2010–2019
Fi ki sèten
Avril 2017


Fi ki sèten yo

Fi ki sèten sa yo se disip ki santre nan Sovè a, Jezikri, epi yo gen esperans nan pwomès sakrifis ekspyatwa Li a.

Sè byeneme m yo, nou renmen nou anpil epi nou remèsye nou pou bon kè nou ak repons antouzyas nou pou envitasyon Premye Prezidans lan te fè a ak travay #IWasAStranger (Mteyonetranje) a. Tanpri kontinye priye, koute chichotman Lespri yo, epi aji sou enspirasyon nou resevwa yo.

Keseswa m vwayaje lokal oubyen atravè tout mond lan, sa pa inabityèl pou yon moun mande m: “Èske w sonje mwen?” Paske m extrèmman enpafè, m dwe admèt ke m souvan pa ka sonje non yo. Men, mwen sonje amou trè reyèl Pè Selès la pèmèt mwen santi lè m rankontre pitit gason ak pitit fi presye l yo.

Dènyèman m te gen opòtinite pou m te vizite kèk medàm byeneme ki nan prizon. Lè nou t ap di yo orevwa, youn ladan yo te di: “Sè Burton, tanpri, pa bliye nou.” Mwen espere limenm ak lòt sa ki ta renmen m sonje yo yo ap santi sa pandan m ap pataje kèk panse avèk nou.

Fi ki te sèten nan Epòk Sovè a: te santre nan Sovè a, Jezikri

Sè nou yo nan tout epòk yo te toujou demontre chema disip fidèl nou menm tou n ap eseye suiv la. “Nouvo Testaman an gen istwa fi, ke yo pa site non yo pafwa, ki te gen lafwa nan Jezikri ak nan Ekspyasyon L lan, ki te aprann ak aplike ansèyman L yo, epi ki te temwaye de ministè Li, de mirak Li yo ak majeste Li. Fi sa yo te vin disip egzanplè ak temwen enpòtan nan travay sali a.”1

Imaj
Kèk fi ki sèten

Ann konsidere istwa sa yo nan liv Lik la. Premyèman, pandan ministè Sovè a:

“Epi sete konsa  … [Jezi] te mache ale nan tout vil yo ak nan tout bouk yo, ap preche ak anonse bòn nouvèl wayòm Bondye yo: epi douz yo te avèk li,

“Epi te gen kèk fi, … Mary yo te rele Magdalene nan, … ak Jeanne  … , ak Susanne, ak anpil lòt, ki t ap asiste li.”2

Apresa, apre Rezirèksyon L lan:

“Epi te gen kèk finb}… ki t al nan kavo a granmaten;

“… Lè yo pa t jwenn kò a, yo te tounen, vin rakonte ke … zanj te parèt devan yo, pou te di yo ke l te vivan.”3

M konn li e neglije ekspresyon aparaman banal sa a ki se “te gen kèk fi (sèten fi)” a plizyè fwa anvan sa men, resamman, pandan m t ap medite plis, mo sa yo te atire atansyon m anpil. Reflechi sou sinonim sa yo konsènan youn nan siyifikasyon mo sèten an jan l konekte avèk fi sèten: “konvenki,” “pozitif,” “konfyan,” “fèm,” “detèmine,” “asire,” ak “lwayal” la.”4

Pandan m t ap medite sou deskripsyon puisan sa yo, m te sonje de nan fi sèten sa yo nan Nouvo Testaman an ki te rann temwayaj pozitif, konfyan, fèm ak asire sou Sovè a. Malgre ke, menmjan avèk nou, yo sete fi enpafè, temwayaj yo enspiran

Nou sonje fi enkoni a nan pi a ki t al envite lòt yo pou yo te vin tande sa l te aprann nan men Sovè a? Li te rann temwayaj sèten li sou fòm yon kesyon: “Èske se pa Kris la?”5 Temwayaj li ak envitasyon l lan te si konvenkan ke “anpil moun … te kwè nan li.”6

Imaj
Mat k ap rann temwayaj konsènan Sovè a

Apre lanmò frè li, Laza—Mat, disip byeneme Senyè a ak zanmi Li, te deklare avèk sa k te siman gwo emosyon: “Senyè, si ou te la, frè m nan pa t ap mouri non.” Ann gade asirans li lè l te kontinye, “Men m konnen, menm kounyeya, Bondye va ba ou tout sa ou mande li.” Li te temwaye pi lwen: “Mwen konnen ou se Kris la, Pitit Gason Bondye a, ki te gen pou vin nan mond lan.”7

Nou aprann nan men sè sa yo ke fi sèten sa yo se te disip ki te santre sou Sovè a, Jezikri, epi yo te gen esperans nan pwomès sakrifis ekspyatwa L la.

Fi sèten k ap kenbe alyans yo nan Retablisman an: dispoze pou fè sakrifis

Nan ansyen tan an,fi sèten yo te fè sakrifis pandan yo t ap temwaye ak aplike ansèyman Jezi yo. Fi sèten nan premye tan Retablisman yo te fè menm bagay la tou. Drusilla Hendricks ak fanmi li te pami moun ki, antanke nouvo konvèti, te soufri pandan pèsekisyon Sen yo nan Clay County nan Missouri. Mari l te paralyze ajamè pandan Batay Crooked River a. Li te rete poukont li pou te pran swen mari a ansanm ak fanmi li.

“Nan yon epòk patikilyèman penib, kote fanmi an pa t gen manje, li te sonje yon vwa te di l: ‘Kenbe fèm, paske Senyè a va pran swen ou.’

Lè pitit gason l lan te gen pou anwole kòm volontè nan Batayon Mòmon an, Drusilla te refize toudabò epi li te plede Senyè a nan lapriyè jiskaske “sete kòmsi yon vwa sevè te di li: ‘Èske w pa vle glwa ki pi wo a?’ Li te natirèlman reponn ‘Wi’, epi vwa a te kontinye: ‘Kijan w panse w ka jwenn ni si se pa nan fè pi gwo sakrifis yo?’’’8

Nou aprann nan men fi sèten sa a ke kenbe alyans mande pou nou dispoze pou fè sakrifis.

Fi sèten yo jodia: Sonje ak prepare pou selebre retou Li

M te mansyone fi ki sèten nan epòk Sovè a yo ak nan premye epòk Retablisman levanjil la. E egzanp ak temwayaj fi sèten nan epòk pa nou yo?

Imaj
Sè Burton avèk sè an Azi yo

Nan dènye tach m te genyen ann Azi a, m te enspire yon fwa ankò pa anpil fi sèten m te rankontre. M te patikilyèman enpresyone pa premye jenerasyon manm yo ann End, Malezi, ak Endonezi, k ap eseye viv kilti levanjil la nan fwaye yo, pafwa anba gwo sakrifis paske viv levanjil la souvan an kontradiksyon avèk kilti familyal yo ak kilti peyi a. Jenerasyon fi sèten ki manm depi lontan yo nan Hong Kong ak Taiwan kontinye ap beni lavi fanmi yo, manm Legliz yo, ak kominote yo nan rete santre sou Sovè a ak dispoze pou fè sakrifis pou yo kenbe alyans yo. Nou jwenn menm fi sèten sa yo toupatou nan Legliz la.

Imaj
Sè Burton avèk sè an Azi yo

Yon fi sèten ki te beni lavi m pandan dèzane t ap lite pandan dènye kenzan pase yo anba maladi ekrazan, difisil ak pwogresif ki rele Inclusion Body Myositis la. Malgre l oblije sou chèz woulant, li eseye rete rekonesan, epi li kenbe “Lis sa l ka fè” —yon lis bagay li ka fè, tankou M ka respire, M ka vale, M ka priye, epi M ka santi amou Sovè m nan. Li rann temwayaj sèten li, santre sou Kris la, prèske chak jou pou fanmi l ak zanmi li.

M fèk aprann istwa Jenny. Jenny se yon ansyen misyonè ki te gen paran l divòse pandan l t ap sèvi misyon li. Li te di kijan panse pou l te retounen lakay la te “fè [l] pè anpil.” Men, nan fen misyon li nan Italie, pandan l te desann nan kay misyon an nan wout pou l t al Etazini, yon fi sèten , madanm prezidan misyon an, te asiste li avèk tandrès nan senpleman bwose cheve li.

Dèzane apre, yon lòt fi sèten, Terry—yon prezidant Sosyete Sekou pieu—te beni lavi Jenny lè l te aple kòm prezidant Sosyete Sekou pawas la. Nan epòk sa a, Jenny t ap travay sou tèz doktora li. Non sèlman Terry te asime wòl dirijant la pou Jenny, li te pase dizèdtan chita nan lopital la avèk li tou lè Jenny te resevwa dyagnostik alaman kansè a. Terry t al lopital la epi l te kondui Jenny al nan randevou yo. Jenny konfese: “M kwè m te vomi plizyè fwa nan machin ni an.”

Malgre maladi a, Jenny te kontinye sèvi ak vanyans kòm prezidant Sosyete Sekou pawas li. Menm jiska lafen, li te konn fè apèl telefòn epi voye tèks ak email pandan l te sou kabann ni, epi li te konn envite sè yo pou yo te vin wè li. Li te konn voye kat ak nòt bay moun, li te renmen sè l yo a distans. Lè pawas la te mande yon foto prezidans lan pou istwa pawas yo a, se sa yo te resevwa. Paske Jenny se yon fi ki sèten bò kote pa l, li te envite tout moun pataje fado lòt, enkli pa l la.

Imaj
Prezidans Sosyete Sekou pawas la ki mete chapo

Antanke yon fi sèten, Jenny te temwaye: “Nou la a non sèlman pou sove lòt moun, men pou sove tèt nou tou. Epi sali sa a soti nan travay ansanm ak Jezikri; nan konprann gras li ak Ekspyasyon L lan ak santi man lanmou li pou fi yo nan legliz la. Sa fèt atravè bagay osi senp tankou bwose cheve yon moun, voye yon nòt avèk yon mesaj klè, enspire ak revelatwa sou esperans ak lagras, oubyen kite fi yo sèvi nou.”9

Sè m yo, lè nou santi nou distrè, plen dout, dekouraje, lè nou peche, nou santi nou plen remò, oswa nou santi nou depase, se pou nou aksepte envitasyon Senyè a pou nou bwè dlo vivan L lan, jan yon fi sèten te fè nan pi a, pou n envite lòt moun pou yo fè menm bagay la tou pandan noumenm tou n ap rann temwayaj sèten nou: “Èske se pa Kris la?”

Lè lavi a sanble l enjis, jan sa dwe te siman sanble pou Mat lè lanmò frè l—lè n ap travèse chagren solitid, enfètilite, pèt yon moun, okazyon rate pou maryaj ak kreye fanmi, fwaye brize, depresyon, maladi fizik oswa mantal, lè na p toufe anba strès, anksyete, adiksyon, difikilte finansye, oswa yon kantite lòt pwoblèm —se pou nou sonje Mat epi deklare menm temwayaj sèten sa a: “Men, m konnen  … [epi] m kwè ou se Kris la, Pitit Gason Bondye a.”

Imaj
Fi yo nan pye kwa a

Se pou nou sonje pil fi fi sèten yo ki te refize abandone Sovè presye nou an pandan eksperyans douloure Li te soufri sou kwa a ak lè nan apre yo te gen privilèj pou yo te premye temwen sèten Rezirèksyon gloriye L la. Annou rete tou pre Li nan lapriyè ak nan etid ekriti yo. Annou avanse tou pre Li nan prepare n epi pran anblèm sakre sakrifis ekspyatwa l la chak semèn pandan òdonans sentsèn nan epi pandan n ap kenbe alyans nou nan sèvi lòt moun nan moman bezwen. Petèt lè sa a, nou ka vin fè pati fi sèten ki pral selebre retou gloriye L la lè l retounen ankò a.

Imaj
Sovè a nan Dezyèm Vini an

Sè m yo, mwen temwaye konsènan Paran Selès eman; Sovè nou an, Jezikri; ak Ekspyasyon enfini L te fè pou nou an. M konnen Pwofèt Joseph Smith te preòdone pou l te pwofèt Retablisman an. M konnen Liv Mòmon an vrè epi li te tradui pa pouvwa Bondye. Nou gen benediksyon pou n gen yon pwofèt vivan nan epòk nou an, Prezidan Thomas S. Monson. Konsènan verite sa yo, mwen sèten! Nan non Jezikri, amèn.

Nòt: 1er Avril 2017, yo te relve Sè Burton kòm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou.