan lafwa, “mete men nou alapat,” epi fè “travay sakre sa a avanse.”16 Annou “mete l sou doub,” ansanm avèk matant fidèl mwen, Dorothy ak lòt frè ak sè nou yo epi ann sèvi.

Si w vle fè kè evèk ou oswa prezidan branch ou kontan, poze l kesyon sa a “Kijan m ka ede?” “Ki kote Senyè a ta renmen m sèvi?” Pandan l ap priye epi konsidere responsablite pèsonèl ak familyal ou ansanm ak responsablite travay ou, l ap jwenn enspirasyon pou l ba ou yon apèl ki apwopriye. Lè y ap mete w apa, w ap resevwa yon benediksyon pretriz pou ede w reyisi. W ap beni! Chak manm enpòtan, epi chak manm bezwen yon opòtinite pou sèvi. Se “atravè sèvis gason ak fi … jènjan ak jènfi, [ke] travay Bondye a fèt.17

Jezikri se Egzanp Nou

Jezikri, pigran egzanp nou, te bay lavi li pou travay Papa l la. Nan Gran Konsèy anvan mond sa a te òganize a, Jezi, ki te chwazi epi wen depi nan kòmansman an, te pòte l volontè, “Men mwen, voye m.”18 Lè l te fè sa a, Li te literalman vin sèvitè nou tout. Gras ak Jezikri ak pouvwa nou resevwa atravè sakrifis ekspyatwa L la, nou kapab sèvi tou. L ap ede nou.19

M ap prezante lanmou sensè mwen pou nou menm ki petèt pa kapab sèvi kounyea nan Legliz la nan fason tradisyonèl yo akoz sikonstans pèsonèl men ki ap viv lavi nou nan yon espri sèvis. Mwen priye pou nou beni nan efò nou. Mwen eksprime apresyasyon m pou moun k ap manifye apèl yo semèn apre semèn yo tou, osibyen pou moun ki pral aksepte apèl pou sèvi yo. Tout kontribisyon ak sakrifis yo gen valè, espesyalman pou Limenm n ap sèvi a. Tout moun k ap sèvi ap resevwa gras Bondye.20

Kèlkeswa laj ou oubyen sikonstans ou, se pou sèvis vin tounen “deviz” ou.21 Sèvi nan apèl ou. Sèvi yon misyon. Sèvi manman ou. Sèvi yon etranje. Sèvi vwazen ou. Jis sèvi.

Se pou Senyè a beni nou chak nan efò nou pou nou sèvi epi pou n vin vrè disip Jezikri.22 Mwen temwanye ke Li vivan epi l ap dirije travay sa a. Nan non Jezirki, amen.

Nòt

  1. Gade “Compound Gears,” technologystudent.com/gears1/gears3.htm; “Compound Gear Reduction,” curriculum.vexrobotics.com.

  2. Gade Preche levanjil mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè (2004), 87.

  3. Doktrin ak Alyans 42:29; gade tou Doktrin ak Alyans 59:5.

  4. Gade Matye 25:40; Mozya 2:17.

  5. Gade Jan 12:26.

  6. Gade Doktrin ak Alyans 81:4–6.

  7. Marion G. Romney, “The Celestial Nature of Self-Reliance,” Ensign, Nov. 1982, 93.

  8. Gade Joseph Skeen, reminiscences and diary, 7, Church History Library, Salt Lake City; see also Journal and History of Joseph Skeen, ed. Greg S. Montgomery and Mark R. Montgomery (1996), 23.

  9. Gade Doktrin ak Alyans 1:38; Atik Lafwa 1:5.

  10. Skeen, reminiscences and diary, 8, spelling and punctuation standardized; see also Journal and History of Joseph Skeen, 23; Luke 22:31; 2 Nephi 28:19–24; Alma 30:60; Doctrine and Covenants 10:22–27.

  11. Gade Teaching in the Savior’s Way (2016), 37–38; Handbook 2: Administering the Church (2010), 5.3, 5.5.4.

  12. Thomas S. Monson, “Duty Calls,” Ensign, Me 1996, 44.

  13. “Le monde a besoin d’ouvriers,” Cantiques, no. 162.

  14. Gordon B. Hinckley, “This Is the Work of the Master,” Ensign, Me 1995, 71.

    Prezidan Hinckley te di tou: “Nou gen osi gwo posiblite pou n jwenn satisfaksyon nan fè devwa nou menmjan avèk mwen. Pwogresyon travay la ap depann sou efò ini nou. Nou gen menm gwo posiblite pou n jwenn satisfaksyon nan fè devwa nou ke mwenmenm. Sa ki vrèman konte, sèke se travay Mèt la. Tach nou se fè byen menmjan avèk Li” (“This Is the Work of the Master,” 71).

    Prezidan Thomas S. Monson te di: “Kijan yon moun mayifye yon apèl? Senpleman nan akonpli sèvis ki atache avèk apèl la” (“Duty Calls,” 43).

  15. Gade Alma 37:6.

  16. “Put Your Shoulder to the Wheel,” Hymns, no. 252.

  17. Gade Handbook 2, 3.3.1, 3.3.3, 19.1.1, 19.4. “Through the service of men and women and boys and girls, God’s work is done” (Gospel Principles [2009], 163).

  18. Abraam 3:27.

  19. Gade Doktrin ak Alyans 76:5.

  20. Gade Mozya 18:26.

  21. “They, the Builders of the Nation,” Hymns, no. 36.

  22. Gade Mowoni 7:48.