2010–2019
Vwa avètisman an
Avril 2017


Vwa avètisman an

Pandan ke pwofèt yo patikilyèman santi devwa pou avèti moun yo, se yon devwa anpil lòt moun genyen tou

Pwofèt Ezekyèl te fèt anviwon ventan anvan Leyi ak fanmi li te kite Jerizalèm. An 597 AK, nan laj 25 an, Ezekyèl sete youn nan pil kaptif Nebikadneza te mennen nan Babilòn yo, epi si nou ka di, li te pase rès lavi l nan kote sa a.1 Li te soti nan linye prèt Aawon yo, epi lè l te gen 30 tan, li te vin yon pwofèt.2

Lè l te bay Ezekyèl misyon sa a, Jewova te itilize yon santinèl kòm metafò.

“Si lè [santinèl la] wè lènmi an ap pwoche, li bay yon kout klewon, pou avèti moun yo;

“Epi si yon moun tande son klewon an, men li pa okipe l; ki fè lènmi an rive, li touye l, san li ap tonbe sou pwòp tèt pa l.”3

Men, “si santinèl lan wè lenmi an ap vini, epi li pa bay kout klewon an, pou avèti moun yo; si lenmi an rive, epi li retire lavi yon moun, … m ap mande santinèl la kont pou san moun nan.”4

Epi apresa, pandan l t ap pale dirèkteman ak Ezekyèl, Jewova te deklare: “Kounyeya, O pitit gason lòm, mwen mete w kòm santinèl pou w veye sou pèp Izrayèl la; se poutèt sa, ou dwe koute pawòl ki soti nan bouch mwen, epi avèti yo.”5 Avètisman an sete pou yo te sispann peche.

“Lè m di mechan an, O mechan, w ap mouri; si w pa pale pou avèti mechan an pou l kite move pant l ap suiv la, mechan sa a ap mouri nan inikite li, men m ap rann ou responsab lanmò li.

“Men, si w avèti mechan an pou l kite move wout l ap suiv la; si l pa kite move wout la, l ap mouri nan inikite li; men oumenm w ap sove nanm ou. …

“Konsa tou, lè m di mechan an w ap mouri; si l vire do bay peche l, epi li fè sa ki dwat devan mwen; …

“M ap padone tout peche l te fè yo e m ap bliye yo: si l mache dwat devan mwen, l ap fè sa ki byen, l ap viv.”6

Sa k enteresan, sèke avètisman sa a aplike pou moun ki jis la tou. “Lè m deklare moun ki jis la ke l ap viv, si l mete nan tèt li ke l mache dwat, epi l komèt inikite, m ap bliye tout [bon bagay] li te fè yo; men l ap mouri poutèt inikite l komèt la.”7

Pandan l t ap enplore pitit Li yo, Bondye te di Ezekyèl: “Di yo, Senyè a di jan nou konnen m vivan an, mwen pa pran okenn plezi nan wè mechan yo mouri; men mwen ta pito wè yo sispann fè sa k mal pou yo ka viv: retounen, sispann fè sa ki mal, paske, poukisa pou w mouri, O kay Izrayèl la?”8

Olye ke yo prese pou kondane nou, Pè Selès la ak Sovè nou an ap chèche bonè nou epi yo mande nou pou n repanti, paske yo konnen byen “inikite pa t janm [e li p ap janm] bay bonè.”9 Konsa, Ezekyèl ak tout pwofèt anvan e apre yo, nan pale pawòl Bondye a ak tout kè yo, avèti tout moun ki vle pou yo vire do bay Satan, enmi nanm yo a, pou yo “chwazi libète ak lavi etènèl pa mwayen gran Medyatè a ki pou tout moun nan.”10

Pandan ke pwofèt yo patikilyèman santi devwa pou avèti moun yo, se yon devwa anpil lòt moun genyen tou. Anfèt, “se pou chak moun ki resevwa avètisman avèti pwochen l.”11 Nou menm ki resevwa yon konesans sou gran plan bonè a—ak kòmandman ki akonpaye l yo—nou ta dwe gen yon dezi pou pataje konesans sa a paske li fè tout diferans la nan lavi nou, isit la ak nan letènite. Epi, si nou mande “ki pwochen m ta dwe avèti?”, se sèten n ap jwenn repons la nan yon parabòl ki kòmanse konsa: “Vwala yon nonm t ap desann soti Jerizalèm pou l t al Jeriko, epi vòlè te atake li,”12, eksetera.

Lè nou reflechi a parabòl bon Samariten an nan kontèks sa a, sa raple nou ke, kesyon “kiyès ki pwochen m nan” te konekte avèk de gran kòmandman yo: “Se pou ou renmen Senyè a, Bondye w la, ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout lide w; epi, se pou w renmen pwochen ou menmjan ou renmen tèt ou.”13 Motivasyon pou leve vwa avètisman an se lanmou, lanmou Bondye ak lanmou pou pwochen nou. Avèti vledi ke w sousye. Senyè a anseye nou ke sa dwe fèt “nan jantiyès ak nan dousè”14 epi “nan pesyade, avèk pasyans, avèk jantiyès … , epi avèk amou enfayib.”15 Sa kapab ijan, tankou lè pou n avèti yon timoun pou l pa mete men l nan yon dife. Sa dwe klè e pafwa fèm. Pafwa, avètisman an kapab pran fòm yon repwòch “lè Sentespri a anime nou,”16 men li dwe toujou baze sou lanmou. Pa egzanp, m ap pran lanmou ki motive sèvis ak sakrifis misyonè nou yo kòm prèv sou sa.

Se sèten lanmou ap pouse paran yo pou avèti “pwochen”— ki pipre yo a, pwòp pitit yo. Sa vledi anseye ak temwaye konsènan verite levanjil yo. Sa vledi anseye timoun yo doktrin Kris la: lafwa, repantans, batèm, ak don Sentespri a.17 Senyè a raple paran yo: “Men m kòmande w pou ou leve pitit ou yo nan limyè ak verite.”18

Yon eleman enpòtan nan devwa paran pou avèti a se non sèlman pou dekri konsekans demoralizan yo men lajwa ki genyen nan mache nan obeyisans kòmandman yo tou. Sonje pawòl Enòs yo apwopo sa k te mennen l al chèche Bondye, resevwa padon pou peche li, epi vin konvèti a:

“Gade, m t ale lachas dèyè bèt nan forè a; e pawòl yo m te konn tande papa m pale avèk mwen konsènan lavi etènèl la, ak lajwa sen yo, yo te plonje fon nan kè m.

“Epi nanm mwen te grangou; e m te ajenou devan Kreyatè m nan, e m te kriye nan pye l nan gwo priyè ak siplikasyon pou nanm mwen.”19

Akoz lanmou ak sousi enkonparab li pou lòt moun ak pou bonè yo, Jezi pa t ezite bay avètisman. Nan kòmansman ministè Li, “Jezi te kòmanse preche, epi l te di: Repanti: paske wayòm Bondye a pwòch.”20 Paske Li konnen se pa tout chemen ki mennen nan syèl la, Li kòmande nou:

“Antre nan pòt etwat la, paske pòt ki laj la, chemen ki ki fasil la, l ap mennen nou nan destriksyon, epi gen anpil moun ki antre ladan l:

“Paske pòt ki etwat la, chemen ki difisil la, l ap mennen nou nan lavi, epi, pa gen anpil moun ki jwenn ni.”21

Li te pase tan avèk pechè yo, li te di: “Mwen pa vin rele moun jis yo, men pechè yo alarepantans.”22

Kanta pou direktè lalwa yo, Farizyen yo, ak Sadiseyen yo, Jezi te fèm nan kondane yo pou ipokrizi yo. Avètisman li ak kòmandman l yo te dirèk: “Malè pou nou, noumenm direktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay ladim pye mant ak pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan yo nan lalwa a: jistis, mizèrikòd, ak lafwa: se sa nou te dwe pratike, san nou pa neglije lòt bagay yo.”23 Asireman, okenn moun pa ka akize Sovè a pou di ke L pa renmen direktè lalwa ak Farizyen sa yo—apretou, Li te soufri ak mouri pou sove yo tou. Men, paske L te renmen yo, Li pa t ka kite yo kontinye nan peche yo san l pa t korije yo nan fason trè klè. Gen yon moun ki te di: “Jezi te anseye disip li yo pou yo fè menmjan avèk Li: akeyi tout moun men tou, anseye osijè peche, paske renmen mande pou avèti moun osijè sa ki ka blese yo.”24

Pafwa moun ki leve yon vwa avètisman yo, lòt moun konsidere ke yo pote jijman. Men, iwonikman, moun ki deklare ke verite se bagay relatif epi prensip moral se yon zafè preferans pèsonèl yo, se souvan moun sa yo ki pi kritike moun ki pa aksepte sa sosyete a kounyea rele “panse kòrèk” la. Gen yon ekriven ki fè referans ak sa kòm “kilti lawont”:

“Nan yon kilti ki baze sou kilpabilite, ou konnen si w bon ak si w pa bon selon sa konsyans ou santi. Nan yon kilti lawont, ou konnen si w bon oubyen si w mechan selon sa kominote a ap di de ou, si yo onore w oubyen rejte ou. … [Nan kilti lawont la,] lavi moral pa bati sou prensip sa ki bon ak sa k pa bon, li bati sou opinyon apwopo kimoun oubyen kisa yo dwe aksepte oubyen rejte. …

“… Tout moun pèpetyèlman manke asirans nan yon sistèm moral ki baze sou akseptans ak rejè. Pa gen règ pèmanan, sèlman jijman chanjan foul la. Se yon kilti sansiblite egzajere, reyaksyon aleksè, ak panik moral tout tan, kote chak moun santi yo oblije dakò ak opinyon popilè a. … 

“Kilti kilpabilite a te ka rèd men omwen, ou te ka rayi peche a men w toujou renmen pechè a. Kilti modèn lawont la pretann ke l bay akseptans ak tolerans valè, men, li ka etranjman enpitwayab pou moun ki pa dakò ak moun ki pa entegre ladan l yo.”25

An kontras avèk sa, gen “wòch Redanmtè nou an,”26 yon fondasyon lajistis ak vèti ki estab ak pèmanan. Konbyen sa preferab pou n gen lalwa enchanjab Bondye a kote nou ka chwazi ak kontwole destine nou olye nou prizonye anba règ ak kòlè enprevizib popilas medya sosyal yo. Li pi bon pou n konnen verite a pase pou n ap “flote pasi pala, ap kite nenpòt van doktrin pote nou ale.”27 Li pi bon pou nou repanti epi viv selon prensip levanjil yo pase pou n pretann pa gen byen ni mal epi pou n ap deperi anba peche ak remò.

Senyè a deklare: “Vwa avètisman an pral jwenn tout moun, nan bouch disip mwen yo ke m te chwazi nan dènye jou sa yo.”28 Antanke santinèl ak disip, nou pa ka nan netralite nan zafè “fason ki pi ekselan an.”29 Antanke Ezekyèl, nou pa ka wè epe a ap vini nan peyi a epi nou pa “sonnen klewon an.”30 Sa pa vledi ke nou dwe al frape pòt kay vwazen nou an oubyen kanpe nan lye piblik pou n ap rele: “Repanti!” Vrèman, lè nou panse ak sa, nou genyen nan levanjil la sa moun yo, ofon, reyèlman vle a. Konsa, vwa avètisman an jeneralman non sèlman poli, men, nan fraz nan Som nan, li se yon “son jwaye” tou.31

Hal Boyd, editè dopinion Deseret News la te site yon egzanp sou tò sa ka lakoz si tout moun rete an silans. Li te ekri ke, ide maryaj la se ankò yon sijè “deba entelektyèl” pami moun nan lelit yo nan sosyete Amerikèn nan, men maryaj la poukont pa l se pa yon yon sijè deba pou yo nan la pratik. “‘Moun nan lelit yo marye epi yo rete marye epi yo asire yo ke pitit yo jwi benefis yon maryaj estab.’ …Men, pwoblèm nan sèke [yo] gen tandans pou yo pa preche sa yo pratike a.” Yo pa vle “enpoze” l sou moun ki ta ka reyèlman bezwen direksyon moral li yo men, “li petèt lè pou moun ki enstwi epi ki gen fanmi solid yo sispann pretann yo nan netralite, pou yo ka kòmanse preche sa yo pratike konsènan maryaj ak edikasyon timoun yo… [epi] ede kanmarad Ameriken parèy yo anbrase l tou.”32

Nou kwè ke, espesyalman noumenm nan jenerasyon k ap grandi a, jèn ak jèn adilt Senyè a dwe konte sou yo pou siksè travay Li a nan ane k ap vini yo, n ap soutni ansèyman levanjil yo ak prensip Legliz yo an piblik osibyen an prive. Pa abandone moun ki ta ka aksepte laverite yo pèdi echwe nan inyorans. Pa tonbe anba fo nosyon tolerans oswa laperèz la—pè deranjman, dezapwobasyon, oswa menm soufrans. Sonje pwomès Sovè a:

“Benediksyon pou nou, lè moun va joure nou, lè ya pèsekite nou, lè ya fè tout kalite manti sou nou, paske se moun pa m nou ye.

“Fè kè nou kontan, wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.”33

Alafen, nou tout dwe rann Bondye kont pou chwa nou yo ak lavi nou mennen. Sovè a te deklare: “Papa m te voye m pou yo te kapab leve m sou kwa a, e apre yo fin leve m sou kwa a pou m kapab atire tout moun kote m, pou menm jan lèzòm te leve m sou kwa, menm jan an tou pou Papa m leve yo pou yo kanpe devan m, pou yo jije pou zèv yo, kit zèv yo te bon oubyen move.”34

Pandan n ap rekonè sipremasi Senyè a, m ap priye nou nan pawòl Alma yo:

“Epi kounyeya frè m yo, m swete, nan tout fon kè m wi, avèk anpil anksyete ki fè m mal, pou nou ta koute pawòl mwen yo, e pou nou chase peche nou yo, e pou nou pa ranvwaye jou repantans nou an;

“Men, pou nou imilye nou devan Senyè a, pou nou rele non li, pou nou veye e pou nou priye tout tan, pou nou kapab pa tante plis pase nou kapab sipòte, e konsa, pou Lespri Sen an dirije nou … ;

“Pou nou gen lafwa nan Senyè a; pou nou espere gen lavi pou tout tan; pou nou gen lanmou Bondye nan kè nou tout tan pou nou kapab leve nan dènye jou yo, pou nou antre nan repo li.”35

Se pou nou chak kapab di Senyè a, avèk David: “Mwen pa kache jistis ou nan kè mwen; mwen deklare fidelite ou ak sali ou: M pa kache amou ou ak bonte ou ak verite ou pou gwo asanble a. Pa kenbe tand mizèrikòd ou yo … pou mwen, O Senyè.”36 Nan non Jezikri, amèn.