2010–2019
Yon anvi pou retounen lakay
Oktòb 2017


Yon anvi pou retounen lakay

Vire nanm nou bay limyè a. Kòmanse pwòp vwayaj mèveye nou pou retounen lakay la. Si nou fè sa, lavi nou ap pi bon, pi meyè, e l ap gen plis sans.

Dènyèman, pandan nou te reyini avèk Prezidan Thomas S. Monson, avèk yon gran solanite ak yon vizaj jwaye, li te di nou konbyen li renmen Senyè a epi li konnen Senyè a renmen li. Chè frè m ak sè m yo, mwen konnen Prezidan trè rekonesan pou lanmou nou, pou priyè nou, ak devouman nou pou Senyè a ak levanjil li a.

Boby, chyen ekstraòdinè a

Sa gen yon syèk, yon fanmi nan Oregon t al pase vakans nan Indiana—sou yon distans plis pase 3.200 km lwen lakay yo—epi yo te pèdi chyen byeneme yo a, Bobbie. Tout manm fanmi an te dezespereman chèche chyen an toupatou men yo pa t jwenn ni. Bobbie te pèdi.

Ak kè brize, yo te pran chemen pou retounen lakay yo, chak kilomèt te elwanye yo de bèt sa a yo te renmen an.

Sis mwa apre, fanmi an te sezi lè yo te jwenn Bobbie kanpe devan pòt lakay yo nan Oregon. “Fatige, tou mèg, pye l ize jis nan zo—[li] sanble l te mache sou tout distans lan … poukont li.”1 Istwa Bobbie a te kapte imajinasyon moun nan tout Etazini, epi l te vin koni kòm Bobbie, Chyen ekstraòdinè a.

Bobbie se pa sèl animal ki etone savan lasyans yo avèk sans direksyon ak enstenk etonan li pou jwenn lakay li a. Gen popilasyon papiyon monak ki vwayaje an gwoup sou plis pase 4.800 km chak ane pou y al nan klima ki pi adapte avèk sivi yo. Tòti Leatherback yo travèse Oseyan Pasifik la soti Endonezi pou rive jis nan kot Kalifòni yo. Gwo balèn naje ale vini soti nan dlo frèt Pol Nò ak Sid yo pou ale nan ekwatè a. Petèt, pi enkwayab toujou, gen ti zwazo blan yo ki vole soti depi nan Sèk Aktik la pou fè ale retou ant sèk Aktik pou al Antatik la chak ane, sou prèske 97.000 km.

Lè syantis yo etidye konpòtman fasinan sa a, yo poze kesyon tankou “Kijan yo fè konn ki kote pou yo ale? e “Kijan chak jenerasyon apre yo fè aprann menm konpòtman sa a tou?”

Lè m li dokimantè sou enstenk puisan sa a nan bèt yo, m pa ka anpeche m panse: “Èske l posib pou kretyen vivan gen menm kalite anvi sa a—yon sans direksyon alenteryè, si m ka di—ki atire yo vè fwaye selès yo?”

Mwen kwè ke chak gason ak chak fi ak chak timoun konn santi apèl syèl la nan yon moman kèlkonk nan lavi l. Byen fon andedan nou, gen yon anvi pou n ta lonje lamen ale odela vwal la pou n anbrase Paran Selès nou te konnen ak renmen yon fwa yo.

Gen moun ki gen dwa toufe anvi sa a epi yo andòmi nanm yo pou pa tande apèl li. Men moun ki pa etenn limyè enteryè sa a andedan yo a kapab antreprann yon vwayaj enkwayab—yon migrasyon mèveye pou al nan wotè selès.

Bondye rele ou

Mesaj siblim Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo sèke Bondye se Papa nou, Li sousye pou nou, e gen yon mwayen pou n retounen al jwenn ni.

Bondye rele ou.

Bondye konn chak panse w, chak chagren ou, ak chak nan pi gwo espwa ou. Li konnen pil fwa ou konn chèche L yo. Pil fwa ou konn kriye nan solitid yo. Pil fwa ou konn santi w enpuisan, twouble, oswa an kòlè yo. Pil fwa ou echwe yo.

Men, kèlkeswa istwa ou—si w febli, ou santi w brize, plen amètim, trayi, oswa kraze—konnen ke w pa poukont ou. Bondye toujou ap rele w.

Sovè a lonje lamen ba ou. Epi, jan l te fè pou pechè pwason yo ki te bò Lanmè Galile a, avèk yon amou enfini, Li di ou: “Vini, suiv mwen.”2

Si w vle koute L, L ap pale avèk ou jodia menm.

Lè w kòmanse mache sou chemen disip la—lè w kòmanse avanse al jwenn Pè Selès la—gen yon bagay andedan w k ap konfime w ke ou tande apèl Sovè a epi ou fikse kè w sou limyè a. L ap di w ke w sou bon chemen an, e w ap retounen lakay ou.

Depi kòmansman tan yo, pwofèt Bondye yo toujou ap egzòte moun nan epòk yo a pou yo “koute vwa Senyè a, Bondye ou, …. kenbe kòmandman l yo ak règleman l yo … [epi] tounen vin jwenn ni ak tout kè yo, ak tout nanm yo.”3

Ekriti yo anseye nou yon pakèt rezon ki fè nou dwe fè sa.

Jodia, kite m mansyone de rezon k fè nou dwe vin jwenn Senyè a.

Premyèman: lavi nou ap vin pi bon.

Dezyèmman: Bondye ap itilize nou pou rann lavi lòt moun pi bon.

Lavi w ap vin pi bon

Mwen temwaye ke lè nou anbake oubyen nou pèsevere nan vwayaj enkwayab sa a ki mennen al jwenn Bondye a, lavi nou ap vin pi bon.

Sa pa vledi nou p ap rankontre tribilasyon nan lavi nou. Nou tout konn anpil disip fidèl Kris la ki soufri anba trajedi ak enjistis—Jezikri Limenm te soufri plis pase tout moun. Menmjan Papa a fè “solèy leve ni pou mechan ni pou bon moun nan,” se konsa tou Li pèmèt advèsite teste ni jis la ni moun ki pa jis la.4 Anfèt, pafwa sanble lavi nou pi difisil paske n ap eseye selon lafwa nou.

Non, suiv Sovè a p ap fè tout eprèv nou disparèt. Men, l ap disparèt obstak ant noumenm ak èd Pè Selès nou an vle ba nou an. L ap mache avèk nou. L ap dirije pa nou. L ap mache bò kote nou e menm pote nou anlè lè nou plis bezwen an.

Nou va goute fwi siblim Lespri a: “lanmou, lajwa, lapè, andirons, jantiyès, bonte, [ak] lafwa.”5

Fwi spirityèl sa yo pa pwodui pa pwosperite materyèl, reyisit, oswa lachans. Nou resevwa yo lè nou suiv Sovè a, epi yo ka rete èd fidèl pou nou menm nan mitan pi gwo tanpèt yo.

Dife ak efèvesans lavi mòtèl yo ka menasan e efreyan, men moun ki apiye sou Bondye ak tout kè yo ap antoure ak lapè Li. Lajwa yo pap diminye. Yo pa p santi yo abandone ni bliye.

Ekriti yo anseye: “Mete konfyans ou nan Senyè a ak tout kè w;” “pa gade sou sa w konnen. Toujou chèche Senyè a nan tout sa w ap fè, e li va montre w chemen pou w pran.”6

Moun ki koute apèl enteryè sa a epi ki chèche Bondye yo, moun ki priye, ki kwè, e ki mache sou chemen disip la—menmsi yo bite sou chemen an pafwa—y ap resevwa asirans konsolatè pou fè yo konnen “tout bagay ap travay ansanm pou byen [yo].”7

Paske Bondye “bay moun ki fatige a fòs epi li bay moun ki febli a kouraj.”8

“Paske menmsi jis la tonbe sèt fwa, l ap leve ankò.”9

Epi Senyè a nan bonte Li mande:

“Èske nou vle konnen lajwa dirab?

Èske w anvi santi lapè ki depase tout konpreyansyon an andedan kè w?10

Enben, vire nanm ou bay limyè a.

Kòmanse pwòp vwayaj pa w pou retounen lakay la.

Si w fè sa, lavi w ap vin pi bon, l ap pi meyè epi l ap gen plis sans.

Bondye ap itilize ou

Nan vwayaj ou pou retounen al jwenn Pè Selès la, w ap vin vit reyalize ke vwayaj sa a se pa sèlman viv pwòp lavi ou. Non, chemen sa a inevitabman mande pou w yon benediksyon nan lavi lòt pitit Bondye yo—frè w ak sè w yo. Epi, sa k enteresan apwopo vwayaj sa a, sèke pandan w ap sèvi Bondye a, epi pandan w ap pran swen ak ede pwochen ou, w ap wè gwo pwogrè k ap fèt nan pwòp lavi pa w, nan fason w pa t ap janm ka imajine.

Petèt ou pa konsidere tèt ou kòm yon moun ki itil; petèt ou pa konsidere tèt ou kòm yon benediksyon nan lavi yon lòt moun. Souvan, lè nou gade tèt nou, nou wè limitasyon nou ak feblès nou yo sèlman. Nou ka panse nou dwe “plis” yon bagay pou Bondye itilize nou—plis entelijan, pi rich, pi atiran, pi kaptivan, pi spirityèl. Benediksyon yo ap vini non pa poutèt konpetans nou men akoz chwa n ap fè. Epi Bondye inivè a ap travay andedan nou e atravè nou, pou mayifye enb efò nou yo pou objektif li.

Travay li toujou avanse selon prensip enpòtan sa a: “Se nan ti bagay, sa ki gran soti.”11

When writing to the Saints in Corinth, the Apostle Paul observed that not many of them would be Lè l te ekri Sen nan Korent yo, Apot Pòl te fè yo remake ke se pa anpil nan yo moun ta pral konsidere kòm moun saj selon prensip mond lan. Men, sa pa t gen enpòtans, paske “Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l fè sa k santi yo puisan yo wont.”12

Istwa travay Bondye a ranpli ak moun ki te konsidere tèt yo kòm moun enkonpetan. Men yo te sèvi enbleman, yo te repoze sou gras Bondye ak pwomès Li: “Bra yo pral bra pa m, epi m pral pwoteksyon yo …, epi yo pral goumen tankou gason pou mwen; epi [m ap] prezève yo.”13

Pandan ete k sot pase a, fanmi m te gen bèl opòtinite pou n te vizite kèk nan premye sit istorik Legliz yo nan Lès Etazini. Nan yon fason spesyal, nou te reviv istwa epòk sa a. Moun mwen te konn li istwa yo—moun tankou Martin Harris, Oliver Cowdery, ak Thomas B. Marsh—te vin pi reyèl pou mwen pandan m t ap mache kote yo te mache e medite sou sakfiris yo te fè pou bati wayòm Bondye a.

Yo te gen anpil kalite ki te pèmèt yo pote kontribisyon siyifikan nan Retablisman Legliz Jezikri a. Men yo sete imen tou, moun fèb, ki pa t pafè tou—menmjan ak noumenm avèk mwen. Gen kèk ki te tonbe an dezakò avèk Pwofèt Joseph Smith e yo te kite Legliz la. Nan apre, anpil nan menm moun sa yo te vin gen yon chanjman kè, yo te imilye tèt yo, epi you te retounen vin nan konpayi Sen yo ankò.

Nou ka gen tandans pou n jije frè sa yo ak lòt ki menmjan avèk yo. Nou gen dwa di: “M pa t ap janm abandone Pwofèt Joseph.”

Pandan ke se ka vre, nou pa vrèman konnen kijan sa te ye pou yon moun te viv nan epòk sa a, nan sikonstans sa yo. Non, yo pa t pafè, men ala sa ankourajan dèske n konnen Bondye te kapab itilize yo kanmèm. Li te konn fòs yo ak feblès yo, e Li te ba yo opòtinite ekstraòdinè pou yo te pote yon kouplè oswa yon melodi nan kantik gloriye Retablisman an.

Ala sa ankourajan pou n konnen, malgre nou pa pafè, si kè nou panche sou Bondye, L ap plen jenewozite ak bonte pou nou epi l ap itilize nou pou ranpli objektif li.

Moun ki renmen ak sèvi Bondye ak pwochen yo, e ki enbleman e aktivman patisipe nan travay li a, y ap wè bagay mèveye rive nan lavi yo ak nan lavi moun yo renmen yo.

Pòt ki te sanble yo fèmen ap louvri.

Zanj aprale devan yo pou prepare chemen an.

Kèlkeswa pozisyon ou nan kominote ou oubyen nan Legliz la, Bondye ap itilize w si w dispoze. L ap mayifye dezi jis ou yo e fè aksyon w ap simen yo tounen vin yon bèl rekòt bonte.

Nou pa ka ale la sou pilòt otomatik

Nou chak, chak grenn nan nou, “se etranje ak pèleren”14 nan mond sa a. Nan plizyè fason, nou lwen lakay nou. Men sa pa vledi pou nou santi nou pèdi ni santi nou sèl.

Papa byeneme nou an ki nan Syèl la banou Limyè Kris la. Epi, andedan nou chak gen yon pouse selès ki fè nou santi pou nou vire je nou ak kè nou ba li pandan n ap fè pèlerinaj pou retounen nan fwaye selès nou an.

Sa mande efò. Nou pa ka rive san eseye aprann nan men li , konprann enstriksyon l yo, aplike yo epi mete yon pye devan lòt.

Non, lavi a se pa yon machin otomatik ki kondui tèt li. Se pa yon avyon ki sou pilòt otomatik.

Ou pa ka jis flote sou dlo lavi yo epi gen konfyans ke kouran an ap mennen w kote ou espere ale a. Disip mande pou w naje kont kouran an.

Okenn lòt moun pa responsab vwayaj pèsonèl ou. Sovè a ap ede w e prepare chemen an devan ou, men angajman pou suiv li a ak kenbe kòmandman l yo dwe soti nan ou. Sa se responsablite oumenm sèlman, privilèj pa w sèlman.

Sa se gran avanti w la.

Tanpri, koute apèl Sovè w la.

Suiv li.

Senyè a etabli Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo pou ede w nan angajman sa a pou sèvi Bondye ak pwochen w lan. Objektif li se pou ankouraje ou, anseye w, edifye w, ak enspire ou. Legliz mayifik sa a ba ou opòtinite pou w montre konpasyon, pou w lonje lamen bay lòt, ak pou w renouvle ak kenbe alyans sakre. Li la pou beni lavi w ak amelyore fwaye ou, kominote ou, ak peyi ou.

Vini, vin jwenn avèk nou epi fè Senyè a konfyans. Ofri talan ou pou fè travay mèveye l la. Lonje lamen, ankouraje, geri, e sipòte tout moun ki anvi santi ak koute anvi pou retwouve fwaye etènèl nou an. Annou mete n ansanm nan pèlerinaj gloriye sa a pou n al nan domèn selès yo.

Levanjil la se yon mesaj espwa ak bonè ekstraòdinè. Li se chemen ki mennen nou lakay la.

Pandan n ap anbrase levanjil la nan lafwa ak aksyon, chak jou ak chak èdtan, n ap rapwoche yon ti kras pi pre Bondye nou an. Lavi nou ap vin pi bon, epi Senyè a ap itilize nou nan fason remakab pou beni moun bò kote nou e reyalize bi etènèl li yo. Konsènan sa m temwaye nan non sakre Jezikri, amèn.