2010–2019
Separe, men toujou fè yonn
Oktòb 2017


Separe, men toujou fè yonn

Nan legliz la, malgre diferans nou yo, Senyè a vle pou nou fè youn!

Yon jou nan mwa Jen 1994 la, m t ap kondui avèk enpasyans sot nan travay mwen pou m te retounen lakay pou m t al match foutbòl ekip nasyonal nou an t ap jwe nan Koup di mond lan. Tousuit apre m te kòmanse fin derape, m te wè yon mesye nan yon chèz woulant byen lwen sou twotwa ki t ap avanse byen vit, e m te remake chèz woulant lan te gen yon drapo Brezilyen sou li. M te konnen nan moman an ke li t ap kouri al lakay pou l t al gade match la tou!

Lè nou te kwaze epi je nou te rankontre; pandan yon fraksyon segond, m te santi yon pwofon santiman inite avèk mesye sa a! Nou ta prale nan direksyon diferan, nou youn pa t konn lòt, epi kondisyon fizik ak sosyal nou te parèt trè diferan, men, menm pasyon nou pou foutbòl la ak lanmou nou pou peyi nou te fè nou santi n fè youn nan moman sa a! Mwen pa t janm wè mesye sa a ankò men, jodia, dè dizèn ane apre, mwen ka ankò wè rega sa a e santi koneksyon pwofon an avèk mesye sa a. Apretou, nou te ranpòte match la ak koup dimond lan ane sa a!

Nan Legliz la, malgre diferans nou yo, Senyè a vle pou nou fè youn! Li te di nan Doktrin ak Alyans yo : “Nou dwe fè youn; epi si nou pa fè youn, nou pa moun pa mwen.”1

Lè nou tout antre nan yon chapèl pou nou adore an gwoup, nou dwe kite diferans nou yo dèyè, enkli diferans rasyal, nivo sosyal, preferans politik, ak diferans akademik ak pwofesyonèl yo, epi olyesa, nou dwe konsantre nou sou objektif spirityèl nou gen ansanm yo. Ansanm, nou chante kantik, nou medite sou menm alyans yo pandan sentsèn nan, epi nou di “amèn” ansanm, byen fò, apre diskou, leson, ak priyè yo—sa ki vle ke nou tout dakò avèk sa yo te di yo.

Bagay sa yo nou fè ansanm yo ap ede kreye yon santiman inite nan kongregasyon an.

Sepandan, sa ki reyèlman detèmine, solodifye, oubyen detwi inite nou se fason nou aji lè nou separe avèk lòt manm Legliz yo. Jan nou tout konnen, li inevitab epi l nòmal pou nou youn pale de lòt.

Depandan de sa nou chwazi pou nou di youn osijè lòt, pawòl nou yo ap oubyen fè “kè nou koud ansanm nan inite,”2 jan Alma te anseye moun ki te batize nan Dlo Mòmon yo, oubyen y ap wonje lanmou, konfyans, ak bòn volonte ki ta dwe ekziste pami nou an.

Gen kòmantè ki ka sibtilman detwi inite, kòmantè tankou “Wi, li se yon bon evèk; men, ou te dwe wè lè l te jèn gason!”

Yon vèsyon pi konstriktif nan konvèsasyon sa a se ka: “Evèk la sitèlman bon, epi li reyèlman pran anpil matirite ak sajès pandan ane k pase yo.”

Souvan, nou mete etikèt pèmanan sou moun lè nou di konsa: “Prezidant Sosyete Sekou nou an se yon ka pèdi; tèt li tèlman di!” Olye desa, nou ta kapab di: “Sèjousi, prezidant Sosyete Sekou nou an sanble l pa pòte l twò byen; petèt l al travèse kèk moman difisil. annou ede l ak soutni li!”

Frè ak sè m yo, nou pa gen dwa pou nou konsidere pèsonn, notamman moun n ap kotwaye nan Legliz nou an, kòm yon move pwodui ki fini! Okontrè pawòl nou konsènan sanblab nou yo ta dwe reflete kwayans nou nan Jezikri ak nan Sakrifis Ekspyatwa L la, ki vledi ke nan Li e atravè li, nou kapab toujou amelyore nou!

Gen kèk manm ki kòmanse kritike e ekate yo de dirijan Legliz yo ak lòt manm yo pou ti bagay ki san enpòtans.

Sa sete sityasyon yon moun ki te rele Simonds Ryder, ki te vin manm Legliz la an 1831. Apre l te li yon revelasyon konsènan limenm, li te twouble dèske l te wè yo te mal ekri non li, yo te ekri Rider, avèk lèt i olye de y. Apre bagay sa a, li te vin gen dout osijè pwofèt Joseph pou mande si l sete yon pwofèt toutbon epi, alafen, sa te mennen l nan patisipe nan pèsekisyon kont pwofèt la epi l te kite legliz la e tonbe nan apostazi.3

Li pwobab ke yon nan yon moman kèlkonk noumenm tou nou gen dwa resevwa kèk koreksyon nan men dirijan eklezyastik nou yo, ki pral yon tès pou wè kòman nou ini avèk yo.

Mwen te gen onzan, men m sonje ke, 44 ane desa, yo te oblije fè gwo renovasyon nan chapèl kote fanmi m te konn al legliz la. Anvan reparasyon sa a te kòmanse, te gen yon reyinyon avèk dirijan entèrejyon yo ak dirijan lokal yo kote yo te pale sou ki fason manm yo t ap ka patisipe nan travay sa a. Papa m, ki te prezide sou inite sa a pandan dèzane, te eksprime opinyon li trè fèm kote l te di sete yon pwofesyonèl ki ta dwe fè travay sa a e non pa moun ki te amatè.

Non sèlman yo te rejte opinion l lan, men, nou te aprann ke yo te reprimande l sevèman an piblik nan okazyon sa a. Papa m sete yon moun ki te devwe l totalman pou Legliz la epi l sete yon ansyen sòlda, an Ewòp, nan Dezyèm Gè Mondyal la, ki te abitye reziste ak batay pou sa l te kwè! Nou te mande tèt nou ki reyaksyon l ta pral fè apre ensidan sa a. Èske l t ap pèsiste defann opinyon l lan e kontinye opoze a desizyon yo te deja pran an?

Nou te konn wè kèk fanmi nan pawas nou an ki te febli nan levanjil la epi ki te sispann asiste reyinyon yo paske yo pa t kapab rive fè yonn avèk moun ki t ap dirije yo. Mwenmenm, m te egalman konn wè anpil nan jèn zanmi m yo nan Primè ki pa t rete fidèl pandan yo te jèn paske paran yo te toujou ap kritike manm andedan legliz la.

Men, pap m te deside pou l te rete ini avèk lòt Sen parèy li yo. Kèlke jou apre, pandan manm pawas yo te reyini pou te ede nan konstriksyon an, li te “envite” fanmi an pou nou t al nan chapèl la avèk li, kote nou te pwopoze tèt nou pou ede nan nenpòt ki fason.

Mwen te fache anpil. M te anvi mande li: “Papa, poukisa nou oblije al pwopoze èd nou nan konstriksyon an si w te kont lefèt ke yo t ap mande manm yo pou yo fè l.” Men, ekspresyon vizaj li pa t ankouraje m poze kesyon sa a. M te bezwen santi m byen pou lè yo t ap rekonsakre chapèl la. Konsa, erezman, m te deside fèmen bouch mwen epi m te tou senpleman al patisipe nan renovasyon an.

Papa m pa t gen tan wè nouvo chapèl la fini paske l te mouri anvan travay sa a te fini. Men, sou direksyon manman m, fanmi an te kontinye patisipe nan travay la jiskaske l te fini, epi, sa te kenbe nou ini avèk papa m, ak lòt manm Legliz yo, ak dirijan nou yo, e pi enpòtan, avèk Senyè a!

Jis kèlke moman anvan soufrans atwòs li nan Jetsemani an, kote Jezi t ap priye Papa l pou Apot li yo ak nou tout, sen yo, Li te di, “Pou yo tout ka vin fè yonn, menmjan oumenm, Papa, ou nan mwen epi m nan Ou a.”4

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke si nou deside pou nou fè youn avèk manm yo ak dirijan yo nan Legliz la—lè nou rasanble ansanm, e espesyalman, lè nou separe,—n ap santi nou pi pafètman ini avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a. Nan non Jezikri, amèn.