2010–2019
Sentsèn nan kapab ede nou vin sen
Oktòb 2016


Sentsèn nan kapab ede nou vin sen

Konsidere senk fason pou nou ogmante enpak ak pouvwa patisipasyon regilye nou nan òdonans sakre sentsèn nan.

Youn nan ansyen souvni danfans mwen se souvni reyinyon sentsèn kite konn fèt lakay nou nan Warnambool an Ostrali. Ant 10 a 15 moun te konn asiste nan branch nou an, epi papa m, youn nan twa detantè prètriz yo, te konn regilyèman gen okazyon pou l te beni sentsèn nan. Mwen sonje sa m te konn santi pandan l te konn ap enbleman e swayezman li pawòl priyè sentsèn yo. Souvan vwa l te konn tranble sou efè Lespri a. Li te konn pafwa oblije rete yon ti moman pou l te kapab simonte emosyon li anvan l te fini priyè a.

Kòm yon timoun senkan, mwen pat kapab konprann tout siyifikasyon sa ki te di oubyen fèt yo; sepandan, mwen te konnen yon bagay espesyal te fèt. Mwen te kapab santi enfliyans kalm ak rasiran Sentespri a pandan papa m t ap kontanple lanmou Sovè a pou nou.

Sovè a te ansenye: “Epi se sa n ap fè pou moun ki repanti e batize nan non m; e n ap fè l pou nou sonje san m; m te pèdi pou nou an, pou nou kapab temwaye Papa a nou toujou sonje m. Epi si nou toujou sonje m n ap gen Lespri m avèk nou.” (3 Nefi 18:11.

Mwen envite nou tout pou konsidere senk fason pou nou ogmante efè ak pouvwa patisipasyon regilye nou nan òdonans sakre sentsèn nan, yon òdonans ki kapab ede nou vin sen.

1. Prepare alavans

Nou kapab kòmanse preparasyon nou pou sentsèn nan byen anvan reyinyon sentsèn nan kòmanse. Samdi kapab yon bon lè pou nou planifye pwogrè ak preparasyon espirityèl nou.

Imaj
Prepare pou Dimanch

Mòtalite a se yon kado esansyèl nan vwayaj nou pou vin tankou Papa nou ki nan Syèl la. Pa nesesite, li gen ladann eprèv ak difikilte k ap bay opòtinite pou nou chanje epi pwogrese. Wa Benjamen te ansenye ke “Lòm natirèl la se enmi Bondye, … epi l ap toujou sa pou tout tan, si li pa soumèt li bay anba enfliyans Sentespri a, e si li pa retire moun natirèl la nan kò l, pou l vin tounen yon sen, pa mwayen ekspyasyon Kris la, Senyè a” (Mozya 3:19). Patisipe nan òdonans sentsèn nan bay yon opòtinite pou nou plis ouvè kè nou avèk nanm nou bay Bondye.

Nan preparasyon nou, kè nou vin brize pandan n ap eksprime gratitid nou pou Sakrifis Ekspyatwa Kris la, repanti de peche ak feblès nou yo, epi mande èd Papa a pandan n ap kontinye vwayaj la pou nou vin plis tankou Li. Apresa nou kapab siveye opòtinite sentsèn nan bay pou nou sonje sakrifis Li a epi renouvle angajman nou ak tout alyans nou te fè yo.

2.Rive bonè

Eksperyans sentsèn nou an kapab ranfòse si nou rive byen anvan reyinyon an epi nou medite pandan y ap jwe mizik prelid la.

Imaj
Rive bonè pou reyinyon sentsèn nan

Prezidan Boyd K. Packer te ansenye: “Mizik prelid, ki jwe ak reverans, se yon nouriti pou lespri. Li envite enspirasyon.”1 Prezidan Russell M. Nelson te eksplike, “Se pa moman pou nou fè konvèsasyon oubyen voye mesaj, men se yon moman meditasyon nan lapriyè pandan dirijan yo ak manm yo ap prepare yo espirityèlman pou sentsèn nan.”2

3.Chante kantik Sentsèn nan epi aprann nan pawòl yo

Kantik sentsèn nan se yon pati espesyalman enpòtan nan eksperyans sentsèn nou an. Mizik elve panse ak santiman nou. Kantik sentsèn nan gen yon efè ki pi benefik toujou lè nou konsantre sou pawòl yo ak doktrin puisan l ap ansenye a. Nou aprann plis nan mo tankou “Blese, brize, mètri pou nou,” yo 3 “Annou sonje epi asire nou ke kè nou ak men nou pwòp ak pure,”4 ak “Kote jistis, lanmou, ak mizèrikòd rankontre nan amoni diven!”5

Imaj
Chante epi aprann nan kantik yo
Imaj
Konsantre sou pawòl kantik yo

Pandan n ap chante yon kantik an preparasyon pou pataje anblèm yo, mo yo kapab vin fè pati angajman nou pran nan alyans sa a. Konsidere, paregzanp, “Nou renmen ou, Senyè; kè nou ranpli. N ap mache nan chemen ou chwazi a.”6

4. Patisipe espirityèlman nan Priyè Sentsèn yo (gadeMowoni 4–5)

Olye nou koute pawòl familye priyè sentsèn yo konsa konsa, nou ka aprann plis e nou ka menm plis bagay pandan n ap patisipe espirityèlman an, pandan n ap reflechi sou angajman ak benediksyon ki asosye avèk priyè sakre sa yo.

Imaj
Benediksyon sou pen an

Pen an ak dlo a beni epi santifye pou nanm nou. Yo raple nou sakrifis Sovè a ak asirans ke Li kapab ede nou vin sen.

Priyè yo esplike ke n ap pataje pen an an souvni kò Pitit Gason an, ke Li te bay kòm ranson pou kalifye nou tout pou rezirèksyon, e nou bwè dlo a an souvni san Pitit Gason an, ke Li te vèse libreman pou nou ta kapab rachte sou kondisyon repantans.

Priyè yo eksplike alyans yo avèk fraz “Ke yo vle” a” (Mowoni 4:3). Senp fraz sa a gen anpil potansyèl pouvwa pou nou. Eske nou vle sèvi epi patisipe? Eske nou vle chanje? Eske nou vle simonte feblès nou yo? Eske nou vle lonje lamen pou beni lòt? Eske nou vle kwè nan Sovè a?

Pandan y ap pwononse pwomès yo e pandan n ap pran sentsèn nan, nou konfime nan kè nou ke nou vle:

  • Pran non Jezikri sou tèt nou.

  • Efòse nou pou n respekte tout kòmandman Li yo.

  • Toujou sonje Li.

Priyè a fini avèk yon envitasyon ak yon pwomès siblim: “Pou yo kapab toujou gen Lespri l avèk yo” (Mowoni 4:3).

Pòl te ekri, “Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seriozite, li fè ou gen bon manyè” (Galat 5:22–23). Bèl benediksyon ak don disponib pou nou si nou kenbe alyans nou yo.

5. Medite epi sonje Li pandan y ap pase anblèm Sentsèn yo

Moman reveran pandan detantè prètriz yo ap pase sentsèn nan kapab vin sakre pou nou.

Imaj
Distribye pen an

Pandan pen an ap pase, nou kapab raple nou ke, nan zak amou siprèm sa a pou nou an, Sovè te pran “lanmò sou li, pou l kapab lage kòd lanmò ki mare pèp li a” (Alma 7:12).

Nou kapab sonje benediksyon gloriye Rezireksyon k ap “pral vini pou tout moun, … ni esklav, ni lib, ni mal ak femèl, ni mechan, ni jis; e menm branch cheve nan tèt yo pap pèdi; men okontrè chak bagay pral retabli nan fòm pafè li (Alma 11:44).

Imaj
Distribye dlo a

Pandan dlo a ap pase, nou kapab raple nou pawòl Sovè a:

“Paske gade, mwenmenm Bondye m te soufri bagay sa yo pou tout moun, pou yo pa soufri si yo repanti; ….

“Soufrans sa a ki te fè, mwen menm, Bondye, ki pi gran pase tout moun, tranble anba doulè, epi ki te fè m senyen nan chak twou swè nan kò m, epi ki te fè m soufri nan ni kò m ni nan lespri m—epi m te swete pou m pat bwè tas anmè a, epi tou m te pa t fè bak” (D&A 19:16, 18).

Nou sonje ke Li te “pran enfimite [nou] yo sou tèt li, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite [nou]” (Alma 7:12).

Pandan n ap reflechi sou eksperyans sentsèn nou an, nou ta dwe mande tèt nou:

  • Kisa m dwe fè semèn sa a pou prepare m pi byen pou sentsèn nan?

  • Èske m ka plis kontribye nan reverans ak revelasyonm ki ka akonpaye kòmansman reyinyon sentsèn nan?

  • Ki doktrin yo anseye nan kantik sentsèn nan?

  • Kisa m te tande e kisa m te santi pandan m t ap koute priyè sentsèn nan?

  • Kisa m t ap panse pandan yo t ap pase sentsèn nan?

Eldè David A. Bednar te ansenye: “Odonans sentsèn nan se yon envitasyon sen e repete pou nou repanti sensèman epi pou nou renouvle espirityèlman. Aksyon pran sentsèn nan, nan limenm pa efase peche. Men, si nou prepare nou byen epi nou patisipe nan òdonans sakre sa a avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, lè sa a, pwomès la sèke n ap kapab toujou gen Lespri Senyè a avèk nou. Epi, pa pouvwa sanktifyan Sentespri a kòm konpanyon konstan nou, nou kapab toujou jwenn yon remisyon pou peche nou.”7

Mwen temwanye de miltitid benediksyon ki disponib pou nou si nou prepare nou pi plis pou patisipasyon espirityèl nou nan òdonans sentsèn nan. Mwen temwanye ankò ke benediksyon sa a yo disponib pou nou gras ak lanmou Papa nou si nanSyèl la ak sakrifis ekspyatwa enfini Pitit Gason Byenneme L la, Jezikri, Nan non sakre Li, non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Boyd K. Packer, “Personal Revelation: The Gift, the Test, and the Promise,” Ensign, Nov. 1994, 61.

  2. Russell M. Nelson, “Worshiping at Sacrament Meeting,” Liahona, Out 2004, 13.

  3. “Jesus de Nazareth, Sauveur et roi,” Cantiques, no. 105.

  4. “Quand ces emblems nous prenons,” Cantiques, no. 102.

  5. “Oh, quel amour,” Cantiques, no. 113.

  6. “As Now We Take the Sacrament,” Hymns, no. 169.

  7. David A. Bednar, “Always Retain a Remission of Your Sins,” Liahona, Me 2016, 61–62.