2010–2019
Gwo plan redanmsyon an
Oktòb 2016


Gwo plan redanmsyon an

Mwen konnen ke lè nou repanti sensèman pou peche nou yo, yo disparèt vrèman—san kite tras!

Kèlke mwa anvan Prezidan Boyd K. Packer te mouri, dirijan jeneral prètriz ak oksilyè yo te gen okazyon presye pou l te vin pale avèk yo. M pa ka sispann reflechi sou sa l te di yo. Li te di nou li te repase tout sa l te fè pandan lavi li, ap chèche tras peche li te komèt ke l te repanti pou yo e, li pa t ka jwenn okenn tras yo. Gras ak sakrifis ekspyatwa Sovè byeneme nou an, Jezikri, epi atravè repantans, peche l yo te totalman disparèt, kòmsi yo pa t janm egziste. Apresa, Prezidan Packer te bay noumenm lidè yo jou sa a tach pou temwaye ke sa se verite pou nou chak ki repanti sensèman.

Mwen konn yon mesye ki te komèt transgresyon moral sa gen plizyè ane. Pandan kèk tan, mesye sa a te santi l te twò wont ak twò malalèz pou l te apwoche mandanm ni ak dirijan prètriz yo. Li te anvi repanti totalman men an reyalite, li te deklare ke l te pare pou renonse ak pwòp sali etènèl li pase pou l ta lakoz madanm ni ak pitit li travèse chagren, lawont, ak lòt konsekans konfesyon li ta ka lakoz yo.

Lè nou peche, Satan souvan eseye konvenk nou ke bagay ki pa egoyis pou nou ta fè a se pwoteje lòt moun kont devastasyon konesans peche nou an ap pote, enkli evite konfese bay evèk nou, ki kapab beni lavi nou atravè kle prètriz li detni kòm jij an Izrayèl la. Sepandan, verite a sèke bagay kretyen ki pa egoyis nou ta dwe fè a se konfese epi repanti. Sa se gran plan redanmsyon Pè Selès nou an.

Finalman, chè mesye sa a te konfese peche li bay madanm ni ak dirijan legliz li, kote l te eksprime gwo remò. Malgre sete bagay ki te pi difisil li te janm fè, santiman soulajman, lapè, lanmou, ak rekonesans pou Sovè nou an, ak yon konesans ke Senyè a t ap soulaje fado lou l la epi soutni l la, te pote lajwa ki depase ekspresyon, kèlkeswa rezilta a ak fiti li.

Imaj
Sovè a k ap rekonfòte

Li te konnen madanm ni yo t ap devaste—e yo te devaste vre; epi li te konnen ta pral gen aksyon disiplinè ak yon relèv nan apèl li—epi te sa te fèt vre. Li te sèten ke sa t ap brize kè madanm ni epi li t ap blese, e ankòlè—e sa te rive. Epi li te gen konviksyon ke madanm nan t ap kite li, epi l t ap pran timoun yo avèk li—men li pa t fè sa.

Pafwa gwo transgresyon mennen nan divòs, epi, selon sikonstans yo, sa gen dwa nesesè. Men, mesye sa a te etone pou l te wè madanm ni te anbrase l epi l te konsakre tèt li pou ede l nan tout fason li te kapab. Avèk letan, li te vin kapab totalman padone li. Li te santi pouvwa gerisè Ekspyasyon Sovè a pou li. Dèzane apre, koupe sa a ak twa pitit yo toujou trè solid e fidèl. Mari ak madanm nan ap sèvi nan tanp epi yo gen yon maryaj mèveye, solid, ki plen lanmou. Pwofondè temwayaj mesye sa a ak lanmou li ak rekonesans li pou Sovè a ak Ekspyasyon L lan evidan anpil nan lavi li.

Amilèk te temwaye: “Wi, m ta vle nou vini, pou nou pa fè kè di ankò; … si nou repanti …, imedyatman gwo plan redanmsyon an ap akonpli pou nou.”1

Pandan m t ap sèvi avèk mari m lè l te prezidan yon misyon, nou t al nan ayewopò pou nou t al chèche yon gwo gwoup misyonè yon jou. Yon jenòm an patikilye te atire atansyon nou. Li te parèt tris, akable, prèske dezanpare. Nou te gade l avèk atansyon jou aprèmidi sa a. Rive aswè, jènjan sa a te fè yon konfesyon anreta, epi dirijan l yo te deside ke l te bezwen retounen lakay li. Malgre nou te tris anpil dèske li pa t onèt e li pa t repanti anvan l te vin nan misyon an, sou wout pou al ayewopò a, nou te sensèman felisite li sensèman paske l te gen kouraj pou l te konfese a, epi nou te pwomèt ke nou t ap rete an kontak avèk li.

Jenòm ekselan sa a te gen benediksyon pou l te gen bon paran, dirijan prètriz fòmidab, ak soutyen ak lanmou manm nan pawas li yo. Apre ennan travay di pou l te ka totalman repanti e benefisye Ekspyasyon Sovè a, li te vin kapab retounen nan misyon nou an. Sa difisil pou m dekri santiman lajwa nou te santi lè nou t al chèche jènjan sa a nan ayewopò a. Li te ranpli ak Lespri a, li te kontan, li te konfyan devan Senyè a, epi li te pare pou l te akonpli yon misyon fidèl. Li te vin yon misyonè eksepsyonèl, epi nan apre, mari m avèk mwen te gen privilèj pou n te asiste nan sèlman li nan tanp.

An kontras, mwen konn yon lòt sè misyonè ki, te konnen ke peche li pa t konfese anvan misyon l lan t ap asireman lakoz yo te voye l tounen lakay li, epi li te prepare pwòp plan pa l pou l te travay di pandan misyon an epi pou l te konfese bay prezidan misyon an jis kèlke jou anvan l te fini misyon an. Li pa t santi tristès selon Bondye a epi li te eseye kontoune plan Sovè eman nou an ofri nou chak la.

Pandan misyon nou, m te akonpaye mari m yon fwa kote l te al entèvyouve yon mesye pou batèm. Pandan mari m t ap fè entèvyou a, m te tann deyò a avèk sè misyonè yo ki te anseye mesye sa a. Lè entèvyou a te fini, mari m te enfòme misyonè yo ke mesye sa a t ap kapab batize. Chè mesye sa a te kriye anpil pandan l t ap eksplike ke li te panse sa l te fè nan lavi l yo t ap lakoz li pa t ap kapab batize. M te raman temwen lajwa ak bonè yon moun ki soti nan tenèb pou antre nan limyè ki egal ak sa m te temwen jou sa a.

Imaj
Sovè a pote lespwa

Èldè D. Todd Christofferson temwaye:

“Avèk lafwa nan Redanmtè mizèrikòdye [nou] an ak nan pouvwa Li, dezespwa potansyèl tounen lespwa. Kè ak dezi moun nan chanje, epi peche ki te atiran otrefwa a vin plis an plis degoutan. …

“… Kèlkeswa pri repantans lan, li absòbe nan lajwa padon an.”2

Eksperyans sa yo raple m Enòs nan Liv Mòmon an, ki te “kriye nan pye [Senyè a] nan gwo priyè ak siplikasyon,” epi li te tande yon vwa ki te di l, “Enòs, peche w yo padone. …

“Epi mwen menm Enòs, m te konnen Bondye pat kapab bay manti.

“Epi m te di: Senyè a, kouman sa fè fèt?

“Epi li te di m: Poutèt lafwa w nan Kris la, … ou mèt ale, lafwa w geri ou.”3

Pandan m t ap prepare diskou sa a, m te anvi gen yon ide sou fason pitit pitit pitit mwen yo konprann repantans lan ak sa yo santi yo osijè Sovè a, konsa, m te mande pitit mwen yo pou yo te poze yo kesyon sa yo. M te touche pa repons pitit pitit mwen yo.

Kisa repantans ye? “Lè ou frape yon moun, ou ka di ‘padon’ epi ede l leve.”

Kijan w santi w lè w repanti? “Ou ka santi prezans Li ; ou ka santi chalè Li, epi move santiman yo disparèt.”

Kijan w santi w apwopo Jezi ak Pè Selès la lè w repanti? “M santi ke Jezi panse sa te vo lapèn pou l te fè Ekspyasyon an epi, li kontan dèske nou ka viv avèk li ankò.”

Poukisa Jezi ak Pè Selès la vle pou m repanti? Nan pawòl pitit pitit fi adolesant mwen an: “Paske Yo renmen mwen! Pou m ka pwogrese epi vin tankou Yo, m bezwen repanti. M vle pou Lespri a avèk mwen tou, konsa, m bezwen repanti chak jou pou m ka gen konpayi mèveye li. M papa janm ka remèsye Yo ase.”

Lè Brynlee ki gen katran te tande kesyon sa yo, li te di: “M pa konnen Papa. Ou menm, di mwen.”

Imaj
Brynlee ak papa li

Nan yon konerans jeneral anvan sa, Èldè Jeffrey R. Holland te deklare: “Kèlkeswa jan ou ta panse l twò ta, kèlkeswa pil chans ou panse ke w rate, kèlkeswa pil erè ou santi ou te fè …, oubyen kèlkeswa lwen ou santi w deja ale lwen lakay oubyen lwen fanmi ou oubyen lwen Bondye, mwen temwaye ou ke ou pap vwayaje depase limit amou diven an. Li pa posib pou ou desann piba pase kote limyè enfini sakrifis ekspyatwa Kris la kapab rive.”4

O, ala m ta renmen pou chak pitit mwen, chak pitit pitit mwen, ak nou chak, frè m ak sè m yo, ta santi lajwa ak santi nou pwòch Pè Selès la ak Sovè nou an lè n ap repanti chak jou pou peche nou ak feblès nou yo. Chak pitit ki responsab devan Pè Selès la bezwen repantans. Panse pou ki peche nou bezwen repanti? Kisa k anpeche nou pwogrese? Nan ki fason nou bezwen amelyore?

Mwen konnen, jan Prezidan Packer te konnen ak temwaye a, lè nou repanti sensèman, peche nou yo vrèman efase—san kite tras! Mwen pèsonèlman konn santi lajwa, soulajman, ak konfyans devan Senyè a lè m repanti sensèman repanti.

Pou mwen menm, pi gwo mirak nan lavi sa a se pa separe Lanmè Wouj la ande, ni deplase montay, ni menm gerizon kò a. Pi gwo mirak la fèt lè nou enbleman apwoche Pè Selès nou an epi nou priye avèk fèvè pou peche nou yo ka padone epi apresa nou vin pwòp anba peche sa yo atravè sakrifis ekspyatwa Sovè nou an. Nan non sakre Jezikri, amèn.