2010–2019
Pou l kapab vin fò tou
Oktòb 2016


Pou li kapab vin fò tou

Mwen priye pou nou ka elve nou alawotè apèl nou pou edifye lòt moun, pou prepare yo pou sèvis gloriye yo.

Se yon benediksyon pou mwen pou m nan reyinyon sa a avèk noumenm ki detni prètriz Bondye yo. Devouman, lafwa, ak sèvis dezenterese asanble gason ak ti gason sa yo se yon mirak modèn. Aswè a, m ap pale avèk detantè prètriz yo, piti ak gran, ki ini nan ak tout kè yo sèvis Senyè a, Jezikri.

Senyè a akòde pouvwa li a moun nan tout ofis prètriz yo ki diy pou sèvi nan devwa prètriz yo.

Wilford Woodruff, lè l te Prezidan Legliz la, te dekri eksperyans li nan ofis yo nan prètriz la:

“M te tande premye diskou m te janm tande nan legliz sa a. Nan jou apre a, m te batize. … Yo te òdone m kòm Enstriktè. Misyon m te kòmanse imedyatman. … M te pase tout misyon mwen kòm Enstriktè. .… Nan yon konferans, yo te òdone m kòm prèt. … Apre m te fin òdone prèt, yo te voye m … nan yon misyon nan peyi Sid yo. Sete an otòn 1834. M te gen yon konpayon avèk mwen, epi nou te derape san bous e san anyen. M te vwayaje poukont mwen sou plizyè kilomèt epi m te preche levanjil la, epi m te batize yon kantite moun ke m pa t ka konfime nan legliz la, paske m sete yon prèt …. M te vwayaje anpil tan ap preche levanjil la anvan yo te vin òdone m ansyen. …

“[Kounyeya] Sa fè prèske karantkatran depi m se manm Douz Apot yo. Sa fè swasantan kounyeya depi m ap vwayaje avèk yo ak lòt kolèj yo; e m vle di asanble sa a ke m resevwa menm soutyen pouvwa Bondye a m te genyen lè m te detni ofis enstriktè a, e espesyalman lè m t ap ofisye nan jaden an kòm prèt, ke m genyen pandan m yon Apot la. Pa gen okenn diferans nan sa osi lontan ke nou fè devwa nou .”1

Posiblite espirityèl ekstraòdinè sa a, ki di pa gen okenn diferans lan, yo souliyen l nan deskripsyon Senyè a sou Prètriz Aawon an kòm yon “branch” Prètriz Mèlkisedèk la.2 Mo branch la vledi toulède konekte. Koneksyon sa a enpòtan pou prètriz la ka vin fòs ak benediksyon l ka ye a, nan mond sa a ak pou tout tan, paske “li san kòmansman jou ni fen ane.”3

Koneksyon sa a senp. Pretriz Aawon an prepare jènjan yo pou yon angajman ki menm pi sakre toujou.

“Pouvwa ak otorite prètriz siperyè a, oswa Prètriz Mèlkisedèk la, se kenbe kle tout benediksyon espirityèl ki nan legliz la—

“Pou l gen privilèj pou resevwa mistè wayòm syèl la, pou gen syèl la ouvè devan yo, pou kominike avèk asanble jeneral legliz Premyene a, epi pou jwi kominikasyon ak prezans Bondye Papa a ak Jezi ki se medyatè nouvo alyans la.”4

Kle prètriz sa yo totalman egzèse pa yon sèl moun alafwa, Prezidan Legliz Senyè a ki se gran prèt prezidan l tou. Konsa, sou delegasyon Prezidan an, chak moun ki detni prètriz Mèlkisedèk la kapab dote ak otorite ak privilèj pou l pale ak aji nan non Toupuisan an. Gen yon enfini nan pouvwa sa a. Li konsène lavi ak lanmò, fanmi ak Legliz la, ak gwo nati Bondye limenm ak travay etènèl li a.

Senyè a ap prepare detantè Prètriz Aawon an pou l vin yon ansyen k ap sèvi ak lafwa, pouvwa, ak rekonesans nan Prètriz Mèlkisedèk gloriye sa a.

Pou ansyen yo, gratitid pwofon ap esansyèl pou nou jwe pati pa nou an nan sèvis total prètriz la. N ap sonje epòk lè n te dyak, enstriktè , oswa prèt, kote moun ki te detni prètriz pi wo a te lonje lamen pou soutni nou ak ankouraje nou nan vwayaj nou nan prètriz la.

Chak detantè Prètriz Mèlkisedèk gen souvni sa yo, men santiman rekonesans la kapab diminye avèk ane yo. Espwa m se pou relimen santiman sa a epi avèk li, yon detèminasyon pou n bay tout moun nou kapab menm kalite èd nou te resevwa yon fwa a.

M sonje yon evèk ki te trete m kòmsi m te deja sa m te gen potansyèl pou m te devni nan pouvwa prètriz la. Li te rele m yon jou Dimanch pandan m te yon prèt. Li te di l te bezwen m pou m te ka konpayon li pou al vizite kèk manm nan pawas nou an. Li te fè l sonnen kòmsi m sete sèl espwa l te genyen pou l reyisi. Li pa t vrèman bezwen m. Li te gen konseye ekselan nan episkopa l la.

Nou t al vizite yon vèv ki te grangou e ki pa t gen kòb. Li te vle pou m ede l touche kè vèv la, pou m te ba l tach pou l te fè ak itilize yon bidjè, epi pwomèt li ke l t ap ka vin rive nan pozisyon non sèlman pou l ede tèt li men pou l ede lòt moun tou.

Apresa nou t al rekonfòte de tifi ki t ap viv nan yon sitiyasyon difisil. Pandan nou ta prale, evèk la te di m trankilman: “Timoun sa yo pap janm bliye nou te vin wè yo.”

Nan pwochen kay la, m te wè kijan pou m te envite yon mesye inaktif pou l te retounen vin jwenn Senyè a nan konvenk li ke manm yo nan pawas la te bezwen li.

Evèk sa a sete yon detantè Prètriz Mèlkisedèk ki t ap elve vizyon mwen e ki te ban m yon boustè, pa legzanp. Li te anseye m pou m gen pouvwa ak kouraj pou m al nenpòt kote nan sèvis pou Senyè a. L al nan rekonpans li sa fè lontan, men, m toujou sonje li paske li te lonje lamen pou l te elve m lè m te yon detantè Prètriz Aawon san eksperyans. M te aprann nan apre ke l te wè m sou yon fiti chemen pretriz ak pi gwo responsablite, sa m pa t wè nan moman an.

Papa m te fè menm bagay la pou mwen tou. Li sete yon detantè prètriz Mèlkisedèk saj e plen eksperyans. Yon fwa, yon Apot te mande l pou l te ekri yon atik sou prèv syantifik pou laj tè a. Li te ekri l avèk swen, konesan ke kèk moun ki ka li l ta ka vin panse ke tè a te pi jèn anpil pase prèv syantifik yo sigjere a.

M toujou sonje papa m ki te lonje sa l te ekri a ban mwen epi l te di m: “Hal, ou gen sajès espirityèl pou w konnen si m dwe voye bagay sa a bay apot ak pwofèt yo.” M pa ka sonje anpil nan sa papye a te di, men, m ap toujou sonje rekonesans m te santi pou yon gran detantè Prètriz Mèlkisedèk ki te wè nan mwen, sajès espirityèl m pa t ka wè.

Yon jou swa, kèk ane apre, apre m te fin òdone kòm Apot, pwofèt Bondye a te rele m epi l te mande m pou m te li yon bagay yo te ekri sou doktrin legliz la. Li te pase nuit la ap li chapit yon liv. Li te di m avèk yon souri: “M pa ka li tout bagay sa a. Ou pa ta sipoze ap repoze pandan m ap travay.” Epi, li te itilize menm pawòl papa m te itilize dèzane anvan yo: “Hal, ou se sèl moun ki ta dwe li bagay sa a. W ap konnen si l bon pou pibliye.”

M te wè menm modèl detantè Prètriz Mèlkisedèk k ap elve vizyon ak bay konfyans sa a yon jou swa nan yon festival Legliz la te sponsorize. Nan laj 17 tan, yo te mande m pou m te pale avèk yon gwo asanble. M pa t gen okenn ide sou sa yo te atann nan men m. Yo pa t ban m okenn sijè, epi konsa, m te prepare yon diskou ki te depase sa m te konnen sou levanjil la. Pandan m t ap pale, m te reyalize ke m te fè yon erè. M ka ankò sonje santiman echèk m te santi lè m te fin pale a.

Oratè apre a ki sete dènye a sete Èldè Matthew Cowley nan Kolèj Douz Apot yo. Li sete yon gran oratè—yo te renmen l anpil nan legliz la. M ankò sonje m ki t ap gade li pandan m te chita tou pre sou chè a.

Li te kòmanse pale avèk yon vwa puisan. Li te di diskou m nan te fè l santi ke l te nan yon gwo konferans. Li te souri pandan l t ap di sa a. Santiman echèk mwen an te ale e l te suiv pa konfyans ke yon jou m ka vin sa l sanble l te panse m te deja ye a.

Souvni jou swa sa a toujou pouse m pou m koute byen lè yon detantè Prètriz Aawon ap pale. Gras ak sa Èldè Cowley te fè pou mwen an, m te toujou gen espwa ke m ap tande pawòl Bondye. M raman desi e m souvan emèveye, epi, m pa ka anpeche m souri jan Èldè Cowley te souri a.

Anpil bagay ka ede fòtifye jèn frè nou yo pou yo elve yo nan prètriz la, men anyen pa p pi puisan pase noumenm k ap ede yo devlope lafwa ak konfyans ke yo ka atire pouvwa Bondye desann nan sèvis prètriz yo a.

Lafwa sa a ak konfyans sa a pap rete avèk yo apre yon sèl eksperyans kote menm detantè Prètriz Mèlkisedèk ki pi efikas la te soutni yo. Kapasite pou atire pouvwa sa yo dwe kiltive pa anpil ekspresyon konfyans nan men moun ki gen plis eksperyans yo nan prètriz la.

Detantè prètriz Aawon yo ap bezwen ankourajman ak koreksyon chak jou ak chak èdtan tou nan men Senyè a Limenm atravè Sentespri a. Sa ap disponib pou yo si yo chwazi pou yo rete diy pou sa. Sa ap depann sou chwa yo pral fè.

Se poutèt sa nou dwe anseye pa legzanp ak nan temwaye ke pawòl Wa Benjamen yo, gwo detantè Prètriz Mèlkisedèk la, se verite.5 Pawòl sa yo se pawòl lanmou ki pale nan non Senyè a ke prètriz la se pa l la. Wa Benjamen anseye sa yo mande nou pou n rete ase pure pou n ka resevwa ankourajman ak koreksyon nan men Senyè a:

“Epi finalman, m pa kapab di nou tout fason nou kapab fè peche; paske gen anpil fason ak mwayen, tèlman gen anpil m pa kapab konte yo.

“Men sèlman sa m kapab di nou, si nou pa veye tèt nou, ak panse nou yo, ak pawòl nou yo, ak aksyon nou yo, pou nou respekte kòmandman Bondye yo, e kontinye nan lafwa bagay nou te tande konsènan vini Senyè nou an, menm jouk nan finisman vi nou, nou dwe peri. E kounyeya, O mesyedam, sonje e pa peri.”6

Nou tout konsyan de flèch anflame enmi lajistis la ap voye tankou yon van terib kont jèn detantè prètriz yo nou renmen si anpil yo. Pou noumenm, yo sanble ak gèrye Elaman yo, ki te rele tèt yo pitit gason Elaman. Yo ka siviv, menmjan jèn gèrye sa yo te siviv la, si yo kenbe tèt yo an sekirite jan Wa Benjamen te priye yo pou yo fè a.

Pitit gason Elaman yo pa t doute. Yo te batay bravman epi yo te soti venkè paske yo te kwè nan pawòl manman yo.7 Nou konprann pouvwa lafwa yon manman eman. Manman yo pote gwo sipò pou pitit gason yo jodia. Noumenm, detantè prètriz yo, nou kapab e nou dwe ajoute sou sipò sa a avèk detèminasyon nou pou ranpli tach ki di ke, lè nou konvèti, nou dwe lonje lamen pou fòtifye frè nou yo.8

Priyè m se pou chak detantè Prètriz Mèlkisedèk aksepte opòtinite Senyè a ofri yo a:

“Epi si nenpòt moun pami nou fò nan Lespri a, se pou l pran youn ki fèb mennen avèk li, pou l kapab edifye nan tout imilite, pou l kapab vin fò tou.

“Se poutèt sa, pran moun ki òdone nan pipiti prètriz yo avèk nou, epi voye yo pou fikse randevou, epi pou prepare chemen an, epi pou ranpli randevou nou pa kapab ranpli noumenm.

“Gade, se konsa apot mwen yo nan ansyen tan an te bati legliz mwen an pou mwen.”9

Noumenm dirijan prètriz ak papa detantè Prètriz Aawon yo, nou ka reyalize mirak. Nou ka ede Senyè a ranpli ran ansyen fidèl yo avèk jènjan ki aksepte apèl pou preche levanjil la epi ki fè l avèk konfyans. N ap wè anpil ladan yo nou te soutni ak ankouraje rete fidèl, marye diyman nan tanp, epi anretou, y ap soutni ak prepare lòt.

Sa pap mande nouvo pwogram aktivite, ni materyèl ansèyman amelyore, ni pi bon medya sosyal. Sa pap mande okenn apèl ki depase sa nou genyen kounyeya. Sèman ak alyans prètriz la ba nou pouvwa, otorite, ak direksyon. M priye pou n al lakay nou epi al etidye sèman ak alyans prètriz la, n ap jwenn nan Doktrin ak Alyans seksyon 84 la.

Nou tout espere ke plis jènjan pral fè eksperyans tankou pa Wilford Woodruf la ki, pandan l te yon detantè Prètriz Aawon, te anseye levanjil Jezikri a ak pouvwa pou konvèti.

Mwen priye pou nou leve alawotè apèl nou pou soutni lòt pou prepare yo pou sèvis gloriye yo nan prètriz la. Ak tout kè m, mwen remèsye moun ekstraòdinè ki te soutni m e montre m kijan pou m renmen ak soutni lòt yo.

Mwen temwaye ke Prezidan Thomas S. Monson detni tout kle prètriz yo sou tè a nan tan sa a. Mwen ran temwayaj ke, atravè tout yon lavi sèvis, li se yon egzanp pou nou tout k ap lonje lamen pou edifye lòt antanke detantè Prètriz Mèlkisedèk. Mwen pèsonèlman rekonesan pou fason li soutni m e montre m fason pou m soutni lòt moun.

Bondye Papa a vivan. Jezi se Kris la. Sa a se legliz li ak wayòm ni. Sa a se prètriz li. M konnen sa pou tèt pa m pa pouvwa Sentespri a. Nan non Senyè Jezikri. Amèn.