2010–2019
Mache avèk Bondye epi Repare brèch la
Oktòb 2017


Mache avèk Bondye epi Repare brèch la

Kris la gen pouvwa pou l mennen nou nan yon kominyon eman avèk Papa a epi avèk youn lòt.

Nou bezwen kontinyèlman apwofondi konesans nou sou Pè Selès la ak obeyisans nou anvè li. Relasyon nou avèk li etènèl. Nou se pitit byeneme li, epi sa p ap chanje. Kijan nou pral aksepte ak tout kè nou envitasyon l lan pou nou rapwoche de li a epi konsa jwi benediksyon li anvi ba nou yo nan lavi sa a ak nan lavi k ap vini an?

Senyè a te di Izrayelit yo otrefwa, epi li di nou: “Wi, Mwen renmen ou avèk yon lanmou etènèl; se poutèt sa, m ap toujou aji byen avèk nou.”1 An palan tankou Papa a, li te di nou tou: “Ou va demere nan mwen, epi mwen menm nan ou menm; se poutèt sa, mache avèk mwen”?2 Èske nou fè l ase konfyans pou nou demere avèk li epi mache avèk li?

Nou isit sou tè a pou n aprann ak pwogrese, epi, pwogresyon ak aprantisaj ki pi enpòtan an ap soti nan lyen alyans nou avèk Pè Selès la ak Jezikri. Nan relasyon fidèl nou avèk yo a, n ap jwenn konesans, lanmou, ak yon pi gwo kapasite pou n sèvi lòt moun.

“Nou gen devwa pou n aprann tout sa Bondye revele osijè limenm.”3 Nou dwe konprann ke Bondye Papa a te òdone Pitit Gason l lan, Jezikri, pou l te kreye tè a pou pwogresyon nou, Pè Selès la te bay Pitit Gason l lan pou l te peye demann lajistis yo pou sali nou, epi pouvwa prètriz Papa a ak vrè Legliz Pitit Gason an avèk òdonans nesesè yo te retabli pou benediksyon nou. Èske nou ka santi pwofondè lanmou ki te genyen nan preparasyon sa yo pou lajwa nou ak pwogresyon nou an? Nou bezwen konnen ke plan sali Papa nou ki nan syèl la se pou nou obeyi lwa ak òdonans levanjil yo ak pou nou jwenn lavi etènèl epi konsa, vin jan Bondye ye a.4 Sa se vrè bonè dirab Pè Selès la ofri nou. E pa gen okenn lòt vrè bonè dirab ki egziste.

Pwoblèm nou yo detounen nou sou chemen bonè sa a. Nou ka pèdi koneksyon konfyans nou avèk Bondye si eprèv yo fè nou dewoute olye ke yo fè n mete nou sou jenou nou.

Senp kouplè sa a mande nou pou nou egzamine priyorite nou:

Gen bagay ki enpòtan, genyen ki pa enpòtan.

Gen kèk bagay ki dirab, men laplipa bagay pa dirab.5

Sè m yo, kisa ki enpòtan pou nou? Kisa ki dirab pou nou? Zafè valè dirab la pou Papa a sèke nou aprann de li, nou vin enb, epi nou pwogrese nan obeyi li atravè eksperyans terès yo. Li vle pou nou chanje egoyis nou fè l vin tounen sèvis epi laperèz nou yo pou fè yo vin tounen lafwa. Kesyon sa yo n ap poze tout tan yo kapab mete nou aleprèv jis nan zo.

Se kounyeya menm, avèk limitasyon mòtèl nou yo, Papa a mande nou pou nou renmen lè renmen pi difisil la, pou nou sèvi lè sèvis la deranje nou, pou n padone lè nou oblije depase tèt nou pou n fè sa. Kijan? Kijan nou pral fè sa? Nou onètman chèche èd Pè Selès la, nan non Pitit Gason l lan, epi nou fè bagay yo nan fason pa li olye ke, poukont nou epi avèk ògèy, nou fè yo nan pwòp fason pa nou.

Imaj
Po dlo

Mwen te pran konsyans ke m te gen ògèy lè Prezidan Ezra Taft Benson te pale sou pwòpte veso enteryè nou an.6 M te imajine tèt mwen tankou yon po. Kijan m ta pral retire kras lògèy la nan po m nan? Fòse tèt mwen pou m gen imilite epi fòse tèt mwen pou m renmen lòt moun se bagay ki pa sensè, ki vid, e sa senpleman pa p mache. Peche ak erè nou yo kreye yon brèch oswa yon brèch ant noumenm ak sous tout lanmou an, Papa nou ki nan Syèl la.

Se sèlman Ekspyasyon Sovè a ki ka pwòpte nou soti anba peche nou epi bouche brèch sa a.

Nou tout ta renmen Pè Selès la ansèkle nou nan bra lanmou ak gidans li, epi konsa, nou mete volonte li anpremye epi avèk yon kè brize, nou sipliye Kris la pou l devèse flo dlo pirifikatè a nan po nou an. Li gen dwa vini gout pa gout toudabò, men, amezi n ap chèche, n ap mande epi n ap obeyi, l ap vini an plis abondans. Dlo vivan sa a ap kòmanse ranpli nou, epi, ranpli avèk amou li, nou ka panche po nanm nou an pou nou pataje dlo k ladann nan avèk lòt moun ki swaf gerizon, lespwa, e ki anvi yo aksepte yo. Amezi veso enteryè nou an ap vin pwòp, relasyon terès nou yo ap kòmanse geri.

Sakrifis ajanda pèsonèl nou yo mande pou nou fè plas pou plan etènèl Bondye yo. Sovè a, ki pale pou Papa a, priye nou pou nou “Pwoche kote m epi m ap pwoche kote nou.”7 Pwoche kote Bondye kapab vledi aprann verite l yo atravè ekriti yo, suiv konsèy pwofèt li yo, epi efòse pou n konnen Li pi totalman.

Èske nou konprann Kris la gen pouvwa pou fè nou vin gen bon relasyon eman avèk Papa a epi youn ak lòt? Pa pouvwa Sentespri a, li kapab ba nou konpreyansyon nou bezwen nan relasyon nou avèk lòt.

Yon enstriktè Primè te rakonte m yon eksperyans li te fè avèk klas tigason onzan l yo. Youn nan yo, m ap rele l Jimmy, sete yon solitè ki pa t janm patisipe nan klas la. Yon jou Dimanch, enstriktè a te santi l enspire pou l te mete leson an akote pou l te ka di poukisa li te renmen Jimmy. Li te eksprime rekonesans li ak konfyans li nan jènjan sa a. Epi enstriktè a te mande manm klas yo pou yo te di Jimmy yon bagay yo te apresye nan li. Pandan ke, youn pa youn, manm klas yo t ap di Jimmy poukisa li te spesyal pou yo a, Jimmy te bese tèt li epi dlo te kòmanse koule nan je li. Enstriktè sa a ak klas la te bati yon pon pou rive nan kè solitè Jimmy an. Senp lanmou, sensèman eksprime, bay lòt moun espwa ak valè. Mwen rele sa “repare brèch la oubyen vid la.”

Lavi nou nan yon mond premòtèl eman se petèt sa ki fè nou gen yon anvi pou lanmou vrè ak dirab isit sou tè a. Nou divinman kreye pou n bay lanmou e resevwa lanmou, epi lanmou ki pi pwofon nou an vini lè nou fè youn avèk Bondye. Liv Mòmon an envite nou pou n “rekonsilye nou avèk [Bondye] pa mwayen ekspyasyon Kris la.”8

Ezayi te pale de moun ki fidèlman aplike lwa jèn nan epi ki, konsa, vin tounen yon “reparatè brèch” pou posterite yo. Yo se moun, Ezayi pwomèt, ki pral “repare kay ki kraze yo.”9 Nan menm fason an, Sovè a te repare brèch ant noumenm avèk Pè Selès la. Pa mwayen sakrifis ekspyatwa l la, li louvri chemen pou nou patisipe nan lanmou Bondye epi avèk lanmou sa a, pou n repare “bagay ki kraze” nan lavi pèsonèl nou yo. Pou konble distans emosyonèl ki separe nou chak la, nou bezwen aksepte lanmou Bondye, ansanm avèk sakrifis tandans natirèl nou genyen pou nou egoyis ak santi laperèz yo.

Yon jou swa memorab, yon manm fanmi m avèk mwen pa t dakò sou yon sijè politik. Devan tout moun, li te kouri kritike tout kòmantè m te fè, pou l te pwouve manm fanmi ki t ap koute yo ke m pa t gen rezon. M te santi m bèt e mal enfòme—e siman sete vre. Jou swa sa a, lè m te mete ajenou pou m te priye, m te kouri eksplike Pè Selès la kijan paran sa a te difisil! M te pale san rete. Petè m te fè yon ti poz nan plenyen m yo pou yon minit, epi Sentespri a te gen yon chans pou l te kapte atansyon mwen—paske, avèk etonman, m te twouve m ap di apresa: “Siman ou vle pou m renmen li.” Renmen li? M te kontinye priye, m te di yon bagay tankou: “Kijan m ka fè renmen li? M pa panse m ap janm ka renmen l. Kè m andisi, epi santiman m blese. M pa p kapab.”

Epi, siman ak èd Lespri a, m te gen yon nouvo panse ki te di m: “Men, oumenm, ou renmen li, Pè Selès. Èske w ka ban m yon ti kal nan lanmou w gen pou li a—pou m ka renmen l tou?” Santiman rankè m nan te adousi, epi m te kòmanse santi vrè valè Pè Selès la te wè nan moun sa a. Ezayi ekri: “Senyè a panse blesi pèp li a, epi li geri kote yo blese a.”10

Avèk letan, brèch ki te gen antrenou an te vin fèmen. Men, menmsi l pa t aksepte chanjman kè m nan, m te aprann ke Pè Selès la ap pèmèt nou renmen menm moun nou panse ki difisil pou moun renmen yo si nou priye pou mande èd li. Ekspyasyon Sovè a se yon kanal pou devèse charite konstan Papa nou ki nan syèl la. Nou dwe chwazi pou nou demere nan amou sa a pou n ka gen charite pou tout moun.

Lè nou ofri Papa a ak Pitit Gason la kè nou, nou chanje mond nou—menmsi sikonstans bò kote nou yo pa chanje. Nou rapwoche kot Pè Selès la epi nou santi ke l aksepte efò n ap fè pou nou vin vrè disip Kris la. Disènman nou, konfyans nou, ak lafwa nou ogmante.

Mòmon di nou pou nou priye avèk tout enèji kè nou pou lanmou sa a epi l ap devèse sou nou soti nan sous li—Papa nou ki nan Syèl la.11 Se sèlman lè sa a n ap kapab vin reparatè brèch nan relasyon terès nou yo.

Lanmou enfini Papa nou an rive vin jwenn nou, pou mennen nou retounen nan laglwa li ak lajwa li. Li te bay Sèl Pitit Gason Literal Li a, Jezikri, pou repare brèch ki kreye gwo vid ant noumenm avèk lmenm yo. Reyinyon avèk Papa nou ki nan Syèl la se esans lanmou dirab ak objektif etènèl. Nou dwe fè koneksyon avèk li kounyeya pou n ka aprann kisa ki reyèlman konte, pou n ka renmen jan l renmen an epi pwogrese pou n viv menmjan avèk li. Mwen temwaye ke relasyon fidèl nou avèk Pè Selès la ak Sovè a etènèlman konte pou yo ak pou nou. Nan non Jezikri, amèn.