2010–2019
Yon jenerasyon ki reziste a peche
Avril 2017


Yon jenerasyon ki reziste a peche

Pandan n ap anseye, gide, ak renmen timoun yo, nou ka resevwa revelasyon pèsonèl k ap ede nou kreye ak ame dè timoun vanyan, k ap reziste devan peche.

Sa fè en an edmi, Prezidan Russell M. Nelson te pale konsènan nesesite pou n “ansenye ak edike yon jenerasyon k ap reziste devan peche.”1 Fraz sa a — “jenerasyon k ap reziste devan peche”— a te touche yon kòd spirityèl pwofon nan mwen.

Nou rann omaj pou timoun k ap eseye mennen yon lavi pite ak obeyisans yo. Mwen te temwen fòs anpil timoun toupatou nan mond lan. Yo kanpe ak rezistans, “fèm ak inebranlab”2 nan devan yon pakèt sikonstans ak anviwonman difisil. Timoun sa yo konprann idantite divin yo, yo santi lanmou Pè Selès la pou yo epi yo chèche obeyi volonte Li.

Men, gen timoun k ap lite pou you kanpe “fèm e inebranlab” yo ak timoun yo blese espri delika yo.3 Yo atake yo toupatou ak “flèch dife advèsè a”4 e yo bezwen fòs ak sipò. Yo se yon gwo motivasyon pou nou pou nou avanse epi fè lagè kont peche nan efò nou pou mennen pitit nou yo al jwenn Kris la.

Tande pawòl Èldè Bruce R. McConkie te di sa gen prèske 43 an:

“Antanke manm Legliz la, nou angaje nan yon gwo konfli. Nou nan lagè. Nou angaje nan kòz Kris la pou nou goumen kont Lisifè. …

“Gwo lagè sa a k ap fè raj toupatou a e ki malerezman fè anpil viktim kòm rezilta a, kèk ladan yo fatal la, se pa yon bagay nouvo. ...

“Kounyea pa genyen ni pa kapab genyen moun ki neutre nan lagè sa a.” 5

Jodia lagè a kontinye avèk plis entansite. Batay la touche nou tout, epi pitit nou yo nan premye liy yo ap fè fas ak fòs enmi yo. Donk, nou bezwen ranfòse strateji spirityèl nou yo.

Fòtifye timoun yo pou yo ka vin reziste devan peche se yon tach ak yon benediksyon pou paran, granparan, pwofesè, ak dirijan. Nou chak gen responsabilite pou nou ede. Men, Senyè a te patikilyèman kòmande paran yo pou yo ansenye pitit yo “pou yo konprann doktrin repantans, lafwa nan Kris Pitit Gason Bondye vivan an, ak batèm ak don Sentespri a” epi “pou yo priye, epi pou yo mache dwat devan Senyè a.” 6

Fason pou nou “leve pitit [nou] yo nan limyè ak verite”7 a kapab yon kesyon difisil paske li dwe adapte a chak fanmi ak chak timoun, men Papa nou ki nan Syèl la banou direksyon inivèsèl ki ap ede nou. Lespri a ap enspire nou pou nou jwenn ki fason ki pi efikas pou nou ka vaksinen timoun nou yo spirityèlman.

Pou kòmanse, li esansyèl pou nou gen yon vizyon sou enpòtans responsabilite sa a. Nou dwe konprann idantite divin pa nou—ak pa yo—ak objektif nou avan nou ka ede timoun nou yo wè kiyès yo ye ak poukisa yo la a. Nou dwe ede yo konnen san doute ke yo se pitit gason ak pitit fi yon Papa eman ki nan Syèl la epi L ap tann anpil bagay nan men yo.

Dezyèmman, li esansyèl pou nou konprann doktrin repantans lan pou nou kapab reziste a peche. Reziste a peche pa vle di nou pa janm peche, men li enplike ke nou repanti kontinyèlman, nou vijilan, epi vanyan. Petèt rezistans nou devan peche a vini kòm yon benediksyon paske nou reziste tout tan a peche. Jan Jak te di, “Reziste dyab la, e l ap kouri lwen de nou menm”8

Gèrye Elaman yo “te gen anpil kouraj … ; men sa se pa t tout—se te moun ki te fidèl tout tan, nan tout sa moun te konfye yo. Wi, … yo te aprann yo pou yo respekte kòmandman Bondye yo epi pou yo mache dwat devan l.”9 Jènjan sa yo t al nan lagè avèk vèti kretyèn yo kòm zam kont advèsè yo. Prezidan Thomas S. Monson raple nou ke “apèl pou nou kouraje a konstamman prezante devan nou chak. Chak jou nan lavi nou nou bezwen kouraj—pa sèlman pou evenman enpòtan yo men pi souvan lè nou pran desizyon oubyen lè nou reyaji devan sitiyasyon ki prezante bò kote nou.”10

Timoun nou yo mete boukliye spirityèl lè yo etabli modèl pèsonèl disip chak jou. Petèt nou souzestime abilite timoun yo pou yo konprann konsèp disip jounalye a. Prezidan Henry  B. Eyring te konseye nou pou nou “kòmanse bonè epi rete fèm.”11 Donk yon twazyèm kle pou ede timoun yo pou yo vin reziste a peche se kòmanse entegre doktrin ak prensip debaz levanjil yo nan yo depi yo tou piti—apati ekriti yo, Atik Lafwa yo, bwochi Jeunes Soyez Forts Youth , chante Primè, kantik, ak pwòp temwanyaj pèsonèl pa nou—k ap mennen timoun yo al jwenn sovè a.

Lè nou kreye abitid priyè, etid ekriti, sware familial, ak adorasyon Jou Saba a konstamman, sa pote plenitid, konsistans entèn, ak valè moral solid—kidonk, entegrite spirityèl. Nan mond jounen jodia, kote entegrite prèske disparèt, timoun nou yo dwe konprann kisa vrè entegrite ye epi poukisa li enpòtan—espesyalman lè nou ap prepare yo pou fè epi respekte alyans sakre yo fè lè batèm yo ak nan tanp yo. Jan Preche Levanjil Mwen An ansenye, “Respè aganjaman yo prepare moun [menm sa ki trè jèn] pou fè epi kenbe alyans sakre.”12

Èldè Jeffrey R. Holland te ansenye, “Lè n ap pale de respè alyans, n ap pale osijè vrè esans objektif nou nan mòtalite a.”13 Gen pouvwa eksepsyonèl nan fè ak respekte alyans nou fè yo avèk Pè Selès la. Advèsè a konn sa, se poutèt sa li nwasi nosyon fè alyans lan.14 Lè nou ede timoun konprann, epi fè ak kenbe alyans sakre, sa se yon lòt kle pou kreye yon jenerasyon ki reziste a peche.

Kijan nou prepare timoun nou yo pou yo fè alyans sakre epi respekte yo pandan y ap antre epi pwogrese sou chemen alyans lan? Ansenye timoun yo pou respekte pwomès senp yo lè yo jèn ap pèmèt yo respekte alyans sakre yo pita nan lavi.

Ban m pataje yon egzanp senp: Nan sware familyal, yon papa te mande, “Kòman relasyon nou ye antanke yon fanmi?” Lizzie ki te gen senkan te plenyen ke gran frè l la, Kevin, t ap annuiye l twòp e t ap blese santiman l. Kevin te admèt ke Lizzie te gen rezon. Manman Kevin te mande l kisa l ta ka fè pou l te ka antann ni pi byen ak sè l la. Kevin te reflechi epi li te deside ke l t ap pwomèt Lizzie ke li pral fè yon jounen antye san l pa annuiye l.

Nan fen pwochen jounen an lè tout moun te rasanble pou lapriyè familyal, papa Kevin te mande Kevin kòman sa te ye. Repons Kevin se te “Papa, m te respekte pwomès mwen!” Lizzie te dakò. Fanmi an te felisite Kevin.

Manman Kevin te sigjere ke si l te kapab kenbe pwomès li pou on jou, poukisa li pa t ka kenbe l pou de jou? Kevin te akspete pou eseye ankò. De jou te pase, Kevin te gen siksè ankò e li te kenbe pwomès li, e Lizzie te pi rekonesan toujou! Lè papa l te mande poukisa li te respekte pwomès li yo byen konsa, Kevin te di, “Mwen respekte pwomès mwen paske m te di m ap fè sa.”

Yon seri ti pwomès reyisi ki te respekte mennen nan entegrite. Pratik konsistan respè pwomès se yon preparasyon spirityèl pou timoun yo resevwa premye alyans yo de batèm ak don Sentespri a, kote yo fè alyans pou sèvi Bondye epi respekte kòmandman L yo.15 Pwomès ak alyans yo enseparab.

Nan liv Danyèl la, nou aprann konsènan Chadrak, Mechak, ak Abèd-nego ki te refize adore idòl Wa Nebikadneza a.16  Wa a te avèti yo ke yo ta pral jete yo nan yon founo dife si yo pa t konfòme yo. Yo te refize e yo te di:

“Si se konsa, Bondye nou an ke nou ap sèvi a kapab delivre nou de founo dife k ap boule a. …

“Men si se pa sa, ke ou konnen, O wa, nou pa p sèvi bondye ou yo.”17

“Men si se pa sa.” Konsidere siyifikasyon twa mo sa yo e ki rapò yo genyen ak respè alyans yo. Twa jènòm sa yo pa t ap baze obeyisans yo sou delivrans yo. Menm si yo pa t delivre, yo t ap kenbe pwomès yo ak Bondye paske yo te di ke yo t ap fè sa. Respè alyans nou yo toujou endepandan de sitiyasyon nou. Twa mesye sa yo, menm jan ak gèrye Elaman yo, se bèl egzanp pou timoun nou yo sou reziste a peche.

Kijan egzanp sa yo kapab aplike nan kay nou ak nan fanmi nou? “Liy apre liy, enstriksyon apre enstriksyon,”18 nou ede timoun yo goute siksè yon ti bouche alafwa. Lè yo respekte pwomès yo, yo santi Lespri a nan lavi yo. Elder Joseph B. Wirthlin te ansenye ke “pi gwo rekonpans entegrite se konpani konstan Sentespri a.”19 Epi apre sa “konfyans [timoun yo] ap grandi anpil nan prezans Bondye.”20 Nan pui entegrite a yon sous jenerasyon puisan ki reziste a peche ap jayi.

Frè m ak sè m yo, kenbe timoun nou yo pre—sitèlman pre ke yo ka wè konpòtman relijye nou epi gade nou k ap respekte pwomès ak alyans nou yo. “Timoun se gwo imitatè, konsa, ba yo yon bon bagay pou yo imite.”21 Anfèt, n ap ede anseye ak elve yon jenerasyon k ap gen pouvwa pou reziste a peche, pou Senyè a, pwomès apre pwomès epi alyans apre alyans

Mwen temwaye ke Jezikri ap dirije Legliz sa a. Lè nou ansenye, dirije, epi renmen timoun yo nan fason Sovè a, nou ka resevwa revelasyon pèsonèl ki ap ede nou kreye epi ame timoun ki vanyan, e ki reziste a peche. Priyè m se pou timoun nou yo repete pawòl Nefi yo: “Èske ou vle fè m tranble devan aparans peche?”22 Mwen temwanye ke Sovè nou an te ekspye pou peche mond lan23—paske Li te di L t ap fè sa, e ke Li renmen nou plis ke nou menm mòtèl kapab konprann24—paske Li te di Li t ap fè sa. Nan non Jezikri, amèn.