2010–2019
Pi gran nan pami nou an
Avril 2017


Sa k pi gran nan pami nou an

Pi gwo rekonpans Bondye se pou moun ki sèvi Li san yo p ap tann rekonpans.

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, ala m rekonesan pou m avèk nou nan reyinyon prètriz mondyal enspiran sa a. Prezidan Monson, mèsi pou mesaj ou a ak benediksyon w la. N ap toujou kenbe pawòl direksyon, konsèy, ak sajès ou ba nou yo nan kè nou. Nou renmen ou epi nou soutni ou, e n ap toujou priye pou ou. Ou se vrèman pwofèt Senyè a. Ou se Prezidan nou. Nou soutni ou, nou renmen ou.

Sa gen prèske ventan, yo te konsakre Tanp Madrid la an Espagne epi li te kòmanse sèvis li kòm yon kay sakre Senyè a. Harriet avèk mwen sonje sa byen paske m t ap sèvi nan Prezidans Zòn Ewòp la lè sa a. Ansanm ak anpil lòt, nou te pase pil kantite tan ap okipe detay planifikasyon ak òganizasyon aktivite ki te mennen nan konsekrasyon yo.

Lè dat konsekrasyon an t ap apwoche, m te remake ke m potko resevwa envitasyon pou m t al asiste l. Sa te yon tijan etranj. Apretou, nan responsablite m kòm Prezidan Zòn nan, m te grandman enplike nan pwojè tanp sa a epi m te santi kòmsi tanp la sete yon tijan tanp pa m.

M te mande Harriet si l te resevwa yon envitasyon. Men li pa t resevwa youn.

Jou t ap pase epi krent mwen te ogmante. M t ap mande tèt mwen si envitasyon nou an te pèdi—petèt li te anfouye nan mitan kousen yo sou sofa a. Petèt li te melanje avèk jounal ak papye nou te voye jete yo. Vwazen yo te gen yon chat ki te fouyapòt, e m te menm kòmanse gade chat la dwòl.

Finalman, m te oglije aksepte bagay la: yo pa t envite m.

Men, kijan sa te fè posib? Èske m te fè yon bagay ki te ofanse yon moun? Èske yon moun jis asime ke nou abite twò lwen pou n fè vwayaj la? Èske yo te bliye m?

Finalman, m te reyalize ke fason panse sa a te mennen m nan yon lye kote m pa t anvi demere.

Harriet avèk mwen te raple tèt nou ke konsekrasyon tanp lan se pa t osijè noumenm. Se pa t osijè kiyès ki merite envitasyon ou pa. Epi se pa t osijè santiman nou ni sans pwopriyete nou.

Sa te konsène konsekrasyon yon edifis sakre, yon tanp Bondye Toupuisan an. Sete yon jou rejwisans pou manm Legliz yo an Espay.

Si yo te envite m pou m te patisipe, m t ap fè sa ak kè kontan. Men si yo pa ta envite m, lajwa m t ap osi pwofon tou. Harriet avèk mwen t ap rejwi ak zanmi nou yo, frè ak sè byeneme nou yo, delwen. Nou t ap louwe Bondye pou bèl benediksyon sa a avèk menm antouzyas la lakay nou nan Frankfort jan nou t ap fè si nou te nan Madrid.

Pitit Loraj

Pami Douz yo Jezi te aple ak òdone yo, te gen de frè, Jak ak Jan. Èske nou sonje ki tinon Li te ba yo?

Pitit Loraj (Boanerges).1

Ou pa ka gen yon tinon konsa sa pa gen yon rezon dèyè li. Malerezman, ekriti yo pa ba nou eksplikasyon sou orijin tinon sa a. Men, nou gen kèk apèsi sou li nan karaktè Jak ak Jan. Sete menm frè sa yo ki te sigjere pou yo te rale dife desann sot nan syèl la sou vilaj nan Samari a paske yo pa t vle resevwa yo nan vilaj la.2

Jak ak Jan sete pechè pwason—ki te pwobableman yon ti jan wòf—men, m panse, yo te konn anpil sou eleman lanati yo. Siman, yo sete dèzòm daksyon.

Nan yon okazyon, kote Sovè a t ap prepare pou l te fè dènye vwayaj Li al Jerizalèm, Jak ak Jan te pwoche kote L avèk yon rekèt spesyal—youn ki siman te diy de tinon yo a.

Yo te di: “Nou ta renmen w fè sa nou pral mande w la a pou nou.”

M ka imajine Jezi k ap souri ba yo pandan L te reponn: “Kisa nou vle?”

“Fè nou chita youn sou bò dwat ou, lòt la sou bò goch ou, lè w al nan laglwa ou.”

Lè sa a, Sovè a te envite yo pou yo te panse yon ti kras plis sou sa yo t ap mande l la epi l te di: “Pou yon moun chita on sou bò dwat mwen ak sou bò goch mwen, sa pa depann de mwen; men y ap bay li a moun yo prepare l pou yo a.”3

Otremandi, nou pa ka resevwa onè nan wayòm syèl la nan fè kanpay pou nou jwenn ni. Ni nou pa ka “itilize mounpa” pou n al nan glwa etènèl la.

Lè lòt dis Apot yo te tande demann sa a Pitit Gason Loraj yo te fè a, yo pa t twò kontan. Jezi te konnen tan l te kout, epi lè L te wè kontansyon an pami moun sa yo ki ta pral gen pou kontinye travay Li a, sa siman te twouble Li.

Li te pale ak Douz yo sou nati pouvwa ak sou fason l afekte moun k ap chèche li e ki kenbe li. Li te di: “Moun ki chèf yo nan mond lan, itilize pozisyon otorite yo a pou egzèse dominasyon sou lòt moun.

Mwen ka prèske wè Sovè a, ki, avèk amou enfini, ap gade figi disip fidèl ak kwayan sa yo. M ka prèske tande vwa L k ap sipliye yo: “Men se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, sa k ta renmen vin pi gran an, se pou l sèvi tout lòt yo.”4

Nan wayòm Bondye a, grandè ak lidèchip vledi konsidere lòt moun jan yo reyèlman ye a—jan Bondye wè yo a—epi apresa lonje lamen pou sèvi yo. Savledi rejwi ak moun ki kontan, kriye ak moun k ap kriye, soulaje moun ki nan detrès, ak renmen pwochen nou jan Kris la renmen nou an. Sovè a renmen tout pitit Bondye san sousye de sitiyasyon sosyal ak ekonomik yo, ni ras, relijyon, lang, tandans politik, nasyonalite oswa nenpòt lòt gwoup. E se sa nou dwe fè!

Pi gwo rekonpans Bondye se pou moun ki sèvi san tann rekonpans yo. Se pou moun ki sèvi san bri; moun ki trankilman ap mache chèche fason pou ede lòt; moun ki sèvi lòt moun senpleman paske yo renmen Bondye ak pitit Bondye yo.5

Pa kite sa monte nan tèt nou

Tousuit apre yo te rele m kòm nouvo Otorite Jeneral, m te gen privilèj pou m te akonpaye Prezidan James E. Faust pou reyòganizasyon yon pieu. Pandan m t ap kondui al nan tach nou an nan bèl zòn Sid Uta a, Prezidan Faust te gen ase jantiyès pou l te itilze tan an pou l te enstwi m ak anseye mwen. Li te ban m yon leson m pap janm bliye. Li te di: “Manm Legliz yo ap emab avèk ou. Y ap trete w ak jantiyès epi y ap di bon bagay sou ou.” Epi, li te fè yon ti poze, epi l te di: “Dieter, toujou di mèsi pou sa, men pa janm kite sa monte nan tèt ou.”

Leson enpòtan sa a sou sèvis nan Legliz la aplike pou tout detantè prètriz nan chak kolèj nan Legliz la. Li aplike pou nou tout nan Legliz sa a.

Lè Prezidan J. Reuben Clark, pitit la, te konn konseye moun yo te aple nan pozisyon otorite yo nan Legliz la, li te konn di yo pou yo pa bliye règ nimewo sis la.

Inevitableman, moun nan te konn mande: “Kisa règ nimewo sis la ye?”

Li te konn reponn: “Pa pran tèt ou twò oserye.”

Natirèlman, sa te konn mennen nan yon kesyon konsa: “Kisa lòt senk règ yo ye?”

Avèk yon ti ekla nan je l, Prezidan Clark te reponn: “Pa gen okenn lòt.”6

Pou nou dirijan ki efikas nan Legliz la, nou dwe aprann leson kritik sa a: dirije nan Legliz la se pa sitèlman yon zafè dirije lòt moun men, se yon zafè dispozisyon nou pou kite Bondye dirije nou.

Apèl se opòtinite pou sèvi

Antanke Sen Bondye Toupuisan an, nou dwe “sonje pòv yo ak moun ki nan bezwen yo nan tout bagay, moun ki malad ak moun ki aflije, paske yon moun ki pa fè bagay sa yo, moun sa pa disip mwen.”7 Opòtinite pou chèche fè byen ak pou sèvi yo san limit. Nou ka jwenn yo nan kominote nou, nan pawas ak branch nou yo, e sètènman nan fwaye nou.

Epitou, yo bay chak manm nan Legliz la opòtinite ofisyèl espesifik pou yo sèvi. Nou rele opòtinite sa yo “apèl”—yon tèm ki ta dwe raple nou kiyès ki aple nou pou n sèvi a. Si nou konsidere apèl nou kòm opòtinite pou n sèvi Bondye ak ministre lòt moun ak lafwa ak imilite, chak zak sèvis ap yon etap sou chemen disip la. Nan fason sa a, Bondye ap non sèlman bati Legliz Li a men l ap bati sèvitè L yo tou. Legliz la la pou ede nou vin vrè disip fidèl Kris la, bon pitit gason ak pitit fi nòb Bondye. Sa fèt non sèlman lè nou al nan reyinyon yo epi nou koute diskou yo men lè nou bliye tèt nou epi n sèvi tou. Sa se fason nou ka vin “gran” nan wayòm Bondye a.

Nou aksepte apèl avèk diyite, ak imilite ak gratitid. Lè yo relve nou nan apèl sa yo, nou dwe aksepte chanjman an avèk menm gras, ak imilite ak gratitid la tou.

Nan je Bondye, pa gen okenn apèl nan wayòm ni an ki pi enpòtan pase yon lòt. Sèvis nou—ke l gran ou piti—rafine lespri nou, louvri fenèt syèl yo, epi vide benediksyon Bondye non sèlman sou moun n ap sèvi yo men sou noumenm tou. Lè n lonje lamen bay lòt, nou ka konnen ak konfyans ke Bondye rekonèt sèvis nou avèk apwobasyon ak apresyasyon. Li souri sou nou lè nou ofri zak konpasyon sensè sa yo, espesyalman zak lòt moun pa wè ni remake yo.8

 Chak fwa nou lage tèt nou nan sèvis lòt moun, nou pran yon etap pi pre bi pou n vin bon disip veritab Moun ki bay tout Limenm pou nou an: Sovè nou an.

Soti nan prezide rive nan paràd

Pandan 150tyèm anivèsè arive pyonye yo nan Vale Salt Lake la, Frè Myron Richins t ap sèvi kòm prezidan pieu nan Henefer, nan Uta. Selebrasyon an te gen yon rekonstitisyon pasaj pyonye yo atravè vil sa a.

Prezidan Richins te grandman enplike nan plan pou selebrasyon an, epi li te patisipe nan plizyè reyinyon avèk Otorite Jeneral yo ak lòt moun pou yo te pale sou aktivite yo. Li te totalman angaje.

Jis anvan selebrasyon an te rive, yo te reyòganize pieu Prezidan Richin nan, epi yo te relve l kòm prezidan. Nan yon Jou Dimanch apre a, li t al asiste reyinyon prètriz nan pawas li kote lidè yo te mande volontè pou te ede nan selebrasyon an. Prezidan Richins, ansanm avèk lòt, te leve men yo epi yo te ba yo enstriksyon pou yo te abiye an rad travay epi pou l te vini ak machin ni ak yon pèl.

Finalman, jou maten gwo evenman an te rive, epi Prezidan Richins t al ranpli devwa l kòm volontè.

Jis kèlke semèn anvan sa, li te grandman patisipe nan planifikasyon ak sipèvizyon gwo aktivite sa a. Men, jou sa a, djòb li sete suiv cheval yo nan parad la epi netwaye lè yo te fin pase.

Prezidan Richins te fè sa jwayezman ak kè kontan.

Li te konprann ke pa gen yon sèvis ki pi wo pase yon lòt.

Li te konn pawòl Sovè a te di yo epi l te mete yo an pratik: “Moun ki vle pi gran pami nou an, se pou l sèvi nou.”9

Fè travay disip nou byen

Pafwa, tankou Pitit Loraj yo, nou anvi pozisyon enpòtan. Nou chèche renome. Nou chèche dirije ak pote yon kontribisyon memorab.

Pa gen anyen ki mal nan anvi sèvi Senyè a, men, lè n ap chèche pou n gen enfliyans nan Legliz la pou pwòp satisfaksyon pa nou—pou n ka resevwa lwanj ak admirasyon lèzòm—nou jwenn rekonpans nou. Lè nou kite lwanj lòt moun monte nan tèt nou, lwanj sa a vin tounen rekonpans nou.

Ki apèl ki pi enpòtan nan Legliz la? Se apèl nou genyen nan moman an. Kèlkeswa enb oswa gran l ka sanble l ye, apèl nou genyen kounyeya a se apèl k ap pèmèt nou non sèlman edifye lòt moun men vin moun Bondye te kreye nou pou nou ye a.

Chè zanmi m ak frè m yo nan prètriz la, bay tout noumenm nan kote n ye a!

Pòl te anseye Filipyen yo: “Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou, men, nan imilite, mete nan tèt nou lòt yo pi enpòtan pase tèt nou.”10

Sèvi avèk onè

Chèche onè ak selebrite nan Legliz la odepan vrè sèvis enb pou lòt moun se echanj Ezayi a.11 We Nou ka resevwa yon rekonpans terès, men l ap vini ak gran pri—n ap pèdi apwobasyon divin nan.

Ann suiv egzanp Sovè nou an, ki te enb ak dou, ki pa t chèche lwanj lèzòm men ki te chèche fè volonte Papa Li.12

Ann sèvi lòt enbleman—ak enèji ak gratitid ak onè. Menmsi zak sèvi nou yo ka sanble yo piti, modès, oswa gen ti valè, moun ki lonje lamen bay lòt nan jantiyès ak konpasyon yo apral konnen valè sèvis yo a yon jou, pa lagras beni ak etènèl Bondye Toupuisan an.13

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, se pou nou medite, konprann ak viv leson enpòtan sa a sou jan pou dirije Legliz la ak gouvène prètriz la: “Moun ki pi gran nan pami nou an se va moun k ap sèvi nou an.” Se priyè m ak benediksyon mwen nan non sakre Mèt nou, Redanmtè nou an, nanNan non Jezikri , amèn