2010–2019
Plan Pafè ki Mennen nan Bonè a
Oktòb 2016


Chemen pafè ki mennen nan bonè a

Mwen temwanye de gwo kado ki se plan Papa a pou nou an. Se sèl chemen pafè ki mennen nan lapè ak bonè.

Frè ak sè byenneme m yo, nou tout ki isit la nan Sant Konferans lan ak nan tout mond lan, mwen vrèman rekonesan pou opòtinite m genyen pou pataje panse m avèk nou maten sa a.

Sa gen senkanndezan, an Jiyè 1964, m te gen yon tach nan Vil Nouyòk pandan moman Ekpozisyon Mondyal la t ap fèt nan kote sa a. Yon maten byen bonè mwen te vizite Paviyon Mòmon an nan ekspozisyon an. M te rive jis anvan prezantasyon yon fim Legliz la ki rele Lòm k ap chèche bonè, yon reprezantasyon plan sali a ki te vin tounen yon fim klasik Legliz la. Mwen te chita bò kote yon jenn gason ki te ka gen petèt 35 an. Nou te pale brèfman. Li pa t yon manm Legliz nou an. Aprè sa limyè yo te etenn epi spektak la te kòmanse.

Nou te koute vwa naratè a pandan l t ap poze kesyon emouvan ak inivèsèl sa yo: ‘’Kote m sòti? Poukisa m isit la? Ki kote m prale lè m kite vi sa a?’’ Tout zòrèy te louvri pou tande repons yo, epi je tout moun te fikse sou imaj k te sou ekran an. Yo te bay yon deskripsyon sou lavi premòtèl nou, ansanm avèk yon eksplikasyon sou bi nou sou tè a. Nou te wè yon ilistrasyon touchan sou pasaj yon granpè trè aje ki te sòti nan mond sa a ak sou reyinyon gloriye li avèk moun li te renmen yo ki te gen tan al nan mondèzespri a.

Nan fen bèl ilistrasyon sa a sou plan Papa nou ki nan Syèl la pou nou an, foul la te mache soti nan sal la an silans, epi ou te kapab wè ke anpil nan yo te touche pa mesaj fim nan. Jèn vizitè a ki te chita bòkote m nan pa t leve. Mwen te mande l si l te renmen prezantasyon an. Repons puisan li an sete: “Sa se verite!”

Misyonè nou yo pataje plan Papa nou pou bonè ak sali nou an nan tout mond lan. Men se pa tout moun ki tande mesaj diven sa a ki aksepte l ak anbrase l. Sepandan, gason ak fi tout kote, tankou jèn zanmi m nan nan Ekspozisyon Mondyal Nouyòk la, rekonèt verite ki ladan l yo, epi yo mete pye yo sou chemen k ap mennen yo lakay an sekirite a. Lavi yo chanje ajamè.

Sa k esansyèl pou plan an se Sovè nou an, Jezikri. San sakrifis ekspyatwa L la, tout moun t ap pèdi. Men, sa pa ase pou nou senpleman kwè nan Li ak nan misyon L lan. Nou bezwen travay epi aprann, chèche epi priye, repanti epi amelyore nou. Nou bezwen konnen lwa Bondye yo epi aplike yo. Nou bezwen resevwa òdonans sali yo. Se sèlman lè nou fè sa n ap jwenn vrè bonè a.

Nou beni paske nou gen verite a. Nou gen yon responsablite pou nou pataje verite sa a. Annou viv verite a pou nou kapab merite tout sa Papa a genyen pou nou. Tout sa l fè se pou benefis nou. Li di nou, “Paske gade, sa a se travay mwen ak laglwa mwen—reyalize imòtalite ak lavi etènèl lòm.”1

Soti nan pwofondè nanm mwen, epi an tout imilite, mwen temwanye de gwo kado sa a ki se plan Papa a pou nou an. Li se sèl chemen pafè ki mennen nan lapè ak bonè isit la ak nan mond k ap vini an.

Frè m ak sè m yo, m ap kite nou avèk lanmou mwen ak benediksyon mwen pandan m ap fini diskou a, epi m fè sa konsa nan non Sovè ak Redanmtè nou an, Jezikri, amèn.