2010–2019
Pòtè limyè selès
Oktòb 2017


Detantè limyè selès

Antanke detantè prètriz Bondye a e antanke disip Jezikri, ou se yon detantè limyè.

Yon granmoun te kanpe nan liy nan biwo lapòs la pou l t al achte tenb sou kontwa a. Yon jèn dam te remake ke l t ap mache avèk difikilte epi li te ofri l pou l te montre l kijan pou l te achte tenb yo nan yon machin pou l te ka ekonomize tan. Granmoun nan te reponn ni: “Mèsi bokou, men m prefere ret tann. Machin nan p ap mande m kòman m ye avèk doulè m yo.”

Pafwa sa ede anpil lè nou ka pale avèk yon moun ki sousye de pwoblèm nou.

Doulè, chagren ak maladi se eksperyans nou tout pataje---moman advèsite, mizè ak malchans yo kapab adisyone e vin pran yon plas konsiderab andedan nanm nou.

Kanta pou byennèt fizik nou, nou aksepte vyeyès ak maladi kòm bagay ki fè pati vwayaj nou nan mòtalite a. Nou chèche konsèy nan men pwofesyonèl ki konprann kò fizik la. Lè n ap soufri anba twoub emosyonèl oswa maladi mantal, nou chèche èd spesyalis ki trete kalite maladi sa yo.

Menmjan nou rankontre eprèv fizik ak emosyonèl nan mòtalite sa a, se konsa tou nou rankontre pwoblèm spirityèl. Laplipa nan nou konn pase pa moman nan lavi nou kote temwanyaj nou byen klere. Nou gen dwa konn dè moman tou kote Pè Selès sanble l byen lwen nou. Gen moman kote nou apresye bagay lespri yo avèk tout kè nou. Ka gen moman tou kote yo parèt mwen presye oubyen yo gen mwens enpòtans.

Jodia mwen vle pale de byennèt spirityèl---sou fason nou kapab jwenn gerizon nan mank nou yo epi mache sou yon chemen sante dinamik ak spirityèl.

Maladi spirityèl

Pafwa maladi spirityèl yo vini kòm rezilta peche oubyen blesi emosyonèl. Pafwa, degradasyon spirityèl yo vini si gradyèlman ke nou apèn reyalize sa k ap pase a. Tankou kouch yon woch sedimantè, doulè ak chagren spirityèl yo kapab akimile avèk letan, epi peze sou lespri nou jiskaske yo vin prèske twò lou pou nou pote. Paregzanp, sa kapab rive lè responsablite nan travay nou, lakay nou ak nan legliz la vin sitèlman akablan ke nou pa wè lajwa levanjil la ankò. Nou gen dwa menm santi ke nou pa gen anyen pou nou ofri ankò oubyen nou santi ke suiv kòmandman Bondye yo sanble depase fòs nou.

Men, jis paske eprèv spirityèl yo reyèl la pa vle di ke yo pa gen tretman.

Nou kapag geri spirityèlman

Menm blesi spirityèl ki pi pwofon yo---wi, menm sa ki sanble yo pa gen tretman yo---kapab geri.

Chè zanmi m yo, pouvwa gerizon Jezikri a pa absan nan epòk pa nou an.

Touch gerizon Sovè a kapab transfòme lavi nan epòk pa nou an menmjan sa te fèt nan epòk pa l yo. Si nou gen lafwa, l ap pran men nou, l ap ranpli nanm nou ak limyè ak gerizon selès, epi l ap di nou pawòl beni sa yo: “Leve, pran kabann ou, epi mache.”1

Fènwa ak Limyè

Kèlkeswa sa ki koz pwoblèm spirityèl nou yo, yo tout gen yon bagay an komen: absans limyè divin nan.

Tenèb diminye kapasite nou pou nou wè klè. Li febli vizyon nou sou sa ki yon fwa te senp epi klè. Lè nou nan fènwa, nou gen plis tandans fè move chwa, paske nou pa ka wè danje yo sou chemen nou. Lè nou nan fènwa, nou plis gen tandans pèdi espwa, paske nou pa ka wè lapè ak lajwa k ap tann nou si nou kontinye avanse avèk fèmte.

Yon lòtbò, limyè pèmèt nou wè bagay yo jan yo reyèlman ye. Li pèmèt nou fè distenksyon ant verite avèk erè, ant sa ki enpòtan ak sa ki san enpòtans. Lè nou nan limyè, nou ka fè bon chwa ki baze sou prensip ki vrè. Lè nou nan limyè, nou gen yon “esperans pafètman klè”2 paske nou ka wè eprèv terès nou yo nan yon pèspektiv etènèl.

N ap jwenn gerizon spirityèl si nou elwanye tèt nou de tenèb mond lan epi nou nan limyè etènèl Kris la.

Plis nou konprann e aplike konsèp doktrinal limyè a, se plis n ap pwoteje tèt nou kont maladi spirityèl k ap aflije nou oubyen twouble nou toupatou yo; epi, n ap kapab sèvi pi byen kòm detantè sent prètriz la ki plen kouraj, ki enèjik, ki sousye e ki enb---vrè sèvitè ak disip Wa byenneme etènèl nou an.

Limyè mond lan

Jezikri te di: “Se mwenmenm ki limyè k ap klere tout mond lan: moun ki suiv mwen pa p mache nan fènwa, men yo va gen limyè lavi a.”3

Sa sa vle di?

Senpleman ke: Moun ki suiv Jezikri enbleman, y ap konn limyè li epi y ap patisipe nan limyè li. Limyè sa a ap grandi jiskaske l finalman dispèse menm tenèb ki pi pwofon an.

Sa vle di ke gen yon pouvwa, yon gwo enfliyans, ki soti nan Sovè a. Pouvwa sa a soti “nan prezans Bondye pou l ranpli tout espas la nèt.”4 Paske pouvwa sa a klere, elve, ak ilimine lavi nou, ekriti yo souvan rele l limyè, men yo fè referans avèk li kòm espri ak verite tou.

Nan Doktrin ak Alyans yo nou li: “Pawòl Senyè a se verite, epi tout sa ki verite se limyè, epi tout sa ki limyè se Lespri, Lespri Jezikri menm.”5

Panse pwofon sa a---ki di limyè se lespri, ki se verite, epi limyè sa a briye sou chak moun ki vin nan mond lan---enpotan epi l chaje ak espwa tou. Limyè Kris la klere e ranpli nanm tout moun ki koute vwa Lespri a 6

Limyè Kris la ranpli inivè a.

Li ranpli tè a.

Epi li kapab ranpli chak kè.

“Bondye pa fè distenksyon ant okenn moun.”7 Limyè li disponib pou tout moun---gran oubyen piti, rich oubyen pòv, privilejye oubyen defavorize.

Si nou louvri lespri ak kè nou pou nou resevwa Limyè Kris la epi nou suiv Sovè a enbleman, n ap resevwa plis limyè. Liy pa liy, yon tikras isit yon tikras lòtbò, n ap rasanble plis limyè ak verite nan nanm nou, jiskaske fènwa soti nan lavi nou.8

Bondye ap louvri je nou.

Bondye ap banou yo nouvo kè.

Lanmou Bondye, limyè li ak verite li ap koz bagay ki t ap dòmi yo reveye, epi n ap vin refèt nan yon nouvèl vi nan Jezikri.9

Senyè a pwomèt: “Si je nou fikse sèlman sou laglwa m, tout kò nou ap ranpli avèk limyè, epi p ap gen tenèb nan nou; epi kò sa a ki ranpli avèk limyè a konprann tout bagay.”10

Sa a se remèd siprèm pou maladi spirityèl. Tenèb yo disparèt nan prezans limyè.

Yon senbòl tenèb spirityèl

Toutfwa, Bondye pa p fòse nou anbrase limyè li.

Si nou vin konfòtab nan tenèb, li prèske pa posib pou nou gen yon chanjman nan kè nou.

Pou chanjman an ka fèt, nou bezwen vijilan nan kite limyè a antre.

Pandan tout vòl mwen yo kòm avyatè sou tout planèt tè nou an, mwen te toujou emèveye pa bote ak pèfeksyon kreyasyon Bondye yo. Mwen toujou twouve ke relasyon ant tè a ak solèy la espesyalman kaptivan. M panse sa se yon leson sou bagay pwofon konsènan fason tenèb ak limyè egziste.

Jan nou tout konnen, chak 24 èdtan, nuit la chanje an jounen epi jounen an chanje an nuit.

Konsa, kisa nuit la ye?

Nuit la plis pase yon lonbraj.

Menm nan nnuit ki pi fènwa a yo, solèy la pa janm sispann repann limyè li. Li kontinye briye osi klere ke jamè. Men mwatye tè a nan tenèb.

Tenèb soti nan absans limyè.

Lè fènwa lannuit la tonbe, nou pa dezespere ni nou pa krenn ke solèy la etenn. Nou pa asime ke solèy la pa la ankò ni ke l mouri. Nou konprann ke nou nan lonb, ke tè a ap kontinye vire, epi alafen, reyon solèy la ap rive sou nou ankò.

Tenèb se pa yon endikasyon ke pa gen limyè. Pi souvan, li vle senpleman di ke nou pa nan bon kote pou nou resevwa limyè a. Pandan eklips solè ki sot pase a, anpil moun te fè gwo efò pou yo te twouve yo nan ti bann lonb tou piti a ke lalin nan te kreye a, nan mitan yon jounen klere ak solèy.

Nan menm fason an tou, limyè spirityèl la briye san rete sou tout kreyasyon Bondye yo. Satan ap fè tout sa l kapab pou l kreye yon lonbraj oubyen pou mennen nou nan yon longraj ke nou kreye poukont nou. L ap pèsyade nou pou nou kreye pwòp eklips pa nou; l ap pouse nou nan fènwa kavèn li a.

Tenèb spirityèl kabap mete yon vwal oubli alantou menm moun ki yon fwa te konn mache nan limyè yo epi rejwi nan Senyè a. Men, menm nan moman pigwo tenèb yo, Bondye tande siplikasyon enb nou yo, lè nou priye: “Senyè, mwen kwè; men ede m vin gen plis konfyans toujou.” 11

Nan epòk Alma a, te gen anpil moun ki te gen pwoblèm pou yo te aksepte bagay espirityèl yo, epi, “akoz enkredilite yo,” limyè ak verite Bondye a pa t kapab penetre nan nanm yo; “epi kè yo te andisi.”12

Nou se detantè limyè

Frè m yo, se responsablite pa nou pou nou pozisyone nou nan bon andwa a pou nou ka wè limyèe ak verite divin levanjil Jezikri a. Menm lè nuit la tonbe epi mond lan sanble l sonb, nou kapab chwazi pou nou mache nan limyè Kris la, pou nou kenbe kòmandman l yo, epi kourajezman temwaye de reyalite li ak grandè li.

Antanke detantè prètriz Bondye a epi antanke disip Jezikri, nou se pòtè limyè. Kontinye fè tout sa nou konnen k ap nouri limyè divin li a. “Leve limyè nou anlè”13 epi “kite l klere devan tout moun”---non pa pou yo wè nou ak admire nou, men “pou lè yo wè tout byen n ap fè yo, y ap fè lwanj Papa nou ki nan Syèl la.” 14

Chè frè m yo, nou se enstriman nan men Senyè a avèk objektif pou nou pote limyè ak gerizon nan nanm pitit Pè Selès yo. Petèt nou pa santi nou kalifye pou n geri moun ki malad espirityèlman---pa plis ke yon anplwaye lapòs kalifye pou l ede yon moun ki soufri doulè. Petèt se oumenm k ap konfwonte pwoblèm spirityèl pa ou. Men, Senyè a rele ou. Li ba w otorite ak responsablite pou w lonje lamen bay moun ki nan bezwen. Li dote w avèk pouvwa pretriz sakre l la pou w ka pote limyè nan tenèb la epi pou w edifye ak beni pitit Bondye yo. Bondye te retabli Legliz Li a ak levanjil presye l la “ki geri nanm ki blese.”15 Li te prepare chemen ki mennen nan byennèt spirityèl la, pou nou ka jwenn gerizon anba mank espirityèl nou epi avanse vè sante espirityèl vibran.

Chak fwa nou enkline  kè nou bay Bondye nan priyè enb, nou goute limyè li. Chak fwa nou chèche pawòl li avèk volonte li nan ekriti yo, limyè a grandi vin pi klere. Chak fwa nou remake yon moun nan bezwen epi nou sakrifye pwòp konfò nou pou nou lonje lamen bay moun sa a nan lanmou, limyè a ap grandi epi l ap anplifye. Chak fwa nou rejte tantasyon epi nou chwazi pite, chak fwa nou chèche padon oubyen nou ofri padon, chak fwa nou temwanye de verite a avèk kouraj, limyè a chase tenèb epi l atire lòt moun k ap chèche limyè ak verite tou.

Panse apwopo pwòp eksperyans pèsonèl pa w, moman kote w te sèvi Bondye ak pwochen ou epi kote limyè divin nan te briye nan lavi ou---nan tanp sakre a, nan tab sentsèn nan, nan yon moman meditasyon ak priyè pezib, nan reyinyon familyal ou, oubyen pandan yon zak sèvis prètriz. Pataje moman sa yo avèk fanmi ou, zanmi ou, e spesyalman avèk jèn nou yo, k ap chèche limyè. Yo bezwen tande w ap di ke, avèk limyè sa a, espwa ak gerizon ap vini, menm nan yon mond ki plen fènwa.

Limye Kris la pote lesperans, bonè, ak gerizon pou nenpòt pwoblèm ak maladi spirityèl 16 Moun ki fè eksperyans avèk enfliyans pirifikatris sa a vin tounen enstriman nan men Limyè Mond lan pou yo ka bay lòt moun limyè.17 Y ap santi sa Wa Lamoni te santi a: “Limyè sa a te tèlman voye lajwa nan nanm li, nyaj tenèb yo te efase, epi … limyè lavi pou tout tan an te klere nanm ni.”18

Chè frè m yo, chè zanmi mwen, devwa pa nou se chèche Senyè a jiskaske limyè lavi etènèl Li a briye byen klere andedan nou epi temwanyaj nou vin solid ak inebranlab menm nan mitan tenèb.

Priyè m ak benediksyon m pou nou se pou nou ka reyisi akonpli destine nou kòm detantè prètriz Bondye Toupuisan an epi pou nou toujou rete moun k ap pòte limyè selès li a jwayezman. Nan non sakre Jezikri, Mèt nou an, amèn.