2010–2019
Gen puisans nan liv la
Oktòb 2016


Gen puisans nan liv la

Pi gwo puisans Liv Mòmon an se enpak li nan mennen nou pi pre Jezikri.

Nan 14 Jen 1989, akoz kèk move enfòmasyon sou Legliz la, gouvènman Gana a te entèdi tout aktivite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo andedan peyi Afriken sa a. Gouvènman an te sezi tout byen legliz yo, epi yo te stope tout travay misyonè. Manm Legliz yo, ki fè referans ak epòk sa a kòm “imobilizasyon an” te fè tout sa yo te kapab pou yo te viv levanjil la san reyinyon nan branch yo ni sipò misyonè yo. Gen anpil istwa enspiran sou fason manm yo te kenbe limyè levanjil la briye kote yo te adore lakay yo epi youn te veye sou lòt kòm enstriktè ak enstriktris nan fwaye.

Finalman, malentandi a te rezoud, epi nan 30 Novanm 1990, imobilizasyon an te fini epi aktivite nòmal legliz yo te reprann.1 Depi lè sa a, gen bèl rapò ekselan ant Legliz la ak gouvènman Gana a.

Manm ki te viv atravè imobilizasyon sa yo toujou raple yo benediksyon ki te soti nan peryòd inabityèl sa a. Lafwa anpil ladan yo te fòtifye atravè advèsite yo t ap konfwonte a. Men youn nan benediksyon yo te vini nan yon fason inabityèl.

Nicholas Ofosu-Hene sete yon jèn polisye ki te gen tach pou l te fè gad nan yon chapèl legliz la pandan friz la. Tach li sete pou siveye bilding nan lannuit. Premye fwa Nicholas te rive nan chapèl la, li te wè bagay gaye toupatou, ak papye, liv, ak chèz ki te nan tout sans. Nan mitan dezòd sa a, li te wè yon Liv Mòmon. Li te eseye inyore liv la paske yo te di l sete bagay dyab. Men, li te santi l etranjman atire vè liv la. Finalman, Nicholas pa t ka inyore liv la ankò. Li te pran l. Li te santi l pouse pou l te kòmanse li li. Li te li tout lannuit la, avèk dlo ki t ap koule sou figi li pandan l t ap li a.

Premye fwa l te ranmase liv la, li te li tout 1 Nefi a. Dezyèm fwa a li te li tout 2 Nefi a. Lè l te rive nan 2 Nefi chapit 25 la, li te li bagay sa a: Epi, nou pale konsènan Kris la, nou pran plezi nan Kris la, nou preche konsènan Kris la, nou pwofetize konsènan Kris la, e nou ekri dapre pwofesi nou yo, pou pitit nou yo kapab konnen nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”2

Rive nan pwen sa a, Nicholas te santi Lespri a sitèlman fò ke l te kòmanse kriye. Li te reyalize ke pandan l t ap li liv la, li te resevwa plizyè enspirasyon spirityèl ki te di l ke liv sa a sete ekriti, pi kòrèk pase tout sa l te konn li. Li te reyalize ke, kontrèman ak sa l te konn tande yo, Sen Dènye Jou yo te gen yon kwayans fèm nan Jezikri. Lè “imobilizasyon” an te fini epi misyonè yo te retounen nan Gana, Nicholas, madanm ni, ak pitit li yo te antre nan Legliz la. Lè m te wè li ane pase, li sete yon kòmandan nan polis la epi l t ap sèvi kòm prezidan Distri Tamale la nan Gana. Li di: “Legliz la transfòme lavi m. … Mwen remèsye Bondye toupuisan an dèske l te dirije m nan levanjil sa a.”3

Alibert Davies, yon lòt moun nan Gana, te akonpaye yon zanmi nan youn nan chapèl nou yo, kote zanmi an te gen yon reyinyon prezidans. Pandan l t ap tann zanmi an, Alibert te li yon liv li te jwenn tou pre a. Lè reyinyon an te fini, Alibert te vle pote liv la lakay li. Yo te ba l pèmisyon pou l te non sèlman pran liv sa a men pou l te pran yon Liv Mòmon tou. Lè l te rive lakay li, li te kòmanse li Liv Mòmon an. Li pa t ka depoze l. Li te li l nan balèn jiska 3:00 dimaten. Li te fè sa pandan plizyè nuit, plen emosyon nan sa l t ap li ak sa l te santi a. Alibert se yon manm Legliz la kounyeya.

Angelo Scarpulla te kòmanse etid teyolojik li nan peyi natif natal li, Itali, lè l te gen 10 zan. Li te finalman vin yon prèt epi te sèvi legliz li avèk devouman. Rive yon sèten pwen, lafwa l te kòmanse ap balanse epi l te chèche e l te resevwa opòtinite pou l te fè pi plis etid. Men, plis li te etidye, se plis li te vin pi enkyete. Sa l te li yo ak sa l te santi yo te konvenk li ke te gen yon apostazi jeneral kote moun yo te kite vrè doktrin Jezi ak premye Apot yo te anseye a. Angelo te chèche vrè relijyon Bondye a nan plizyè legliz men li pa t janm satisfè pandan plizyè ane.

Yon jou, li te rankontre de manm Legliz la ki t ap ede misyonè yo jwenn moun pou yo te anseye. Li te santi l atire vè yomenm epi li te jwayezman koute mesaj yo a. Angelo te volontèman aksepte yon Liv Mòmon.

Jou swa sa a, li te kòmanse li liv la. Li te santi l anvayi ak lajwa. Atravè Lespri a, Bondye te bay Angelo yon asirans andedan l ke nan Liv Mòmon an li t ap jwenn verite l t ap chèche depi plizyè ane a. Bèl santiman te anvayi tout kò li. Sa l te li a ak sa l te aprann nan men misyonè yo te konfime konklizyon li ke te gen yon apostazi jeneral la, men li te aprann vrè legliz Bondye a te retabli sou tè a tou. Yon ti bout tan apre, Angelo te batize nan Legliz la.4 Lè m te fè k rankontre li, l sete prezidan yon Branch Legliz nou an nan Rimini an Itali.

Sa Nicholas, Alibert, ak Angelo te fè eksperyans avèk Liv Mòmon an se yon rapèl sou eksperyans Parley P. Pratt la:

“M te louvri [liv la] avèk enpasyans. … M te li l tout jounen an, manje sete yon fado, m pa gen okenn dezi pou manje; dòmi sete yon fado lè … lannuit te rive, paske m te prefere li pase m te dòmi.

“Pandan m t ap li a, lespri Senyè a te repoze sou mwen, epi m te konnen e m te konprann ke liv la sete verite, osi klèman e manifèsteman yon moun konprann e konnen ke l egziste. Lajwa m te total kounyeya, epi m te sitèlman kontan ke sa te peye m pou tout soufrans, tout sakrifis, ak tout tribilasyon lavi m yo.”5

Gen moun ki fè menm eksperyans an konsa avèk Liv Mòmon an premye fwa yo louvri li, men, pou kèk lòt moun, temwayaj sou verasite l la vini pi gradyèlman pandan y ap li l epi priye osijè li. Sa sete ka pa m. M te li Liv Mòmon an premye fwa lè m te yon etidyan seminè lè m te adolesan. Sa a se kopi Liv Mòmon m te li a. M pa ka di nou egzaktman ki moman oubyen ki kote sa te rive, men yon kote pandan lekti sa a, m te kòmanse santi yon bagay. Te gen yon chalè ak yon espri ki te vini chak fwa m te ouvri liv la. Santiman an te ogmante pandan m t ap kontinye lekti a. Santiman sa a kontinye jiska jodia. Chak fwa m ouvri Liv Mòmon an, se tankou m peze yon bouton—Lespri a vide nan kè m ak nan nanm mwen.

Men pou kèk lòt moun, yon temwayaj sou Liv Mòmon an vini pi lantman, apre anpil etid ak lapriyè. M gen yon zanmi ki te li Liv Mòmon an pou l te chèche konnen si l sete vre. Li te aplike envitasyon Mowoni an pou mande Bondye avèk yon kè sensè, ak entansyon reyèl ak lafwa nan Kris la, si Liv Mòmon an se verite a.6 Men, li pa t jwenn repons espirityèl yo pwomèt la imedyatman. Men, yon jou kote l t ap reflechi anpil, pandan l t ap kondui sou wout la, Lespri a te temwaye li verasite Liv Mòmon an. Li te sitèlman kontan ak emosyone ke l te kouri desann vit machin nan epi l te rele, pou okenn moun an patikilye, men pou tout mond lan, “Li vre!”

Keseswa temwayaj nou konsènan Liv Mòmon an vini premye fwa nou louvri li oubyen atravè yon peryòd tan, l ap enfliyanse nou tout nan epòk nou an si nou kontinye li l epi aplike ansèyman ki ladan l yo. Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Gen yon pouvwa nan liv sa a ki ap kòmanse vide nan lavi nou nan moman nou kòmanse etidye l seryezman an. N ap jwenn plis fòs pou n reziste anba tantasyon. N ap jwenn fòs pou evite nou tonbe. N ap jwenn fòs pou nou rete sou chemen etwa ak kwense a.”7

Mwen ankouraje chak moun k ap resevwa mesaj sa a, enkli detantè Prètriz Aawon yo ki nan reyinyon sa a aswè a, pou yo dekouvri pouvwa Liv Mòmon an. Jan Prezidan Thomas S. Monson ankouraje nou an: “Li Liv Mòmon an. Medite sou ansèyman l yo. Mande Pè Selès la si l se verite.”8 Pandan pwosesis sa a, w ap santi Lespri Bondye nan lavi ou. Lespri sa a ap vin fè pati temwayaj ou ke Liv Mòmon an se verite, ke Joseph Smith sete yon pwofèt Bondye, epi Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo se vrè Legliz Bondye sou tè a jodia. Temwayaj sa a ap ede w reziste anba tantasyon.9 L ap prepare w pou “gwo apèl dilijans … pou travay nan jaden Senyè a.”10 L ap kanpe kòm yon ankraj fèm lè y ap itilize akizasyon oubyen deklarasyon kalomni pou atake lafwa ou epi l ap vin yon fondasyon solid tankou wòch lè w rankontre ak kesyon ou pa ka jwenn repons pou yo, omwen pa imedyatman. W ap kapab disène verite pami erè, epi w ap santi asirans Sentespri a k ap rekonfime temwayaj ou ankò epi ankò pandan w ap kontinye li Liv mòmon an pandan tout lavi ou.

M ap ankouraje tout paran k ap tande oubyen k ap li mesaj sa a pou yo fè Liv Mòmon an vin yon pati enpòtan nan fwaye yo. Lè pitit mwen yo t ap grandi, nou te konn li Liv Mòmon an lè nou t ap pran dejene. Sa a se makè nou te konn itilize a. Sou devan an gen yon sitasyon Prezidan Benson ki pwomèt ke Bondye t ap vide yon benediksyon sou nou si nou li Liv Mòmon an.11 Nan do a gen pwomès Prezidan Marion G. Romney, ansyen konseye nan Premye Prezidans lan: “M sèten ke, si nan fwaye nou, paran yo li liv Mòmon an nan lapriyè epi regilyèman, ni yo menm ni pitit yo, lespri gwo liv sa a ap vini pou ranpli lakay nou ak tout moun ki abite ladan. … Lespri kontansyon aprale. Paran yo ap konseye avèk pitit yo nan pi gwo lanmou ak sajès. Timoun yo ap vin pi responsab ak pi soumi anvè konsèy paran yo. Lajistis ap ogmante. Lafwa, lesperans, ak charite—amou pi Kris la—ap abonde nan fwaye nou ak nan lavi nou, pou pote avèk yo lapè, lajwa, ak bonè.”12

Kounyeya, anpil ane apre pitit mwen yo fin kite kay la epi y ap elve pwòp pitit pa yo, nou ka klèman wè akonplisman pwomès Prezidan Romney a. Fanmi nou pa pafè, men, nou ka temwaye de pouvwa Liv Mòmon an ak benediksyon lekti li te pote e kontinye ap pote nan lavi tout fanmi an.

Petèt pi gwo pouvwa Liv Mòmon an se enpak li genyen nan mennen nou pi pre Jezikri. Li se yon temwayaj solid konsènan Limenm ak misyon redanmtè l la.13 Atravè li, nou vin konprann majeste ak pouvwa Ekspyasyon an.14 Li anseye doktrin ni an klèman.15 Epi, gras ak chapit mayifik ki dekri vizit Kris resisite a te fè Nefit yo, nou wè l epi nou santi l k ap renmen, beni, ak anseye moun sa yo epi nou vin konprann ke L ap fè menm bagay la pou nou tou si nou vin jwenn ni nan viv levanjil li a.16

Mwen temwaye de pouvwa ki nan Liv Mòmon an. Keseswa m li l an Anglè, Italyen, oubyen Fransè, nan yon liv oubyen sou yon aparèy elektwonik, m toujou jwenn menm espri mèveye a ki soti nan chapit li yo ak vèsè l yo antre nan lavi m. Mwen temwaye konsènan kapasite li pou ede nou rapwoche n de Kris la. Mwen priye pou nou chak pwofite avantaj pouvwa ki nan liv ekriti mèveye sa a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade “‘You Can’t Close My Heart’: Ghanaian Saints and the Freeze,” Jan. 6, 2016, history.lds.org.

  2. 2 Nefi 25:26.

  3. Kourye Nicholas Ofosu-Hene, Okt. 27, 2015.

  4. Gade Angelo Scarpulla, Angelo Scarpulla, “My Search for the Restoration,” Tambuli, Jen 1993, 16–20; imel Ezio Caramia, Sept. 16, 2016.

  5. Autobiography of Parley P. Pratt, ed. Parley P. Pratt Jr. (1938), 37.

  6. Gade Mowoni 10:3–5.

  7. Enseignements des presidents de l’église: Ezra Taft Benson (2014), 141.

  8. Thomas S. Monson, “Dare to Stand Alone,” Liahona, Nov. 2011, 62; gade tou Thomas S. Monson, “Priesthood Power,” Liahona, Me 2011, 66; A Prophet’s Voice: Messages from Thomas S. Monson (2012), 490–94.

  9. Prezidan Thomas S. Monson te anseye: “Chak detantè prètriz ta dwe patisipe nan etid ekriti chak jou. … Mwen pwomèt nou, noumenm detantè Prètriz Aawon oswa Mèlkisedèk yo, si nou etidye ekriti yo ak dilijans, pouvwa nou pou evite tantasyon ak pou resevwa direksyon Sentespri a nan tout sa n ap fè ap ogmante” (Thomas S. Monson, “Be Your Best Self,” Liahona, Me 2009, 68).

  10. Alma 28:14.

  11. “Mwen pwomèt nou ke apati moman sa a, si nou plonje nou chak jou nan [Liv Mòmon an] epi nou suiv sa k ladan l yo, Bondye ap devèse sou chak timoun nan Siyon ak sou Legliz la yon benediksyon nou pa t janm konnen” (Teachings: Ezra Taft Benson, 127).

  12. Marion G. Romney, “The Book of Mormon,” Ensign, Me 1980, 67.

  13. Gade, paregzanp, premye paj Liv Mòmon an; 1 Nefi 11; 2 Nefi 25; Mozya 16; 18; Alma 5; 12; Elaman 5; 3 Nefi 9; Mòmon 7.

  14. Gade, paregzanp, 2 Nefi 2; 2 Nefi 9; Mozya 3; Alma 7; 34.

  15. Gade, paregzanp, 2 Nefi 31; 3 Nefi 11; 27.

  16. Gade 3 Nefi 11–28.