2010–2019
Pataje levanjil retabli a
Oktòb 2016


Pataje Levanjil Retabli a

Sa nou rele “travay manm misyonè” a se pa yon pwogram men se yon atitid lanmou ak men lonje pou ede moun ki bo kote nou.

I.

Prèske nan fen ministè li sou tè a, Sovè nou an, Jezikri, te kòmande disip li yo: “Ale, epi anseye tout nasyon (Matthew 28:19) api “ale nan tout mond lan, epi preche levanjil la bay chak kreyati” (Mark 16:15). Tout kretyen anba menm kòmandman sa yo pou pataje levanjil la ak tout moun. Anpil moun rele sa “Gwo Manda a.”

Imaj
Sovè a enseye nou pou nou renmen

Jan Èldè Neil L. Andersen te dekri l nan sesyon maten an, Sen Dènye jou yo sètènman pami moun ki pi angaje nan gwo responsablite sa a. Nou dwe fè sa paske nou konnen Bondye remnen tout pitit li epi nan dènye jou sa yo li retabli konesans adisyonèl enpòtan ak pouvwa pou beni yo tout. Sovè a te anseye nou pou nou renmen tout frè ak sè nou yo, epi nou onore ansèyman sa a nan pataje temwayaj ak mesaj levanjil retabli a “pami tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp” (D&A 112:1). Sa a se pati enpòtan nan sa savledi pou n se yon Sen Dènye Jou. Nou konsidere sa kòm yon privilèj rejwisan. Kisa ki ka pi rejwisan pase pataje verite letènite yo avèk pitit Bondye yo?

Jodia, nou gen anpil resous pou n pataje levanjil la ki pa t disponib nan epòk premye jenerasyon yo. Nou gen televizyon, Entènèt, ak medya sosyal yo. Nou gen anpil mesaj itil pou prezante levanjil retabli a. Nou gen enpòtans Legliz la nan plizyè peyi. Nou gen yon pi gwo kantite misyonè k ap ogmante. Men, èske nou itilize tout resous sa yo nan efè maksimòm yo? M panse pifò nan nou ap di non. Nou gen dezi pou nou vin pi efikas nan ranpli responsablite nou resevwa divinman pou n pwoklame levanjil retabli a nan tout mond lan.

Gen anpil bon ide pou pataje levanjil la ki t ap fonksyone byen nan kèk pieu ak peyi. Men, paske nou se yon Legliz mondyal, m ta renmen pale de kèk ide ki ka mache toupatou, soti nan inite ki pi nouvo yo rive nan sa k pi ansyen yo, nan kilti ki kounyea resevwa levanjil Jezikri a rive nan kilti ak nasyon ki ap vin plis anplis ostil anvè relijyon yo. M vle pale sou ide nou ka itilize avèk moun ki se kwayan angaje nan Jezikri osibyen moun ki poko janm tande non Li, avèk moun ki satisfè ak lavi aktyèl yo osibyen ke moun ki ap dezespereman chèche amelyore tèt yo.

Kisa m ka di ki pral ede nou pataje levanjil la, kèlkeswa sikonstans nou? Nou bezwen èd chak manm, epi chak manm ka ede, paske gen si anpil tach pou nou akonpli lè n ap pataje levanjil retabli a avèk tout nasyon, fanmi, lang, ak pèp.

Imaj
Prezidan Monson ankouraje manm yo ak misyionè yo pou yo travay ansanm

Nou tout konnen patisipasyon manm yo nan travay misyonè a enpòtan pou akonpli konvèsyon ak retansyon. Prezidan Thomas S. Monson te di: “Moman an rive pou manm yo ak misyonè yo ini yo, pou yo mete ansanm, pou travay nan jaden Senyè a pou mennen nanm ba li. Li prepare mwayen pou nou pataje levanjil la nan yon kantite fason, e l ap ede nou nan tach la si nou aji ak lafwa pou akonpli travay li a.”1

Imaj
Travay misyionè se pa sèlman yon kle

Pataje levanjil retabli a se devwa ak privilèj nou antanke ke Kretyen pandan tout lavi nou. Èldè Quentin L. Cook raple nou: “Travay misyonè se pa jis youn nan 88 touch nan yon pyano nou jwe okazyonèlman; mem se yon akò majè nan yon melodi irezistib nou bezwen jwe kontinyèlman pandan tout lavi nou si nou vle rete an amoni avèk angajman nou nan Krisyanis la ak nan levanjil Jezikri a.”2

II.

Gen twa bagay tout manm kapab fè pou ede pataje levanjil la, kèlkeswa sikonstans y ap viv ak travay. Nou tout ta dwe fè tout bagay sa yo.

Premyèman nou tout ka priye pou n gen dezi pou ede nan pati vital sa a nan travay sali a. Tout efò kòmanse avèk dezi.

Dezyèmman, nou ka respekte kòmandman yo pou tèt pa nou. Manm fidèl e obeyisan yo se temwen ki pi pèsyadan nan verite ak valè levanjil retabli a. Pi enpòtan toujou, manm fidèl yo toujou gen Lespri a avèk yo, pou gide yo pandan y ap chèche patisipe nan gwo travay ki se pataje levanjil retabli Jezikri a.

Twazyèmman, nou ka priye pou nou jwenn enspirasyon sou sa nou kapab fè nan sikonstans endividyèl nou pou pataje levanjil la ak lòt moun. Sa diferan de priye pou misyonè yo oubyen priye pou sa lòt moun kapab fè. Nou dwe priye pou sa nou kapab fè pèsonèlman. Lè nou priye, nou dwe sonje ke priyè pou kalite enspirasyon sa a ap jwenn repons si l akonpaye pa yon angajman—yon bagay ekriti yo rele entansyon reyèl oswa avèk tout kè nouPriye avèk yon angajman pou aji selon enspirasyon nou resevwa a, pandan n ap pwomèt Senyè a si L ba nou enspirasyon pou n pale avèk yon moun sou levanjil la, n ap fè sa.

Nou bezwen gidans Senyè a paske nan yon moman patikilye, gen moun ki pare, e genyen ki pa pare pou verite adisyonèl yo nan levanjil retabli a. Nou pa dwe janm deside pou pwòp tèt pa nou kiyès ki pare ak kiyès ki pa pare. Senyè a konn kè tout pitit li, epi si nou priye pou n jwenn enspirasyon, l ap ede nou jwenn moun li konnen ki “prepare pou yo tande pawòl la” (Alma 32:6).

Antanke yon Apot Senyè a, mwen ankouraje chak manm ak chak fanmi nan Legliz la pou yo priye pou Senyè a ede yo jwenn moun ki prepare pou resevwa mesaj levanjil retabli Jezikri a. Èldè M. Russell Ballard ba nou konsèy enpòtan sa a, ke m dakò avèk li: “Mete konfyans nan Senyè a. Li se Bon Bèje a. Li konn brebi l yo. … Si nou pa angaje, anpil mou ki ta ka tande mesaj Retablisman an pap jwenn opòtinite sa a. … Prensip yo senp—priye, pèsonèlman epi an fanmi, pou n jwenn opòtinite misyonè.”3 Si nou demontre lafwa nou, opòtinite sa yo ap prezante san nou pa “fòse yo … ni kontrenn yo. Y ap vide kòm rezilta natirèl lanmou nou pou frè n ak sè nou yo.”4

Mwen konnen se verite. Mwen ajoute pwomès ke, avèk lafwa nan èd Senyè a, n ap jwenn gidans, enspirasyon, epi n ap jwenn gwo lajwa nan travay lanmou etènèlman enpòtan sa a. N ap vin konprann ke siksè nan pataje levanjil la se envite moun avèk lanmou ak entansyon sensè pou n ede yo, kèlkeswa repons yo.

III.

Men kèk lòt bagay nou kapab fè pou pataje levanjil la efikasman.

Imaj
Manm k ap fratènize ak manm
Imaj
Manm k ap pale ansanm
Imaj
Chofè taxi nan Je Olenpik nan Brézil
  1. Nou bezwen sonje ke “moun yo aprann lè yo pare pou yo aprann, e non pa lè nou pare pou n anseye yo.”5 Sa ki enterese nou yo, tankou ansèyman doktrinal adisyonèl enpòtan yo nan Legliz retabli a, se pa abityèlman sa k enterese lòt moun yo. Gen lòt moun ki tipikman vle rezilta doktrin nan, e non pa doktrin nan. Si yo obsève oubyen yo eksperimante efè levanjil retabli Jezikri a nan lavi nou, y ap santi Lespri a epi y ap kòmanse enterese nan doktrin nan. Yo gen dwa vin enterese lè y ap chèche plis bonè, pou yo pwoche kot Bondye, oubyen yon pi bon konpreyansyon sou bi lavi a tou.6 Se poutèt sa, nou bezwen pran prekosyon epi, nan lapriyè, chèche disèneman sou fason pou n konn si yon lòt moun enterese pou aprann plis. Sa ap depann de anpil bagay, tankou sitiyasyon aktyèl yon lòt moun ak relasyon nou avèk li. Sa se yon bon sijè pou diskite nan konsèy yo, nan kowòm yo, ak nan Sosyete Sekou.

  2. Lè n ap pale ak lòt moun, nou bezwen sonje ke yon envitasyon pou aprann plis osijè Jezikri ak levanjil li a pi preferab pase yon envitasyon pou aprann plis sou Legliz7 nou an. Nou vle moun yo konvèti nan levanjil la. Santiman osijè Legliz nou an vini apre konvèsyon yon moun nan Jezikri; yo pa vin anvan sa. Anpil moun ki mefye de legliz gen yon lanmou pou Sovè a. Mete premye bagay yo an premye.

  3. Lè n ap chèche prezante moun levanjil retabli a, nou dwe fè sa nan fason ki sensè e ki montre nou sousye pou moun nan. Sa fèt lè n ap eseye ede lòt moun avèk pwoblèm yo idantifye oubyen lè n ap travay avèk yo nan aktivite sèvis nan kominote nou, tankou soulaje soufrans, pran swen pòv ak moun ki nan bezwen, oubyen amelyore kalite lavi lòt moun.

  4. Efò nou pou pataje levanjil la pa dwe limite a sèk zanmi nou ak asosye nou. Pandan Je Olenpik yo, nou te aprann gen yon chofè taksi manm legliz la nan Rio de Janeiro ki te mache avèk plizyè kopi Liv Mòmon nan sèt lang diferan pou l te bay nenpòt moun ki te vle resevwa yo. Li te rele tèt li “taksi misyonè a,” Li te di: “Lari Rio de Janeiro yo … se chan misyon mwen.”8

    Clayton M. Christensen, ki gen anpil eksperyans kòm manm misyonè, deklare ke “Nan dènye ventan yo, nou te obsève ke, pa gen okenn koneksyon ant pwofondè yon relasyon avèk yon moun ak pwobabilite pou l vin enterese nan aprann sou levanjil la.”9

  5. Episkopa pawas yo kapab planifye yon reyinyon sentsèn espesyal kote yo egzòte manm yo pou yo mennen moun ki enterese. Manm pawas yo ap mwens ezite pou yo mennen moun yo konnen nan yon reyinyon konsa paske y ap gen plis asirans ke kontni reyinyon an ap byen planifye pou soulve enterè ak pou byen reprezante Legliz la.

  6. Gen anpil lòt opòtinite pou pataje levanjil la. Paegzanp, nan ete sa a, m te resevwa yon bèl lèt nan men yon nouvo manm ki te aprann sou levanjil retabli a lè yon ansyen kanmarad te telefone l pou mande l nouvèl sou yon maladi l te genyen. Li ekri: “M te enpresyone pa fason li te prezante m tèt li. Apre kèlke mwa ap aprann nan men misyonè yo, m te batize. Lavi m amelyore depi lè sa a.”10 Nou tout konn anpil moun lavi yo t ap amelyore pa levanjil retabli a. Èske nou lonje lamen ba yo?

  7. Fasinasyon ak ekspètiz jèn yo nan domèn medya sosyal yo ba yo opòtinite san parèy pou yo lonje lamen bay moun pou enterese yo nan levanjil la. Pandan l t ap dekri aparisyon Sovè a devan Nefit yo, Mòmon te ekri: ““Li te ansenye, e sèvi timoun yo … , li te delye lang yo … pou yo te kapab pale” (3 Nephi 26:14). Jodia m sipoze nou t ap di “li te delye [pous yo] pou yo ka voye tèks.”

Imaj
Yon moun k ap pataje levanjil la atravè voye tèks

Pataje levanjil la se pa yon fado men se yon lajwa. Sa nou rele “travay manm misyonè” a se pa yon pwogram men yon atitid lanmou ak sansibilizasyon pou ede moun bò kote nou. Se yon opòtinite pou n temwaye kijan nou santi nou apwopo levanjil retabli Sovè nou an tou. Jan Èldè Ballard te anseye: “Prèv ki pi siyifikan nan konvèsyon nou ak nan fason nou santi n apwopo levanjil la nan lavi nou se dispozisyon nou pou pataje l ak lòt moun.”11

Mwen temwaye konsènan Jezikri, ki se limyè ak lavi mond lan (gade 3 Nefi 11:11). Levanjil retabli l la klere chemen nou nan mòtalite a. Ekspyasyon l lan ba nou asirans lavi apre lanmò ak fòs pou n pèsiste ale nan imòtalite. Epi, Ekspyasyon l lan ba nou opòtinite pou nou jwenn padon pou peche nou epi, anba plan sali gloriye Bondye a, pou kalifye nou pou lavi etènèl, pi gran nan tout kado Bondye yo. (D&A 14:7). Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Thomas S. Monson, “Byenveni nan Konferans lan,” Liahona, Nov. 2013, 4.

  2. Quentin L. Cook, “How to Be a Member Missionary,” New Era, Fev. 2015, 48.

  3. M. Russell Ballard, “Mete konfyans ou nan Senyè a,” Liahona, Nov. 2013, 44.

  4. M. Russell Ballard, “Put Your Trust in the Lord,” 44.

  5. Clayton M. Christensen, The Power of Everyday Missionaries (2012), 30.

  6. Gade Christensen, Power of Everyday Missionaries, 26–27.

  7. Gade Gary C. Lawrence, How Americans View Mormonism: Seven Steps to Improve Our Image (2008), 34–35.

  8. Gade Ashley Kewish, “Cab Driver Hands Out Copies of Book of Mormon to Rio Visitors,” Out 8, 2016, ksl.com.

  9. Christensen, Power of Everyday Missionaries, 21.

  10. Lèt pèsonèl, Out. 21, 2016.

  11. M. Russell Ballard, “Now Is the Time,” Liahona, Jan. 2001, 89.