2010–2019
Kanpe fèm andedan ak totalman angaje
Avril 2017


Kanpe fèm andedan ak totalman angaje

Se pou nou rekalkile wout nou si sa nesesè   epi avanse devan avèk gwo esperans ak lafwa. Se pou nou “kanpe fèm andedan” nan rete vanyan e totalman “angaje.”

Sa gen kèk ane, jèn pitit pitit fi m nan te kouri vin jwenn mwen epi l te anonse avèk eksitasyon, “Granpapa, mwen fè toulètwa gòl yo nan match foutbòl mwen an jodia!”

M te reponn avèk antouzyas, “Sa anfòm, Sarah!”

Epi manman l te vire gade m apresa avèk yon ti tenyen nan je l epi l te di, “Match la te 2 a 1.”

M pat pran chans mande kiyès ki te genyen!

Konferans jeneral la se yon moman refleksyon, revelasyon, ak pafwa reyoryantasyon.

Gen yon konpayi ki lwe machin avèk yon systèm GPS ki rele NeverLost (Pa janm Pèdi). Si w pran yon move direksyon, apre l fin endike w destinasyon w bezwen an, vwa kap gide w la pa di “Ou se idyo!” men, nan yon vwa agreyab, li di, “Kalkil nouvo wout la—lè sa posib, fè yon demi tou.”

Nan Ezekyèl, nou li bèl pwomès sa a:

“Si yon mechan vire do bay tout peche li te komèt, epi l kenbe tout kòmandman m yo, epi l fè sa ki legal ak byen, lap viv asireman, li pap mouri.

“Tout transgresyon li te komèt yo, M pap mansyone yo devan l ankò.”1

Ala yon pwomès ekstraòdinè, men, sa mande akonplisman de premye yo an totalite pou nou resevwa pwomès twazyèm nan. Vire do bay tout peche; kenbe tout kòmandman yo; apresa tout transgresyon pral padone. Sa mande pou nou “totalman angaje!”

Nou pa dwe tankou mesye sa a ki, jan Journal Wall Street te rapòte a, te voye yon anvlòp plen lajan ansanm avèk yon lèt anonim bay Biwo Enpo a, ki te di, “Chè Sèvis Enpo, men lajan taks mwen dwe pou taks ki pase yo. P.S. Si apresa konsyans mwen toujou ap repwoche m, ma voye rès la ba ou.”2

Se pa konsa sa fèt! Nou pa kenbe l pou nou wè ki minimòm nou ka bay pou n chape anba jijman. Senyè a mande kè a ak yon lespri byen dispoze.3 Tout kè nou nèt! Lè nou batize, yo plonje nou totalman kòm yon senbòl pwomès nou pou n totalman suiv Sovè a, pa a mwatye sèlman. Lè nou angaje tèt nou totalman epi nou “totalman andedan,” syèl l a souke pou byen nou.4 Lè nou tyèd oubyen nou sèlman pran angajman amwatye, nou pèdi kèk nan pi bèl benediksyon syèl yo.5

Sa gen kèk ane, m te mennen Eskout yo al fè kanping nan dezè a. Tigason yo te dòmi bò kot yon gwo dife yo te limen, epi tankou tout bon chèf Eskout, m te dòmi dèyè kamyonèt mwen an. Nan demen maten, lè m te chita pou m obsève kan an, m te wè yon eskout, m ap rele l Paul, ki te parèt yon tijan fache. M te mande l kouman l te dòmi, epi l te reponn, “Pa twò byen.”

Lè m te mande l poukisa, li te di, “M te frèt; dife a te etenn.”

M te reponn, “Bon, dife toujou fè sa. Èske sak kouchaj ou a pa t cho ase?”

Pat gen repons.

Apresa, yonn nan lòt eskout yo te reponn fò pou li, “Li pa t itilize sak kouchaj li a.”

M te mande avèk enkredilite, “Poukisa, Paul?”

Silans — epi finalman repons tout timid la: “Bon, m te panse si m pa dewoule sak kouchaj mwen an, m pa t apral bezwen woule l ankò.”

Se yon vrè istwa: li te rete frèt pandan plizyè èdtan paske li tap eseye evite senk minit travay. Nou gen dwa panse: “Ala yon foli! Kiyès ki t ap janm fè yon bagay konsa?” Enben, nou fè sa tout tan e nan fason ki pi danjere toujou. Annefè, nou refize dewoule sak kouchaj espirityèl nou lè nou pa pran tan pou n priye sensèman, etidye, ak viv levanjil la ak dilijans chak jou; non sèlman dife a ap etenn, men n ap san pwoteksyon epi n ap vin frèt espirityèlman.

Lè nou pran alyans nou yo alalejè, nou pa ka evite konsekans yo. Senyè a konseye nou pou nou “fè atansyon avèk tèt pa nou, pou nou koute pawòl lavi etènèl yo avèk atansyon.”6 Epi L te deklare pi devan: “san mwen p ap netwaye yo si yo pa tande m.”7

An reyalite, li pi fasil pou nou “totalman angaje” pase pou nou angaje amwatye. Lè nou angaje amwatye oubyen nou pa angaje ditou, nan langaj film Star Wars la, gen yon “pètibasyon nan fòs la.” Nou pa sou menm nivo avèk volonte Bondye epi pa konsekan, nou pa sou menm nivo avèk nati bonè a.8 Ezayi te di:

“Mechan yo takou lè lanmè a twouble, lè l paka repoze, epi dlo l yo voye labou ak fatra.

“Bondye di pa gen lapè pou mechan yo.”9

Erezman, kèlkeswa kote nou ye jodia, oubyen kèlkeswa sitiyasyon nou te ye, nou pa twò lwen men Sovè a, ki te di: “Se poutèt sa, tout moun ki repanti e ki vin jwenn mwen tankou yon timoun piti, m ap resevwa l; paske, se pou moun konsa wayòm Bondye a ye. Gade, se pou moun konsa m te bay lavi m, e m te repran lavi m ankò.”10

Lè nou repanti kontinyèlman, epi nou repoze sou Senyè a, nou jwenn fòs pandan na p fè demitou a kote nou akeri imilite ak lafwa yon timoun piti,11 anrichi avèk sajès ki sòti nan eksperyans lavi a. Jòb te deklare, “Moun ki jis la ap kenbe fèm, epi yon moun ki gen men pwòp l ap vin pifò ak pifò ankò.”12 Sete Tennyson ki te ekri, “Fòs mwen tankou fòs dis moun, paske kè m pure.”13 Senyè a konseye, “Kanpe nan kote ki sen, epi pa kite moun deplase nou.”14

Pitit gason nou, Justin te mouri nan laj 19 van apre l te fin lite anba yon maladi tout lavi li. Nan yon diskou li fè nan yon reyinyon sentsèn pa lontan anvan l te kite nou, li te pataje yon istwa ki sanble k te touche l, osijè yon papa ak jèn piti gason li ki tal nan yon magazen jwèt kote k te gen yon sak gonflab ki te gen fòm yon moun. Tigason an te frape mesye gonflab la ki te tonbe, epi ki te retounen kanpe imedyatman apre chak kout pwen. Papa a te mande jènjan sa a poukisa mesye a te kontinye ap retounen kanpe konsa. Tigason an te reflechi pou yon minit epi l te di, “M pa konnen. Siman se paske l kanpe fèm alenteryè.” Pou nou ka “totalman angaje,” nou dwe “kanpe fèm andedan,” “kèlkeswa sa k rive.”15

Nou kanpe andedan lè n ap tann avèk pasyans pou Senyè a retire oubyen banou fòs pou n sipòte pikan ki nan lachè nou yo.16 Pikan sa yo kapab maladi, andikap, maladi mantal, lanmò yon moun ki chè pou nou, ak anpil lòt pwoblèm.

Nou kanpe andedan lè nou leve men ki pandye yo. Nou kanpe andedan lè nou defann laverite kont yon mond mechan ak pwofàn k ap vin plis anplis enkonfòtab avèk limyè, ki rele mal byen epi byen mal17 epi ki “kondane moun ki jis yo poutèt yo jis.”18

Kanpe andedan malgre difikilte yo kapab posib gras ak yon konsyans ki klè, ak fòs ak asirans rekonfòtan Sentespri a ak yon pèspektif etènèl ki depase konpreyansyon lòm.19 Nan lavi premòtèl nou, nou te pouse kri lajwa poutèt opòtinite pou nou te vin fè eksperyans mòtalite a.20 Nou te “totalman angaje” lè nou te pran desizyon pou n te vin defansè vayan pou plan Pè Selès nou an. Li lè pou nou kanpe pou nou defann plan L la ankò!

Papa m ki te gen 90 zan te mouri resamman. Kèlkeswa lè yon moun te mande l kijan l te ye, repons li sete toujou, “Sou yon echèl 1 a 10, siman m nan 25!” Menm lè chè mesye sa a pa t ka kanpe ankò ni menm chita epi l te gen gwo difikilte pou l te pale, repons li sete toujou menm nan. Li te toujou kanpe fèm andedan.

Lè papa m te gen 90 zan, nou te nan yon ayewopò epi m te mande l si m te mèt al pran yon chèz woulant pou li. Li te di, “Non, Gary — petèt lè ma granmoun.” Epi apresa li te ajoute, “Dayè, si m ta fatige mache, m ka toujou kouri.” Si nou pa ka “totalman angaje” nan fason n ap mache kounyeya, petèt nou bezwen kouri; petèt nou bezwen rekalkile wout nou. Nou gen dwa menm bezwen fè demitou. Nou gen dwa bezwen etidye pi seryezman, priye pi sensèman, oubyen jis abandone kèk bagay pou nou ka konsantre sou bagay ki pi enpòtan yo. Nou gen dwa bezwen renonse ak mond la pou n ka akwoche nou ak letènite. Papa m te konprann sa.

Imaj
Papa Èldè Sabin nan lame

Lè l te nan lame pandan Dezyèm Gè Mondyal la, te gen moun nan gwo kay byen laj la21 ki t ap pase moke prensip li yo; men de nan kanmarad li yo sou bato a, Dale Maddox ak Don Davidson, te remake sa e yo pa t moke l yomenm. Yo te mande l: “Sabin, poukisa w si diferan de tout lòt moun? Ou gen valè moral elve, ou pa bwè alkòl, ou pa fimen, ni w pa sèmante, men ou parèt kalm e kontan.”

Enpresyon pozitif yo te genyen sou papa m nan pat matche avèk sa yo te konn tande moun di sou Mòmon yo, epi papa m te kapab anseye e batize toulède kanmarad maren l yo. Paran Dale te fache anpil epi yo te avèti li ke si l te antre nan Legliz la li t ap pèdi mennaj li, Mary Olive, men Mary Olive te mande pou l te rankontre misyonè yo paske Dale te mande l epi l te batize tou.

Prèske nan fen lagè a, Prezidan Heber J. Grant te aple misyonè, enkli kèk mesye marye. An 1946, Dale ak madanm ni, Mary Olive, te deside pou Dale t al fè misyon malgre yo ta pral gen premye tibebe yo a. Yo te finalman fè nèf pitit---twa gason ak sis fi. Toulenèf te fè misyon, epi Dale ak Mary Olive, ki te sèvi twa misyon pou tèt pa yo. Dè douzèn pitit-pitit t al nan misyon tou. De nan pitit gason yo, John ak Matthew Maddox, se manm Kè Tabènak la kounyeya, ansanm avèk bofis Matthew a, Ryan. Fanmi Maddox gen 144 moun kounyeya epi yo se bèl egzanp sou moun ki “totalman angaje.”

Imaj
Manm fanmi Maddox nan Kè Tabènak la

Pandan n tap gade nan papye Papa m yo, nou te tonbe sou yon lèt Jennifer Richards, yonn nan senk pitit fi Don Davidson yo, lòt konpayon marin papa m nan. Li te ekri: “Ladwati w te chanje lavi nou. Li difisil pou nou imajine kijan lavi nou t ap ye san Legliz la. Papa m mouri avèk amou levanjil la epi l te efòse l viv li jiskalafen.”22

Sa difisil pou n mezire bon enpak chak moun kapab fè lè yo kanpe fèm andedan. Papa m ak de konpayon marin l yo te refize koute moun yo ki te nan gwo kay byen laj la, ki t ap lonje dwèt sou yo avèk mepri a.23 Yo te konnen li te pi bon pou yo te suiv Kreyatè a pase foul la.

Se kòmsi Apot Pòl t ap dekri epòk pa nou an lè l te di Timote ke, “kèk moun vire kite wout la epi yo tounen ap koute pawòl san sans.”24 Gen yon pakèt “pawòl san sans” k ap pale nan mond la jodia. Se konvèsasyon moun ki nan gwo kay byen laj la.25 Souvan, pawòl sa yo parèt sou fòm la lojik pou jistifye mechanste oubyen yo manifeste tèt yo lè moun pèdi chemen yo epi yo akselere. Yo pafwa soti nan moun ki pa peye pri pou yo “totalman angaje” yo epi ki prefere suiv lòm natirèl la tan pou yo suiv pwofèt la.

Erezman, nou konnen kisa fen an ye pou moun ki fidèl yo. Lè nou “totalman angaje,” nou gen asirans sèten ke “tout bagay ap mache byen pou moun ki renmen Bondye.”26 Jan Èldè Neal A. Maxwell te di: “Pa pè, jis mennen yon vi dwat.”27

Bòpè m te konn anseye nan Inivèsite Brigham Young epi l te renmen foutbòl Inivèsite a anpil, men, li pat ka gade match yo, paske li te si gen strès pou tann rezilta match yo. Epi, yon bèl bagay te rive---yo te envante VCR, epi l te vin posib pou l te anrejistre match yo. Si Inivèsite a te genyen, li te gade anrejistreman match la avèk yon konfyans pafè, paske l te absoliman sèten kijan l t ap fini! Si yo te penalize ekip la enjisteman, oubyen si te yon yon moun ki te blese, oubyen si ekip la te dèyè nan dènye mitan an, li pat strese paske l te konnen yo tap simonte reta a! Nou kapab di ke l te gen “yon esperans pafè!”28

Se konsa sa ye pou nou. Si nou fidèl, nou ka gen sètitid ke bagay yo ap mache byen pou nou alafen. Pwomès Senyè a bay yo asire. Sa pa vledi ke inivèsite mòtèl sa a ap fasil oubyen l ap san dlo nan je, men, jan Pòl te ekri a: “Bagay je pa janm wè ni zòrèy pa janm tande, bagay okenn moun pa t janm mete nan tèt yo, se sa Bondye pare pou moun ki renmen Li.”29

Frè m ak sè m yo, pa gen onkenn moun ki deja fè peche pou demen. Annou rekalkile wout nou si nesesè epi gade devan avèk gwo esperans ak lafwa. Se pou nou “kanpe fèm andedan” nan rete vanyan e “totalman angaje.” Se pou nou pur ak plen kouraj nan defann plan Pè Selès nou an ak misyon Pitit Gason L lan, Sovè nou an. Mwen rann nou temwayaj ke Pè Selès nou an vivan, Jezi se Kris la, e konsènan reyalite gwo plan bonè a. Mwen priye pou Senyè a devèse pi bèl benediksyon l yo sou nou, epi m fè sa nan non sakre Jezikri, amèn.