2010–2019
Jij ki jis la
Oktòb 2016


Jij ki jis la

Gen yon sèl fason pou fè jijman ki jis, jan Jezikri te fè, epi, fason sa a se vin menmjan avèk li.

Nan lavi mòtèl li, Jezikri sete yon jij eman, eksepsyonèlman saj, pridan, epi pasyan. Yo rekonèt li nan ekriti yo kòm “jij ki jis” la” (2 Timote 4:8; Moyiz 6:57), epi li konseye nou pou nou “fè jijman ki jis” tou (gade Joseph Smith Tradiksyon Matye 7:1–2 [in Matye 7:1, referans a]) epi pou nou “mete konfyans nou nan Lespri sa a ki dirije moun pou yo fè byen an … [epi] pou nou jije jisteman” (D&A 11:12).

Rekòmandasyon li te bay Douz Nefit yo kapab ede nou jije jan Senyè a konn jije: “Èske nou konnen se nou menm ki pral jij pèp sa a, dapre jijman m pral ba nou, ki jis yo. Se poutèt sa, ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen” (3 Nefi 27:27; italik ajoute) Pafwa nou bliye ke lè l te bay konsèy pou nou menmjan avèk li a, sete nan kontèks fason pou nou jije avèk jistis.

Jijman enjis

Imaj
Sovè a ak Farizyen yo ak doktè lalwa yo

N ap jwenn yon egzanp flagran sou jijman enjis nan parabòl brebi egare a kote Farizyen yo ak doktè lalwa yo te mal jije Sovè a ak moun li t ap dine avèk yo, yo te di: “Mesye sa a resevwa pechè, epi l manje avèk yo” (Luke 15:2)—syo te bliye ke yo menm tou yo sete pechè. Doktè lalwa yo ak Farizyen yo, ki te gen kè toujou pare pou kondane, pa t janm konn lajwa ki genyen nan sove yon brebi egare.

Imaj
Sovè a ak fi yo te kenbe nan adiltè a

Sete “doktè lalwa yo ak Farizyen yo” (Jan 8:3) ki te mennen “yon fi yo te kenbe nan adiltè” bay Sovè a tou pou yo te wè si l t ap jije fi a selon lwa Moyiz la (gade vèsè  5). Nou konn rès istwa a, kijan l te imilye yo poutèt jijman enjis yo, ak kijan “pwòp konsyans yo te repwoche yo” epi yo te ale “youn apre lòt (vèsè  9; italik joute). Lè sa a li te di fi a: “Mwen menm tou, m pa kondane ou: ale, pa peche ankò. Epi fi a te glorifye Bondye lè sa a, epi l te kwè nan non li” (Joseph Smith Tradiksyon, Jan 8:11 [in Jan 8:11, referans c]).

Imaj
Sovè a k ap pale avèk fi yo te kenbe nan adiltè a

Lòm natirèl ak fi natirèl ki nan nou chak la gen yon tandans pou kondane lòt moun e jije yo enjisteman, oubyen ipokritman. Sa te menm rive Jak ak Jan, de Apot Senyè a. Yo te fache lè moun nan yon vilaj nan Samari yo te manke Sovè a respè (gade Lik 9:51–54):

Imaj
Sovè a ak disip yo

“Epi lè [yo] te wè sa, yo te di, Mèt, èske w pap kòmande dife pou desann sot nan syèl la, pou boule yo, jan Elyas te fè a?

“Men li te vire gade yo, epi l te reprimande yo, epi l te di: Nou pa konn ki kalite espri ki anime nou an.

“Paske, Pitit Lòm nan pa vini pou detwi lavi lèzòm, men pou sove yo” (vèsè 54–56).

“Jij òdinè” jodi a yo]” (D&A 107:74), evèk nou ak prezidan branch nou yo, ta dwe evite tout pouse enjis pou kondane, jan Jak ak Jan te fè nan okazyon sa a. Yon jij ki jis dwe reyaji devan konfesyon avèk konpasyon ak konpreyansyon. Paregzanp, yon jèn ki fè yon erè ta dwe soti nan biwo evèk la avèk santiman amou Sovè a ke l te santi atravè evèk la e anvlope nan lajwa ak pouvwa gerisè Ekspyasyon an---li pa dwe janm santi l wont ni santi yo trete l avèk mepri. Otreman, evèk la gen dwa fè brebi egare a pèdi ale pi lwen toujou nan dezyè a, san l pa fè eksprè (gade Lik 15:4).

Disiplin

Sepandan, konpasyon pa elimine nesesite pou disiplin nan. Mo disiplin nan soti nan mo laten word discere, “aprann”, oswa discipulus, “moun k ap aprann”, sa ki fè yon disip vin yon etidyan ak yon elèv.1 Disipline nan fason Senyè a se anseye avèk amou ak pasyans. Nan ekriti yo, Senyè a souvan itilize mo chatye, lè l y ap pale de disiplin (gade, paregzanp, Mozya 23:21; D&A 95:1). Mo chatye a soti nan Laten castus, ki vledi “chast oubyen pur” ak chatye ki vledi “pirifye.”2

Nan mond lan, se yon jij terès ki kondane yon moun epi fèmenl nan prizon. Kontrèman, Liv Mòmon an anseye nou ke lè nou peche volontèman, nou vin “pwòp jij” tèt nou (Alma 41:7) epi nou kondane tèt nou nan prizon espirityèl. Iwonikman, se jij òdinè a nan ka sa a ki kenbe kle ki ouvri pòt prizon yo; “paske avèk chatiman an m prepare wout pou delivrans yo nan tout bagay pou yo anba tantasyon” (D&A 95:1; italik ajoute). Aksyon yon jij ki jis se aksyon plen mizèrikòd, eman, ki rachte moun, non pa kondane yo.

Yo te disipline jèn Joseph Smith avèk yon katran mizaleprèv anvan yo te ba l plak lò yo, “paske ou pa t kenbe kòmandman Senyè a te ba ou yo .”3 Nan apre, lè Joseph te pèdi 116 paj maniskri yo, yo te disipline l ankò. Malgre li te reyèlman gen remò, Senyè a te retire privilèj li yo kanmèm pou yon bout tan, paske “moun mwen renmen m chatye tou, pou peche yo kapab padone” (D&A 95:1).

Joseph te di: “Zanj la te rejwi lè l te remèt mwen Ourim ak Toumim nan epi l te di Bondye te kontan pou fidelite mwen ak imilite mwen, epi li te renmen m poutèt repantans mwen ak dilijans mwen pou m priye.”4 Paske Senyè a te vle anseye Joseph yon leson pou chanje kè li, Li te mande l yon sakrifis dechiran—paske sakrifis se yon pati esansyèl nan disiplin.

Sakrifis

Nan ansyen tan yo, sakrifis te vledi rann yon bagay oubyen yon moun sen,”5 sa ki liye li, nan yon fason youn ak lòt, avèk definisyon mo chatye—“pirifye” a. Menmjan tou, nan ansyen Izrayèl la,yo te akòde padon atravè yon ofrann pou yon peche oswa yon transgresyon, kivledi, sakrifis.6 Sakrifis la non sèlman te “pwente sou gwo sakrifis final la” (Alma 34:14) men li te ede kreye yon santiman rekonesans pi pwofon pou Ekspyasyon Sovè a tou. Si nou gen retisans pou fè sakrifye kòm pati nan repantans nou, sa rele moke oubyen rabese pi gwo sakrifis li a pou menm peche a epi banalize soufrans li a—sa ki se yon siy engratitid ensansib.

Yon lòtbò, gras ak dous iwoni sakrifis la, nou reyèlman akeri yon bagay ki gen valè etènèl—mizèrikòd li ak padon li epi finalman “tout sa Papa [a] genyen” (D&A 84:38). Kòm yon pati nan pwosesis repantans lan, sakrifis jwe wòl yon remèd gerisè tou pou ede ranplase “remò konsyans” (Alma 42:18) pa “lapè konsyans” (Mozya 4:3). San sakrifis, yon moun gen dwa twouve l difisil pou padone tèt li, akoz yon konsyans pèsistan de yon bagay li kenbe.7

Paran kòm yon jij ki jis

Byenke se kèk nan nou ki ap aple pou yo jij òdinè, prensip jijman jis la aplike pou nou tout, espesyalman pou paran ki gen yon opòtinite chak jou pou yo itilize prensip sa yo avèk pitit yo. Anseye yon timoun efikasman se vrè esans yon bon paran, epi, disipline avèk amou se vrè esans yon jij ki jis.

Prezidan Joseph F. Smith te anseye: “Si timoun yo rebèl epi yo difisil pou kontwole, se pou nou gen pasyans avèk yo jiskaske nou ka konkeri yo ak lanmou, … epi lè sa a nou kapab [modle] pèsonalite yo jan nou vle a.”8

Sa penetran dèske lè y ap anseye kijan pou disipline, pwofèt yo sanble yo toujou mansyone vèti kretyèn. Doktrin ak alyans ba nou konsèy byen koni konsènan disiplin:

“Okenn pouvwa oubyen enfliyans pa kapab oubyen pa ta dwe egzèse pa mwayen prètriz la eksepte pou pesyade, avèk pasyans, avèk jantiyès, dousman, epi avèk amou enfayib;

“Avèk jantiyès, ak konesans ki pi, ki grandi nanm moun anpil san ipokrizi, epi san riz—

“Pou korije moun kèk fwa dirèkteman, lè Sentespri a anime yo; epi apre sa pou yo montre yon pi gwo lanmou pou moun ou te korije a” (D&A 121:41–43).

Ekriti sa a anseye nou pou nou reprimande “lè Sentespri a anime nou,” e non pa lè kòlè anime nou. Sentespri a ak kòlè pa mache ansanm paske “yon moun ki gen lespri chirepit se pa mwen ki voye l, men se dyab la, ki se papa chirepit, e li soulve kè lèzòm pou yo goumen nan kòlè youn ak lòt” (3 Nefi 11:29). George Albert Smith te anseye “pawòl ki pa emab yo, nou jeneralman di yo sou enspirasyon Senyè a. Lespri Senyè a se yon espri jantiyès; se yon espri pasyans; se yon espri charite, ak lanmou, ak moderasyon ak andirans. …

“… Men si nou gen espri kritik k ap chèche fot … nan yon fason destriktè, sa pa janm soti nan konpayi Lespri Pè Selès la epi sa toujou nuizib. …

“… Jantiyès se pouvwa Bondye ba nou pou ouvri kè andisi ak pou soumèt moun ki tètdi.”9

Vrè idantite pitit nou yo

Lè Sovè a te vizite Nefit yo, Li te fè yon bagay ekstraòdinè avèk timoun yo:

Imaj
Sovè a ak timoun Nefit yo

“Epi, se te konsa, li te ansenye, e sèvi timoun nan foul m te pale yo …, li te delye lang yo, e yo te pale papa yo gwo bagay mèveye. …

“… Epi yo te wè epi yo te tande timoun sa yo; wi, menm ti bebe yo te louvri bouch yo, e yo te pale bagay mèveye” (3 Nefi 26:14, 16).

Petèt plis pase louvri bouch tibebe yo, Senyè a t ap louvri je ak zòrèy paran etone yo. Paran sa yo te resevwa kado ekstraòdinè pou yo te fè yon koudèy sou letènite epi pou yo te wè vrè idantite ak vrè nati premòtèl timoun yo. Èske sa pa t ap ajamè chanje fason paran yo te wè pitit yo ak fason yo te trete yo? Mwen renmen varyasyon sa a nan sitasyon Goethe la: “Fason nou konsidere yon [timoun] se fason nou trete yo, epi fason nou trete yo a se sa y ap devni.”10 Sonje vrè idantite yon timoun se yon don klèvwayans ki divinman enspire vizyon yon jij ki jis.

Konklizyon

Prezidan Thomas S. Monson te anseye nou: “Pa janm kite yon pwoblèm pou nou rezoud vin pi enpòtan pase yon moun pou nou renmen.”11 Ala prensip sa a trè enpòtan nan vin jis ki jis, espesyalman avèk pwòp pitit nou.

Gen yon sèl fason pou nou jije ak jisteman ki jis, jan Jezikri fè a, ki se pou nou menmjan avèk li. Se poutèt sa, “ki kalite moun nou dwe ye? Anverite, m di nou, menm jan avèk mwen. ” (3 Nefi 27:27). Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “disip,” etymonline.com.

  2. Gade Merriam-Webster’s Collegiate Dictionary, 11zyèm ed. (2003), “chasten.”

  3. Karen Lynn Davidson and others, eds., Histories, Volume 1: Joseph Smith Histories, 1832–1844, vol. 1 of the Histories series of The Joseph Smith Papers (2012), 83.

  4. Enseignements des presidents de l’église: Joseph Smith (2007), 71; italik ajoute.

  5. Guide to the Scriptures, “Sacrifice,” scriptures.lds.org.

  6. Gade Bible Dictionary, “Sacrifices.”

  7. Sakrifis nou ofri chak semèn sou lotèl tab Sentsèn nan se yon kè brize ak yon lespri kontri (gade 2 Nefi 2:7; 3 Nefi 9:20; Doktrin ak Alyans 59:8). Yon kè brize se yon kè repantan; yon espri kontri se yon espri obeyisan (gade D. Todd Christofferson, “When Thou Art Converted,” Liahona, Me 2004, 12).

  8. Enseignements des presidents de l’église: Joseph F. Smith (1998), 299.

  9. Enseignements des presidents de l’église: George Albert Smith (2011), 225, 226, 228; italik ajoute.

  10. Johann Wolfgang von Goethe, brainyquote.com.

  11. Thomas S. Monson, “Finding Joy in the Journey,” Liahona, Nov. 2008, 86.