2010–2019
Doktrin Kris la
Oktòb 2016


Doktrin Kris la

Doktrin Kris la pèmèt nou gen aksè nan pouvwa espirityèl ki ap elve nou soti nan eta espirityèl aktyèl nou an pou n al nan yon eta kote nou kapab vin pafè.

Vizit Jezi te bay Nefit yo apre Rezirèksyon Li a te òganize avèk swen pou anseye nou bagay ki gen pi gran enpòtans yo. Li te kòmanse avèk Papa a ki te temwaye bay pèp la, ke Kezi se “Pitit Gason Byenneme Li a, Pitit [ki te fè L] plèzi a.”1 Apresa Jezi limenm te desann epi L te temwaye konsènan Sakrifis Ekspyatwa Li a,2 li te envite pèp la pou yo “konnen avèk evidans” Li se Kris la, Li te fè yo vin touche mak blesi nan bò kòt Li yo ak mak klou ki te nan men L ak pye L yo.3 Temwayaj sa yo te demontre san okenn dout ke Sakrifis Ekspyatwa Jezi a te fèt epi Papa a te akonpli alyans Li te fè pou L te ban nou yon Sovè a. Apresa, Jezi te anseye Nefit yo kouman pou yo jwenn tout benediksyon plan bonè Papa a, ki disponib pou nou gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, nan anseye yo doktrin Kris la.4

Mesaj mwen an, jodi a, ap santre sou doktrin Kris la. Ekriti yo defini doktrin Kris la kòm: egzèse lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon Li a, repanti, batize, resevwa don Sentespri a, epi pèsevere jiskalafen.5

Doktrin Kris la pèmèt Nou Jwenn Benediksyon Sakrifis Ekspyatwa Kris la

Sakrifis Ekspyatwa Kris la kreye kondisyon sou pou nou baze pou nou ka depann sou “merit, ak mizèrikòd, ak gras Mesi ki Sen an,”6 “pou nou vin pafè nan [Kris la],”7 pou nou jwenn tout bon bagay,8 epi pou nou jwenn lavi etènèl.9

Nan yon lòt bò, doktrin Kris la se mwayen an—sèl mwayen—ki pèmèt nou jwenn tout benediksyon ki disponib pou nou atravè Ekspyasyon Jezi a. Se doktrin Kris la ki pèmèt nou gen aksè nan pouvwa espirityèl ki pral leve nou sòti nan eta espirityèl aktyèl la pou mennen nou nan yon eta kote nou ka vin pafè tankou Sovè a.10 Konsènan pwosesis renesans sa a, Elder D. Todd Christofferson te anseye: “Nedenouvo, ki pa menmja avèk nesans fizik nou, se plis yon pwosesis pase yon evenman. Epi, angaje nou nan pwosesis sa a, se objektif santral mòtalite a”11

An nou eksplore chak eleman nan doktrin Kris la.

Premyeman, lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan. Pwofèt yo anseye ke lafwa kòmanse nan tande pawòl Kris la.12 Pawòl Kris yo temwaye konsènan sakrifis ekspyatwa L la a epi yo di nou kouman nou ka jwenn padon, benediksyon, ak egzaltasyon.13

Lè nou tande pawòl Kris la, nou egzèse lafwa nan chwazi pou nou swiv ansèyman ak egzanp Sovè a.14 Pou nou fè sa, Nefi te anseye ke nou dwe depann “totalman sou merit [Kris la,] ki plen pouvwa pou L sove nou.”15 Paske Jezi te yon Bondye nan egzistans premòtèl la,16 Li te viv yon lavi san peche,17 epi pandan Sakrifis Ekspyatwa L la Li te satisfè tout demann lajistis yo pou oumenm avèk mwen,18 Li gen pouvwa ak kle pou reyalize rezirèksyon tout limanite,19 epi li rann li posib pou mizèrikòd domine lajistis sou kondisyon repantans.20 Yon fwa nou konprann ke nou ka jwenn mizèrikòd atravè merit Kris la, nou ka “gen lafwa pou nou repanti”.21 Depann totalman sou merit Kris la lè sa a se kwè ke Li te fè sa k nesesè pou sove nou yo epi apresa aji selon kwayans nou.22

Epitou, lafwa lakoz nou sispann bay tèt nou pwoblèm pou sa lòt moun panse de nou, pou nou plis kòmanse sousye de sa Bondye panse de nou.

Dezyèmman, repantans. Samyèl, Lamanit la te anseye, “Si nou kwè nan non [Kris la] nap repanti nan tout peche nou.”23 Repantans se yon don presye ki sòti nan men Papa nou ki nan Syèl la, ki vin posib atravè sakrifis Sèl Pitit Gason Literal Li a. Se prosesis Papa a banou pou nou ka change, oubyen vire panse nou, aksyon nou, e menm egziztans nou, pou nou kapab vin tounen plis an plis tankou Sovè a.24 Se pa sèlman pou gwo peche, men, se yon pwosesis evalyasyon ak amelyorasyon pèsonèl kotidyen25 ki pou ede nou simonte peche nou, enpèfeksyon nou, feblès nou, ak enkapasite nou.26 Repantans lakoz nou vin tounen “vrè disip” Kris la, ki ranpli avèk amou27 epi ki chase krent nou.28 Repantans se pa yon plan anrezèv anka plan nou pou nou viv avèk pèfeksyon an pa mache.29 Repantans kontinyèl se sèl chemen ki ka pote lajwa dirab pou nou e rann posib pou nou retounen al viv avèk Papa nou ki nan Syèl la.

Atravè repantans, nou vin soumi e obeyisan anba volonte Bondye. Bagay sa pa fèt poukont li. Lè nou rekonèt bonte Bondye ak limitasyon nou,30 konbine avèk pi bon efò nou pou aliye konpòtman nou avèk volonte Bondye,31 sa pote lagras nan lavi nou.32 Gras “se mwayen diven pou nou jwenn èd oubyen fòs, ke yo akòde nou atravè mizèrikòd ak amou abondan Jezikri … pou nou fè bon zèv ke otreman [nou] pa t ap kapab kenbe si yo sa te depann sou pwòp mwayen pa nou.”33 Paske repantans se reyèlman yon zafè pou vin tankou Sovè a, sa ki enposib poukont nou, nou dezespereman bezwen gras Sovè pou nou ka fè chanjman ki nesesè yo nan lavi nou.

Lè nou repanti, nou ranplase ansyen konpòtman enjis nou, feblès, enpèfeksyon, ak krent nou yo pa nouvo konpòtman ak kwayans ki rapwoche nou pi pre Sovè a epi ki ede nou vin tankou L.

Twazyèmman, batèm ak sentsèn. Pwofèt Mòmon te anseye, “premye fwi repantans se batèm.”34 Pou l ka konplè, repantans dwe konbine avèk òdonans batèm nan ki administre pa yon moun ki detni otorite prètriz Bondye a. Pou manm Legliz yo, alyans ki fèt nan batèm yo ak nan lòt okazyon yo renouvle lè nou pran Sentsèn.35

Nan òdonans batèm ak sentsèn yo, nou fè alyans pou nou kenbe kòmandman Papa a ak Pitit la, pou nou toujou sonje Kris la, epi pou nou dispoze pou pran non Kris la (oubyen travay Li ak kalite Li36) sou tèt nou.37 Anretou, Sovè a fè alyans pou L padone nou, oubyen ba nou remisyon peche nou38 epi pou devèse Lespri sou nou avèk plis abondans.39 Kris la pwomèt tou pou L prepare nou pou lavi etènèl nan ede nou vin menmjan avèk li.40

Douglas D. Holmes, Premye Konseye nan Prezidans Jeneral Jènjan yo, te ekri: “Òdonans batèm ak sentsèn yo senbolize alafwa rezilta ak pwosesis nedenouvo a. Nan batèm, nou antere ansyen moun lachè a epi nou soti avèk yon lavi nouvo.41 Nan sentsèn nan, nou aprann ke chanjman sa a se yon pwosesis ki fèt etap pa etap, [kote] tikras-patikras, semèn apre semèn, nou transfòme pandan n ap repanti, fè alyans, epi atravè plis dotasyon Lespri a, [vin tankou Kris la].”42

Òdonans ak alyans yo esansyèl nan doktrin Kris la. Se lè nou resevwa òdonans prètriz yo diyman epi nou kenbe alyans ki asosye avèk yo a ke pouvwa Bondye a manifeste nan lavi nou.43 Elder D. Todd Christofferson te eksplike, “pouvwa Bondye’ sa a vini nan yon moun e pa enfliyans Sentespri a.”44

Katriyèmman, don Sentespri a. Apre batèm, yo ban nou don Sentespri a atravè òdonans konfimasyon an.45 Don sa, si nou resevwa l, pèmèt nou gen konpayi konstan yon Bondye46 ak aksè kontinyèl nan gras ki otomatikman vini avèk enfliyans Li a.

Kòm konpayon konstan nou, Sentespri a ban nou pouvwa oubyen fòs adisyonèl pou nou kenbe alyans nou yo.47 Epitou, li sanktifye nou,48 ki vle di li “libere nou anba peche, li pwòpte nou, lave nou, e sanktifye nou pa mwayen sakrifis ekspyatwa Jezikri a.”49 Pwosesis sanktifikasyon an non sèlman lave nou, men tou, li dote nou avèk don oswa atribi diven Sovè a nou bezwen yo50 epi l chanje nati nou,51 nan yon tèl fason ke “nou ka pa gen dispozisyon pou fè sa ki mal ankò.”52 Chak fwa nou resevwa Sentespri a nan lavi nou atravè lafwa, repantans, òdonans, sèvis kretyen ak lòt bagay ki jis, nou chanje jiskaske, etap pa etap, tikal pa tikal, nou vin tankou Kris la.53

Senkyèmman, pèsevere jiska lafen. Pwofèt Nefi te anseye ke apre nou fin resevwa don Sentespri a, nou dwe “pèsevere jiska lafen, nan suiv egzanp Pitit Gason vivan Bondye a.”54 Elder Dale G. Renlund te dekri pwosesis pèsevere jiska lafen an konsa: “nou ka vin pafè si nou tout tan e totalman … egzèse lafwa nan [Kris la], repanti, pran Sentsèn pou nou renouvle alyans ak benediksyon batèm yo, epi resevwa Sentespri a kòm konpayon konstan nou nan yon degre ki pi wo. Si nou fè sa, nap vin plis sanble ak Kris la, epi n ap kapab pèsevere jiskalafen, avèk tout sa sa enplike.”55

Otreman di, resevewa Sentespri a ak chanjman resepsyon sa a kreye nan nou pi plis bati lafwa nou. Ogmantasyon lafwa mennen nan repantans adisyonèl. Apresa, pandan n ap senbolikman sakrifye kè nou ak peche nou sou otèl sentsèn nan, nou resevwa Sentespri a nan yon pi wo degre. Resevwa Sentespri a nan yon pi wo degre fè nou avanse sou chemen pou nou ne denouvo a. Pandan n ap kontinye nan pwosesis sa epi n ap jwenn tout òdonans ak alyans sali levanjil la, nou resevwa “gras sou gras” jiskaske nou resevwa yon plenitid.56

Nou Dwe Aplike Doktrin Kris la nan Lavi Nou

Frè m ak sè m yo, si nou aplike doktrin Kris la nan lavi nou, n ap beni tanporèlman ak espirityèlman, menm nan eprèv yo. Finalman n ap vin kapab “an posesyon tout bon bagay.”57 M temwaye ke pwosesis sa a te fèt e li kontinye ap fèt nan pwòp lavi pa m, etap pa etap, tikras-patikras.

Men, pi enpòtan toujou, nou dwe aplike doktrin Kris la nan lavi nou paske li bay sèl chemen pou nou retounen al jwenn Papa nou ki nan Syèl la. Se sèl fason pou n resevwa Sovè a epi pou n vin tounnen pitit gason ak pitit fi li.58 Anfèt, sèl fason pou nou ka rachte anba peche e pwogrese espirityèlman se aplike doktrin Kris la nan lavi nou.59 Altènativman, Apot Jan te anseye “nenpòt moun ki … pa rete nan doktrin Kris la, li pa gen Bondye.”60 Epi Jezi menm te di Douz Nefit yo ke, si nou pa egzèse lafwa nan Kris la, nou pa repanti, nou pa batize, epi nou pa pèsevere jiska lafen, yo pral “rache nou e jete nou nan dife, kote [nou] p ap janm kapab sòti.”61

Konsa, kouman nou ka aplike doktrin Kris la pi totalman nan lavi nou? Youn nan fason yo se fè yon efò konsyan chak semèn pou prepare nou pou sentsèn kote n ap pran tan pou, nan lapriyè, nou reflechi sou sa nou plis bezwen amelyore. Lè sa a, nou ka ofri omwen yon bagay ki anpeche nou vin menmjan ak Jezikri kòm sakrifis sou otèl sentsèn nan, pandan n ap mande èd ak lafwa, pandan n ap mande don espirityèl nesesè yo, epi fè alyans pou nou amelyore pandan semèn k ap vini an.62 Si nou fè sa, Sentespri a ap vini nan lavi nou nan yon pi wo degre, epi nap gen fòs adisyonèl pou simonte enpèfeksyon nou yo.

Mwen temwaye ke Jezikri se Sovè mond lan epi Li se sèl non ki kapab fè nou sove.63 Tout bagay ki bon disponib sèlman atravè Limenm.64 Men, pou nou vrèman “an posesyon tout bon bagay,”65 enkli lavi etènèl, nou dwe kontinyèlman aplike doktrin Kris la nan lavi nou. Nan non sakre Jezikri, amèn.