2010–2019
Prepare chemen an
Avril 2017


Prepare chemen an

Menmsi yo gen misyon ak otorite diferan, Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk la se asosye nan travay sali a.

Lè m te gen trantan, m te kòmanse travay pou yon magazen detay an Frans. Yon jou, prezidan konpayi an, yon moun debyen ki manm yon lòt legliz, te rele m vin nan biwo l. Kesyon li a te etone m: “M fèk aprann ou se yon prèt nan legliz ou a. Èske se vre?”

M te reponn, “Wi, se vre. M gen prètriz la.”

Vizibman entrige pa repons mwen an, li te mande : “Men, èske w te etidye nan yon lekòl teyoloji?”

M te reponn : “Natirèlman, ant laj 14 ak 18 tan, epi m te etidye leson seminè prèske chak jou!” Li te prèske sòt tonbe sou chèz la.

M te etone, lè, apre plizyè semèn, li te rele m ankò nan biwo li pou l te ofri m yon pozisyon direktè nan yonn nan konpayi l yo. M te sezi epi m te di l ke pwoblèm mwen sèke m te twò jèn e san eksperyans pou yon responsablite konsa. Avèk yon souri byenveyan, li te di konsa, “Petèt, se vre, men, sa pa fè anyen. M konnen prensip ou, epi m konn kisa w aprann nan legliz ou a. M bezwen ou.”

Li te gen rezon osijè sa m te aprann nan Legliz la. Ane k te suiv yo te difisil, epi m pa kwè m t ap ka gen okenn siksè si se pa t eksperyans m te akeri pandan m ap sèvi tanzantan nan Legliz la, depi lè m te jèn nan.

M te gen benediksyon grandi nan yon ti branch. Akoz pa t gen anpil manm, yo te konn aple jèn yo pou yo te patisipe aktivman nan tout aspè nan branch la. M te gen anpil okipasyon, epi m te renmen santi m itil. Lè Dimanch, m te konn sèvi sou tab sentsèn nan, nan kowòm prètriz mwen, e m te konn sèvi nan plizyè lòt apèl. Pandan semèn nan, m te konn akonpaye papa m ak lòt moun ki gen prètriz yo lè nou te konn al anseye manm yo nan fwaye yo, rekonfòte moun ki malad ak aflije yo, epi ede moun ki nan bezwen yo. Pèsonn pat panse m te twò jèn pou m te sèvi ni menm pou m te dirije. Pou mwenmenm, tout sa te parèt nòmal ak natirèl.

Sèvis m te rann pandan ane m te jèn yo te ede m bati temwayaj mwen ak ankre lavi m nan levanjil la. M te gen antoure pa bon gason plen konpasyon, ki te pran angajman pou itilize prètriz yo a pou beni lavi lòt moun. M te vle vin tankou yo. Pandan m tap sèvi avèk yo, plis pase m te reyalize lè sa a, m te aprann vin yon dirijan nan Legliz la ak nan mond lan tou.

Nou gen anpil jènjan ki nan reyinyon sa a oubyen k ap koute reyinyon sa a aswè a ki gen prètriz Aawon an. Lè m gade nan sal sa a, m wè anpil nan nou ki chita bòkote dèzòm ki gen matirite, petèt papa nou, granpapa nou, gran frè nou, oubyen dirijan prètriz nou—yo tout se detantè Prètriz Mèlkisedèk la. Yo renmen nou, epi an gran pati, yo vin isit la aswè a avèk nou.

Rasanbleman jenerasyon sa a ofri yon bèl vizyon sou inite ak fratènite ki egziste ant de prètriz Bondye yo. Malgre yo pote manto otorite ak misyon ki diferan, Prètriz Aawon an ak Prètriz Mèlkisedèk la se asosye enseparable nan travay sali a. Yo mache men nan lamen epi youn bezwen lòt anpil.

Modèl pafè sou relasyon etwat ki egziste ant de prètriz yo, nou jwenn li nan relasyon ant Jezi ak Jan Batis la. Èske l posib pou yon moun imajine Jan Batis san Jezi? Kisa misyon Sovè a t ap ye san travay preparatwa Jan Batis te fè a?

Jan Batis te gen youn nan pi gwo misyon ki te pi nòb ki te janm egziste: “pou prepare chemen an pou Senyè a,”1 pou batize L nan dlo, epi pou prepare pèp la pou resevwa Li. “Mesye jis … ki te … sen sa a],”2 ki te òdone nan prètriz ki pi piti a,  te pafètman konnen enpòtans ak limit misyon li ak otorite li.

Pèp la te vin jwenn Jan an kantite pou yo te koute l epi pou l te batize yo. Yo te onore l ak respekte l pou otorite l kòm yon yo gason Bondye. Men, lè Jezi te parèt, Jan te enbleman soumèt li devan yon Moun ki te pi gran pase l epi l te deklare, “M batize moun nan dlo: men gen yon moun nan pami nou, … kap vini apre m, men ki pi enpòtan pase m, m pa diy pou m delase lasèt soulye l.”3

Bò kote pa Li, Jezikri, Sèl Pitit Gason Literal Papa a, ki te detni prètriz ki pi wo a, te enbleman rekonèt otorite Jan. Sovè a te di konsènan li, “Nan pami moun ki te fèt nan vant yon fi, pa janm gen yon moun ki te pigran pase jan Batis.”4

Jis panse sou sa k t ap pase nan kowòm prètriz nou yo si relasyon ant detantè de prètriz yo te enspire pa modèl Jezi ak Jan Batis te etabli a. Jèn frè m yo nan prètriz Aawon an, tankou Jan, wòl nou se pou “prepare chemen”5 pou gran travay Prètriz Mèlchizedèk la. N ap fè sa nan anpil fason diferan. Nou administre òdonans batèm ak sentsèn yo. Nou ede prepare yon pèp pou Senyè a nan preche levanjil la, nan “[vizite] fwaye chak manm,”6 epi nan “[veye] sou legliz la.”7 Nou pote èd bay pòv yo ak moun ki nan nesesite yo nan kolekte ofrann jèn, epi nou patisipe nan antretyen chapèl yo nan Legliz la ak nan lòt resous materyèl yo. Wòl nou enpòtan, li nesesè, epi l sakre.

Frè adilt mwen yo, keseswa nou se papa, evèk, konseye nan Jènjan, oubyen senpleman detantè Prètriz Mèlkisedèk la, nou ka suiv egzanp Sovè a nan vire vè frè nou yo ki detni prètriz ki pi piti a epi envite yo vin travay avèk nou. An reyalite, envitasyon sa a sòti nan men Senyè a menm. Li te di, “Se poutèt sa, pran moun ki òdone nan pipiti prètriz yo avèk nou, epi voye yo pou fikse randevou, epi pou prepare chemen an, epi pou ranpli randevou nou pa kapab ranpli noumenm.”8

Lè nou envite frè ki pi jèn nou yo pou yo “prepare chemen an,” nou ede yo rekonèt ak onore otorite sakre yo detni an. Lè nou fè sa, nou ede yo prepare chemen pa yo pandan y ap prepare pou jou yo pral resevwa ak egzèse pi gran prètriz la.

Kite m rekonte nou istwa Alex, yon jèn prèt ki kalm, reflechi e entelijan. Yon jou Dimanch, evèk Alex te jwenn ni poukont li nan yon klas nan yon gwo detrès. Jènjan an te eksplike avèk doulè konbyen sa te difisil pou l te vin legliz la san papa l, ki pat manm. Epi, ak dlo nan je, li te di li ta petèt pi bon pou l kite Legliz la.

Avèk yon sousi reyèl pou jènjan sa a, evèk la te imedyatman mobilize konsèy pawas la pou ede Alex. Plan li te senp: kenbe Alex nan legliz la epi ede l akeri yon temwayaj sensè sou levanjil la, yo te bezwen “antoure l avèk bon moun epi pou yo ba l bagay enpòtan pou l fè.”

Rapidman frè nan prètriz yo ak tout manm nan pawas la te rasanble alantou Alex epi yo te exprime afeksyon yo ak sipò yo. Dirijan gwoup gran prèt la, yon mesye ki gen anpil lafwa ak amou, te chwazi l kòm konpayon enstriktè nan fwaye li. Manm nan episkopa yo te pran l anba zèl yo epi yo te fè l vin tounen bon zanmi yo.

Evèk la te di: “Nou te bay Alex okipasyon. Li te konn fè akèy lè maryaj, lè antèman, li te asiste m nan konsekrasyon tonb, li te batize plizyè nouvo manm, li te òdone jènjan nan ofis Prètriz Aawon an, li te anseye jèn yo, li te anseye avèk misyonè yo, li te ouvri pòt chapèl la pou konferans, epi l te fèmen pòt chapèl la aswè aprè konferans. Li te fè pwojè sèvis, li te akonpaye m nan vizite manm aje yo nan mezon retrèt, li te fè diskou nan reyinyon sentsèn, li te administre sentsèn pou moun malad nan lopital oubyen lakay yo, epi l te vin tounen yonn nan ti kantite moun m te ka totalman konte sou yo kòm yon evèk la.”

Imaj
Alèks ak evèk li

Tikal pa tikal, Alex te chanje. lafwa li nan Senyè a te grandi. Li te vin gen konfyans nan tèt li ak nan pouvwa prètriz la li te detni an. Evèk la te fini konsa: “Alex sete epi l ap toujou rete yonn nan pi gwo benediksyon mwen nan tan m te pase kòm evèk la. Sete yon privilèj sa te ye pou m te asosye avèk li. Sensèman, m kwè pa gen okenn lòt jènjan ki te janm al nan chan misyon an pi prepare pase l nan sèvis li nan prètriz la.”9

Evèk byenneme m yo, ansanm avèk òdinasyon ak mizapa nou te resevwa kòm evèk nan pawas nou an, nou gen apèl sakre pou n sèvi kòm prezidan Prètriz Aawon an ak kowòm prèt yo. M konnen ki chay lou n ap pote sou zepòl nou, men nou dwe fè devwa nou anvè jènjan sa yo vin yonn nan pi gwo priyorite nou. Nou pa ka neglije l ni delege wòl nou nan responsablite sa a bay lòt moun.

M envite nou pou nou reflechi sou chak jèn detantè Prètriz Aawon nan pawas nou. Okenn ladan yo pa dwe santi l neglije ni initil. Èske gen yon jènjan oumen ak lòt frè prètriz yo ta ka ede? Envite l pou l sèvi bòkote ou. Twò souvan, nou eseye bay jèn gason nou yo yon wòl moun k ap kanpe gade, alòske lafwa yo ak amou yo pou levanjil la ta ka devlope pi byen nan mayifye prètriz yo a. Lè yo patisipe aktivman nan travay sali a, y ap konekte avèk syèl la epi y ap vin konsyan de potansyèl diven yo.

Prètriz Arawon an plis pase jis yon klas moun menm laj, yon ansèyman oswa yon pwogram aktivite, oswa yon tèm pou deziye jènjan yo nan Legliz la. Se pouvwa ak otorite pou patisipe nan gwo travay pou sove nam nan—nanm jènjan sa yo ki detni l la ak nanm moun y ap sèvi yo. An nou mete Prètriz Aawon an nan vrè plas li, yon plas chwazi— ak yon plas sèvis, preparasyon, ak akonplisman pou tout jènjan nan Legliz la.

Frè byenneme m yo nan Prètriz Mèlkisedèk la, m envite nou pou nou ranfòse lyen esansyèl ki ini de prètriz Bondye yo. Bay jèn detantè prètriz Aawon nou yo pouvwa pou yo prepare chemen an devan nou. Di yo avèk konfyans, “M bezwen ou.” Noumenm jèn detantè prètriz Aawon yo, m priye pou pou pandan nap sèvi avèk frè ki pi gran nou yo, nou tande vwa Senyè a k ap di nou: “Ou beni, paske ou pral fè gwo bagay. Gade, m te voye ou, menm tankou Jan, pou ou prepare chemen an devan m.”10 Nan non Jezikri, amèn.