2010–2019
Bon Bèje
Avril 2017


Bon Bèje a

Jezikri, Bon Bèje nou an, jwenn lajwa lè l wè brebi malad li yo ap pwogrese al nan gerizon.

Nou gen yon apèsi sou pèsonalite Pè Selès la lè nou rekonèt gwo konpasyon L genyen pou pechè yo ak lè nou konprann diferans Li fè ant peche ak moun ki komèt peche a. Apèsi sa a ede nou gen yon “[konpreyansyon] pi kòrèk sou karaktè Li, pèfeksyon L ak atribi Li”1 epi sa fondamantal pou n egzèse lafwa nan Li ak nan Pitit Gason L lan, Jezikri. Konpasyon Sovè a anfas enpèfeksyon nou yo atire nou vè Limenm e motive nou nan efò kontinyèl nou pou n repanti ak sanble avèk li. Lè nou vin plis menmjan avèk Li, nou aprann trete lòt moun jan L trete yo, kèlkeswa karakteristik oswa konpòtman eksteryè yo.

Enpak ki genyen nan distenge ant karakteristik eksteryè yon moun ak moun nan limenm nan demontre klèman nan woman Les Misérables, la pa yon otè Fransè ki rele Victor Hugo.2 Nan kòmansman liv la, naratè a prezante nou Bienvenue Myriel, evèk Digne nan, epi li diskite sou yon pwoblèm evèk la ap konfwonte. Èske l ta dwe al vizite yon mesye yo deklare ki ate nan kominote, ke yo meprize akoz konpòtman l te genyen lè Revolisyon Fransèz la?3

Naratè a deklare ke evèk la te ka tou natirèlman santi yon gwo degoutans pou mesye a. Epi, li poze yon senp kesyon: “Sepandan, èske peche brebi a ka lakoz bèje a rekile?”4 Pou reponn nan plas evèk la, naratè a bay yon repons kategorik: “Non”—epi li ajoute yon kòmantè imoristik: “Men, ala yon brebi papa!”5

Nan pasaj sa a, Hugo konpare “mechanste” mesye a avèk maladi po sou yon mouton epi l konpare evèk la avèk yon bèje ki pa rale kò l lè l rankontre yon brebi ki malad. Evèk la konpatisan epi nan apre nan woman an, li demontre menm kalite konpasyon an pou yon lòt moun, pèsonaj prensipal woman an, yon ansyen kondane deprave, Jean Valjean. Mizèrikòd ak senpati evèk la pouse Jean Valjean pou l chanje kous lavi li.

Puiske Bondye itilize maladi kòm yon metafò pou peche atravè ekriti yo, li rezonab pou n mande: “Kijan Jezikri reyaji lè l anfas maladi metaforik nou yo—peche nou yo?” Apretou, Sovè a te di ke Li pa kapab gade peche ak okenn degre tolerans”;6 konsa, kijan L fè gade nou, pou jan nou enpafè, san L pa rekile anba degoutans?

Repons la senp e klè. Antanke Bon Bèje,7 Jezikri konsidere maladi nan brebi L yo kòm yon kondisyon ki mande tretman, swen, ak konpasyon. Bèje sa a, Bon Bèje nou an, jwenn lajwa lè l wè brebi malad Li yo ap pwogrese al nan gerizon.

Sovè a te predi ke Li t ap “nouri twoupo L la tankou yon bèje,”8 pou L al “chèche sa ki pèdi a, … mennen sa ki egare a retounen, … panse sa ki blese a, ak , … fòtifye sa ki malad la.”9 Malgre L te dekri Izrayèl aposta a kòm yon pèp ki te devaste anba “blese, ak mak, ak maleng,”10 Sovè a te ankouraje, egzòte, e pwomèt gerizon.11

Anfèt, ministè Sovè a nan mòtalite a te karakterize pa lanmou, konpasyon, ak senpati. Li pa t mache avèk mepri sou wout pousyè Galile ak Jide yo, li pa t fè bak lè L te wè pechè. Li pa t evite yo ak degoutans. Non, Li te manje avèk yo.12 Li te ede yo ak beni yo, soulaje ak edifye yo, e ranplase laperèz ak dezespwa yo pa lesperans ak lajwa.13 Konpreyansyon nou sou konpasyon ak lanmou Li ap ede nou egzèse lafwa nan Li—pou n repanti ak geri.

Levanjil Jan an rakonte efè konpasyon Sovè a sou yon pechè. Doktè lalwa yo ak Farizyen yo te mennen yon fi yo te kenbe nan adiltè devan Sovè a. Akizatè yo te di se pou yo te lapide l, selon lwa Moyiz la. An repons a kesyon pèsistan yo, Jezi te finalman di yo: “Se pou moun ki konnen l pa janm peche a ba l premye kout wòch la.”

Akizatè yo t al fè wout yo, “epi Jezi te rete poukont li, ak fi a ki te kanpe devan li.

“Lè Jezi … te wè se fi a sèlman ki te rete, li te di l, Madanm, kote moun ki t ap akize w yo? Pèsonn pa kondane ou?

“Fi a te di, Pèsonn non, Mèt. Epi Jezi te di li, Mwenmenm tou m pa kondane ou: ale, men pa peche ankò.”14

Sètènman, Sovè a pa t dakò avèk adiltè. Men Li pa t kondane fi a nonplis. Li te ankouraje l pou l t al refòme lavi li. Fi a te jwenn motivasyon pou l te chanje akoz konpasyon Li ak mizèrikòd Li. Tradiksyon Joseph Smith sou Bib la temwaye ke l te vin disip kòm rezilta: “Epi fi a te glorifye Bondye apati moman sa a, epi l te kwè nan non Li.”15

Pandan ke Bondye sansib la, nou pa dwe fè erè pou panse ke L ap aksepte peche san pwoblèm. Se pa vre. Sovè a te vini sou tè a pou sove nou anba peche nou epi, pi enpòtan toujou, li pa ka sove nou nan peche nou.16 Yon ekspè nan poze kesyon, Zeezrom, yon fwa te eseye pyeje Amilèk kote l te mande l: “Èske [Mesi k ap vini an] ap sove pèp li a nan peche yo? Epi Amilèk te reponn li konsa: M di w li p ap fè sa, paske li enposib pou l nye pawòl li. … Li pa kapab sove yo nan peche yo.”17 Amilèk te deklare yon verite fondamantal ki se, pou nou sove anba peche nou, nou dwe aksepte “kondisyon repantans” yo ki ap pèmèt pouvwa Redanmtè a pou sove nanm nou.18

Konpasyon, lanmou, ak mizèrikòd Sovè a atire nou vè Li.19 Atravè Ekspyasyon L lan, nou pa p satisfè ak eta peche nou an ankò.20 Bondye klè sou sa k jis ak akseptab devan Li ak sa ki mal e ki se peche. Se pa paske Li vle gen disip obeyisan, ki san volonte. Non, Papa nou ki nan Syèl la vle pou pitit li yo dispoze an tout konsyans pou chwazi pou yo vin menmjan avèk Li21 epi kalifye yo pou kalite lavi Li genyen an.22 Nan fè sa, pitit Li yo ap ranpli destine divin yo epi y ap vin eritye tout sa L genyen.23 Pou rezon sa a, dirijan Legliz yo pa ka modifye kòmandman oubyen doktrin ki kontrè ak volonte Li, poutèt pou yo ka akseptab oubyen popilè.

Sepandan, nan rechèch kontinyèl nou pou suiv Jezikri a, egzanp bonte li anvè moun ki peche yo patikilyèman enstriktif. Noumenm, ki se pechè, nou ta dwe, menmjan ak Sovè a, lonje lamen bay lòt avèk konpasyon ak amou. Wòl nou se ede ak beni, soulaje ak edifye, ak ranplase laperèz ak dezespwa pa lespwa ak lajwa tou.

Sovè a te reprimande moun ki te rekile devan lòt yo te konsidere kòm pa pwòp yo epi ki avèk awogans te jije lòt moun kòm moun ki pi pechè pase yo.24 Sa se leson sevè Sovè a te bay pou moun ki “te panse ke yo te pi jis yo, epi ki te meprize lòt yo.” Li te bay parabòl sa a:

“De moun te monte nan tanp lan pou yo t al priye; youn sete yon Farizyen, epi lòt la sete yon Pibliken.

“Farizyen an te kanpe apa epi l te priye konsa: Bondye, m ap di w mèsi dèske mwen pa vòlò, ni enjis, ni adiltè tankou rès lòt moun yo, ou menm tankou pibliken sa a.

“Mwen fè jèn defwa pa semèn, m peye dim sou tout sa m posede.

“Epi pibliken an menm, ki te kanpe dèyè, pa t menm gen kouraj pou l leve je l nan syèl la, men, li t ap bat lestomak li, li t ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki se yon pechè.”

Epi Jezi te fini konsa: “M ap di nou, mesye sa a [pibliken an] te tounen lakay li ak padon Bondye, pase lòt la [Farizyen an]; paske moun ki leve tèt li, ya desann ni; epi moun ki bese tèt li, ya leve li.”25

Mesaj la klè pou nou, yon pechè ki repanti pwoche pi pre Bondye pase moun ki konprann li jis la k ap kondane pechè sa a.

Tandans lòm pou jistifye tèt li ak jije lòt moun nan te egziste nan epòk Alma a tou. Lè moun yo “te kòmanse tabli legliz la pi byen … legliz la te kòmanse vin gen lògèy … [epi] pèp legliz la te kòmanse gonfle kè yo avèk lògèy, … e youn te kòmanse meprize lòt, e yo te kòmanse pèsekite moun ki pa t kwè dapre volonte ak plèzi pa yo.”26

Yo te espesifikman entèdi pèsekisyon sa a: “Kounyeya, te gen yon lalwa sevè nan pami pèp legliz la pou okenn moun ki te manm legliz la pa t kanpe pou l te pèsekite moun ki pa t manm legliz la, e pou pa t gen okenn pèsekisyon nan pami yo.”27 Prensip direktè pou Sen Dènye Jou yo se menm nan tou. Nou pa dwe pèsekite okenn moun andedan oswa andeyò Legliz la.

Moun yo pèsekite pou yon rezon oswa yon lòt yo konnen sa moun santi devan enjistis ak fanatis. Pandan adolesans mwen, m te viv an Ewòp nan ane 1960 yo, yo te toujou ap anbete m ak pèsekite m paske m sete yon Ameriken epi paske m sete manm Legliz la. Kèk nan kanmarad lekòl mwen yo te trete m kòmsi m te pèsonèlman responsab politik enpopilè Etazini nan peyi etranje yo. Yo te trete kòmsi relijyon m nan sete yon afwon pou peyi kote m te abite a paske l te diferan ak relijyon leta a. Nan apre, nan plizyè peyi nan mond lan, m te vin gen yon ti apèsi sou ledè prejije ak diskriminasyon moun yo atake poutèt ras yo oswa koulè yo ap sibi.

Pèsekisyon vin sou plizyè fòm: mokri, asèlman, atak, rejè ak izolman, oswa menm rayi yon lòt moun. Nou bezwen pran gàd a fanatis k ap leve vwa lèd li kont moun ki gen opinyon diferan yo. Fanatis manifeste tèt li, an pati, nan refize akòde yon libète dekspresyon egal ego.28 Tout moun, enkli moun relijye yo, gen dwa pou yo eksprime opinyon yo nan plas piblik. Men pèsonn pa otorize pou yo fè rayisab ak lòt moun lè y ap eksprime opinyon sa yo.

Istwa Legliz la gen anpil egzanp sou manm nou yo yo te trete avèk rayiman ak fanatik. Ala sa t ap iwonikman tris si se ta noumenm ki ta trete lòt moun jan yo te trete nou an. Sovè a anseye: “Tout sa nou ta vle lòt moun fè pou nou, se pou noumenm nou fè l pou yo.”29 Si nou vle yo trete nou avèk respè, nou dwe gen respè pou lòt moun. Epitou, konvèsyon sensè nou dwe pote “dousè, ak kè poze,” ki envite “Sentespri a” epi ki ranpli nou avèk “lanmou pafè,”30 yon “lanmou sensè”31 pou lòt moun.

Bon Bèje a pap chanje e Li gen menm santiman yo jodia pou peche ak pechè yo jan L te santi L lè L t ap mache sou tè a. Li pa vire do ba nou paske nou peche, menmsi, pafwa, Li siman dwe panse: “Men, ala yon brebi papa!” Li renmen nou sitèlman ke li ba nou mwayen pou nou repanti e vin pwòp pou n ka retounen al jwenn Limenm ak Papa nou ki nan Syèl la.32 Konsa, Jezikri tabli egzanp pou nou suiv la tou—ki se montre respè pou tout moun epi pa rayi okenn moun.

Antanke disip Li, annou totalman reflete amou Li epi pou nou youn remnen lòt si vizibman ak si konplètman ke okenn moun pa santi yo abandone, ni solitè, ni dezespere. Mwen temwaye ke Jezikri se Bon Bèje nou, ki renmen nou e sousye pou nou. Li konnen nou epi Li te bay lavi Li pou brebi L yo.33 Li viv pou nou tou e Li vle nou konnen Li epi egzèse lafwa nan Li. Mwen renmen L e m adore Li, e m pwofondeman rekonesan pou Li, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Lectures on Faith (1985), 38.

  2. Woman Les Misérables, Victor Hugo (1802–85) a, rakonte istwa Jean Valjean, ki te komèt yon deli minè kote l te vòlè yon moso pen pou l te ka bay fanmi sè l la manje. Valjean, ke yo te kondane l pou senkan prizon, te pase 19 ane ap fè travo fòse akoz kat tantativ pou l te sove ki te echwe. Se yon nonm andisi ak anmè ki te soti nan prizon an.

    Akoz dosye kriminèl li, Valjean pa t kapab jwenn travay, manje, ak lojman. Fatige e demoralize, li te finalman jwenn ebèjman kay evèk Digne nan, ki te montre jantiyès ak konpasyon pou li. Pandan nuit la, Valjean te tonbe nan yon dezespwa epi li te vòlè ajantri evèk la epi l te sove.

    Yo te kenbe Valjean epi yo te mennen l retounen al jwenn evèk la. Ineksplikableman e kontrè ak sipriz Valjan, evèk la te di lapolis ke se li ki te bay Valjean ajantri a epi li te ensiste pou Valjean te pran de chandelie tou. (Gade Hugo, Les Misérables [1987], book 2, chapters 10–12.)

  3. Gade Hugo, Les Misérables, book 1, chapit 10.

  4. Ekriven mande: , Toutefois, la gale de la brebis doit-elle faire reculer le pasteur? (Hugo, Les Misérables [1985], liv 1, chapit 10, paj 67). Gale, se yon maladi po ki koze pa yon parazit tip mikwokospik epi ki fè cheve moun tonbe e ki bay demanjezon (“demanjezon” an Anglè). Fraz sa a te tradui nan plizyè fason an Anglè.

  5. Komantè imoristik naratè a se Mais quelle brebis! Pafwa yo tradui l pa “Mais quelle brebis galeuse.”

  6. Doktrin ak Alyans 1:31.

  7. Gade Jan 10:11, 14; Alma 5:38; Doktrin ak Alyans 50:44.

  8. Ezayi 40:11.

  9. Ezekyèl 34:16.

  10. Ezayi 1:6.

  11. Gade Ezayi 1:18.

  12. Gade Lik 15:1–2.

  13. Gade Matye 18:11.

  14. Gade Jan 8:3–11.

  15. Tradiksyon Joseph Smith, Jan 8:11 (nan Jan 8:11, referans c).

  16. Gade D. Todd Christofferson, “Abide in My Love,” Liahona, Nov. 2016, 48.

  17. Alma 11:34, 37.

  18. Gade Elaman 5:10–11.

  19. Gade 3 Nefi 27:14–15.

  20. Nan tan modèn yo, Sovè a te deklare: “Yon bagay ki vyole yon lalwa, epi ki pa sipòte lalwa a, men ki chèche vin tounen yon lalwa pou tèt pa li, epi ki vle rete nan peche, epi ki rete nan peche nèt, lalwa pa kapab sanktifye l, ni mizèrikòd, ni lajistis, ni jijman. Se poutèt sa yo dwe toujou rete sal.” (Doktrin ak Alyans 88:35).

  21. Gade 2 Nefi 2:26–27.

  22. Gade Doktrin ak Alyans 14:7; 132:19–20, 24, 55.

  23. Gade Women 8:16–17; Doktrin ak Alyans 84:38.

  24. Gade Matye 23:13.

  25. Lik 18:9–14.

  26. Alma 4:4, 6, 8.

  27. Alma 1:21.

  28. Gade Oxford English Dictionary, “bigotry” and “intolerance,” oed.com.

  29. Matye 7:12.

  30. Moroni 8:26.

  31. 1 Pyè 1:22.

  32. Gade Atik Lafwa 1:3.

  33. Gade Jan 10:11–15.