2010–2019
Aple nan travay la
Avril 2017


Aple nan travay la

Yon tach pou travay nan yon andwa spesifik nesesè e enpòtan men sa segondè parapò avèk yon apèl pou travay.

Prezidan Monson, nou kontan anpil pou n tande vwa ou e resevwa enstriksyon ou. Nou renmen ou, nou soutni ou, e nou toujou priye pou ou.

Mwen priye pou asistans Sentespri a pandan n ap reflechi ansanm sou prensip ki anrapò ak gwo travay preche levanjil la bay chak nasyon, peyi, lang, ak pèp la.1

Aple pou sèvi ak asiyen pou travay

Chak ane, dè dizèn milye jènjan ak jènfi, ak anpil koup senyò, ap tann avèk enpasyans pou yo resevwa yon lèt spesyal soti Salt Lake City. Kontni lèt la afekte moun li adrese a ajamè, osibyen ke manm fanmi l ak anpil kantite lòt moun. Lè lèt la rive, yo oubyen pran tan pou ouvri anvlòp la avèk swen ak pasyans oubyen dechire l anba eksitasyon pou fè pi vit. Lekti lèt espesyal sa a se yon eksperyans moun nan p ap janm bliye.

Lèt la siyen pa Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, epi de premye fraz yo di konsa: “Pa lèt sa a, ou aple pou w sèvi kòm yon misyonè Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Yo asiyen w pou w travay nan tèl ______ Misyon”

Tanpri, note ke premye fraz la se yon apèl pou sèvi kòm misyonè aplentan nan Legliz retabli Senyè a. Dezyèm fraz la endike yon tach pou travay nan yon zòn ak yon misyon byen presi. Li esansyèl pou nou tout byen konprann distenksyon enpòtan ki eksprime nan de fraz sa yo.

Nan kilti Legliz la, nou souvan pale de aple pou sèvi nan yon peyi tankou Ajantin, Polòy, Kore, oubyen Etazini. Men se pa pou yon zòn yo aple yon misyonè; men se pou l sèvi yo aple li. Jan Senyè a te deklare bay Pwofèt Joseph Smith an 1829 la, “Si ou gen dezi pou ou sèvi Bondye, ou resevwa apèl pou ou travay.”2

Chak apèl misyon ak tach afektasyon, oubyen yon reyafektasyon nan apre, se rezilta revelasyon atravè sèvitè Senyè a yo. Yon apèl pou travay soti kot Bondye palentèmedyè Prezidan Legliz la. Yon afektasyon nan youn nan plis pase 400 misyon ki prezantman ap fonksyone yo nan mond lan soti nan Bondye palentèmedyè yon manm Kolèj Douz Apot yo, ki aji avèk otorizasyon pwofèt vivan Senyè a. Don spirityèl pwofesi ak revelasyon yo asiste nan tout apèl ak tach misyon.

Seksyon 80 Doktrin ak Alyans lan se rejis yon apèl misyon pou Stephen Burnett ke Pwofèt Joseph Smith te voye ba li an 1832. Si n etidye apèl sa a Frè Burnett te resevwa a, sa ka ede nou (1) pi klèman konprann distenksyon ant “aple nan travay la” antanke yon misyonè ak “asiyen pou travay” nan yon zòn patikilye; epi (2) pi totalman apresye responsablite pèsonèl nou resevwa divinman pou pwoklame levanjil la.

Vèsè 1 seksyon sa a se yon apèl pou sèvi: “An verite, Senyè a di ou, sèvitè m nan, Stephen Burnett: Ale, ale nan mond lan epi preche levanjil la pou chak kreyati ki vini anba son vwa ou.”3

Sa k enteresan, vèsè 2 a enfòme Frè Burnett sou konpayon misyonè y ap asiyen l lan: “Epi toutotan ou vle yon konpayon, m ap ba ou sèvitè m nan, Eden Smith.”4

Vèsè 3 a endike ki kote de misyonè sa yo dwe travay: “Se poutèt sa, ale epi preche levanjil mwen an, menm si se nan nò oubyen nan sid, nan lès oubyen nan lwès, sa pa fè diferans, paske nou pa kapab pèdi.”5

M pa kwè ekspresyon “sa pa fè diferans” la, jan Senyè a itilize l nan ekriti sa a, sigjere ke L pa sousye ki kote sèvitè L yo ap travay. Anfèt, Li sousye anpil pou sa. Men, paske travay preche levanjil la se travay Senyè a, Li enspire, gide, ak dirije sèvitè otorize L yo. Pandan misyonè yo ap fè efò pou yo vin enstriman ki menm pi diy ak pi kapab nan men Li epi pou yo fè tout efò yo pou fidèlman akonpli devwa yo, lè sa a, avèk èd li, yo “pa p fè fos wout”—kèlkeswa kote y ap sèvi. Petèt youn nan leson Sovè a ap anseye nou nan revelasyon sa a sèke li nesesè e enpòtan pou nou resevwa afektasyon pou travay nan yon zòn espesifik men, sa segondè parapò avèk apèl pou sèvi a.

Dènye vèsè a raple Frè Burnett ak nou tout nan men kimoun yon apèl pou sèvi reyèlman sòti: “Se poutèt sa, deklare sa nou te tande, epi an verite kwè, epi konnen yo se verite.6

Dènye vèsè a raple Frè Burnett ak nou tout nan men kimoun yon apèl pou sèvi reyèlman sòti: “Gade, se volonte moun ki te aple nou an, Redanmtè nou an, Jezikri menm. Amèn.”7

Simonte enkonpreyansyon

Kèk nan nou petèt ap mande n poukisa, nan yon sesyon prètriz jeneral konferans, m chwazi pale sou distenksyon aparaman klè ant aple nan travay la ak asiyen pou travay. Repons mwen pou kesyon sa a byen klè: eksperyans mwen anseye m ke gen anpil manm nan Legliz la ki pa byen konprann prensip sa yo.

Pi gwo rezon m genyen pou m adrese sijè sa a se sa m aprann, avèk letan, sou enkyetid, sousi, ak menm kilpabilite anpil misyonè santi paske pou dè rezon diferan yo te reyafekte yo nan yon chan misyon diferan pandan tan sèvis yo a. Reyafektasyon sa yo pafwa nesesè akoz evenman ak sikonstans tankou aksidan fizik ak blesi, reta ak pwoblèm pou jwenn viza, enstabilite politik, kreyasyon nouvo misyon ak rekrite moun pou yo, oubyen akoz bezwen k ap leve e ki kontinyèlman ap chanje nan tout mond lan nan travay pwoklame levanjil la.8

Lè yo reyasiyen yon misyonè nan yon chan travay diferan, pwosesis la se presizeman menm avèk premye afektasyon an. Manm Kolèj Douz Apot yo chèche enspirasyon ak gidans lè y ap fè reyafektasyon sa yo.

Dènyèman m te pale ak yon mesye fidèl ki te pataje avè m santiman pwofon kè li. Nan yon reyinyon, m te fèk eksplike diferans ant aple nan travay la ak afekte nan yon zòn. Bon frè sa a te ban m lanmen epi, ak dlo nan je, li te di m: “Sa w ede m aprann jodia retire yon fado sou zepòl mwen ke m t ap pote depi plis pase trantan. Lè m te yon jèn misyonè, premye tach mwen sete pou m t al travay nan yon chan misyon nan Amerik diSid. Men, m pa t ka jwenn viza, konsa, yo te chanje afektasyon m voye m Etazini. Tout ane sa yo m te toujou ap mande tèt mwen poukisa m pa t kapab sèvi nan kote yo te aple m anpremye a. Kounyeya, m konnen m te aple nan travay la e non pa nan yon zòn. M pa ka di w konbyen konprann bagay sa a ede mwen.”

Kè m te fè m mal pou bon mesye sa a. Pandan m t ap anseye prensip debaz sa yo atravè mond lan, gen anpil moun ki pale avè m anprive sou menm santiman mesye sa a te dekri a. M ap adrese sijè sa a jodia paske okenn manm nan Legliz sa a pa ta dwe pote yon fado enkonpreyansyon, ensètitid, angwas, oswa kilpabilite initil, osijè yon tach pou yo travay.

“Se poutèt sa, ale epi preche levanjil mwen an, menm si se nan nò oubyen nan sid, nan lès oubyen nan lwès, sa pa fè diferans, paske nou pa kapab pèdi.”9 Lè n ap medite sou pawòl sa yo nan ekriti sa a epi louvri kè nou, m espere e m priye pou nou envite Sentespri a pou l pote andedan nanm nou, konpreyansyon, gerizon, ak retablisman nou ka bezwen an.

Yon lòt rezon k fè m santi m pouse pou pale sou sijè sa a se eksperyans pèsonèl mwen nan asiyen misyonè pandan plizyè ane. Pou noumenm Douz yo, anyen pa afime reyalite revelasyon kontini dènye jou yo avèk plis puisans pase chèche disène volonte Senyè a lè n ap ranpli responsablite nou pou asiyen misyonè yo nan chan misyon respektif yo. Mwen temwaye ke Sovè a konnen nou chak epi li sousye pou nou chak youn pa youn epi non pa non.

Prepare pou resevwa yon apèl pou travay la

Kounyea, m ta renmen pale brèfman sou yon aspè fondamantal men ki souvan neglije ki se prepare pou yon apèl pou travay la.

Gen twa mo konekte ansanm ki defini yon chema preparasyon ak pwogresyon pou pitit gason Bondye yo: prètriz, tanp, misyon. Pafwa, antanke paran, zanmi, ak manm Legliz, nou sitèlman fokis sou preparasyon misyonè pou jènjan yo ke nou yon ti jan neglije lòt etap vital yo sou chemen alyans lan ki dwe akonpli anvan moun sa a kòmanse yon sèvis misyonè aplentan an. Travay kòm misyonè sètènman se youn, men se pa sèl eleman ki nesesè nan pwosesis pou kreye yon fondasyon solid pou yon sèvis ak pwogresyon espirityèl tout yon lavi. Benediksyon prètriz yo ak benediksyon tanp, de etap ki vini anvan yon asiyasyon nan yon chan misyon prezante yo, nesesè tou pou fòtifye ak ranfòse nou espirityèlman pandan tout lavi nou.

Jènjan yo, lè nou ranpli devwa nou epi nou onore Prètriz Aawon an oswa prètriz ki pi ba a, n ap prepare pou n resevwa ak mayifye sèman ak alyans Prètriz Mèlkisedèk la oswa prètriz ki pi wo a.10 Diyite pèsonèl se grenn kondisyon ki pi enpòtan pou n resevwa prètriz ki pi wo a. Tout yon lavi sèvis prètriz dezenterese ap tann nou. Prepare n kounyeya nan rann sèvis siyifikan san rete. Tanpri, aprann renmen diyite nou epi rete diy. Chèche diy. Rete diy.

Apre l fin resevwa Prètriz Mèlkisedèk la ak yon apèl pou sèvi, yon jènjan kapab ame avèk pouvwa11 atravè alyans ak òdonans nan tanp sakre yo. Ale nan tanp epi santi lespri tanp lan presede sèvis efikas li kòm misyonè aplentan. Diyite pèsonèl se sèl kondisyon ki pi enpòtan pou n resevwa benediksyon tanp yo pou noumenm, jènjan ak pou tout manm Legliz yo. Si nou viv ann akò avèk prensip levanjil yo, nou ka antre nan kay Senyè a epi patisipe nan òdonans sakre yo pandan ane adolesans nou. Lanmou nou pou òdonans tanp yo ak konpreyansyon nou sou yo ap fòtifye nou e beni nou pandan tout lavi. Tanpri, aprann renmen diyite nou epi rete diy. Chèche diy. Rete diy.

Anpil nan nou, jènjan ak jènfi yo deja gen yon rekòmandasyon tanp pou izaj limite. Antanke detantè Prètriz Aawon, w ap jwenn pwòp non fanmi w epi akonpli batèm ak konfimasyon pou manm fanmi w nan tanp lan. Detni yon rekòmandasyon tanp demontre diyite ou, epi sèvi lòt moun nan tanp lan se yon pati enpòtan nan prepare pou Prètriz Mèlkisedèk la.

Jènjan, nou chak se yon misyonè kounyeya. Toupatou bò kote nou, chak jou, gen zanmi ak vwazen “ki pa konnen verite a paske yo pa konnen ki kote pou yo jwenn li.”12 Si nou dirije pa Lespri, nou ka pataje yon panse, yon envitasyon, yon tèks oswa mesaj ki ap prezante verite levanjil retabli yo bay zanmi nou. Nou pa bezwen tann e nou pa dwe tann apèl ofisyèl la pou n totalman angaje n nan travay misyonè a.

Lè benediksyon prètriz, tanp, ak misyon yo rasanble “ansanm fè youn … nan Kris la”13 epi yo konbine ansanm nan kè, lespri, ak nanm yon jèn misyonè, li ka kalifye pou travay la.14 Kapasite li pou ranpli responsablite pou ofisyèlman reprezante Senyè Jezikri a ogmante. Konbinezon sprityèlman puisan ki se onore prètriz la ak alyans tanp yo, resevwa “pouvwa Bondye”15 atravè òdonans prètriz yo,16 sèvi san rete, ak pwoklame levanjil etènèl la bay pitit Bondye yo bay yon jènjan kapasite pou l vin “fèm e inebranlab nan lafwa”17 ak “anrasinen ak ankre nan [Kris] la.”18

Nan fwaye nou ak nan legliz la, nou dwe met aksan balanse sou toulètwa eleman ki nan chema preparasyon ak pwograsyon Senyè a pou pitit gason fidèl Bondye yo: : prètriz, tanp, misyon. Toulètwa mande pou nou renmen diyite nou epi rete diy. Chèche diy. Rete diy.

Pwomès ak temwayaj

Frè byeneme, mwen pwomèt ke don espirityèl revelasyon an ap asiste nan apèl nou pou travay pou pwoklame levanjil la ak tach nou nan yon chan travay espesifik. Si nou prepare ak dilijans kounyeya, atravè sèvi dezenterese nan tanp ak nan prètriz la, temwayaj nou konsènan reyalite vivan Senyè a ap fòtifye. Lanmou pou li ak pou travay Li a ap ranpli kè nou. Si nou aprann renmen rete diy, n ap vin yon enstriman nan men Senyè a pou beni ak sèvi anpil moun.

Ak tout kè m, mwen temwaye ke Pè Selès nou an ak Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, vivan. Angaje nan sèvis Yo se youn nan pi gwo benediksyon nou ka jamè resevwa. Konsènan sa m temwaye nan non sakre Senyè a, Jezikri, amèn.