2010–2019
Apresa Jezi te gade l, li te renmen l
Avril 2017


Apresa Jezi te gade l, te renmen l

Nenpòt lè yo mande w fè yon bagay di, panse ak Sènyè a k ap gade w, ki renmen w, epi k ap envite w swiv li.

Sa gen kèk lane mwen te aple, ak madanm mwen, Jacqui, pou prezide sou Misyon Washington Spokane a. Nou te rive nan chan misyon an ak yon melanj laperèz ak kontantman nan rèsponsablite pou travay ak anpil jèn misyonè remakab. Yo te soti nan anpil anviwònman diferan epi te rapidman vin tankou pwòp pitit gason ak pitit fi nou yo.

Malgre pi fò t ap fè bèl bagay, kèk t ap goumen ak gwo atant apèl yo a. Mwen sonje yon misyonè te di m, “Prezidan, mwen jis pa renmen moun.” Plizyè te di m yo manke dezi pou swiv règleman strik misyonè yo. Mwen te enkyete m epi mwen te mande tèt mwen kisa nou te ka fè pou chanje kè kèk misyonè sa yo ki poko te aprann lajwa lè yo obeyisan.

Yon jou pandan m t ap kondwi atravè bèl chan ble woulan an sou fwontyè Washington-Idaho a, mwen t ap koute yon anrejistreman Nouvo Testaman an. Pandan m t ap koute istwa familye jèn gason rich la ki te vin jwenn Sovè a pou mande kisa li dwe fè pou genyen lavi etènèl, Mwen te resevwa yon revelasyon pèsonèl inatandi men pwofon ki kounyeya yon souvni sakre.

Aprè mwen te fin tande Jezi di kòmandman yo epi jèn gason an reponn, li te obsève tout sa yo depi jenès li, Mwen te tande janti koreksyon Sovè a. “Gen yon bagay ou manke:…vann nenpòt sa ou genyen, epi…vini, …swiv mwen.”1 Men pou etònman mwen, mwen te tande pito sis mo anvan pati sa a nan vèsè a mwen sanble pa te janm tande oubyen li anvan. Se te tankou yo te ajoute yo nan ekriti yo. Mwen te etone nan konpreyansyon enspire ki te vin devlope apresa.

Kisa sis mo sa yo ki te gen yon tèl efè pwofon an te ye? Koute pou nou wè si nou ka rekonèt mo sa yo ki aparamman òdinè, nou pa twouve nan lòt Levanjil yo men ki twouve sèlman nan Levanjil Mak la:

“Gen yon moun ki te kouri vin jwenn li…epi te mande l, Bon Mèt, kisa pou m fè pou m ka eritye lavi etènèl?

“Epi Jezi te di l, …

“Ou konnen kòmandman yo, Pa komèt adiltè, Pa tiye, Pa vole, Pa rann fo temwanyaj, Pa fè fwod, Onore manman w ak papa w.

“Epi li te reponn … , Mèt, mwen te obsève tout sa yo nan jenès mwen.

Apresa Jezi konsidere l, li te renmen l, epi te di l, gen yon bagay ou manke: ale lakay ou, vann tout sa ou genyen, epi bay pòv yo, epi w ap gen yon trezò nan syèl la: epi vini, pran kwa w. epi swiv mwen.”2

“Apresa Jezi konsidere l, li te renmen l.

Aprè mwen te tande mo sa yo, yon imaj eklatan te ranpli lespri m pandan Senyè nou an te pran yon poz epi te konsidere jèn gason sa a. Konsidere— 50pandan li t ap gade pwofondman epi ak lapèn nan nanm li, te rekonèt bonte l ak potansyèl li tou, menm jan li t ap dekouvri tou pi gran bezwen li.

Aprè mo senp sa yo—Jezite renmen l. li te santi yon lanmou dominan ak konpasyon pou bon jèn gason sa a, epi akoz lanmou sa a epi ak lanmou sa a, Jezi te menm mande l plis de li. Mwen te imajine ak kisa li ta dwe sanble pou jèn gason sa a te anvlope pa yon lanmou konsa pandan yo t ap mande l fè yon bagay ki te tèlman di pandan li t ap vann tout sa li te posede epi bay pòv yo tout.

Nan moman sa a, mwen te konnen se pa te sèlman kè kèk nan misyonè nou yo ki te bezwen chanje. Se te kè m tou. Kesyon an se pa te sa ankò “ Kòman yon prezidan misyon fristre kapab chanje konpòtman yon misyonè k ap goumen? “Olye de sa , kesyon an te” Kòman mwen ka fè ranpli ak lanmou Kris la pou yon misyonè kapab santi lanmou Bondye atravè mwen ak dezi pou chanje?” Kòman mwen ka konsidere l nan menm fason Senyè a te konsidere jèn gason rich la, wè yo pou moun yo vrèman ye ak moun yo ka vin ye a, pito pase sa y ap fè oubyen sa yo p ap fè? Kòman mwen ka vin plis menm jan ak Sovè a?

“Apresa Jezi konsidere l li te renmen l.”

Apati moman sa a, pandan mwen te chita jenou ak jenou ak yon misyonè k ap goumen ak kèk aspè obeyisans, anndan kèm, mwen te wè kounyeya yon jèn gason oubyen yon jèn fi fidèl ki t ap aji sou dezi pou vin nan yon misyon. Apresa mwen te kapab di ak tout santiman sa yo de yon paran dou3: Èldè oubyen sè, si mwen pa te renmen nou, mwen pa t ap enkyete m de sak pase nan misyon nou an. Men mwen renmen nou anpil, epi paske mwen renmen nou, mwen fè sousi de san nou vin ye. Donk mwen envite nou chanje bagay sa yo ki di pou nou epi vin moun Senyè a vle nou ye a.

Chak fwa mwen te ale nan yon entèvyou misyonè, premyèman mwen te priye pou don charite epi pou mwen te kapab wè chak èldè ak sè menm jan Senyè a wè yo a.

Anvan konferans zòn yo, pandan Sè Palmer ak mwen te salye chak misyonè yonn pa yonn, mwen t ap pran yon poz epi gade yo pwofondman nan je, konsidere yo— yon entèvyou san mo epi san echèk, mwen te ranpli ak gran lanmou pou presye pitit gason ak pitit fi Bondye yo.

Mwen te aprann anpil leson ki ka chanje lavi apati pwofon eksperyans pèsonèl ak Mak chapit 10. Me kat nan leson sa yo mwen kwè ki pral ede nou chak:

  1. Pandan n ap aprann pou wè lòt yo menm jan Senyè a wè yo olye ak pwòp je nou, lanmou nou pou yo pral grandi epi se konsa n ap gen dezi pou ede yo. Nou pral wè potansyèl nan lòt yo, petèt pa wè nan tèt yo. Ak lanmou Kris nou p ap pè pale ak fyète, paske “lanmou pafè chase laperèz.”4 Epi nou p ap janm abandone, sonje sa, sila yo ki pi di bezwen lanmou plis.

  2. Okenn vrè ansèyman oubyen aprantisaj pral janm prodwi lè li fèt nan fristrasyon oubyen kòlè, epi kè p ap chanje kote lanmou pa prezan. Kèlkeswa nou aji nan wòl nou yo antanke paran, enstriktè, oubyen lidè, vrè ansèyman pral pase sèlman nan yon atmosfè konfyans olye de kondanasyon. Fwaye nou yo ta dwe toujou yon zòn sekirize pou timoun nou yo—men pa anviwònman defavorab.

  3. Lanmou pa ta dwe janm anlve lè yon timoun, yon zanmi, oubyen yon manm fanmi echwe nan viv selon atant nou yo. Nou pa konnen kisa ki te pase ak jèn gason rich la aprè li te ale lwen ak soufrans, men mwen konfyan Jezi toujou renmen l pafètman menm si li te chwazi chimen ki pi fasil la. Petèt pi ta nan lavi l, aprè li te twouve gran byen li a, li te sonje epi te li aji sou yon eksperyans sengilye pandan Senyè a t ap gade l, renmen l, epi envite l swiv li.

  4. Paske li renmen nou, Senyè a atann anpil de nou. Si nou mete nou piti, nou pral di byenvini ak envitasyon Senyè a pou repanti, sakrifye, epi sèvi antanke prèv lanmou pafè li a pou nou. Apresa, yon envitasyon pou repanti se yon envitasyon tou pou resevwa don mèvèye a pou padon ak lapè. Sepandan, pa meprize … chatiman Senyè a, ni refize l lè li reprimande nou : paske moun Senyè a renmen, li reprimande yo.”5

Chè frè m ak sè m yo, kounyeya nenpòt lè nou santi yo mande pou nou fè yon bagay di—abandone yon vye abitid oubyen yon adiksyon, mete akote aktivite monn lan, sakrifye yon aktivite nou renmen anpil paske se Saba a , padone yon moun ki te fè nou mal—panse ak Senyè a k ap gade nou, ki renmen nou, epi k ap envite nou kite sa epi swiv li. Epi remèsye l pou paske li renmen nou ase pou envite nou fè plis.

Mwen temwanye de Sovè nou an, Jezikri, epi tann ak pasyans jou lè li pral mete men li yo sou nou chak, gade nou epi antoure nou ak lanmou pafè Li a. Nan non Jezikri, amèn