2010–2019
Lang levanjil la
Avril 2017


Lang Levanjil la

Ansèyman ki puisan ekstrèmeman enpòtan pou prezève levanjil la nan fwaye nou, epi sa mande dilijans ak efò.

Apre m te fin aple kòm Otorite Jeneral, mwenmenm avèk fanmi m te demenage soti Costa Rica pou ale viv Salt Lake City poutèt premye tach mwen sa a. Isit la nan Etazini, m te gen benediksyon pou m te rankontre dè moun diferant kilti ak orijin. Pami yo genyen anpil ki, menmjan avèk mwen, te fèt nan peyi nan Amerik Latin yo.

Mwen remake ke anpil nan premye jenerasyon Ispanik yo isit la toujou pale espanyòl kòm premye lang yo, ak ase anglè pou yo kominike avèk lòt moun. Dezyèm jenerasyon an, ki te fèt swa nan Etazini oubyen ki te vini isit pandan yo te tou piti epi ki te ale lekòl isit la, yo pale bonjan anglè ak petèt kèk moso espanyòl. E byen souvan, pou 3yèm jenerasyon an, espanyòl ki se lang natif natal zansèt yo a pèdi.1

Nan yon tèm lengwistik, sa senpleman rele “Pèdi yon lang.” Pèt yon lang kapab rive lè fanmi yo vwayage ale nan yon peyi etranje kote lang matènèl yo a se pa lang lokal la. Sa pa rive nan pami moun Espanyòl yo sèlman, men tou pami tout popilasyon atravè mond lan kote yon langaj matènèl vin ranplase pa yon nouvo lang.2 Menm Nefi, yon pwofèt nan Liv Mòmon an, te enkyè pou l pa t pèdi lang natal papa l yo lè l t ap prepare pou ale nan tè pwomès la. Nefi ekri: “Epi gade, daprè sajès Bondye nou dwe jwenn rejis sa yo pou nou kapab prezève lang zansèt nou yo pou pitit nou yo.3

Men Nefi te pè pou l pa t pèdi yon lòt kalite lang tou. Nan vèsè apre a, li kontinye: “Epi tou, pou nou kapab prezève pawòl ki te sòti nan bouch tout pwofèt sen yo, pawòl Lespri ak pouvwa Bondye te delivre ba yo, depi mond lan te kòmanse jis kounyeya.”4

M te remake menm resanblans la ant prezève yon lang natif natal ak prezève levanjil Jezikri a nan lavi nou.

Jodia, nan konparezon m nan, m ta renmen mete aksan non pa sou yon lang patikilye yo pale nan mond lan men, sou yon lang etènèl ke nou ta dwe prezève nan fanmi nou e pa janm pèdi. M vle pale de lang 5 levanjil Jezikri a. Pa “lang levanjil la,” m vledi tout ansèyman pwofèt nou yo, obeyisans nou nan ansèyman sa yo, ak lefèt pou nou suiv tradisyon ki ji.

M pral pale detwa fason nou ka prezève lang sa a.

Premyèman: Vin pi dilijan ak pi sousye nan fwaye nou.

Nan Doktrin ak Alyans yo, Senyè a te envite anpil manm siyifikan nan Legliz la, pami yo Newel  K. Whitney, pou yo te mete lakay yo annòd. Senyè a te di:” Sèvitè m nan Newel   K.Whitney … merite pou m chatye l, epi mete fanmi l nan lòd, pou fè yo vin pi dilijan ak pi sousye lakay yo, pou yo priye tout tan, san sa m ap wete yo nan a plas yo a.”6

Yon faktè ki kontribye nan pèdi yon lang se lè paran yo pa pran tan pou ansenye pitit yo lang natif natal yo. Sa pa sifi pou nou senpleman pale lang nan nan fwaye a. Si paran yo vle prezève lang yo a, yo dwe anseye li. Gen rechèch ki montre ke paran ki fè bonjan efò pou prezève lang natal yo gen tandans reyisi lè yo fè sa.7 Konsa, kisa ki t ap yon efò konsyan pou prezève lang levanjil la?

Eldè David  A. Bednar nan Kolèj Douz Apot yo te avèti nou ke “Ansèyman levanjil ak pratik li ki fèt nan fwaye a” se yon koz puisan ki kapab brize sèk fanmi anpil jenerasyon nan Legliz la.8

Konsa, nou kapab dedui ke yon ansèyman puisan ekstrèmeman enpòtan pou prezève levanjil la nan fanmi nou, e sa mande dilijans ak efò.

Anpil fwa nou jwenn envitasyon pou nou pran abitid fè etid ekriti pèsonèl ak familyal chak jou.9 Anpil fanmi ki fè sa yo beni chak jou avèk pigran inite ak yon relasyon ki pi sere avèk Senyè a.

Imaj
Yon papa ak pitit fi li k ap li ekriti yo

Kilè nou ta dwe fè etid ekriti chak jou nou yo? Sa ap fèt lè paran yo pran ekriti yo nan men yo epi avèk lanmou, yo envite fanmi an pou ransanble ansanm pou li yo. Li difisil pou nou fè etid sa a fèt nan okenn lòt fason.

Imaj
Fanmi k ap li ekriti yo

Papa ak manman yo, pa rate gwo benediksyon sa yo. Pa tann jiskaske l two ta!

Dezyèman: Bonjan egzanp nan fwaye a

Yon ekspè nan lang te ekri ke, pou nou prezève yon lang matènèl nou “nou bezwen fè lang nan vivan pou timoun nou yo.”10 Nou “fè lang nan vivan” lè ansèyman nou ak egzanp nou mache ansanm.

Lè m te jèn, mwen te konn travay nan faktori papa m nan pandan vakans. Premye kesyon papa m te toujou poze m apre lè l te konn fin peye m sete: “Kisa w pral fè avèk lajan w lan?”

Mwen te konn repons lan e m te toujou reponn: “Peye dim epi ekonomize pou misyon mwen.”

Apre m te fin travay avèk li pandan 8 tan apeprè, epi l te toujou ap poze m menm kesyon an, papa m te panse l te anseye m kijan pou m te peye dim mwen. Sa l pa t reyalize sèke m te aprann prensip enpòtan sa nan yon wikenn sèlman.

Apre kèk evenman ki te an rapò avèk yon gè sivil nan Amerik Santral la, biznis papa m nan te fè fayit. Li te pase soti nan apeprè 200 anplwaye aplentan pou desann rive nan 5 koutiryè ki te travay a tan pasyèl nan garaj lakay nou an. Yon jou, pandan moman difisil sa yo, m te tande paran m ap diskite pou konnen si yo ta dwe peye dim oubyen achte manje pou pitit yo.

Nan Dimanch apre a, m te suiv papa m pou m te wè sa l t apral fè. Apre reyinyon legliz nou yo, m te wè l pran yon anvlòp epi l te mete dim nan ladann. Sa sete sèlman yon pati nan leson an. Kesyon ki te rete pou mwen an sete kisa nou tapral manje.

Byen bonè nan Lendi maten, kèk moun te frape pòt nou. Lè m te ouvri, yo te mande pou papa m. Mwen te rele li, epi lè l te vini, vizitè yo te pale l de yon kòmand kouti ijan yo te bezwen prese prese. Yo te di l kòmand la te sitèlman ijan ke yo t ap peye pou li alavans. Jou sa a, m te konprann prensip peye dim nan ak benediksyon ki soti nan sa.

Nan Nouvo Testaman an, Senyè a pale apwopo bay egzanp, Li di: “Lè sa a, Jezi reponn yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: Pitit Bondye a pa fè anyen pou kò li. Sa l’ wè Papa a fè, se sa l’ fè tou. Tou sa Papa a ap fè, Pitit la fè l’ tou.”11

Imaj
Moun ka prale nan tanp

Sa pa ase pou nou sèlman pale pitit nou yo de enpòtans maryaj nan tanp, de jèn, ak sanktifye jou Saba a. Yo dwe wè ke noumenm nou pran tan nan orè nou pou nou ale nan tanp osi souvan nou kapab. Yo bezwen wè angajman nou pou nou jene regilyèman12 epi sanktifye tout jou Saba a. Si jèn nou yo pa kapab jene pou 2 repa, ni li ekriti yo regilyèman, ni etenn televizyon an pandan yon gwo match jou Dimanch, èske y ap gen disiplin spirityèl pou reziste anba tantasyon puisan mond difisil jodia yo, san konte tantasyon pònografi?

Twazyèman: Tradisyon

Yon lòt fason yon lang kapab altere oubyen pèdi se lè lòt lang ak tradisyon vin melanje avèk yon lang natif natal.13

Nan premye ane Legliz retabli a, Senyè a te envite anpil manm konsekan nan Legliz la pou yo te mete lòd nan fwaye yo. Li te komanse envitasyon L la nan endike de fason nou kapab pèdi limyè ak verite nan fwaye nou: “Epi mechan sa a te vin pran limyè ak verite a, pa mwayen , dezobeyisans, nan men pitit lèzòm, epi akòz tradisyon papa yo.14

Antanke fanmi, nou bezwen evite tout tradisyon k ap anpeche nou sanktifye jou Saba a oubyen li ekriti yo chak jou epi priye nan fwaye nou. Nou bezwen fèmen pòt dijital fwaye nou pou pònografi ak tout lòt move enfliyans pa antre. Pou nou konbat tradisyon mond lan nan epòk nou an, nou bezwen itilize ekriti yo ak vwa pwofèt modèn nou yo pou ansenye timoun nou yo sou identite divin yo, sou bi lavi yo, ak sou misyon divin Jezikri a.

Konklizyon

Nan ekriti yo, nou jwenn anpil egzanp sou “lang ki pèdi.”15 Paregzanp:

“Kounyeya, se te konsa, te gen anpil nan jenerasyon ki t ap leve a ki pa t kapab konprann pawòl wa Bejamen yo, yo te timoun piti lè l te pale avèk pèp li a, e yo pa t kwè nan tradisyon papa yo. …

“Epi, poutèt enkwayans yo yo pa t kapab konprann pawòl Bondye a; e kè yo te di.”16

Pou jenerasyon k t ap grandi a, levanjil la te vin yon lang etranj. E, pandan ke y ap fè deba pafwa sou avantaj ki genyen nan kenbe yon lang natif natal, nan kontèks plan sali a, pa gen okenn deba sou konsekans etènèl ki genyen nan pèdi lang levanjil la nan fwaye nou.

Imaj
Manman k ap priye avèk jèn ti pitit gason li

Antanke pitit Bondye, nou se dè moun enpafè k ap eseye aprann yon langaj pafè.17 Menmjanm yon manman gen konpasyon pou ti pitit li, se menmjan an tou Pè Selès nou an gen pasyans avèk enpèfeksyon nou ak erè nou yo. Li apresye e L konprann ti tantativ priyè nou, ke nou fè avèk senserite yo, kòmsi yo sete bèl pwezi. Li rejwi lè l tande son premye pawòl nou nan levanjil la. Li ansenye nou avèk amou pafè.

Imaj
Fanmi k ap priye ansanm

Pan gen akonplisman nan lavi sa a, osi enpòtan ke l ka ye, k ap gen enpòtans si nou pèdi lang levanjil la nan fanmi nou.18 Mwen temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ap beni efò nou pandan n ap efòse n pou n anbrase lang Li a, menm jiskaske nou vin pale l byen nan pi wo nivo kominikasyon an, paske li te toujou lang matènèl nou. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Pami Ispanik yo, rive nan twazyèm jenerasyon an, “nivo monolingwis an Anglè a … 72 pousan” (Richard Alba, “Bilingualism Persists, but English Still Dominates,” Migration Policy Institute, Feb. 1, 2005, migrationpolicy.org/article/bilingualism-persists-english-still-dominates).

  2. “Pale Anglè sèlman se modèl ki predominan nan twazyèm jenerasyon an” (Alba, “Bilingualism Persists, but English Still Dominates).

  3. 1 Nefi 3:19; italik ajoute.

  4. 1 Nefi 3:20; italik ajoute.

  5. Nou ka defini yon lang kòm “yon sistèm kominikasyon ki itilize pa yon kominote oubyen yon peyi an patikilye” (Oxford Living Dictionaries, “language,” oxforddictionaries.com).

  6. Doktrin ak Alyans 93:50; italik ajoute.

  7. “[Prezève yon lang matènèl] posib, men sa mande devouman ak planifikasyon” (Eowyn Crisfield, “Heritage Languages: Fighting a Losing Battle?” onraisingbilingualchildren.com/2013/03/25/heritage-languages-fighting-a-losing-battle). “Paregzanp, moun ki pale Alman yo nan zòn Midwest la te rive prezève lang matènèl yo a jenerasyon apre jenerasyon” (Alba, “Bilingualism Persists, but English Still Dominates”).

  8. David A. Bednar, “Multigenerational Families,” nan General Conference Leadership Meetings, Avr. 2015, broadcasts.lds.org.

  9. Yon egzanp modèn se nan enstriksyon Premye Prezidans lan: “Nou konseye paran yo ak timoun yo pou yo konsakre tout priyorite yo pou priyè familyal, sware familyal, etid an ansèyman ekriti yo, ak bon jan aktivite familyal (lèt Premye Prezidans lan, Fev. 11, 1999).

  10. “Nou dwe rann lang lan vivan pou pitit nou yo, pou yo kapab konprann ni e kominike, epi santi yo fè pati manm kominote a lang lan reprezante a” (Crisfield, “Heritage Languages: Fighting a Losing Battle?” italik ajoute).

  11. Jan 5:19.

  12. “Yon bon jan obsèvans jou jèn nan tipikman mande pou n pa manje ni bwè pandan de repa konsekitif nan yon peryòd vennkatrèdtan, pou n ale nan reyinyon jèn ak temwayaj la, epi bay yon don jèn jenere pou yo ka pran swen moun ki nan bezwen yo” (Handbook 2: Administering the Church [2010], 21.1.17).

  13. Gade Omni 1:17.

  14. Doktrin ak Alyans 93:39; italik ajoute.

  15. Nan kontèks diskou sa a, “pèdi yon lang” fè referans ak fason nou ka pèdi levanjil la (gade Jij 2:10; Omni 1:17; 3 Nefi 1:30).

  16. Mozya 26:1, 3; italik ajoute.

  17. Gade Matye 5:48; 3 Nefi 12:48.

  18. Gade Matye 16:24–26.