2010–2019
Benediksyon adorasyon
Oktòb 2016


Benediksyon nan Adorasyon

Adorasyon se yon eleman esansyèl ak santral nan lavi espirityèl nou. Se yon bagay nou ta anvi ak tout kè nou, chèche, epi fè efò pou nou viv li.

Vizit Sovè a

Yonn nan eksperyans ki pi remakab ak pi dous yo rapòte nan ekriti yo se istwa vizit Sovè a te fè pèp ki te an Amerik la apre Rezirèksyon L lan. Pèp la te sibi yon destriksyon ki te terib ke sa te lakoz “tout tè a [te vin] defòme.”1 Resi evènman sa yo di konsa ke, apre katastwòf la tout pèp la te kriye san rete,2 epi, nan mitan gwo tristès yo a, yo te gen swaf gerizon, lapè, ak delivrans.

Lè Sovè a te desann sòti nan syèl la, pèp la te tonbe nan pye L defwa. Premye fwa a sete apre L te fin pwononse, avèk otorite divin:

“Gade, M se Jezikri, pwofèt yo te temwaye ki gen pou l vini nan mond lan.

“Epi gade, M se limyè ak lavi mond lan.”3

Apresa, Li te envite moun ki te la yo pou yo “avanse leve vin jwenn mwen, pou nou kapab mete men nou bò kòt mwen, epi tou pou nou ka touche mak klou yo nan men m ak nan pye m, pou nou kapab konnen m se Bondye Izrayèl la, ak Bondye tout tè a, e m te mouri pou peche mond lan. …

“Epi lè yo tout te fin avanse epi yo te konnen pou tèt pa yo, yo te rele ansanm, yo te di konsa:

“Ozana! Se pou non Bondye Ki Pi Wo a beni!”4

Epi apresa, pou yon dezyèm fwa, “yo te tonbe nan pye Jezi.” Men, fwa sa a avèk yon objektif, paske nou aprann ke “yo te adore l”5

Jounen jodia

Nan kòmansman ane sa a, m te gen tach pou m te vizite yon pieu nan lwès Etazini. Sete yon dimanch nòmal, yon reyinyon nòmal, avèk manm Legliz nòmal. M t ap gade pandan moun tap antre nan chapèl la epi yo t ap avanse al chita kote ki disponib yo. Ti konvèsasyon dènye minit yo t ap chichote yo te fè eko nan koulwa a. Manman ak papa t ap eseye—pafwa anven—pou kalme timoun ki enèjik yo. Nòmal.

Men apresa, anvan reyinyon an te kòmanse, kèk pawòl Lespri a te enspire m te vin nan panse m.

Manm sa yo pat sèlman vini pou yo te akonpli yon devwa oubyen pou koute moun fè diskou.

Yo te vini pou yon rezon ki pi pwofon epi ki ankò pi siyifikatif.

Yo te vini pou yo adore.

Pandan reyinyon an t ap kontinye, m t ap suiv diferan manm nan kongregasyon an. Yo te gen yon ekspresyon ki te prèske selès, yon atitid reverans ak lapè. Gen yon bagay nan yo ki te rechofe kè mwen. Eksperyans yo t ap fè jou Dimanch sa a sete yon bagay toutafè ekstraòdinè.

Yo t ap adore.

Yo tap fè eksperyans avèk syèl la.

M te wè sa sou ekspresyon figi yo

Epi m te rejwi, m te adore avèk yo. Epi pandan m tap fè sa a, Lespri a te pale nan kè m. Epi jou sa a, m te aprann yon bagay konsènan tèt pa m, konsènan Bondye, e konsènan vrè adorasyon nan lavi nou.

Adorasyon nan lavi kotidyèn nou

Sen Dènye Jou yo eksepsyonèl nan zafè sèvi nan apèl nan Legliz la. Men, kèk fwa nou ka fè travay nou machinalman, kòmsi n ap senpleman akonpli yon obligasyon. Kèk fwa, asistans nou nan reyinyon yo ak sèvis nou nan wayòm nan kapab manke eleman sakre adorasyon an. Epi san li, nou rate yon rankont espirityèl enkonparab avèk enfini an—yon rankont nou gen dwa a li antanke pitit yon Papa eman ki nan syèl la.

Olye ke l se yon bèl okazyon aksidantèl, adorasyon se yon eleman esansyèl ak santral pou lavi espirityèl nou. Se yon bagay nou ta dwe aspire pou li, cheche li, epi fè efò pou nouv viv li.

Kisa adorasyon ye?

Lè nou adore Bondye, nou apwoche devan L avèk reverans, imilite, ak adorasyon. Nou rekonèt ak aksepte L kòm Wa souvren nou, Kreyatè inivè a, Papa eman e enfiniman byenneme nou.

Nou respekte L e nou gen reverans pou li.

Nou soumèt tèt nou devan Li.

Nou leve kè nou nan gwo priyè, nou cheri pawòl Li, nou rejwi nan gras Li, epi nou pran angajman pou suiv Li avèk lwayote ak dilijans.

Adore Bondye se yon eleman ki si esansyèl nan lavi yon disip Jezikri ke si nou pa resevwa Li nan kè nou, nap chèche L anven nan konsèy nou yo, nan legliz nou, ak nan tanp nou yo.

Vrè disip yo santi yon pouse pou yo “adore limenm ki te fè syèl la, ak tè a, ak lanmè a, ak fontèn dlo yo—pou rele non Bondye jou e nuit.”6

Nou ka aprann anpil sou vrè adorasyon nan egzamine kouman lòt moun—moun ki petèt pa si diferan avèk nou—te konn rankontre, aji, ak adore nan prezans divin nan.

Emèveyman, rekonesans ak esperans

Nan premye mwatye 19èm syèk la, mond Kretyen an te konplètman abandone ide ke Bondye toujou pale avèk lòm nan. Men, nan prentan 1820 an, sa te chanje pou tout tan lè yon enb tigason fèmye te antre nan yon jaden pyebwa epi l te mete l ajenou pou l te priye. Depi jou sa a, yon flo vizyon, revelasyon, ak aparisyon selès remakab te devèse sou tè a, pou bay abitan l yo yon konesans presye konsènan nati ak objektif Bondye ak relasyon Li avèk lòm.

Oliver Cowdery te dekri jou sa yo kòm jou “inoubliyab. … Ala yon lajwa! Ala yon mèvèy! Ala yon etònman!”7

Pawòl Oliver yo dekri premye eleman ki akonpaye vrè adorasyon diven an—yon sans respè majestye ak rekonesans pwofon.

Chak jou, men espesyalman nan jou Saba a, nou gen opòtinite ekstraòdinè pou nou viv mèvèy ak etònman selès sa a, epi ofri louwanj nou pou Bondye pou bonte Li ak mizèrikòd ineksplikab Li.

Sa ap mennen nou nan esperans. Bagay sa yo se premye eleman adorasyon.

Limyè, konesans, ak lafwa

Nan jou beni Pannkot la, Sentespri a te antre nan kè ak nan espri disip Kris yo, Li te ranpli yo ak limyè ak konesans.

Anvan jou sa, yo te konn pafwa pa t konnen sa yo ta dwe fè. Jerizalèm sete yon kote danjere pou yon moun ki tap suiv Sovè a, epi yo t ap mande tèt yo kisa k ta pral rive yo.

Men, lè Sentespri a te ranpli kè yo a, dout ak ensètitid te disparèt. Atravè eksperyans siprèm vrè adorasyon an, Sen Bondye yo te resevwa limyè, konesans selès, ak yon temwayaj ranfòse. Epi sa te mennen nan lafwa.

Apati moman sa a, Apot yo ak Sen yo te aji avèk detèminasyon. Kareman, yo te preche Jezikri bay tout mond la.

Lè nou adore an espri, nou envite limyè ak verite nan nanm nou, sa ki ranfòse lafwa nou. Bagay sa yo se eleman ki nesesè pou vrè adorasyon tou.

Disip ak charite

Nan Li Mòmon an, nou aprann ke, apati moman kote Alma pitit la te delivre anba soufrans pou konsekans pwòp rebelyon li yo, li pat janm menm moun nan ankò. Li te “vwayaje kareman atravè tout peyi a … ak nan pami tout pèp la …, li te eseye avèk gwo efò pou repare tout tò li [te] fè legliz la.”8

Adorasyon konstan li pou Bondye Toupuisan an te pran fòm adorasyon yon disip enèjik.

Vrè adorasyon transfòme nou fè nou tounen disip sensè ak fèvan Mèt e Sovè byeneme nou an, Jezikri. Nou chanje epi nou vin plis menmjan avèk Li.

Nou vin pi konpreyansif ak pi atansyone. Pi padonan. Pi eman.

Nou konprann ke l enposib pou nou di nou renmen Bondye pandan ke nan menm tan an, nou rayi, nou inyore, oubyen meprize lòt moun ki bò kote nou.9

Vrè adorasyon mennen nan yon detèminasyon inebranlab pou nou mache sou chemen disip la. Epi sa inevitableman mennen nan charite. Bagay sa yo tou se eleman adorasyon ki nesesè.

Antre nan pòt Li a avèk remèsiman

Lè m ap reflechi sou sa k te kòmanse kòm yon Dimanch maten nòmal, nan sal reyinyon nòmal sa a, nan pieu nòmal sa a, jiska jodia m touche pa eksperyans espirityèl ekstraòdinè sa a ki ap rete yon benediksyon nan lavi m pou tout tan.

M te aprann ke menm si nou eksepsyonèlman administre tan nou, apèl nou, ak tach nou—menm lè nou tcheke tout kazye ki sou lis “dirijan, fanmi oswa moun “pafè” a—si nou pa adore Liberatè plen mizèrikòd nou an, Wa selès, ak Bondye gloriye nou an, n ap pase akote anpil nan lajwa ak lapè levanjil la.

Lè nou adore Bondye, nou rekonèt Li epi nou resevwa Li avèk menm reverans ansyen pèp an Amerik yo. Nou apwoche devan L avèk santiman mèvèy ak respè enkonpreyensib. Nou emèveye an gratitid pou bonte Bondye. Epi konsa, nou akeri esperans.

Nou medite sou pawòl Bondye a, epi sa ranpli nanm nou avèk limyè ak verite. Nou konprann vizyon espirityèl nou ka sèlman wè atravè limyè Sentespri a.10. Epi konsa, nou akeri lafwa.

Lè nou adore, nanm nou vin rafine epi nou pran angajman pou nou mache sou anprent Sovè byenneme nou an, Jezikri. Epi nan rezolisyon sa a, nou akeri charite.

Lè nou adore, kè nou lage nan louwanj pou Bondye beni nou an, maten, midi, ak aswè.

Nou respekte Li e nou onore Li kontinyèlman—nan sal reyinyon nou yo, lakay nou, nan tanp yo ak nan tout travay n ap fè.

Lè nou adore, nou louvre kè nou bay pouvwa gerisè Ekspyasyon Jezikri a.

Lavi nou vin tounen senbòl ak ekspresyon adorasyon nou.

Frè m ak sè m yo, eksperyans espirityèl pa twò gen anyen pou l wè avèk sa k ap pase bòkote nou men, li depann de tout sa k ap pase andedan kè nou. Mwen gen temwayaj ke vrè adorasyon ap transfòme reyinyon òdinè Legliz yo fè yo vin tounen festen espirityèl ekstraòdinè. Sa ap anrichi lavi nou, elaji konpreyansyon nou, epi ranfòse temwayaj nou. Paske, lè nou enkline kè nou bay Bondye, tankou ansyen ekriven Sòm yo, nou “antre nan pòt Li a avèk remèsiman, epi nan lakou li a avèk louwanj: [Nou ] rekonesan devan L, epi nou beni non L.

“Paske Senyè a bon; mizèrikòd li etènèl; epi verite li andire pou tout jenerasyon.”11

Atravè adorasyon sensè ki soti nan kè nou, nou fleri epi nou vin gen matirite nan esperans, lafwa, ak charite. Epi atravè pwosesis sa a, nou rasanble limyè selès vin nan nanm nou pou konble lavi nou avèk siyifikasyon divin, lapè dirab, ak lajwa etènèl.

Sa se benediksyon adorasyon nan lavi nou. Konsènan sa mwen enbleman temwanye nan non sakre Jezikri, amèn