2010–2019
Dezi sensè nanm nan
Oktòb 2016


Dezi sensè nanm nan

Chak moman priyè presye kapab yon moman sakre nou pase avèk Papa nou, nan non Pitit la, pa pouvwa Sentespri a.

Nan lit nou yo nan mòtalite a, nou pa janm poukont nou pou n fè travay nou, pou mennen batay nou yo, pou n fè fas ak advèsite, ni pou kesyon san repons. Jezikri te anseye nan yon parabòl ke “lèzòm dwe toujou priye, epi pa lache.” Li te pale de yon jij ki pat krenn Bondye epi ki pa t gen okenn konsiderasyon pou limanite. Plizyè fwa, yon vèv te vin devan li, ap sipliye l pou l ba l jistis anba advèsè l la. Pandan lontan, jij la te refize pote l sekou. Men poutèt siplikasyon fidèl ak konstan vèv la, jij la te finalman panse: “Paske vèv sa a anmède mwen, m ap ba l jistis, pou l pa kontinye vin nui m ankò.”

Apresa Jezi te eksplike:

“… Èske Bondye pap fè eli l yo jistis, yo menm k ap kriye nan pye l lajounen kou lannuit la,  …?

“M ap di nou ke l ap vanje yo tousuit.”

Epi apresa Senyè a te poze kesyon sa a: “Men, lè Pitit Gason Lòm nan vini, èske l ap jwenn lafwa sou tè a?”1

Lapriyè esansyèl nan devlope lafwa. Lè Senyè a vini ankò, èske l ap jwenn yon pèp ki konn kijan pou yo priye ak lafwa e ki prepare pou resevwa revelasyon? “Paske tout moun ki pral envoke non Senyè a ap sove.”2 Nou se pitit yon Pè Selès eman, epi nou gen bèl kominikasyon pèsonèl avèk li lè nou priye “avèk yon kè sensè, ak yon entansyon reyèl, ak lafwa nan Kris la”3 epi apresa nou aji selon repons nou resevwa atravè enspirasyon Sentespri a. Se nan lafwa nou priye, nou koute, epi nou obeyi pou nou ka aprann kijan pou n vin fè youn avèk Papa a ak Pitit la.4

Yon priyè lafwa louvri wout pou n resevwa benediksyon soti nan syèl la. Sovè a te anseye:

“Mande, y ap ba nou; chèche, n ap jwenn; frape, epi y ap louvri ba nou:

Paske tout moun ki mande resevwa; epi moun ki chèche yo jwenn, epi moun ki frape yo, yo louvre pou yo.”5

Si nou espere n ap resevwa, nou dwe mande, chèche epi frape. Nan rechèch li pou laverite a, Joseph Smith te li nan ekriti yo: “Si nenpòt nan pami nou manke sajès, se pou l mande Bondye, ki bay tout moun liberalman, epi san repwòch; epi l ap ba li l.”6 An repons pou priyè lafwa l la, syèl yo te louvri. Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, te desann nan laglwa epi yo te pale avèk Joseph Smith, sa ki te kòmanse dispansasyon plenitid tan yo. Pou noumenm, gerizon mirakile, pwoteksyon puisan, konesans divin, padon liberatè, ak lapè presye nan pami repons nou jwenn lè nou ofri “dezi sensè nanm”7 nou nan lafwa.

Nou priye Papa nou nan non Sovè Jezikri, pa pouvwa Sentespri a, epi konsa, nou angaje toulè twa manm Divinite a nan priyè nou yo.

Nou priye Papa nou ki nan Syèl la e Limenm sèlman paske Li se “Bondye nan syèl la, ki enfini epi ki etènèl, …, enjenyè syèl la ak tè a, ak tout bagay ki ladan yo.” Antanke Kreyatè nou, Li te bay kòmandman pou nou “renmen l epi pou sèvi li, sèl vrè Bondye ki vivan an, epi li dwe sèl èt pou [nou] adore.”8

Si nou priye Pè Selès la nan lafwa, “l ap konsole nou nan afliksyon, … [epi n ap ka] fè fèt avèk lanmou li.”9 Prezidan Henry B. Eyring te di priyè papa l te fè pandan l t ap batay anba yon kansè a te anseye l relasyon pwofondeman pèsonèl ant Bondye ak pitit li:

Lè doulè a te vin twòp, nou te jwenn ni ajenou lematen bò kabann nan. Li te twò fèb pou l te retounen kouche. Li te di nou ke l t ap priye pou mande Papa li ki nan Syèl la poukisa li t ap soufri konsa pandan ke l te toujou eseye pou l te yon bon moun. Li te di l te resevwa yon repons byenveyan: ‘Bondye bezwen pitit gason ki brav.’

“Epi konsa, li te pèsevere jiska lafen, ak konfyans ke Bondye te renmen li, te koute li, epi l t ap soutni li. Li te gen benediksyon pou l te konn sa byen bonè e li pa t janm bliye ke yon Bondye eman tou pre nou atravè lapriyè.”10

Nou priye nan non Jezikri paske sali nou se nan Kris la, epi “pa gen okenn lòt non anba syèl la ki ka ba nou sali.”11 Nou priye Papa a nan non sakre Jezikri12 paske Li se Avoka nou bò kot Papa , epi L ap plede koz nou.13 Li te soufri, li te senyen, epi l te mouri pou glorifye Papa li, epi petisyon plen mizèrikòd li anfavè nou louvri wout pou nou chak ka jwenn lapè nan lavi sa a ak lavi etènèl nan mond k ap vini an. Li pa vle nou soufri anpil ni andire plis eprèv pase sa nesesè. Li vle pou nou tounen vè limenm epi kite l soulaje fado nou, geri kè nou, e pwòpte nanm nou atravè pouvwa pirifikatè li. Nou pa janm vle site non l anven avèk pawòl repetisyon. Priyè sensè nou ofri nan non sakre Jezikri yo se ekspresyon amou devwe nou, rekonesans etènèl nou, ak dezi inebranlab pou nou priye jan l te priye, pou nou aji jan l te aji, ak pou nou vin menmjan avèk li.

Nou priye pa pouvwa Sentespri a paske “yon moun ki mande selon Lespri a, li mande dapre volonte Bondye.”14 Lè nou priye ak lafwa, Sentespri a ka gide panse nou pou pawòl nou ka an amoni avèk volonte Bondye. “Pa mande bagay pou nou gaspiye pandan nou gen anvi; men, mande avèk yon fèmte inebranlab, pou nou kapab pa tonbe nan tantasyon; men, pou nou sèvi vrè Bondye a ki vivan an.”15

“Li non sèlman enpòtan pou nou konnen kijan pou nou priye, men li egalman enpòtan pou nou konn kijan pou n resevwa repons pou priyè nou, pou nou ka disène, pou nou eveye, pou nou kapab wè avèk yon vizyon klè epi konprann avèk yon entansyon klè, volonte ak objektif Bondye konsènan nou.”16

Prezidan Eyring te di: “M konn gen priyè ki jwenn repons. Repons sa yo konnn pi klè lè sa m te vle a te koube devan yon bezwen irezistib pou konnen sa Bondye te vle. Se lè sa a repons yon Pè Selès eman kapab vini nan lespri nou atravè ti vwa dous la epi li kapab ekri nan kè nou.”17

Imaj
Kris la avèk Apot yo
Imaj
Kris la nan Jetsemani

Lè Sovè a te antre nan Jaden Jetsemani an, nanm ni te tris anpil, kè l te sere. Nan agoni Li, sèl moun li te ka rele sete Papa l. Li te priye: “Si posib, wete gode soufrans sa a deven mwen.” Men Li te ajoute: “Men, se volonte pa w ki pou fèt, se pa volonte pa m.”18 Malgre l te san peche, Sovè a te aple pou l te “[soufri] lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon,” enkli maladi ak enfimite pèp li a. “[Li] soufri nan kò fizik la pou l te kapab pran peche pèp li a sou tèt li, pou l te kapab efase transgresyon yo dapre pouvwa delivrans li.”19 Li te priye twa fwa: “Papa, se pou volonte ou fèt.”20 Yo pa t wete gode soufrans la. Nan priyè enb e fidèl, li te resevwa fòs pou l te kontinye epi l te akonpli misyon divin ni pou prepare pou sali nou an, pou nou ka repanti, kwè, obeyi, ak jwenn benedikson letènite yo.

Imaj
Kris la k ap priye nan Jetsemani

Repons nou resevwa nan lapriyè yo gen dwa pa sa nou ta vle yo. Men nan moman pwoblèm yo, priyè nou yo vin yon kòd sekirite lanmou ak tand mizèrikòd. Nan moman priyè nou, nou gen dwa jwenn fòs pou nou leve, avanse, epi akonpli tout sa yo òdone nou pou nou fè. Pou Sen l yo k ap viv nan tan difisil yo, Senyè a di: “Konsole kè ou …; paske tout chè nan men m; rete trankil epi konnen m se Bondye.”21

Keseswa nou priye an prive, avèk fanmi nou, nan legliz la, nan tanp, oubyen kèlkeswa kote nou ye; keseswa nou priye avèk kè brize ak lespri kontri pou nou chèche padon, sajès divin, ou senpleman fòs pou nou pèsevere, nou pray toujou priye ak tout kè nou, panche nan lapriyè tout tan devan Bondye pou byen nou ak byen moun ki bò kote nou. Dezi sensè nou ofri nan yon espri gratitid pou pil benedikson nou yo ak gratitid pou leson lavi yo plante yon lafwa inebranlab nan Kris la nan kè nou, “yon esperans pafètman klè, ak yon lanmou pou Bondye ak pou tout moun.”22

Lapriyè se yon don Bondye. Nou pa janm bezwen santi nou pèdi oubyen nou poukont nou. Mwen temwaye ke chak moman lapriyè kapab moman sakre nou pase avèPapa nou, nan non Pitit la, pa pouvwa Sentespri a. Nan non Jezikri, amèn.