2010–2019
Kiyès pou n al jwenn?
Oktòb 2016


Kiyès pou n al jwenn?

Alafen, nou chak dwe reponn kesyon Sovè a: “Èske nou menm nou prale tou?”

Sa gen kèk ane, fanmi m avèk mwen t al vizite Tè Sent la. Youn nan pi bèl souvni nan vwayaj nou an sete yon vizit nou te fè nan sal chanmòt la nan Jerizalèm, sit tradisyonèl Dènye Soupe a.

Pandan nou te kanpe nan kote sa a, m te li pou yo nan Jan 17, kote Jezi te priye Papa L pou disip Li yo:

“M priye pou yo … pou yo ka vin yonn, manmjan nou ye a. …

“Ni tou, m pap priye pou sa yo sèlman, men pou moun ki pral kwè nan non m atravè pawòl moun sa yo tou;

“Pou you tout ka vin fè yonn; menmjan oumenm, Papa, ou nan mwen, epi m nan ou a, pou yo ka vin fè youn avèk nou tou.”1

M te pwofondman touche pandan m t ap li pawòl sa yo epi m te twouve m ap priye nan kote sakre sa a pou m ta toujou fè yonn avèk fanmi m epi avèk ak Papa m ki nan syèl la ak Pitit Gason L la.

Lyen presye ki ini nou avèk fanmi nou, zanmi nou, Senyè a, ak Legliz retabli L la pami bagay ki pi enpòtan nan lavi a. Paske relasyon sa yo si enpòtan, nou ta dwe cheri yo, pwoteje yo, epi fòtifye yo.

Yonn nan istwa ki pi dechiran nan ekriti yo te rive lè “plizyè nan disip [Senyè a]” te twouve l difisil pou te aksepte ansèyman l yo ak doktrin ni an, epi yo te “retounen, epi yo pa t mache avè L ankò.2

Lè disip sa yo te fin ale, Jezi te vire gade Douz yo epi l te mande yo : “Èske nou prale tou?”3

Pyè te reponn:

“Senyè, kiyès nou pral jwenn? se oumenm ki gen pawòl lavi etènèl yo.

“Nou kwè epi nou konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”4

Nan moman sa a, pandan ke lòt moun t ap konsantre yo sou sa yo pa t ka aksepte, Apot yo te chwazi pou yo te fokis sou sa yo te kwè ak konnen, epi kòm rezilta, yo te rete avèk Kris la.

Nan apre, nan jou Pannkot la, Douz yo te resevwa don Sentespri a. Yo te vin kare nan temwayaj yo konsènan Kris la epi yo te vin kòmanse konprann ansèyman Jezi yo plis konplètman.

Jodia, sa pa diferan. Pou kèk moun, envitasyon Kris la pou kwè epi rete a toujou rèd—oswa difisil pou yo aksepte. Kèk disip ap lite pou yo konprann yon règleman oubyen yon ansèyman spesifik Legliz. Gen kèk lòt ki jwenn bagay ki preyokipe yo nan istwa nou oubyen nan enpèfeksyon kèk manm ak dirijan, pase ak prezan. Gen kèk lòt toujou ki twouve l difisil pou yo pratike yon relijyon ki egzije si anpil. Finalman, gen moun ki vin “bouke fè sa ki byen.” 5 Pou rezon sa yo ak pou lòt rezon, lafwa kèk manm nan Legliz la sekwe, pandan y ap mande tèt yo si petèt yo ta dwe suiv moun ki “te retounen yo, epi ki pat mache ankò ” avèk Jezi yo.

Si nenpòt moun nan pami nou santi lafwa yo ap sekwe, m ap poze nou menm kesyon Pyè te mande a: “Kiyès [ou] pral jwenn?” Si w chwazi pou w vin inaktif oubyen pou w kite Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou retabli a, ki kote w prale? Kisa w pral fè? Desizyon pou w “pa mache ankò” avèk manm Legliz yo ak dirijan Senyè a chwazi yo ap gen yon enpak alontèm ke ou p ap kapab wè kounyeya. Sa posib ke gen dwa gen kèk doktrin, kèk politik, kèk ti moso istwa ki mete w an kontradiksyon avèk lafwa ou, epi ou ka santi ke sèl fason pou w rezoud touman enteryè sa a kounyeya se “pa mache ankò” avèk Sen yo. Si w viv osi lontan ke m viv la, w ap vin konnen ke bagay yo gen yon fason pou fini pa rezoud poukont yo. Yon ide enspire oubyen yon revelasyon ka pote nouvo limyè sou yon pwoblèm. Sonje, Retablisman an se pa yon evenman ki rete, men li kontinye ap dewoule.

Pa janm abandone pi gwo verite ki te revele palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith yo. Pa janm sispann li, ni medite, ni aplike doktrin Kris la ki nan Liv Mòmon an.

Pa janm manke bay Senyè a tan pa Li atravè tantativ onèt pou w konprann sa Senyè a revele. Jan bon zanmi m e ansyen kòlèg mwen, Èldè Neal A. Maxwell te di yon fwa a, “Nou pa ta dwe asime … ke, jis paske nou pa ka eksplike yon bagay, li ineksplikab.”6

Konsa, anvan w fè chwa espirityèlman danjere sa a pou w kite a, mwen ankouraje w pou w fè yon ti kanpe epi byen reflechi anvan w abandone kèlkeswa sa k te mennen w resevwa temwayaj ou sou Legliz retabli Jezikri a pou kòmanse. Kanpe epi panse sou sa w te santi isit la ak poukisa ou te santi li. Panse a moman kote Sentespri a te rann ou temwayaj konsènan verite etènèl la.

Ki kote w pral jwenn lòt moun ki pataje kwayans ou nan Paran Selès pèsonèl e eman, ki anseye nou kijan pou nou retounen nan prezans etènèl yo?

Ki kote w prale pou w jwenn ansèyman konsènan yon Sovè ki se pi bon zanmi ou, ki te non sèlman soufri pou peche ou, men tou ki te soufri “lapenn, afliksyon ak tout kalite tantasyon” pou “zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen dapre kò fizik la kouman pou l pote pèp li a sekou dapre enfimite yo,”7 enkli, m panse, enfimite moun ki pèdi lafwa yo?

Kikote w prale pou w aprann plis sou plan Papa nou ki nan syèl la pou bonè etènèl nou ak lapè nou, yon plan ki ranpli avèk posiblite, ansèyman, ak direksyon mèveye pou lavi mòtèl nou ak lavi etènèl nou? Sonje, plan Sali a bay lavi mòtèl la sans, objektif, ak direksyon.

Kikote w prale pou w jwenn yon òganizasyon Legliz byen detaye ak enspire konsa kote w resevwa ansèyman ak sipò nan men gason ak fi ki pwofondeman angaje pou sèvi Senyè a nan sèvi oumenm ak fanmi ou?

Ki kote w prale pou w jwenn pwofèt ak apot vivan, ke Bondye aple pou ba ou yon lòt resous pou konsèy, konpreyansyon, rekonfò, ak enspirasyon pou pwoblèm epòk nou yo?

Ki kote w prale pou w jwenn moun k ap viv selon yon ekip valè ak prensip ke nou pataje epi nou vle pase bay pitit nou ak pitit-pitit nou?

Epi, ki kote w prale pou w fè eksperyans lajwa ki vini atravè òdonans ak alyans tanp yo?

Frè ak sè m yo, aksepte ak viv levanjil Kris la kapab difisil. Li te toujou konsa, e l ap toujou konsa. Lavi a kapab konpare ak moun spòtif k ap monte yon santye rèd e difisil. Se yon bagay toutafè nòmal ak natirèl pou nou repoze tanzantan sou chemen an pou nou ka pran souf, pou nou reevalye direksyon nou, epi pou nou rekonsidere vitès nou. Se pa tout moun ki bezwen yon poz sou chemen an, men pa anyen ki mal nan fè l lè sikonstans yo mande sa. Anfèt, sa ka yon bagay pozitif pou moun ki pwofite opòtinite a pou rafrechi yo avèk dlo vivan levanjil Kris la.

Danje a vini lè yon moun chwazi pou l abandone chemen ki mennen nan pyebwa lavi a.8 Pafwa, nou ka aprann ak etidye ak konnen, e pafwa, nou oblije kwè, gen konfyans, e espere.

Alafen, nou chak dwe reponn kesyon Sovè a: “Èske nou prale tou?” 9 a. Nou tout oblije chèche repons pa nou pou kesyon sa a. Pou kèk moun, repons la fasil; pou lòt, li difisil. M pa pretann ke m konn poukisa lafwa pou kwè a vini pi fasil pou kèk moun pase lòt. Mwen sèlman rekonesan dèske m konnen repons yo toujou la, epi si nou chèche yo—reyèlman chèche avèk yon entensyon reyèl epi si nou mande avèk yon kè sensè—nap vin finalman jwenn repons pou kesyon nou yo pandan n ap kontinye sou chemen levanjil la. Nan ministè mwen, m rankontre moun ki kite epi ki retounen apre eprèv lafwa yo.

Mwen espere sensèman ke nou pral envite yon pi gran kantite pitit Bondye pou jwenn levanjil la epi rete sou chemen levanjil la pouk e yo menm tou, yo ka “manje nan fwi a [ki] pi dezirab pase tout lòt fwi a.”10

Mwen espere sensèman ke nou pral ankouraje, aksepte, konprann, e renmen moun k ap lite avèk lafwa yo. Nou pa dwe janm neglije okenn nan frè n ak sè nou yo. Nou tout nan diferant lokasyon sou chemen an, e nou youn bezwen ankadre lòt an konsekans.

Menmjan nou ta dwe louvri bra nou nan yon espri pou n akeyi nouvo konvèti yo, se konsa tou nou dwe anbrase ak sipòte moun ki gen kesyon yo epi k ap febli nan lafwa yo.

M ap itilize yon lòt metafò familye, pou m priye ke nenpòt nan nou moun ki ta panse kite “Vye Bato Siyon an” kote Bondye ak Kris la anchaj la, fè yon ti kanpe epi reflechi byen anvan ou fè sa.

Tanpri, konnen ke, menmsi gwo tanpèt, ak van, ak vag lanmè ap frape ansyen bato a, toujou sonje Sovè a nan bato a epi li ka kapab stope tanpèt la lè l kòmande, “Lapè, ret trankil.” Jiskela, nou pa dwe pè, epi nou dwe gen yon lafwa inebranlab epi konnen ke “menm van an ak lanmè a obeyi Li.”11

Frè m ak sè m so, mwen pwomèt nou nan non Senyè a ke Li pap janm abandone Legliz Li a epi Li pap janm abandone onkenn nan noumenm. Sonje repons Pyè te bay pou kesyon ak pawòl Sovè a:

“Kiyès nou pral jwenn? Se oumenm ki gen pawòl lavi etènèl yo.

“Epi, nou kwè epi nou konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye vivan an.”12

Mwen temwaye ke “pa gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote sali a pou pitit lèzòm, se sèlman nan epi pa mwayen non Kris la.”13

Mwen temwaye tou ke JezikriI aple apot ak pwofèt nan epòk nou an epi Li te retabli Legliz Li a avèk ansèyman ak kòmandman kòm “yon refij kont siklòn epi kont kòlè” ki pral asireman vini amwenske moun yo nan mond lan repanti epi yo retounen al jwenn ni.14

Mwen temwaye ankò ke Senyè a “envite tout moun pou vin jwenn li pou yo kapab goute nan bonte l; e li pa rejte pèsonn ki vin jwenn li, nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi; … e tout moun se menm pou Bondye.”15

Jezi se Sovè nou ak Redanmtè nou, epi levanjil retabli L la ap dirije nou retounen nan prezans Paran Selès nou yo an sekirite si nou rete sou chemen levanjil la epi nou suiv tras Li. Pou sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.