2010–2019
Mèt gerisè a
Oktòb 2016


Mèt gerisè a

Nou pa oblije pote tristès peche lakoz yo, soufrans aksyon lòt moun lakoz, oubyen reyalite douloure mòtalite yo—poukont nou.

Youn nan opòtinite ki pi rekonpansan pou mwen se vwayaje—pou aprann nan men sè m yo toupatou nan mond lan. Pa gen anyen tankou travay men nan lamen avèk nou, pou wè nou fasafas, epi ini kè nou ansanm.

Pandan youn nan eksperyans sa yo, yon dirijant Sosyete Sekou te mande m: “Èske gen yon bagay espesifik fi yo ta dwe konsantre sou li?”

Mwen te reponn: “Wi!” pandan diskou Prezidan Russell M. Nelson an ki rele “Yon egzòtasyon pou sè m yo” te vin nan lespri m. Prezidan Nelson te anseye: “Nou bezwen fi ki posede yon konpreyansyon pwofon sou doktrin Kris la.”1

Nefi te dekri doktrin Kris la nan fason sa a:

“Paske pòt pou nou antre a se repantans ak batèm nan dlo; e lè sa a, nou pral gen padon pou peche nou yo nan dife ak nan Sentespri a. …

“Epi kounyeya … m vle mande èske tout bagay fini? Gade, m di nou, Non; paske nou pa ta p kapab rive joukla si se pa t pou pawòl Kris la, avèk lafwa fèm nou gen nan li, si nou pa depann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou l sove a.

“Se poutèt sa, nou dwe avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout moun. Se poutèt sa, si nou kenbe fèm, nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e si nou pèsevere jiskalafen, gade, Papa a di: N ap gen lavi etènèl.

“… Se chemen an sa; e pa gen okenn lòt chemen ni okenn lòt non anba syèl la ki kapab sove lèzòm nan wayòm Bondye a. Epi kounyeya, gade,se doktrin Kris la.2

Poukisa nou bezwen gen yon konpreyansyon pwofon sou prensip sa yo?

Mwen souvan rankontre fi Sen Dènye Jou ki dezespere pou èd, men yo pa vin jwenn Moun ki ka bayo èd etènèl la. Yo manke yon konpreyansyon pwofon sou doktrin Kris la epi yo pito al chèche konpreyansyon “gwo kay byenlaj la.”3

Si nou reponn envitasyon Prezidan Nelson an, epi nou ogmante konpreyansyon nou sou doktrin Kris la, n ap dekouvri byen vit ke n ap devlope yon pi bon konpreyansyon sou “gwo plan bonè a.”4 N ap rekonèt Sovè nou an, Jezikri, se santral plan an tou.

Lè nou aprann kijan pou n aplike doktrin Kris la nan sikonstans pèsonèl nou yo, lanmou nou pou Sovè a ap grandi. Epi n ap rekonèt ke “malgre diferans nou wè yo, nou tout bezwen menm Ekspyasyon enfini an.”5 N ap reyalize ke Li se fondasyon nou—“wòch Redanmtè nou an, … yon bon fondasyon … [nou] pa kapab tonbe si [nou] bati sou fondasyon sa a.”6

Ki fason doktrin sa a ka beni nou pandan n ap chèche lapè ak konpreyansyon e eseye pèsevere jwayezman nan vwayaj nou nan mòtalite a?

Kite m sigjere pou nou kòmanse, jan Nefi di a, “avèk yon lafwa fèm nan [Kris la], pandan n ap depann antyèman sou merit limenm ki gen pouvwa pou l sove a.”7 Lafwa nou nan Jezikri pèmèt nou afwonte nenpòt pwoblèm.

Anfèt, nou souvan wè lafwa nou vin pi pwofon epi relasyon nou avèk Pè Selès la ak Pitit Gason L lan rafine nan advèsite. Kite m pataje twa egzanp avèk nou.

Premyèman, Sovè a, Mèt Gerisè a, gen pouvwa pou chanje kè nou e ba nou sekou pèmanan nan pwoblèm pwòp peche nou yo lakoz yo. Lè Sovè a te anseye fi Samaritèn nan pi a, Li te konn peche grav li yo. Men, “Senyè a gade nan kè moun,”8 epi Li te konnen madanm nan te gen yon kè dispoze pou aprann.

Lè fi a te vin nan pi a, Jezi—ki reprezante dlo vivan an—te di senpleman: “Ban m ti dlo.” Menmjan tou, Sovè a pale avèk nou nan yon vwa nou rekonèt lè nou vin jwenn ni—paske Li konnen nou. Li rankontre nou kote nou ye a. Epi gras ak moun Li ye a ak sa L te fè pou nou an, Li konprann. Paske Li te fè eksperyans doulè nou, Li ka ba nou dlo vivan an lè nou chèche li. Li te anseye fi Samaritèn nan sa, lè l te di l: “Si w te konnen don Bondye ak kimoun k ap mande w ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l ba ou ti gout dlo pou w bwè, epi lè sa a, li ta ka ba w dlo ki bay lavi a.” Fi a, ki te finalman konprann, te reponn ak lafwa epi l te mande: “Mesye, ban m dlo sa a non, pou m pa swaf ankò.”

Apre fi Samaritèn nan te fin fè eksperyans sa a avèk Sovè a, li te “kite krich dlo a, epi l te tounen nan vil la, epi l te di moun yo,

“Vin wè yon moun ki di m tout sa m fè. Èske nou pa konnen se Kris la?”

Li te resevwa yon temwayaj—li te kòmanse bwè dlo lavi a. Nouri e geri pandan l te aprann pou l te konte sou Jezikri ak Ekspyasyon L lan, li te vle temwaye konsènan divinite Li bay lòt moun.9

Lè nou vin jwenn ni avèk kè enb yo ka anseye—menmsi kè nou lou anba erè, peche, ak transgresyon—Li ka chanje nou, “paske li gen pouvwa pou sove.”10 Epi ak kè chanje, nou kapab, menmjan ak fi Samaritèn nan, temwaye de Li, ale nan vil nou yo—fwaye nou, lekòl nou, ak travay nou pou temwaye konsènan doktrin ni an ak divinite Li.

Dezyèmman, Mèt Gerisè a ka rekonfòte nou ak ranfòse nou lè nou nan doulè akoz zak malonèt lòt moun. Mwen konn gen anpil konvèsasyon avèk fi ki chaje anba fado lou. Kenbe alyans yo te fè nan tanp yo vin yon vwayaj gerizon difisil. Yo soufri anba alyans kraze, kè brize, ak pèt konfyans. Anpil viktim anba adiltè ak abi vèbal, seksyèl ak emosyonèl, souvan kòm rezilta adiksyon lòt moun.

Eksperyans sa yo, malgre se pa fòt pa yo, kite yo ak anpil santiman kilpabilite ak lawont. Paske yo pa konprann kijan pou jere emosyon puisan y ap fè eksperyans yo, anpil eseye antere yo, pouse yo antre pi fon andedan yo.

Nou pap jwenn esperans ak gerizon nan kenbe bagay yo sekrè men, nan limyè ak lanmou Sovè nou an, Jezikri.11 Èldè Richard G. Scott te konseye: “Si nou pa komèt peche grav noumenm, pa ret soufri initilman akoz konsekans peche yon lòt moun. … Nou gen dwa santi konpasyon. … Men nou pa dwe santi nou responsab pou zak sa yo. Lè nou fin fè sa ki rezonab pou ede moun nou renmen an, depose fado yo nan pye Sovè a. … Si nou fè sa, non sèlman n ap jwenn lapè men, n ap montre lafwa nou ke Sovè a gen pouvwa pou retire fado peche sou zepòl moun nou renmen an si l repanti ak obeyi.

Li kontinye: “Gerizon konplè a, n ap jwenn ni atravè lafwa nou nan Jezikri ak nan pouvwa ak kapasite Li, atravè Ekspyasyon an, pou geri sikatris ki lakoz pa yon bagay enjis nou pa t merite. … Medite sou pouvwa Ekspyasyon an. Priye pou n konprann kijan l ka geri nou.”12

Sè m yo, si nou ta twouve nou nan sitiyasyon sa a, gerizon an gen dwa yon pwosesis ki long. L ap mande pou nou chèche gidans nan lapriyè epi pou n jwenn èd apropriye a, enkli mande  konsèy dirijan prètriz ki òdone kòrèkteman yo. Aprann kominike ouvètman, fikse limit apwopriye, epi, si bezwen, chèche èd pwofesyonèl. Kenbe sante espirityèl nou atravè pwosesis la se bagay ki vital! Sonje idantite divin nou: Ou se yon pitit fi byeneme Paran Selès. Gen konfyans nan plan etènèl Papa a pou ou. Kontinye bati sou fondasyon pwofon ou  sou doktrin Jezikri a chak jou. Egzèse lafwa chak jou pou w ka bwè pwofondeman nan pi dlo lavi Sovè a. Konte sou dotasyon pouvwa ki disponib pou nou chak atravè òdonans ak alyans yo. Epi, kite pouvwa gerisè Sovè a ak Ekspyasyon l lan aji nan lavi ou.

Twazyèmman, Mèt Gerisè a kapab rekonfòte ak soutni nou lè n ap fè eksperyans “reyalite douloure mòtalite yo,”13tankou dezas, maladi mantal, malady fizik, doulè kwonik, ak lanmò. Dènyèman m te rankontre yon jènfi remakab ki rele Josie ki soufri anba gwo depresyon. Men yon tikal nan sa l te pataje avèk mwen nan vwayaj li pou rive nan gerizon an:

“Moman pi difisil la te rive nan sa fanmi m avèk mwen te rele ‘move jou yo.’ Yon jou konsa kòmanse avèk gwo chay santiman enstabilite depasan ak resistans a tout kalite son, touche, oswa limyè. Se nivo ki pi wo nan angwas mantal la. Gen youn nan jou sa yo an patikilye m pa p janm bliye.

“Sete nan kòmansman malady a, sa ki fè eksperyans lan te espesyalman efreyan. M ka sonje kriye, dlo ki t ap tonbe sou figi mwen pandan m t ap chèche respire. Men, menm gwo soufrans sa a pal an konparezon avèk doulè ki te suiv lè m t ap obsève panik ki te tonbe sou manman m, ki te si dezespere pou l ede m nan.

“Soufrans mantal mwen an te brize kè li. Men nou pa t ko konprann ke, malgre fènwa ki t ap grandi sa a, nou te prèske rive nan minit pou n te wè yon gwo mirak.

“Pandan èdtan long sa a t ap kontinye, manman m te kontinye ap mimire ankò epi ankò ‘M pa konn sa m ta bay pou m soulaje w anba bagay sa a.’

Pandan tan sa a, fènwa a te vin pi plis, epi, lè m vin santi ke m pa t ap ka pran plis pase sa, yon bagay mèveye te rive.

“Yon pouvwa puisan ak mèveye te tonbe sou kò m toudenkou. Epi, avèk yon fòs ki te depase pa m,’14 Mwen te di manman m, avèk gwo konviksyon, dis mo ki chanje lavi sa yo an repons ak dezi repete li pou l te ede m pote doulè m nan: “Ou pa oblije; gen yon moun ki deja fè sa.’”

Nan mitan abim fènwa maladi mantal danjere l la, Josie te jwenn fòs pou l te temwaye konsènan Jezikri ak Ekspyasyon L lan.

Li pa t geri konplètman jou sa a, men, li te resevwa limyè lespwa nan yon moman gwo fènwa. Epi jodia, ak sipò yon konpreyansyon pwofon sou doktrin Kris la epi rafrechi chak jou pa dlo lavi Sovè a, Josie kontinye vwayaj li al nan gerizon an e li egzèse yon lafwa inebranlab nan Mèt Gerisè a. Li ede lòt moun sou wout li tou. Epi li di: “Lè fènwa a parèt san rete, mwen konte sou tand mizèrikòd Li yo. Yo sèvi kòm yon limyè pou gide m pandan m ap navige anba moman difisil yo.”15

Sè m yo, mwen temwaye ke—

Nou pa oblije kontinye pote fado tristès peche lakoz la—poukont nou.

Nou pa oblije pote doulè movezaksyon lòt moun lakoz yo—poukont nou.

Nou pa oblije travèse reyalite douloure mòtalite yo—poukont nou.

Sovè a sipliye nou:

“Èske nou p ap retounen vin jwenn mwen, e repanti pou peche nou, konvèti pou m kapab geri nou?

“… M di nou, si nou vin jwenn mwen, n ap gen lavi etènèl. Gade, bra mizèrikòd mwen lonje ba nou, nenpòt moun ki vini … m ap resevwa li.”16

“[Li] ap fè tout bagay pou retire bagay sa a pou ou.” Anfèt, “[Li] deja fè sa.” Nan non Jezikri, amèn.