2010–2019
Vin yon disip Senyè Jezikri nou an
Avril 2017


Vin yon disip Senyè Jezikri nou an

Nou bezwen pil kantite kalite ki soti nan lafwa nan Kris yo pou nou kapab rete fèm nan dènye jou sa yo.

Kisa sa vle di pou yon moun se disip Senyè nou an, Jezikri? Yon disip se yon moun ki batize e ki dispoze pou pran non Sovè a sou li epi suiv Li. Yon disip efòse l pou l vin menmjan avèk li nan obeyi kòmannman L yo nan mòtalite a, menmjan yon apranti ap chèche vin menmjan ak mèt li.

Anpil moun tande mo disip la epi yo panse li sèlman vledi yon “moun k ap suiv” Men vrè disip se yon eta dèt. Sa sijere plis pase etidye akplike yon lis kalite endividyèl. Disip yo viv nan yon fason pou karakteristik Kris yo ka vin fè pati entegral idantite yo, tankou nan yon tapisri espirityèl.

Tande envitasyon Apot Pyè a pou vin yon disip Sovè a:

“Ak tout dilijans, ajoute nan lafwa vèti ; e nan vèti konesans ;

E nan konesans tanperans; e nan tanperans pasyans; e nan pasyans sentete;

“E nan sentete jantiyès fratènel; e nan jantiyès fratènel charite.”1

Kòm ou ka wè, tise yon tapisri espirityèl disip pèsonèl mande plis pase yon sèl fil. Nan epòk Sovè a, te gen anpil moun ki te deklare ke yo te jis nan youn ou plizyè aspè nan lavi yo. Yo te pratike sa m rele obeyisans selektif. Pa egzanp, yo te kenbe kòmadman pou yo pat travay nan jou Saba a men yo te kritike Sovè a paske Li te geri moun nan jou sakre sa a.2 Yo te fè charite a pov yo, men yo te sèlman ofri sa yo te gen anplis—sa yo pat bezwen pou tèt yo.3 Yo te jene men yo te fè li ak yon vizaj tris.4 Yo te priye men sèlman pou yo te ka enpresyone lèzòm.5 Jezi te di “yo apwoche pre mwen avèk bouch yo, men, kè yo lwen m.”6 Jan de moun sa yo ka konsantre sou metrize yon kalite oubyen yon aksyon espesifik men yo pa nesesèman vin menmjan avèk Li nan kè yo.

Konsènan moun sa yo, Jezi te deklare:

“Lè jou sa a va rive, anpil moun va di m’: Mèt, Mèt, se sou non ou nou t’ap bay mesaj ki soti nan Bondye a. Se sou non ou nou te chase move lespri yo? Se sou non ou nou te fè anpil mirak?

Lè sa a, m’a di yo: Mwen pa t’ janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal.”7

Kalite Sovè a genyen yo, jan nou pèsevwa yo, se pa yon tèks nou dwe suiv oubyen yon lis bagay nou dwe tcheke. Yo se kalite ki melanje ansanm, youn ajoute sou lòt, yo ajoute yonn sou lòt, ki devlope nan nou nan fason entèaktif. Otremandi, nou pa ka jwenn yon karakteristik Kris la san jwenn lòt karakteristik yo tou. Lè yon karakteristik vin pi fèm, se konsa lòt yo vini tou.

Nan 2 Pyè ak nan Doktrin ak Alyans seksyon 4, nou aprann ke lafwa nan Senyè a, Jezikri, se fondasyon an. Nou mezire lafwa nou pa sa l mennen nou fè — pa obeyisans nou. Senyè a te pwomèt : «Si nou gen lafwa nan mwen, n ap gen pouvwa pou nou fè nenpòt bagay m jije nesesè.”8 Lafwa se yon katalizè. San zèv, san viv nan lavèti, lafwa nou pa gen pouvwa pou fè nou vin gen kalite disip. Anfèt, lafwa a mouri.9

Epi konsa, Pyè eksplike, “Ajoute vèti sou lafwa ou.” Vèti se plis pase pite seksyèl. Li se pite ak sentete nan lespri ak nan kò. Vèti se pouvwa tou. Si nou viv levanjil la fidèlman, n ap gen pouvwa pou vin gen vèti nan chak panse, chak santiman, ak aksyon. Panse nou ap vin plis reseptif a enspirasyon Sentespri e ak Limyè Kris la.10 N ap pèsonifye Kris la non sèlman nan sa n ap di ak sa n ap fè men nan sa nou ye tou.

Pyè kontinye, “Ajoute nan vèti [ou], konesans.” Lè nou viv yon vi vètye, nou vin konnen Papa nou ki nan syèl e Pitit Gason L nan yon fason espesyal. “Si ou moun ap fè volonte [Papa a]. l ap konnen doktrin nan.”11 Konesans sa a se temwayal pèsonèl, ki soti nan eksperyans pèsonèl. Se konesans ki transfome nou, afenke «limyè nou ka rete konsantre sou limyè Li e «vèti [nou] renmen vèti [Li].”12 Lè nou viv vètyezman, nou pwogrese soti nan “mwen kwè » a “mwen konnen ».

Pyè te ekzòte nou pou n ajoute “nan konesans tanperans; e nan tanperans pasyans.” Antanke disip tanpere, nou viv levanjil la nan yon fason ekilibre ak stab. Nou pa “kouri pase plis pase [nou] gen fòs.”13 Jou aprè jou nou avanse devan, san nou pa kite pwoblèm mòtalite yo dekouraje nou.

Lè nou vin tanpere nan fason sa a, nou devlope pasyans ak konfyans nan Senyè a. Nou ka konte sou plan Li pou lavi nou, menmsi nou pa ka wè l avèk zye natirèl nou.14. Konsa, nou ka “rete trankil e konnen ke [Li] se Bondye.”15 “Lè nou fè fas ak tanpèt tribilasyon, nou mande, “Kisa Ou vle m aprann de eksperyans sa a?” Avèk plan li e objektif li nan kè nou, nou avanse pandan n ap non sèlman andire tout bagay men n ap andire yo byen e ak pasyans tou.16

Pasyans sa a, Pyè di nou, mennen nou nan sentete. Menmjan Papa a pasyan avèk noumenm, pitit Li yo, nou vin pasyan yonn ak lòt e ak tèt nou. Nou rejwi nan libète lòt moun ak opòtinite sa ba yo pou yo grandi “liy sou liy,”17 “pi klè e pi klè, jiskaske l rive nan jou pafè a.”18

Soti nan tanperans rive nan pasyans, e de pasyans a sentete, nati nou vin chanje. Nou akeri amou fratènèl ki se karakteristik tout vrè disip. Menmjan ak Bon Samariten an, nou travèse wout la pou ede tout moun ki nan bezwen, menm si yo pa fè pati zanmi nou.19 Nou beni moun ki modi nou. Nou fè byen ak moun ki maltrete nou.20 Eske gen lòt kalite ki pi diven ak pi kretyen pase sa?

M temwaye ke efò yo nou fè pou vin disip Sovè nou an ap vrèman gen plis ajoute sou li jiskaske nou vin “posede” lanmou Li.21 Lanmou sa a se karakteristik ki defini yon disip Kris la:

“Menm si m pale lang lezòm ak langaj zanj yo, si m pa gen charite, m pale tankou yon tanbou kap fè anpil bri, oubyen yon klòch k ap sonnen.

“E menm si m gen don pwofesi, e m konprann tout mistè yo, ak tout konesans; e menm si m gen tout lafwa, pou m ta ka deplase montay, si m pa gen charite, m pa anyen.”22

Se lafwa, esperans, ak charite ki kalifye nou pou travay Bondye.23 “E nan mitan twa sa yo; sa ki pi gran an se charite.”24

Frè ak sè m yo, kounyea plis pase jamè, nou pa ka yon “disip amwatye!” Nou pa ka yon disip nan sèlman yon pwen doktrin oubyen yon lòt. Tout pil karakteristik ki soti nan lafwa nan Kris yo — enkli sa nou mansyone yo jodi a — yo tou nesesè pou ede nou rete fèm nan dènye jou sa yo.

Si nou eseye sensèman pou n vin vrè disip Jezikri, karakteristik sa yo ap vin makònnen ansanm, y ap miltiplye, e fòtifye resipwòkman nan nou. Pap gen okenn diferans ant bonte nou montre pou enmi nou ak bonte nou montre zanmi nou. N ap rete onèt lè okenn moun pap gade ak lè lot moun ap gade. N ap devwe pou Bondye keseswa lè nou nan lye piblik osibyen ke nan chanm sekrè nou.

M temwaye ke nou tout ka yon disip Sovè a. Kondisyon pou disip la pa depann sou laj, ni sou si w se fi oubyen gason, ni sou ras, ni sou apèl. Atravè lavi endividyèl nou kòm disip, noumenm, Sen Dènye Jou yo, nou bati yon fòs kolektif pou beni frè ak sè nou yo toupatou nan mond lan. Kounyea se moman pou nou angaje tèt nou ankò pou n vin disip Li ak tout dilijans.

Frè ak sè m yo, nou tout aple pou n vin disip Sovè a. Ann kite konferans sa a ban nou okazyon pou nou “kòmanse menm jan avèk nan tan lontan, e vin jwenn [Li] avèk tout kè nou.”25 Sa a se Legliz Li. Mwen rann temwayaj solanèl ke Li vivan. Se pou Li beni nou nan rechèch etènèl nou pou n vin disip fidèl ak vanyan an. Nan non Jezikri, amèn.