2010–2019
Fondasyon lafwa
Avril 2017


Fondasyon lafwa

Mwen priye pou nou ka fè sakrifis yo epi pou nou gen imilite ki nesesè pou nou afèmi fondasyon lafwa nou nan Senyè Jezikri a.

Sa sete yon konferans mayifik. Nou te vrèman edifye. Si gen yon objektif ki pi enpòtan nan konferans jeneral, se bati lafwa nan Bondye Papa ak nan Sovè nou an Senyè Jezikri.

Diskou m nan pale sou fondasyon lafwa sa a.

Fondasyon pèsonèl yo, menmjan ak pousuit valab yo, jeneralman bati tou dousman— yon kouch, yon eksperyans, yon pwoblèm, yon kontraryete, ak yon siksè alafwa. Yon eksperyans fizik nou pi byen apresye se premye pa yon tibebe. Se yon bèl bagay pou wè. Ekspresyon sou vizaj la—yon konbinezon detèminasyon, lajwa, sipriz, e viktwa—se vrèman yon evènman trè enpòtan.

Nan fanmi mwen, gen yon evènman konsa nou sonje klèman. Lè pitit gason nou a ki pi piti a te gen anviwon katran, li te antre nan kay la epi l te anonse fanmi an jwayezman e avèk fyète: “M ka fè tout bagay kounyea. M ka lase, m ka kondui e m ka zipe.” Nou te konprann li t ap di nou ke l te ka mare lasèt soulye li, ke l te ka monte gwo bisiklèt twa wou a, e l te ka zipe manto li. Nou tout te ri men nou te reyalize ke pou limenm, bagay sa yo sete akonplisman monimantal. Li te panse ke l te vrèman reyisi epi l te yon grandèt kounyea.

Devlòpman fizik, mantal, ak espirityèl gen anpil bagay ankomen. Li fasil pou wè devlòpman fizik. Nou kòmanse ak ti etap tibebe epi nou pwogrese jou apre jou, ane apre ane, ap grandi e devlope pou nou atenn tay fizik final nou. Devlòpman an diferan pou chak moun.

Lè nou gade yon bèl pèfomans spòtif oubyen mizikal, nou souvan di ke moun sa a gen anpil don, sa ki vrè anjeneral. Men pèfomans la se fwi anpil ane preparasyon ak pratik. Yon ekriven renome, Malcolm Gladwell, te rele sa règ 10.000 lè a. Chèchè yo te detèmine ke sete kantite pratik ki nesesè nan pèfomans atletik ak mizikal, nan pèfòmans akademik, nan konpetans pwofesyonèl spesyalize, nan ekspètiz medikal ak jiridik, eksetera. Yonn nan chèchè ekspè sa yo afime ke “10.000 lè pratik sa yo enpòtan pou atenn nivo metriz nou bezwen pou n vin yon ekspè a—nan tout bagay.”1

Anpil moun rekonèt ke pou yon moun ka rive nan somè pèfòmans fizik ak mantalli, kalite preparasyon ak pratik sa a esansyèl.

Malerezman, nan yon mond ki plis anplis pwofàn, yo mete mwens aksan sou kwasans espirityèl ki nesesè pou n vin menmjan ak Kris la e etabli fondasyon ki mennen nan lafwa dirab yo. Nou gen tandans pou n mete aksan sou moman konpreyansyon spirityèl siblim yo sèlman. Moman sa yo se okazyon presye kote nou konnen Sentespri a rann temwayaj sou enfòmasyon espirityèl patikilye nan kè nou ak nan lespri nou. Nou rejwi de evènman sa yo; nou pa dwe janm minimize yo. Men, pou nou ka gen lafwa dirab ak konpayi konstan Lespri a, pa gen anyen ki ka ranplase obsèvans relijye endividyèl ki konparab ak devlopman mantal ak fizik la. Nou dwe bati sou eksperyans sa yo, sa ki pafwa sanble ak premye pa yon tibebe. Nou fè sa lè nou konsakre tèt e angaje nou konplètman nan reyinyon sakre sentsèn yo, lè nou etidye ekriti yo, lè nou priye, e sèvi lè yo aple nou pou n fè sa. Nan yon omaj nekrolojik pou yon papa 13 pitit, ki te pibliye dènyèman, yo te rann ni omaj pou “lwayote li nan lapriyè ak etid ekriti chak jou ki te pwofondeman enflyanse pitit li yo, sa k te bayo yon fondasyon lafwa inebranlab nan Senyè a, Jezikri.”2

Yon eksperyans m te fè lè m te gen kenzan te fondamantal pou mwen. Manman m te vayamman eseye ede m etabli fondasyon lafwa yo nan lavi mwen. M te konn ale nan reyinyon sentsèn, nan Primè, e aprè sa nan Jènjan ak nan seminè. M te li Liv Mòmon an e m te toujou priye pèsonèlman. Nan epòk sa a, yon evenman makan te rive nan fanmi nou lè gran frè m nan te kòmanse anvizaje pou l t al sèvi yon misyon. Papa m, ki pat twò aktif nan Legiz la, te vle pou l kontinye etid li e pa al sèvi yon misyon. Sa te vin tounen yon sijè kontansyon.

Nan yon konvèsasyon remakab avèk frè m nan, ki te gen senkan anplis mwen e ki t ap dirije konvèsasyon an, nou te rive nan konklizyon ke desizyon l pou l t ale oubyen pa ale nan misyon an te depann sou twa kesyon: (1)  Èske Jezikri te diven? (2) Èske Liv Mòmon an te vrè? (3)  Èske Joseph Smith sete pwofèt Retablisman an?

Lè m te priye sensèman jou swa sa a, Lespri a te konfime m verite tout 3 kesyon sa yo. M te vin konprann tou ke prèske tout desizyon m t ap gen pou pran pou rès lavi mwen t ap baze sou repons twa kestyon sa yo. M te spesyalman reyalize ke lafwa nan Senyè Jezikri te esansyèl. Lè m sonje moman sa yo, mwen rekonèt ke, prensipalman gras ak manman mwen, fondasyon yo te deja la pou m te ka resevwa konfimasyon spirityèl m te resevwa jou swa sa a. Frè m nan, ki te deja gen yon temwayaj, te pran desizyon pou l t al sèvi yon misyon e te finalman resevwa sipò papa nou.

Nou resevwa gidans espirityèl lè nou bezwen l, selon moman Senyè a deside e selon volonte Li.3 Liv Mòman an: Yon lòt Temwayaj konsènan Jezikri, se yon bèl egzanp. Dènyèman, m te wè premye edisyon Liv Mòmon an. Joseph Smith te fini tradiksyon an lè l te gen 23 zan. Nou gen kèk ransèyman sou pwosesis ak enstriman li te itilize pou fè tradiksyon sa a. Nan premye piblikasyon 1830 sa a, Joseph te mete yon ti prefas ki te senpleman e klèman deklare ke liv la te tradui “pa don ak pouvwa Bondye.”4 E apwopo èd yo pou tradiksyon an---Ourim ak Toumim nan, wòch vwayan yo? Èske yo te esansyèl, oubyen èske yo te sèvi kòm wou antrenman yon bisiklèt pou ede timoun aprann, jiskaske Joseph te ka egsèse lafwa nesesè pou l te resevwa plis revelasyon dirèkteman?5

Imaj
Kouvèti Liv Mòmon 1830 la
Imaj
Prefas Liv Mòmon 1830 la

Menmjan repetisyon ak efò konsistan nesesè pou kapasite fizik oswa mantal nou an, se konsa sa ye tou nan zafè espirityèl. Sonje ke Pwofèt Joseph te resevwa menm vizitè a, Mowoni, avèk ekzapteman menm mesaj la kat fwa pou te prepare l pou l te resevwa plak yo. Mwen kwè ke patisipasyon chak semèn nan reyinyon sentsèn sakre yo gen enplikasyon espirityèl nou pa totalman konprann. Medite sou ekriti yo regilyèman---olye ke nou li yo okazyonèlman---ka transfòme yon konpreyansyon sipèfisyèl pou fè l vin tounen yon grandisman lafwa siblim ki ka chanje lavi nou.

Lafwa se yon prensip pouvwa. Ki te m ba nou yon egzanp: Lè m te yon jèn misyonè, yo gwo prezidan misyon 6 te prezante m, nan yon fason apwofondi, pasaj ekriti nou jwenn nan Lik 8 la, osijè fi a ki te gen pwoblèm emoraji pandan douzan an epi ki te depanse tout sa l te genyen nan doktè ki pa t ka geri li. Pasaj ekriti sa a rete youn nan pasaj ekriti m pi renmen jiska jodia.

Na sonje ke l te gen lafwa ke, si l ta sèlman ka touche pwent rad Sovè a, li t ap geri. Lè l te fè sa, li te geri imedyatman. Sovè a, ki t ap mache avèk disip li yo, te di, “Kimoun ki touche m nan?”

Pyè te reponn ke yo tout ki t ap mache ansanm nan, t ap fwote avèk Li.

“Men Jezi te di, Gen yon moun ki touche m: paske m konnen gen yon fòs ki soti nan mwen.”

Rasin mo fòs la, nou ta ka fasilman entèprete l kòm “pouvwa.” An Espanyòl e nan Pòtigè, li tradui pa “pouvwa.” Men, kèlkilanswa, Sovè a pa t wè fi a; Li pa t konsantre sou bezwen li. Men lafwa l te sitèlman gran ke lè l te touche bò rad la, li te jwenn pouvwa gerizon Pitit Gason Bondye a.

Jan Sovè a te di li: “Pitit fi m, pran kouraj: lafwa w geri ou; ale anpè.”7

M toujou medite sou istwa sa a pandan tout lavi adilt mwen. M reyalize ke priyè ak siplikasyon pèsonèl nou adrese Papa eman an ki nan syèl la nan non Jezikri yo ka pote benediksyon nan lavi nou ki depase kapasite nou pou n konprann. Fondasyon lafwa yo, kalite lafwa dam sa a te demontre a, ta dwe vin gran dezi kè nou.

Sepandan, premye etap fondasyon lafwa yo, menm avèk konfimasyon spirityèl, pa vledi ke nou p ap rankontre pwoblèm. Konvèsyon nan levanjil la pa vledi ke tout pwoblèm nou yo ap rezoud.

Premye tan yo nan Istwa Legliz la ak revelasyon nou jwenn nan Doktrin ak Alyans yo gen bèl egzanp sou zafè poze fondasyon lafwa ak reyaji devan pwoblèm ak difikilte tout moun rankontre yo.

Finisman Tanp Kirtland nan te enpòtan pou tout Legliz la. Li te akonpaye pa gwo devesman eksperyans spirityèl, revelasyon doktrinal, ak retablisman kle ki te esansyèl pou kontinye etablisman Legliz la. Menmjan ak ansyen Apot yo nan jou Lapannkot la, anpil manm te fè bèl eksperyans espirityèl an koneksyon avèk konsekrasyon Tanp Kirtland nan.8 Men, menmjan ak nan pwòp lavi nou, sa pat vle di ke yo pa tap rankontre pwoblèm ak difikilte sou wout yo. Yo pat menm konnen ke yo tapral rankontre yon kriz finansyè nan Etazini---panik 1837 la—ki ta pral teste yo jis nan nanm yo.9

Eldè Parley P. Pratt, youn nan gran dirijan Retablisman yo, se yon egzanp sou pwoblèm ki te anrapò ak kriz finansyè sa a. Li sete youn nan premye manm Kolèj Douz Apot yo. Nan kòmansman ane 1837 la, madanm ni, Thankful, te mouri aprè l te fin akouche premye pitit yo a. Parley ak Thankful te marye depi prèske dizan, e lanmò Thankful la te devaste li.

Kèk mwa aprè, Eldè Pratt te twouve l nan youn nan moman ki te pi difisil yo pou Legliz la. Nan mitan kriz nasyonal la, pwoblèm ekonomik lokal—enkli moze tranzaksyon tè ak pwoblèm yon bank Joseph Smith ak lòt manm Legliz la te fonde—te kreye dezakò ak kontansyon nan Kirtland. Dirijan Legliz yo pa t toujou pran desizyon materyèl ki te saj nan lavi pèsonèl yo. Parley te sibi gwo pèt finansye e pandan yon sèten tan, li te fache avèk Pwofèt Joseph.10 Li te ekri yon atik ki te sevèman kritike Joseph epi li te pale kont li sou chè a. An menm tan tou, Parley te di li kontinye kwè nan Liv Mòmon an ak nan Doktrin ak Alyans yo.11

Eldè Pratt te pèdi madanm ni, tè li, ak kay li. Parley te pati al Missouri, san l pa t di Joseph anyen. Sou wout la, sanzatann, li te rankontre Apot Thomas B. Marsh ak David Patten ki t ap retounen Kirtland. Yo te santi ke li te grandman enpòtan pou yo te retabli amoni nan Kolèj la e yo te pèsyade Parley pou l te retounen avèk yo. Li te reyalize ke pat gen okenn lòt moun ki te pèdi plis pase Joseph Smith ak fanmi li.

Parley te chèche jwenn Pwofèt la, li te kriye, epi l te konfese ke sa l te fè a pa t bon. Nan mwa apre lanmò mandanm ni, Thankful, yo, Parley te rankontre anpil bagay negatif epi l te kite laperèz ak fristrasyon anvayi li.12 Joseph, ki te konnen sa sa te ye pou yon mou nap lite kont lopozisyon ak tantasyon, te “sensèman padone” Parley, li te priye pou li e l te beni li.13 Parley ak lòt moun ki te rete fidèl yo te benefisye nan pwoblèm Kirtland yo. Yo te grandi nan sajès epi yo te vin pi nòb e pi vètye. Eksperyans lan te vin fè pati fondasyon lafwa yo.

Nou pa ta dwe konsidere advèsite kòm yon siy ke Senyè a pa renmen nou oubyen L retire benediksyon Li sou nou. Lopozisyon nan tout bagay fè pati dife pirifikatè a ki prepare nou pou destine selès etènèl nou.14 Lè Pwofèt Joseph te nan prizon Liberty a, pawòl Senyè a te adrese l yo dekri tout kalite pwoblèm—enkli tribilasyon ak fos akizasyon—epi l te konkli:

“Si bouch lanfè a menm ta louvri laj kont ou, ou dwe konnen, pitit gason m nan, tout bagay sa yo ap ba w eksperyans, epi se ap pou byen w.

“Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase yo tout. Èske ou pi gran pase l?”15

Nan enstriksyon sa a L te bay Joseph Smith la, Senyè a te presize pou li tou ke L te konnen jou l yo e yo pa t ap diminye. Senyè a te konkli: “Pa pè sa lòm kapab fè, paske Bondye ap avèk ou pou toujou ajamè.”16

Konsa, kisa benediksyon lafwa yo ye? Kisa lafwa akonpli? Lis la prèske san fen:

Nou ka resevwa padon pou peche nou gras ak lafwa nou nan Kris la.17

Tout moun ki gen lafwa yo an kominyon avèk Sentespri a.18

Nou jwenn sali pa lafwa nan non Kris la.19

Nou resevwa fòs selon lafwa nou nan Kris la.20

Okenn moun pa ka rantre nan repo Senyè a san yo pa lave gaman yo nan san Kris la gras ak lafwa yo.21

Priyè nou egzose selon lafwa nou.22

San lafwa nan pami lèzòm, Bondye pa ka fè okenn mirak nan pami yo.23

Alafen, lafwa nou nan Jezikri se fondasyon ki esansyèl pou sali etènèl nou ak egzaltasyon nou. Jan Elaman te anseye pitit gason l yo, “Sonje se sou wòch Redanmtè nou an, ki se Kris la, Pitit Gason Bondye a, nou dwe bati fondasyon nou … , ki se yon bon fondasyon, lèzòm pa kapab tonbe si yo bati sou fondasyon sa a.”24

Mwen rekonensan pou fòtifikasyon fondasyon lafwa nou te jwenn yo nan konferans sa a. Mwen priye pou nou fè sakrifis yo epi gen imilite ki nesesè pou ranfòse fondasyon lafwa nou nan Jezikri. Konsènan Li mwen rann temwayaj sèten mwen, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Gade Malcolm Gladwell, Outliers: The Story of Success (2008), 40. Li site newològ Daniel Levitin.

  2. Atik nekwolojik sou Bryant Hinckley Wadsworth, Deseret News, Jan. 15, 2017, legacy.com/obituaries/deseretnews.

  3. Gade 2 Nefi 28:30. Nou pa resevwa yon ansanb konesans konplè sou sijè a ni sou tout prensip ki anrapò avèk li yo. Yo vini lè nou bezwen an: liy apre liy e presèp apre presèp.

  4. Nan premye edisyon Liv Mòmon an, ki te enprime an 1830, Pwofèt Joseph Smith te ekri: “M vle enfòme nou ke j te tradui liv la pa don ak pouvwa Bondye” (gade prefas Liv Mòmon [1830] la). Edisyon Liv Mòmon apre yo gen yon deklarasyon konsa tou: “Yo te remèt Joseph Smith plak yo, li te tradui yo pa don ak pouvwa Bondye” (gade entwodiksyon Liv Mòmon [2013] la).

  5. Orson Pratt te raple l ke l te prezan nan plizyè okazyon lè Joseph Smith t ap tradui Nouvo Testaman an, epi li te konn ap mande tèt li poukisa Joseph pa t itilize yon enstriman nan pwosesis sa a. “Joseph, kòmsi l t ap li nan panse li, te gade l epi l te eksplike l ke Senyè a te ba li Ourim ak Toumim nan lè l potko fè eksperyans Lespri enspirasyon an. Men kounyeya li te sitèlman avanse ke l te konprann kijan Espri sa a opera, epi li pa t bezwen èd enstriman sa a ankò” (“Two Days’ Meeting at Brigham City, June 27 ak 28, 1874,” Millennial Star, 11 Out 1874, 499; gade tou Richard E. Turley Jr., Robin S. Jensen, ak Mark Ashurst-McGee, “Joseph the Seer,” Liahona, Okt. 2015, 10–17).

  6. Prezidan Misyon an sete Èldè Marion D. Hanks, ki sete yon Otorite Jeneral tou.

  7. Gade Lik 8:43–48.

  8. Gade Travay 2.

  9. Gade Mozya 2:36–37; gade tou Henry B. Eyring, “Spiritual Preparedness: Start Early and Be Steady,” Liahona, Nov. 2005, 38: “Konsa, gwo eprèv lavi a se wè si n ap koute kòmandman Bondye yo e obeyi yo nan mitan tanpèt lavi yo. Se pa yon zafè andire tanpèt yo, men se byen chwazi lè yo ap fè raj. Epi, trajedi lavi a se echwe nan tès sa a epi konsa, pa kalifye nou pou n retounen nan laglwa fwaye selès nou an.”

  10. Gade Terryl L. Givens ak Matthew J. Grow, Parley P. Pratt: The Apostle Paul of Mormonism (2011), 91–98; volume introduction and introduction to part 5, The Joseph Smith Papers, Documents, Volume 5: October 1835–January 1838, ed. Brent M. Rogers and others (2017), xxviii–xxxi, 285–93.

  11. Gade “Letter from Parley P. Pratt, 23 May 1837,” in The Joseph Smith Papers, Documents, Volume 5: October 1835–January 1838, 386–91.

  12. Gade “History of John Taylor by Himself,” 15, in Histories of the Twelve, 1856–1858, 1861, Church History Library; Givens and Grow, Parley P. Pratt, 101–2.

  13. Gade The Autobiography of Parley P. Pratt, ed. Parley P. Pratt Jr. (1874), 183–84.

  14. Gade 2 Nefi 2:11.

  15. Doktrin ak Alyans 122:7–8.

  16. Doktrin ak Alyans 122:9.

  17. Gade Enòs 1:5–8.

  18. Gade Jawòm 1:4.

  19. Gade Mowoni 7:26, 38.

  20. Gade Alma 14:26.

  21. Gade 3 Nefi 27:19.

  22. Gade Mowoni 7:26.

  23. Gade Etè 12:12.

  24. Elaman 5:12.