2010–2019
Divinite a ak Plan Sali a
Avril 2017


Divinite a ak Plan Sali a

Paske nou konnen laverite sou Divinite a ak sou relasyon nou avèk Yo, nou gen kat jeyografik siprèm nan pou vwayaj nou atravè mòtalite a.

I.

Premye atik lafwa nou an deklare: “Nou kwè nan Bondye, Papa Etènèl la, ak Pitit Gason li a, Jezikri, ak Sentespri a.” Nou rejwenn lòt kretyen nan kwayans sa a nan yon Papa, yon Pitit Gason, ak yon Sentespri, men sa nou kwè apwopo de yo a diferan de kwayans lòt relijyon yo. Nou pa kwè nan sa mond kretyen an rele doktrin Sent Trinite a. Nan Premye Vizyon l la Joseph Smith te wè 2 pèsonaj distenk, 2 moun, sa ki demontre klèman ke kwayans ki te popilè konsènan Bondye ak Divinite a pat vrè.

Kontrèman ak kwayans ke Bondye se yon mistè ki difisil pou konprann ak konnen an, nou kwè ke verite osijè nati Bondye a ak relasyon nou avèk Li se yon bagay nou ka konnen e sa se kle pou tout lòt bagay nan doktrin nou an. Bib la montre gran Priyè Entèsesyon Jezi a, kote Li te deklare ke “sa se lavi etènèl, pou yo konnen oumenm, sèl vrè Bondye a, ak Jezikri, ke ou te voye a.” (John 17:3).

Imaj
Sent Bib la

Efò pou nou konnen Bondye ak travay Li a te kòmanse anvan mòtalite a e li pap fini isit la. Pwofèt Joseph Smith la te anseye: “Sa pral pran nou yon bon moman apre nou fin pase lòtbò vwal la pou nou ka fin aprann … tout prensip egzaltasyon yo.”1 Nou bati sou konesans nou te genyen nan mond lespri premòtèl la. Konsa, lè l t ap eseye anseye Izrayelit yo nati Bondye ak relasyon Li ak pitit Li yo, Pwofèt Ezayi a te deklare, jan yo di nan Bib la:

“A kiyès w ap konpare Bondye? oubyen ak ki imaj w ap konpare li? …

“Eske ou pat konnen? èske ou pat tande? èske yo pat di ou depi nan kòmansman? èske ou pat konprann depi fondasyon tè a?” (Ezayi 40:18, 21).

Nou konnen ke twa manm Divinite yo se moun distenk e separe. Nou konnen sa daprè enstriksyon Pwofèt Joseph Smith te banou: “Papa a gen yon kò chè ak zo moun ka touche menm jan avèk pa lòm nan; Pitit Gason an tou; men, Sentespri a pa gen yon kò chè ak zo, sepandan li se yon pèsonaj lespri. Si se pa t sa, Sentespri a pa t ap kapab rete andedan nou.” (D&A 130:22).

Konsènan pozisyon siprèm Bondye Papa a nan Divinite a, osi byen ke wòl yo chak ranpli, Pwofèt Joseph Smith te deklare:

Imaj
Pwofèt Joseph Smith

“Nenpòt moun ki te wè syèl yo ouvri konnen ke gen twa pèsonaj nan syèl yo ki detni kle pouvwa yo, e youn prezide sou tout bagay. …

“… Pèsonaj sa yo … rele Bondye, premye a, Kreyatè a; Bondye, dezyèm nan, Redanmtè a; e Bondye, twazyèm nan, Temwen an oubyen Testatè.

“[Se] dwa Papa a pou l prezide kòm Chèf oubyen Prezidan, Jezi kòm Medyatè, e Sentespri a kòm Testatè oubyen Temwen.”2

II. Plan an

Nou konprann relasyon nou avèk manm Divinite a gras ak sa ki te revele sou plan sali a.

Kesyon tankou “Ki kote nou soti? ” “Poukisa nou isit la? ” ak “Kikote nou prale? ” yo, nou jwenn repons pou yo nan sa ekriti yo rele “plan sali,” a “gran plan bonè,” a oubyen “plan redanmsyon” an (Alma 42:5, 8, 11). Levanjil Jezikri a se santral plan sa a.

Antanke pitit lespri Bondye, nan yon egzistans anvan mòtalite a, nou te dezire yon desten lavi etènèl men nou te pwogrese osi lwen sa te posib san yon eksperyans motèl nan yon kò fizik. Pou ba nou opòtinite sa a, Pè Selès nou a te prezide sou kreyasyon mond sa a, kote, san nou pa sonje sa k te pase anvan nesans motèl nou, nou te ka montre volonte nou pou kenbe kòmandman L yo epi fè eksperyans e grandi atravè lòt pwoblèm nan vi motèl la. Men, nan mitan eksperyans sa yo nan mòtalite a, e kòm rezilta Chit premye paran nou yo, nou t ap gen pou n sibi lamò spirityèl paske nou t ap vin separe de prezans Bondye, vin tache ak peche, e vin sijè a lamò fizik. Plan Papa a te prevwa e te prepare mwayen pou nou simonte tout baryè sa yo.

III. Divinite a

Kounyea ke nou konnen objektif gran plan Bondye a, nou pral konsidere wòl respektif twa manm yo nan Divinite a nan plan sa a.

N ap komanse avèk yon ansèyman nan Bib la. Nan konklizyon dezyèm epit li te voye bay Korentyen yo, Apot Pòl fè referans sa a, an pasan, sou Divinite ki gen Papa a, Pitit Gason an, ak Sentespri a: “Se pou lagras Senyè a, Jezikri, ak lanmou Bondye, ak kominikasyon [oswa konpayi3] Sentespri a, rete avèk nou tout” (2 Korentyen 13:14).

Ekriti biblik sa a reprezante Divinite a e li fè referans ak lanmou motivan ak detèminan Bondye Papa a, a misyon mizèrikòd Jezikri a, ak konpayi Sentespri a.

Bondye Papa a

Tout bagay kòmanse avèk Bondye Papa a. Byenke nou relativman pa konnen anpil apwopo Limenm, sa nou konnen yo enpòtan pou fè n konprann pozisyon siprèm ni, relasyon nou avèk Li, ak gwo wòl administratif Li nan plan sali a, nan Kreyasyon an, ak tout lòt bagay ki te vin aprè yo.

Jan Eldè Bruce R. McConkie te ekri jis anvan lanmò li: “Nan sans final mo a, gen yon sèl vrè Bondye vivan. Li se Papa a, Gran Eloyim nan, Et Siprèm nan, Kreyatè e Gouvènè Inivè a.”4 Li se Bondye ak Papa Jezikri, e Papa nou tout tou. Prezidan David O. McKay te anseye ke “premye verite fondamantal ke Jezikri te prezante se te sa a, ke, devan tout bagay, anwo ak anlè tout bagay, gen Bondye Papa a, Senyè syèl la ak tè a, ki prezide sou tout bagay.”5

Sa nou konnen apwopo nati Bondye Papa a soti prensipalman nan sa nou ka aprann nan ministè ak ansèyman Sèl Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri. Jan Eldè Jeffrey R Holland te anseye, yonn nan objektif ki pi enpotan nan ministè Jezi a se te pou revele a motèl yo “sa Bondye Papa Etènèl nou an sanble, … pou revele e fè nou konnen pèsonèlman vrè nati Papa Li, Papa nou ki nan Syèl la.”6 Bib la gen yon temwayaj apostolik ke Jezi sete “vrè imaj” Papa Li (Ebre 1:3), sa ki senpleman presize pwòp ansèyman Jezi ki Limenm te di ke «moun ki wè mwen yo wè Papa a” (Jan 14:9).

Bondye Papa a se Papa lespri nou. Nou se pitit Li. Li renmen nou, e tout sa L fè se pou benefis etènèl nou. Li se otè plan sali a, e se pa pouvwa Li ke plan sali a akonpli objektif li pou glwa final pitit Li yo.

Pitit la

Pou noumenm motèl, manm ki pi vizib nan Divinite a se Jezikri. Yon gran deklarasyon doktrinal Premye Prezidans lan an 1909 deklare Li kòm “premye pitit gason pami tout pitit gason Bondye yo---li ki te premye fèt nan lespri a, e se sèl moun Bondye te fè nan lachè a.”7 Pitit Gason an, pi gran nan tout la, Bondye te chwazi Li pou ekzekite plan Papa a---pou egzèse pouvwa Papa a pou kreye mond inonbrab (gade Moyiz 1:33) ak pou sove pitit Bondye yo anba lanmo atravè Rezirèksyon L lan epi anba peche atravè Sakrifis Ekspiyatwa L la. Anfèt, yo rele sakrifis diven sa a “zak santral nan tout istwa limanite a.”8

Imaj
Senyè a, Jezikri

Nan okazyon inik e sakre sa yo kote Bondye Papa a te pèsonèlman prezante Pitit Gason an, Li te di, “Sa se pitit gason byeneme m nan: koute L” (Mak 9:7; Lik 9:35; gade tou 3 Nefi 11:7; Istwa Joseph Smith—1:17). Konsa, se Jezikri, Jewova, Senyè Bondye Izrayèl la, ki pale ak pwofèt yo e palentèmedyè pwofèt yo.9 Sepoutèt sa lè Jezi te parèt devan Nefit yo aprè Rezirèksyon L la, Li te prezante Tèt Li kom «Bondye tout tè a” (3 Nefi 11:14). Konsa, Jezi souvan pale avèk pwofèt yo nan Liv Mòmon an e ak Sen Dènye Jou yo kòm “Papa a ak Pitit la,” yon tit yo te eksplike nan ekspoze doktrinal enspire Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz yo sa gen 100 tan.10

Sentespri a

Twazyèm manm Divinite a se Sentespri a, ki osi rele Espri Sen an, Lespri Senyè a, ak Konsolatè a. Li se manm Divinite a ki se ajan pou revelasyon pèsonèl. Antanke yon pèsonaj lespri gade D&A 130:22), Li ka demere nan nou e jwe wòl esansyèl kòm kominikatè ant Papa a ak Pitit Gason an avèk pitit Bondye yo sou tè a. Anpil ekriti anseye ke misyon Li se temwaye de Papa a ak Pitit Gason an (gade Jan 15:26; 3 Nefi 28:11; D&A 42:17). Sovè a te pwomèt ke Konsolatè a ap anseye tout bagay, e fè nou sonje tout bagay, e l ap gide nou nan tout verite (gade Jan 14:26; 16:13). Konsa, Sentespri a ede nou disène ant verite ak erè, Li gide nou nan gwo desizyon nou yo, epi li ede nou atravè pwoblèm motalite yo.11 Epitou, Li se mwayen pou fè nou sanktifye, sa vle di, netwaye e pirifye anba peche nou (gade 2 Nefi 31:17; 3 Nefi 27:20; Mowoni 6:4).

IV.

Konsa, kòan konpreyansyon sou doktrin sa a syèl la revele apwopo Divinite a ak plan sali a kapab ede nou avèk pwoblèm nou yo jodia?

Paske nou genyen laverite apwopo Divinite a ak relasyon nou avèk Yo, sou bi lavi a, ak nati destine etènèl nou, nou gen pi bon kat jewografik la pou wout la ak pi bon asirans pou vwayaj nou nan mòtalite a. Nou konn kimoun nou adore ak poukisa nou adore. Nou konn kiyès nou ye ak sa nou ka devni (gade D&A 93:19). Nou konn kiyès ki rann tout sa posib la, epi nou konnen sa nou dwe fè pou nou jwi pi gwo benediksyon ki soti nan plan sali Bondye a. Kijan nou fè konn tout bagay sa yo? Nou konnen pa revelasyon Bondye bay pwofèt Li yo ak nou chak endividyèlman.

Pou atenn sa Apot Pòl te dekri kòm “mezi devlopman plenitid Kris la,” (Efezyen 4:13) sa mande plis pase akeri konesans. Sa pa menm ase pou nou menm konvenki de levanjil la; nou dwe aji e panse pou li ka konvèti nou. Kontrèman a enstitisyon yo nan mond lan, ki anseye nou pou n konnen yon bagay la, plan sali a ak levanjil Jezikri a envite nou pou n vin tounen yon bagay.

Imaj
Prezidan ThomasS. Monson

Jan Prezidan Thomas S. Monson te anseye nou nan dènye konferans jeneral nou an:

“Sa k esansyèl pou plan [sali] a se Sovè nou an, Jezikri. San sakrifis ekspyatwa L la, tout moun t ap pèdi. Men, sa pa ase pou nou senpleman kwè nan Li ak nan misyon L lan. Nou bezwen travay epi aprann, chèche epi priye, repanti epi amelyore nou. Nou bezwen konnen lwa Bondye yo epi aplike yo. Nou bezwen resevwa òdonans sali yo. Se sèlman lè nou fè sa n ap jwenn vrè bonè a. …

Prezidan Monson te deklare: “Soti nan pwofondè nanm mwen, epi an tout imilite, mwen temwanye de gwo kado sa a ki se plan Papa a pou nou an. Li se sèl chemen pafè ki mennen nan lapè ak bonè isit la ak nan mond k ap vini an.”12

Mwen ajoute temwayaj mwen sou temwayaj Pwofèt-Prezidan byeneme nou an. Mwen temwaye ke nou gen yon Papa ki nan syèl la, ki renmen nou. Mwen temwaye ke nou gen yon Sentespri, k ap gide nou. Epi mwen temwaye konsènan Jezikri, Sovè nou an, ki rann tout bagay sa yo posib la, nan non Jezikri amèn.

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’Église: Joseph Smith (2007), 268.

  2. Teachings: Joseph Smith, 42.

  3. Sa a se yon definisyon kouran sou kominyon lè l te chwazi pa tradiktè vèsyon Bib Wa Jak yo (gade The Oxford Universal Dictionary, 3rd ed., rev. [1955], 352).

  4. Bruce R. McConkie, A New Witness for the Articles of Faith (1985), 51.

  5. David O. McKay, nan Conference Report, Oct. 1935, 100.

  6. Jeffrey R. Holland, “The Grandeur of God,” Liahona, Nov. 2003, 70.

  7. First Presidency, “The Origin of Man,” Ensign, Fev. 2002, 26, 29.

  8. Gade, paregzanp, Russell M. Nelson, “Drawing the Power of Jesus Christ into Our Lives,” Liahona, Me 2017, 40; “The Living Christ: The Testimony of the Apostles,” Liahona, Avr. 2000, 2.

  9. Gade Joseph Fielding Smith, Doctrines du salut, comp. Bruce R. McConkie (1954), 1:27.

  10. Gade Premye Prezidans ak Kolèj Douz Apot yo, “The Father and the Son,” Ensign, Avr. 2002, 13–18.

  11. Gade Robert D. Hales, “The Holy Ghost,” Liahona, Me 2016, 105–7.

  12. Thomas S. Monson, “The Perfect Path to Happiness,” Liahona, Nov. 2016, 80–81.