2010–2019
Retounen e Resevwa
Avril 2017


Retounen e Resevwa

Retounen nan prezans Bondye e resevwa benediksyon etènèl ki vini nan fè ak kenbe alyans yo se bi ki pi enpòtan nou ka fikse.

Frè m ak sè m yo, kounyea se tach mwen pou m pale avèk nou e tach nou se pou n koute. Objektif mwen se pou m fini tach mwen anvan nou fini pa nou an. M’ap fè sa m kapab.

Atravè ane yo, m te obsève ke moun ki akonpli plis yo nan mond sa a se moun ki gen yon vizyon pou lavi yo, avèk objektif pou kenbe yo konsantre sou vizyon ak plan taktik yo pou atenn yo. Konnen kote ou prale e kòman ou planifye pou w rive la ka pote sans, rezondèt, ak reyisit nan lavi ou.

Kèk moun ki gen difikilte pou yo fè diferans ant yon objektif ak yon plan jiskaske yo aprann ke yon objektif se yon destinasyon oubyen yon fen,, alòske yon plan se wout ou pran pou rive ladan l lan. Pa egzanp, nou ka gen objektif pou kondui ale nan yon kote nou pa konnen, e tankou kèk nan nou, chè sè yo, konnen, nou menm gason yo, nou souvan panse nou konn kijan pou n rive la----anpil fwa nou di, “M konnen---siman l nan lòt kafou a.” Madam mwen dwe ap souri. Objektif la te klè, men pa t gen yon bon plan ki te anplas pou ede nou rive nan destinasyon an.

Fikse bi se esansyèlman “komanse avèk fen an nan lespri nou.” E plafikasyon se prepare yon mwayen pou rive nan fen sa a. Youn nan kle bonè yo se konprann ki destinasyon ki vrèman enpòtan---e aprè sa konsakre tan nou, efò nou, ak atansyon nou sou bagay ki konstitye yon vrè chemen pou n rive ladan.

Bondye, Papa nou ki nan syèl, te ba nou ekzanp pafè pou fikse bi ak planifye a. Objektif li se “pou reyalize imòtalite ak lavi etènèl gason [ak fi],”1, e mwayen Li pou akonpli li se plan sali a.

Plan Pè Selès byeneme nou an gen ladann don yon vi pwogresyon, efò, ak aprantisaj nan mòtalite fizik la pou nou ka vin menm jan avèk Li. Kouvri espri etènèl nou avèk yon kò fizik; viv selon ansèyman ak kòmandman Pitit Gason Li a, Senyè Jezikri; e fòme fami etènèl, ap pèmèt nou, selon Sakrifis Ekpiyatwa Sovè a, akonpli objektif Bondye ki se imotalite ak lavi etènèl pou pitit Li yo viv avèk Li nan wayom selès li a.

Nou fikse bi ki saj lè nou konprann ke bi kout yo efikas sèlman si yo mennen nan bi alontèm ke nou klèman konprann. M kwè ke yon kle enpòtan pou bonè se aprann kòman pou nou fikse pwòp bi pa nou epi prepare plan nou selon plan Pè Selès nou an. Si nou konsantre n sou chemen etènèl sa a, n ap vin kalifye inevitableman pou retounen nan prezans Li.

Li bon pou nou fikse bi ak plan pou karyè nou, pou edikasyon nou, e menm pou jwèt golf nou. Li osi enpòtan pou nou fikse bi pou maryaj nou, fami nou, e pou konsèy ak apèl nou nan Legliz la; sa espesyalman vrè pou misyonè yo. Men bi ki pi gran an e pi prensipal yo ta dwe byen antre nan plan etènèl Pè Selès la. Jezi te di, “Chèche wayòm Bondye a ak lajistis li anvan, e w ap resevwa tout bagay sa yo.”2

Ekspè nan fikse bi yo di nou ke plis yon bi senp e klè se plis l ap gen pouvwa. Lè nou ka rezime yon bi pou fè l vin tounen yon imaj klè oubyen yonn ou de puisan ki senbolik, bi sa a kapab vin fè pati de noun e pratikman gide tout bagay n panse ak tout sa n ap fè. M kwè gen de mo, nan kontèks sa a, ki senbolize objektif Bondye yo pou nou ak objektif pi enpotan pou nou yo. Mo sa yo se retounen ak repanti.

Retounen nan prezans li epi resevwa benediksyon etènèl ki vini lè nou fè ak kenbe alyans yo se bi ki pi enpòtan nou ka fikse.

Nou retounen ak resevwa lè nou gen yon “lafwa inebranlab nan [Senyè Jezikri], pandan n ap depann antyèman sou merit Li, pandan n ap avanse avanse avèk fèmte nan Kris la, avèk yon esperans pafètman klè, e avèk yon lanmou pou Bondye ak tout gason [ak tout fi] … , pandan n ap nou fè yon festen ak pawòl Kris la, e pèsevere jiska lafen.”3

Lisifè pat aksepte plan Papa nou an pou n retounen nan prezans Li a e resevwa benediksyon L yo. Anfèt, Lisifè te fè rebelyon epi li te tante pou l konplètman modifye plan Papa nou an, paske li te vle pran glwa, onè, ak pouvwa Bondye pou limenm. Kom rezilta, yo te chase li voye deyò avèk sèvitè l yo fè yo soti nan prezans Bondye epi li “te vin tounen Satan, wi, dyab la menm, papa tout manti yo, pou twonpe epi pou vegle je lèzòm, epi pou mennen yo kaptif dapre volonte l, sa vle di tout moun ki pa koute vwa [Senyè a].”4

Akoz chwa li nan lavi premòtèl la, Satan pa ka retounen ni resevwa. Sèl bagay ki rete pou l fè se opoze ak plan Papa a nan itilize tout sediksyon ak tantasyon posib pou fè nou tonbe e fè nou mizerab menm jan avèk li.5 Plan Satan pou atenn bi dyabolik li a aplike pou tout endividi, jenerasyon, kilti, ak sosyete. Satan itilize vwa byen fò---vwa k ap chèche kouvri ti vwa dous e trankil Sentespri a ki ka montre nou “tout bagay” nou dwe fè pou n retounen epi resevwa.6

Vwa sa yo se vwa moun ki meprize verite levanjil la e ki itilize entènèt, medya sosyal ak laprès, radyo, televizyon, ak sinema pou prezante, nan yon fason atiran, imoralite, vyolans, vye langaj, salte, ak depravasyon nan yon fason ki detounen nou de objektif ak plan nou genyen pou fami nou yo.

Vwa sa yo kapab egalman soti nan moun bon entansyon ki avegle pa filozofi pwofàn gason ak fi yo e k ap chèche detwi lafwa e devye konsantrasyon etènèl moun ki senpleman ap eseye pou yo retounen nan prezans Bondye e resevwa “tout sa Papa [nou] genyen.”7

M te trouve ke, pou m rete konsantre sou retounen ak resevwa benediksyon yo pwomèt yo, m bezwen pran tan regilyèman pou mande tèt mwen, “Nan ki pwen m ye?”

Se kòmsi m’ap fè yon entèvyou prive e pèsonèl ak tèt mwen. E si sa sonnen dwòl pou ou, panse sou sa: kimoun nan mond sa a ki konnen w pi byen pase oumenm? Se oumenm ki konn panse ou, aksyon sekrè ou, dezi ou, ak rèv ou, objektif ou ak plan ou. E ou konnen pi byen pase nenpòt lòt moun kòman w ap pwogrese sou wout pou retounen e resevwa a.

Pou gide m pandan m ap fè evalyasyon prive ak pèsonèl sa a, m renmen li ak medite sou pawòl meditatif nou jwenn nan senkyèm chapit Alma a, senkyèm chapit Alma a, kote Alma mande: “Èske nou fèt espirityèlman nan Bondye? Èske nou gen imaj li nan figi nou? Èske nou te santi gwo chanjman sa a nan kè nou?”8 Kesyon Alma yo se yon rapèl sou sa objektif ak plan nou yo dwe enkli pou nou ka retounen ak resevwa.

Sonje envitasyon Sovè a pou “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, ma ba nou soulajman.

“Pran jouk mwen sou nou, e aprann nan menm; paske mwen dou e enb nan kè m e nou va jwenn soulajman pou nanm nou.”9

Lè nou ogmante lafwa nou nan pouvwa Senyè a, Jezikri, genyen pou bay nanm nou repo nan padone peche nou, repare relasyon ki enpafè, geri blesi spirityèl ki anpeche pwogresyon nou, e ba nou fòs ak kapasite pou devlope kalite Kris yo, n ap vin pi pwofondeman apresye grandè Sakrifis Ekspiyatwa Senyè Jezikri a.10

Pandan semèn k ap vini yo, chèche jwenn tan pou w revize objektif ak plan lavi w yo epi asire w ke yo an amoni avèk gran plan Pè Selès la pou bonè nou an. Si w bezwen repanti epi chanje, enben, panse pou w fè sa kounyea. Pran tan pou w reflechi, nan lapriyè, sou ki chanjman ou bezwen fè pou ede w kenbe “je w fikse sou glwa Bondye.”11

Nou dwe kenbe doktrin ak levanjil Jezikri a nan sant objektif ak plan nou yo. San Limenm, pa gen okenn objektif etènèl ki posib, e plan nou pou akonpli objektif etènèl nou yo ap echwe san mank.

Imaj
Dokiman “Kris Vivan an”

Yon lòt èd adisyonèl se “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo,”12 ke yo te prezante bay Legliz la Premye Janvye   2000 la. Mete yon kopi kote w ka wè li, epi pran tan pou w revize chak deklarasyon yo ki nan temwayaj enspire sa a sou Kris la ke temwen espesyal Li yo fè e siyen an.

Imaj
“Kris Vivan an” ak pwoklamasyon sou fanmi an

M ta ankouraje ou pou w etidye li ansanm ak “Fanmi: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan.” Nou pale souvan de pwoklamasyon sou fanmi an, men silvouplè, sonje pou w li l an fonksyon pouvwa sali Kris Vivan an. San Kris Vivan an, aspirasyon ki pi pwofon nou yo pa t ap egzose. Jan pwoklamasyon sou fanmi an deklare a: “Plan bonè diven an pèmèt relasyon familyal yo kontinye jis apre lanmò. Òdonans ak alyans sakre yo rann posib pou chak moun retounen nan prezans Bondye epi pou fanmi yo ini pou letènite.”13

Sa ka rive sèlman paske Kris Vivan an se Sovè ak Redanmtè ki te rachte mond lan.

Nan sans sa a, panse pou w sonde ekriti yo tou pou apwofondi konpreyansyon ou sou verite espesifik yo nou jwenn nan “Kris Vivan an.”

Li “Kris Vivan an” nan yon espri lapriyè se menmjan ak li temwayaj Matye, Mak, Lik, Jan, ak pwofèt nan Liv Momòn yo. Sa ap ogmante lafwa ou nan Sovè a e ede w rete konsantre sou Li pandan w ap suiv plan ou pou atenn objektif etènèl ou yo.

Malgre fot, enpèfeksyon, devyasyon, ak peche nou yo, Sakrifis Ekspiyatwa Jezikri a pèmèt nou repanti, prepare pou nou retounen epi resevwa benediksyon enkonparab Bondye pwomèt yo---pou n viv pou tout tan avèk Papa a ak Pitit Gason an nan pi wo degre nan wayom selès la.14

Kounyea, jan nou tout konnen, okenn moun pa ka chape anba lanmò; se poutèt sa, objektif ak plan alontèm nou ta dwe pou lè nou retounen retounen kote Papa nou ki nan syèl la, n ap resevwa tout sa li te planifye pou nou chak yo.15

M temwaye ke pa gen pi gwo objektif nan mòtalite a pase objektif pou n viv etènèlman avèk Paran Selès nou yo ak Sovè byeneme nou an, Senyè a, Jezikri. Men sa se pa jis objektif pa nou sèlman, se objektif pa Yo tou. Yo gen yon amou pafè pou nou, pi puisan pase sa nou ka menm kòmanse konprann. Yo totalman, konplètman, etènèlman aliye avèk nou. Nou se travay Yo. Glwa nou se glwa pa Yo. Plis pase tout lòt bagay, Yo vle nou retounen lakay---pou nou retounenresevwa bonè etènèl nan prezans Yo.

Frè m ak sè m yo, nan yon semèn, nou pral selebre Dimanch Ramo---ki komemore antre triyonfal Kris la nan Jerizalèm. Nan de semèn, nou pral selebre Dimanch Pak----ki komemore triyonf Sovè a sou lamò.

Pandan n ap konsantre atansyon nou sou Sovè a pandan de Dimanch espesyal sa yo, annou sonje Li e renouvle angajman tout lavi nou pou n kenbe kòmanman L yo. An nou gade fon nan pwòp lavi nou, fikse pwòp bi pa nou epi etabli plan nou yo pou yo aliye avèk plan Bondye nan yon fason ki ap finalman mennen nou nan privilèj presye pou n retounen e resevwa— a,---sa se priyè mwen nan non Jezikri, amèn.